2010–2019
Bon Dezi pou Angaje
Oktòb 2012


Bon Dezi pou Angaje

Gwo bagay kapab reyalize epi fado aleje avèk efò anpil moun ki “gen bon dezi pou angaje nan bon koz.”

Èldè Perry, mwen panse ou se moun 90 an ki pi jèn nan tout Legliz la. Èske nou wè kijan l leve vit sou chèz la.

Frè ak sè byeneme m yo, chak fwa m ap savoure yon bèl tomat fre byen wouj oubyen manje yon bèl pèch ki fèk soti sou pye, panse m tounen bak sou 60 an lè papa m te posede yon ti jaden pèch nan Holladay, nan Uta. Li te fè elvaj myèl tou pou yo te ka fètilize flè pèch yo pou yo te kapab grandi pou finalman vin tounen gwo pèch byen apetisan.

Papa m te renmen myèl li yo e li te etone pa fason dèmilye nan yo t ap travay ansanm pou transfòme siwo ki te soti nan flè pèch yo fè l vin tounen bèl siwo myèl—youn nan manje ki pi nourisan pou moun. Anfèt, ekspè nitrisyon yo di nou se youn nan manje ki genyen tout sibstans ladan l—anzim, vitamin, mineral ak dlo—bagay ki nesesè pou soutni lavi.

Papa m te toujou eseye fè m travay avèk li lè l te konn ap okipe abèy yo, men m te konn trè kontan kite li pran swen myèl li yo. Sepandan, depi lè sa yo, mwen vin aprann plis sou elvaj myèl byen òganize---yon koloni apeprè 60.000 abèy.

Abèy yo antrene pou yo fegonde, rasanble siwo a, epi kondanse li pou fè l tounen siwo myèl. Se travay mayifik yo ke Kreyatè nou an mete nan konstitisyon jenetik yo. Yo estime ke pou l ka pwodui jis yon liv (0.45 kg) siwo myèl, yon elvaj myèl apeprè 20.000 rive 60.000 myèl dwe ansanm vizite dèmilyon flè epi vwayaje ekivalan de fwa tou mond lan. Nan ti bout tan li viv la ki se jis kèk semèn rive kat mwa, kontribisyon yon senp abèy pote nan ‘ruche’ li se apenn yon douzyèm kiyè siro myèl.

Byenke sa parèt ensiyifyan lè nou konpare l ak total la, chak en douzyèm kiyè siwo myèl yon abèy pote a enpòtan anpil pou lavi elvaj myèl la. Myèl yo depann youn sou lòt. Travay ki t ap akablan pou kèlke myèl fè a vin pi lejè paske tout myèl yo fidèlman fè pati pa yo a.

Myèl te toujou yon senbòl enpòtan nan istwa Legliz nou an. Nou aprann nan Liv Mòmon an ke Jaredit yo te pote gouf myèl avèk yo (gade Etè 2:3) lè yo te vwayaje ale an Amerik la sa gen dèmilye ane a. Brigham Young te chwazi abèy kòm senbòl pou l te ankouraje ak enspire enèji kooperatif pyonye yo te bezwen an pou te transfòme vas dezè sèch la ki te antoure Gran Lak Sale a fè l vin tounen vale fètil nou genyen jodia. Se noumenm ki benefisye vizyon ak endistri kolektif yo a.

Nou jwenn senbòl abèy la andedan ak andeyò anpil nan tanp nou yo. Podyòm sa a kote m kanpe a fèt avèk planch ki soti nan yon pye nwaye ki te grandi nan lakou kay Prezidan Gordon B. Hinckley ki dekore avèk foto myèl.

Tout senbòl sa yo temwanye yon sèl bagay: gwo bagay kapab reyalize epi fado aleje avèk efò anpil moun ki “gen bon dezi pou angaje nan bon koz” (D&A 58:27). Imajine sa dè milyon Sen Dènye Jou ta ka akonpli nan mond lan si nou ta fonksyone tankou yon gouf myèl nan angajmen nou konsantre sou ansèyman Senyè Jezikri yo.

Sovè a te ansenye ke premye ak pi gwo kòmandman an se:

“Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou....

“Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

“De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa a ak tou sa pwofèt yo montre” (Matye 22:37, 39–40).

Pawòl Sovè a di yo senp—men siyifikasyon yo pwofon e ekstrèmeman siyifikan. Nou dwe renmen Bondye epi renmen ak pran swen pwochen nou menmjan ak tèt pa nou. Imajine ki byen nou kapab fè nan mond lan si nou tout mete ansanm, ini antanke disip Kris la, ak bon dezi epi deside pou reponn a bezwen lòt moun ak sèvi moun ki bò kote nou—fanmi nou, zanmi nou, pwochen nou, vwazen nou.

Jan lèt Jak la note a, sèvis se vrè definisyon yon relijyon ki san tach (gade Jak 1:27).

Nou li konsènan sèvis manm yo nan Legliz la ap bay atravè mond lan e espesyalman sèvis imanitè yo bay nan tan kriz—tankou dife, inondasyon, tranblemanntè, siklòn. Repons ijans endispansab e trè apresye sa yo dwe sètènman kontinye kòm yon fason pou nou youn pote fado lòt. Men e konsènan lavi nou chak jou? Kisa k t ap efè konbine dèmilyon ti zak konpasyon ki akonpli chak jou akoz lanmou kretyen sensè nou genyen pou lòt moun? Avèk letan sa t ap vin gen yon efè transfòman sou tout pitit Papa nou ki nan Syèl la pa mwayen lanmou Li l lonje bayo atravè noumenm. Mond twouble nou an bezwen lanmou Kris la jodia plis pase tout lè, e l ap bezwen sa pi plis ankò nan ane k ap vini yo.

Senp aksyon sèvis chak jou sa yo gen dwa pa parèt anpil an yo menm, men, lè nou konsidere yo kolektivman, yo vin egzakteman tankou yon douzyèm kiyè siwo myèl la yon sèl myèl kontribiye nan ruche la. Gen pouvwa nan lanmou nou pou Bondye ak pou pitit li yo, epi lè lanmou sa a reyèlman manifeste nan dèmilyon zak bonte kretyen, l ap adousi ak nouri mond lan avèk siwomyèl lafwa, lesperans, ak charite ki soutni lavi.

Kisa nou bezwen fè pou nou vin tankou myèl devwe sa yo epi fè devouman sa a vin fè pati vrè nati nou? Anpil nan noumenm fidèlman ale nan reyinyon Legliz yo. Nou travay di nan apèl nou e espesyalman jou Dimanch. Mwen felisite nou pou sa. Men èske lespri nou avèk kè nou gen bon dezi pou angaje nan bon koz pandan rès semèn nan? Èske nou jis aji otomatikman, oubyen èske nou reyèlman konvèti nan levanjil Jezikri a? Nan ki fason nou kapab pran semans lafwa a ki t ap nouri nan lespri nou an pou nou plante li pwofondeman nan tè fètil nanm nou? Kijan nou gen gwo chanjman nan kè sa a Alma di ki esansyèl pou bonè ak lapè etènèl nou an? (gade Alma 5:12–21).

Sonje, siwomyèl gen tout sibstans ki nesesè pou soutni lavi mòtèl. E doktrin ak levanjil Kris la se sèl mwayen pou nou jwenn lavi etènèl. Se sèlman lè temwanyaj nou grandi depase sa ki nan lespri nou epi vin ankre byen fon nan kè nou ke motivasyon nou pou nou renmen ak sèvi a ap vin menmjan ak pa Sovè a. Se lè sa a, e sèlman lè sa a, n ap vin disip Kris pwofondeman konvèti ki gen resevwa pouvwa nan men Lespri a pou touche kè pwochen nou yo.

Lè kè nou pa chita sou bagay ki nan mond sa a ankò, nou pa pral espere onè nan men lèzòm ankò, ni pran plezi nan lògèy nou ankò (gade D&A 121:35–37). Men olyesa, nou chèche posede kalite kretyen Jezi te anseye yo:

  • Nou gen jantiyès ak dousè ak amou enfayib. (gade D&A 121:41).

  • Nou gen bonte, san ipokrizi, epi san riz (gade D&A 121:42).

  • Nou santi charite pou tout moun (gade D&A 121:45).

  • Vèti gani panse nou san rete (gade D&A 121:45).

  • Nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò (gade Mozya 5:2).

  • Sentespri a ap tounen konpanyon nou tout tan epi doktrin prètriz la ap koule nan nanm nou tankou lawouze ki soti nan syèl la (gade D&A 121:45–46).

Kounyeya, frè m ak sè m yo, mwen pap ankouraje eksè nan relijyon ni fanatik. Tout okontrè! M ap senpleman sigjere pou nou pran pwochen etap lojik la nan konvèsyon total nou nan levanjil Kris la kote n ap asimile doktrin ni an byen fon nan kè nou ak nanm nou pou nou ka aji ak viv konstamman sa nou di nou kwè a avèk entegrite.

Entegrite sa a senplifye lavi nou e li ogmante sansiblite nou nan Lespri ak bezwen lòt yo. Li pote lajwa nan lavi nou ak lapè nan nanm nou—kalite lajwa ak lapè nou resevwa lè nou repanti pou peche nou yo epi swiv Sovè a nan respekte kòmandman L yo.

Kijan nou kapab fè chanjman sa a? Kijan nou ka ankre lanmou Kris sa a andedan kè nou? Gen yon senp pratik chak jou ki kapab fè yon diferans pou chak manm nan Legliz la, enkli noumenm tigason yo ak tifi yo, noumenm jènjan yo ak jènfi yo, noumenm jèn adilt yo ak noumenm papa ak manman.

Pratik senp sa a se: nan priyè maten nou chak nouvo jou nou genyen, mande Papa nou ki nan Syèl la pou gide nou pou nou rekonèt yon opòtinite pou nou sèvi youn nan pitit presye L yo. Epi apresa, kontinye jounen an avèk kè nou ranpli ak lafwa ak lanmou, pandan n ap cheche yon moun pou nou ede. Rete konsantre sou sa, menmjan abèy yo konsantre sou flè yo pou yo ranmase siwo ak polèn nan. Si nou fè sa, sensiblite espirityèl nou yo ap elaji, e n ap dekouvri opòtinite pou sèvi ke nou pa t janm reyalize ki te posib oparavan.

Prezidan Thomas S. Monson te ansenye ke nan anpil okazyon Papa nou ki nan Syèl la reponn priyè yon lòt moun atravè noumenm—atravè oumenm ak mwenmenm—atravè pawòl ak aksyon janti nou, atravè senp zak sèvis ak lanmou nou yo.

Epi Prezidan Spencer W. Kimball te di” Bondye wè nou, e L ap veye sou nou. Men pi souvan se atravè yon lòt moun Li reponn bezwen nou. Sepoutèt sa, li enpòtan pou nou youn sèvi lòt” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 82).

Mwen konnen si nou fè sa—nan fwaye nou, nan lekòl nou, nan travay nou, ak nan legliz la—Lespri a ap gide nou, e n ap kapab disène moun ki bezwen yon sèvis patikilye ke petèt noumenm sèlman kapab bay. N ap jwenn enspirasyon Lespri a epi n ap gen anpil motivasyon pou nou ede anrichi mond lan avèk lanmou pi Kris la ak levanjil Li a.

Epi sonje, menmjan ak yon douzyèm kiyè siwomyèl abèy la pote nan ruche la, si nou miltipliye efò nou pa dimil, menm milyon efò lapriyè pou pataje lanmou Bondye pou pitit Li yo atravè sèvis kretyen, ap vin gen yon gwo efè byen akimile ki ap pote Limyè Kris la bay mond fènwa sa a. Makònnen ansanm, n ap pote lanmou ak konpasyon pou pwòp fanmi pa nou ak pou moun ki sèl yo, pou pòv yo, moun ki gen kè brize yo, ak pou pitit Papa nou ki nan Syèl la k ap cheche laverite ak lapè yo.

Frè ak sè m yo, mwen priye enbleman pou nan priyè chak jou nou yo, nou mande enspirasyon pou nou jwenn yon moun nou ka rannn sèvis siyifikan, enkli sèvis pataje verite levanjil yo ak temwayaj nou. Nan fen chak jou, se pou nou kapab reponn wi pou kesyon sa yo: “Èske m fè yon bon bagay nan mond lan jodia? Èske m te ede yon moun ki nan bezwen?” (Hymns, no. 223).

Sa a se travay Bondye. Pou nou fè li osi fidèlman ke ti abèy devwe yo fè pa yo a, mwen priye enbleman nan non Jezikri, amèn.