2010–2019
Se pou nou vanyan nan kouraj nou, fòs nou ak aksyon nou
Oktòb 2012


Se pou nou vanyan nan kouraj nou, fòs nou ak aksyon nou

Kalifye tèt nou menmjan de mil gèrye yo te fè a nan rete vanyan nan kouraj nou kòm diy detantè prètriz la.

Aswè a mwen santi m espesyalman beni pou m pale, antanke evèk, avèk jènjan yo, detantè Prètriz Aawon, ki rasanble toupatou nan mond lan pou reyinyon jeneral prètriz sa a. M pral pale nou istwa nan Liv Mòmon an sou Elaman ak 2000 sòlda vanyan yo. Ekriti sa a ap banou yon ide sou pèsonalite ansyen jennjan sa yo e li ka yon enspirasyon pou noumenm, jènjan jodia. M ap site yon ekriti m renmen anpil: “Epi yo tout te jèn gason, yo te gen anpil kouraj, ak fòs nan aktivite; men sa se pat tout—se te moun ki te fidèl toutan nan tout sa moun te konfye yo.”1 Kouraj, fòs, aksyon, ak fidelite—anpil kalite admirab!

Mwen ta renmen rete sou premye kalite ki dekri yo a: “yo te gen anpil kouraj.” Pou mwen menm, sa montre detèminasyon jènjan sa yo pou yo fè sa ki byen kourajezman, oubyen, jan Alma dekri a, “pou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, ... e tout kote.”2. De mil gèrye sa yo te gen anpil okazyon pou yo te demontre kouraj yo. Nou chak tou n ap gen moman detèminan nan lavi nou ka pral mande pou nou gen kouraj. Yon zanmi m, John, te pataje avèk mwen youn nan moman sa yo nan lavi li.

Sa gen dèzane, John te reyisi nan egzamen pou l te antre nan yon inivèsite Japonè prestijye. Li t ap gen pou fè pati pwogram etidyan intènasyonal la, avèk anpil lòt ki te pami sa ki te pi bon yo nan mond lan. Gen kè ki te enskri avèk espwa pou yo apwofondi konesans yo sou kilti ak lang, gen lòt ki te konsidere opòtinite sa a kòm yon pa annavan pou yon evantyèl pwofesyon epi alafen jwenn yon travay nan Japon, men tout te kite fwaye yo pou al etidye nan yon peyi etranje.

Tousuit apre John te rive, bri te kouri pami etidyan yo ke te gen yon fèt ki ta pral fèt anlè tèt kay yon mezon prive. Jou swa sa a, John avèk 2 zanmi li te pran wout pou ale nan adrès la.

Apre yo fin pran asansè a pou monte nan dènye etaj bilding nan, John ak zanmi l yo te fofile nan eskalye etwat la ki te menen anlè tèt kay la epi yo te kòmanse melanje avèk lòt yo. Pandan sware a t ap avanse, atmosfè a te chanje. Bri a, volim mizik la, avèk alkòl te ogmante an menm tan ke malèz John. Epi, toudenkou, yon moun te kòmanse mete etidyan yo nan yon gwo sèk avèk entansyon pou pase sigarèt marijuana youn bay lòt. John te fè yon grimas e rapidman li di de 2 zanmi li yo ke l te lè pou yo te ale. Nan yon ton yon tijan iwonik, youn nan yo te reponn: “John se yon bagay fasil, n ap jis antre nan sèk la, epi lè se tou pa nou, n ap jis pase li bay lòt moun nan olye nou fimen l. Konsa, nou pap bezwen anbarase tèt nou devan tout moun pou nou ale.” Sa te parèt fasil pou John, men li pa t sonnen byen. Li te konnen ke l te anonse entansyon li epi aji. Nan yon ti moman, li te rasanble kouraj li epi li te di yo ke yo te gen dwa fè sa yo vle men li menm, li ta prale. Youn nan zanmi yo te deside rete epi l te antre nan sèk la; nan fòse, lòt la te suiv John desann eskalye a pou yo t al pran asansè a. Avèk etonman, lè pòt elevatè a te louvri, yo te wè ofisye polis japonè ki te soti byen vit prese monte eskalye a ki te mennen sou tèt kay la. John ak zanmi l lan te rantre nan asansè a epi yo te ale.

Lè polisye yo te parèt sou tèt eskalye yo, etidyan yo te rapidman voye dwòg ilegal yo jete pou yo pat kenbe yo. Men, apre yo te fin bloke eskalye a, ofisye yo te aliyen tout moun sou do kay la epi yo te mande chak etidyan pou lonje de men yo. Apresa polisye yo te mache nan liy nan, ap santi pous ak indèks chak etidyan. Tout sa ki te kenbe marijuana yo, menmsi yo pa t fimen l, yo te pase pou koupab, e sa te gen gwo konsekans grav. Prèske san eksepsyon, tout etidyan ki te rete sou do kay la yo, yo te mete yo deyò nan inivèsite yo te ye a, e sa yo te rekonèt koupab yo, yo te mete yo deyò nan Japon. Rèv etid yo, anpil ane preparasyon, ak posiblite pou jwenn yon travay nan Japon an te detwi nan yon moman.

Kouneya kite m di nou sa k te rive twa zanmi sa yo. Zanmi k te rete sou do kay la, yo te mete l deyò nan inivèsite japonè a ki te aksepte l apre tout pil travay sa yo, e yo te mande l pou l retounen lakay li. Zanmi ki te kite fèt la jou swa a avèk John nan te fini etid li nan Japon epi l te pran lòt diplòm nan de lòt inivèsite prestijye nan Etazini. Karyè l te mennen l an Azi, kote l te gen anpil siksè pwofesyonèl. Jiska jodia, li rete rekonesan anvè John pou kouraj egzanplè li. Kanta John, li pa ka konte benediksyon l jwenn nan lavi li. Sejou li nan Japon nan ane sa a te fè l jwenn yon bon maryaj plen bonè ki apresa te mennen nesans de pitit gason. Se yon biznisman reyisi e yo fèk sot aple li kòm pwofesè nan yon inivèsite japonè. Imajine jan lavi l t ap diferan si l pat gen kouraj pou l te kite fèt sa a jou swa desizif sa a nan Japon an.3

Jènjan m yo, ap gen moman kote noumenm, menmjan ak John, n ap oblije demontre bonjan kouraj devan tout zanmi nou yo, ak konsekans pou yo petèt ridikilize nou oubyen pou nou anbarase. Anplis, nan epòk nou an, konba avèk advèsè a apral fèt ansilans tou devan yon ekran òdinatè tou. Teknokoji a, akonpaye avèk tout benefis li pote yo, mache avèk pwoblèm tou ke jenerasyon anvan yo pa t rankontre. Gen yon sondaj nasyonal resan ki montre ke adolesan yo jodia pa tante nan nivo enkyetan chak jou nan lekòl yo sèlman, men nan ‘cyberespace’ yo tou. Li revele ke adolesan ki te ekspoze anba imaj konsomasyon bwason oubyen dwòg sou sit rezo sosyal yo te twa ak kat fwa pi fasil pou konsome alkòl oubyen dwòg. Nan yon kòmantè sou sondaj la, yon ansyen minis gouvènman Etazini an te deklare: “Sondaj ane sa a revele yon nouvo fòm presyon puisan ki fèt pa yon gwoup—presyon dijital yon gwoup moun. Presyon sa a depase sèk zanmi ak frekantasyon timoun nan. Li anvayi fwaye a ak chanm timoun nan atravè entènèt.”4 Demontre bon jan kouraj se yon bagay k ap souvan osi sibtil ke chwa pou klike oubyen pa klike a. Yo anseye misyonè yo nan Preche Levanjil Mwen an: “Sa nou chwazi panse ak fè lè nou poukont nou epi nou panse pèsonn p ap gade nou, bay yon ide presi sou vèti nou.”5 Se pou nou gen kouraj! Se pou nou solid! “Rete nan kote ki sen, epi pa kite moun deplase nou.”6

Jènjan m yo, mwen pwomèt nou ke Senyè a ap banou pouvwa. “Paske se pa yon lespri timidite Bondye mete nan nou, men se yon espri fòs.”7 L ap rekonpanse nou pou kouraj nou ak konpòtman jis nou—avèk kè kontan ak lajwa. Yon kouraj konsa se pral pwodwi lafwa nou nan Jezikri ak nan Sakrifis ekspyatwa L la, priyè nou ak obeyisans nan kòmandman l yo.

Prezidan N. Eldon Tanner te deklare: “Yon jèn gason nan lakou yon lekòl kapab egzèse yon enfliyans ekstrèmman benefik. Yon jèn gason kapab fè anpil byen nan ekip foutbòl li, oubyen nan inivèsite, oubyen pami kòlèg travay li, nan viv levanjil la ak onore prètriz li epi defann sa ki byen. Souvan sa rive ke nou sibi mokri ak kritik nan men moun ki panse menmjan avèk nou, byenke yo siman respekte ou paske w ap fè sa ki byen. Men sonje ke Sovè a Limenm, yo te toumante li, ridikilize li, krache sou li, e alafen krisifye li paske konviksyon li te rete inebranlab. Èske nou janm pran tan pou nou reflechi sou sa k t ap pase si l te febli epi l te di: ‘O, akwabon?’ epi l te abandone misyon li? Èske nou vle se moun ki lach, oubyen èske nou vle se moun ki sèvitè vanyan malgre tout lopozisyon ak mechanste ki nan mond lan? Annou gen kouraj pou nou leve kanpe epi aji pou n vin konte kòm vrè disip fidèl devwe Kris la.”8

Mwen envite nou pou nou kalifye tèt nou menmjan de mil sòlda yo te fè a nan rete vanyan nan kouraj nou kòm diy detantè prètriz la. Sonje ke, sa nou fè, kote nou ale, ak sa n ap gade ap detèmine sa n ap devni. Kisa nou vle devni? Vin yon dyak ki diy, yon enstriktè ki diy, yon prêt ki diy. Fikse objektif pou nou rete diy pou nou antre nan tanp kounyeya epi pou n diy pou resevwa pwochen òdinasyon nou lè nou rive nan laj la, epi pou nou finalman resevwa Prètriz Melkizedèk la. Sa se yon chemen fidèl ki mennen asistans divin. Senyè a te deklare: “Sepoutèt sa, pouvwa Bondye a manifeste nan odonans prètriz la yo.”9

Paran nou, dirijan prètriz yo, ak priyorite pwofèt yo bay nan bwochi Devwa anvè Bondye a ak Pou fòs jèn yo ap gide nou sou chemen an.

Prezidan Thomas S. Monson te konseye dènyèman:

“Pou nou pran [desizyon] avèk sajès, nou bezwen kouraj—kouraj pou nou di non, kouraj pou nou di wi. ...

M ap sipliye nou pou nou pran desizyon ... kounyeya menm, pou nou pa devye soti nan chemen k ap mennen nou nan objektif nou: lavi etènèl avèk Papa nou ki nan Syèl la.”10

Menmjan de mil sòlda yo te reponn kri raliman dirijan yo, Elaman, an epi yo te rasanble kouraj yo avèk vanyans lan, noumenm tou nou kapab fè menm bagay la nan swiv kri raliman pwofèt dirijan nou an, Prezidan Thomas S. Monson.

Jèn detantè Prètriz Aawon m yo, pou m fini m ap temwanye de Bondye Papa a ak Jezikri ak pawòl Joseph Smith yo: “Frè m yo, èske nou pa dwe kontinye avèk yon gwo koz konsa? Ale an avan, non pa an aryè. Kouraj, frèm yo; epi an avan pou viktwa a!”11 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Alma 53:20.

  2. Mozyah 18:9.

  3. Istwa pèsonèl yo rakonte otè a.

  4. Joseph A. Califano Jr., fondatè e prezidan emerit Sant Adiksyon ak Sibstans Abi nan Inivèsite Kolonbya, nan yon kominike pou laprès konsènan rechèch, casacolumbia.org.

  5. Preche Levanjil mwen an: Yon gid pou travay misyonè (2004), 118.

  6. Doktrin ak Alyans 87:8.

  7. 2 Timote 1:7.

  8. N. Eldon Tanner, “For They Loved the Praise of Men More Than the Praise of God,” Ensign, Nov. 1975, 74–75.

  9. Doktrin ak Alyans 84:20.

  10. Thomas S. Monson, “The Three Rs of Choice,” Liahona, Nov. 2010, 68.

  11. Doktrin ak Alyans 128:22.