2010–2019
“Paske li vivan, nou menm tou nou va viv”
Oktòb 2012


“Paske li vivan, nou menm tou nou va viv”

Gras avèk Li menm, Sovè nou an, Jezikri, santiman doulè, solitid, ak dezespwa sa yo ap anglouti yon jou nan yon plenitid lajwa.

Pandan nou t ap sèvi kòm jèn misyonè nan Chili, konpayon m avèk mwen te rankontre yon fanmi ki te gen sèt moun nan branch la. Manman an te vin legliz chak semèn avèk pitit li yo. Nou te panse ke yo te manm legliz la depi lontan. Apre plizyè semèn nou te aprann yo potko batize.

Nou te imedyatman kontakte fanmi an pou mande si nou te ka vin lakay yo pou anseye yo. Papa a pa t enterese nan aprann levanjil la men li pa t gen okenn objeksyon pou nou te anseye fanmi li.

Sè Ramirez te avanse rapidman nan leson yo. Li te anvi aprann tout doktrin nou t ap anseye a. Yon jou swa, pandan nou t ap pale osijè batize timoun, nou te anseye ke timoun piti yo inosan e yo pa bezwen batèm. Nou te envite l pou l te li nan liv Mowoni an:

“Gade, m ap di nou kisa, pou w preche la a---repantans ak batèm, pou moun ki gen matirite, e ki kapab fè peche, wi, anseye paran yo pou yo repanti e pou yo batize, e pou yo gen imilite menm jan avèk timoun piti yo, e yo tout ap sove avèk timoun piti yo.

“Epi timoun piti yo pa bezwen repanti, ni batize. Gade, batèm se pou repantans, pou akonpli kòmandman yo, jouk nan remisyon peche.

“Men, timoun piti yo vivan nan Kris la, menm depi nan fondasyon mond lan; si se pa sa, Bondye se yon Bondye ki nan patipri, epi tou, yon Bondye ki kapab chanje, epi ki gade figi; paske gen yon pakèt timoun ki te mouri san batèm!”1

Lè l te fin li ekriti sa a, Sè Ramirez te kòmanse kriye. Konpayon m avèk mwen te jennen. Mwen te mande: “Sè Ramirez, èske nou di yon bagay ki ofanse ou?”

Li te di: “O non, Èldè, nou pa fè anyen ki mal. Sa gen sizan m te gen yon tipitit gason. Li te mouri anvan nou te batize li. Pè a te di nou ke paske li pa t batize li t apral nan “limb” pou tout letènite. Depi sizan m ap pote doulè ak kilpabilite sa a. Apre m fin li ekriti sa a, mwen konnen pa pouvwa Sentespri a ke se vre. Mwen santi yon gwo pwa soti sou mwen, e dlo sa yo se dlo lajwa.”

Sa te raple m ansèyman Pwofèt Joseph Smith la, ki te anseye doktrin rekonfòtan sa a: “Senyè a pran anpil, pandan ke yo ankò nan anfans yo, pou yo ka chape anba lanvi lèzòm, ak chagren ak mal yo nan mond aktyèl la; yo te twò pi e twò bèl pou viv sou tè a, se poutèt sa, si n byen konsidere, olye nou kriye, nou gen tout rezon pou nou rejwi, paske yo delivre anba mal, e n ap jwenn yo ankò anvan lontan.”2

Apre l te fin soufri anba doulè ak lapenn prèske ensipòtab pandan sizan, vrè doktrin nan, revele pa yon Papa eman ki nan Syèl la palentèmedyè yon pwofèt vivan, te pote lapè bay madanm toumante sa a. M pa menm bezwen di nou, Sè Ramirez ak pitit li ki te gen uitan yo ak pi gran yo te batize.

Mwen sonje m te ekri fanmi m kote m te eksprime gratitid m te santi nan kè m pou konesans sa a ak si anpil verite klè ak presye nan levanjil retabli Jezikri a. Mwen pa t janm te panse ke yon jou m ta pral gen pou m fè eksperyans ak prensip sa a epi li ta pral tounen yon remèd nan Galad pou mwen.

Mwen ta renemen pale avèk moun ki pèdi yon pitit yo e ki ap poze kesyon sa a “Poukisa se mwen?” oubyen k ap petèt kesyone pwòp lafwa yo nan yon Papa eman ki nan Syèl la. Priyè mwen se pou, pa pouvwa Sentespri a, mwen kapab pote yon moso lespwa, lapè, ak konpreyansyon. Dezi m se pou m yon enstriman nan reyalize yon retablisman lafwa nou nan Papa nou ki nan Syèl la ki konnen tout bagay e ki pèmèt nou pase pa eprèv pou nou kapab vin konnen Li ak renmen Li e konprann ke san Li menm nou pa gen anyen.

Jou 4 Fevriye 1990 la, twazyèm pitit gason mwen ki sete sizyèm pitit, te fèt. Nou te rele li Tyson. Li sete yon bèl tigason, e fanmi an te akeyi li ak kè kontan ak bra louvri. Frè l yo ak sè l yo te fyè de li. Nou tout te panse ke l sete tigason ki te pi pafè ki te janm fèt.

Lè Tyson te gen uit mwa, li te vale yon moso lakrè li te jwenn sou kapèt la. Lakrè a t al chita nan gòj Tyson, e li te sispann respire. Gran frè l la te pote Tyson anwo a, ap rele san rete: “Tibebe a pa respire, tibebe a pa respire.” Nou te kòmanse fè CPR pou li epi nou te rele 911.

Paramedik yo te rive e yo te kouri mennen Tyson lopital. Nan sal datant la, nou te kontinye priye anpil kote nou t ap mande Bondye yon mirak. Apre sa k te sanble yon etènite, doktè a te antre nan sal la epi l te di: “Mwen regrèt sa. Pa gen anyen nou kapab fè ankò. Pran tout tan nou bezwen.” Apresa li te ale.

Lè nou te antre nan sal kote Tyson te ye a, nou te wè tibebe plen lajwa nou an san vi. Sete kòmsi li te gen yon ekla selès bò kot ti kò li. Li te si bèl ak si pi.

Nan moman sa a sete kòmsi tout bagay te fini pou nou. Kijan nou t ap ka fè retounen al jwenn lòt timoun yo pou eseye eksplike yo ke Tyson pa t ap retounen nan kay la ankò?

M ap pale osengilye pandan m ap rakonte nou rès eksperyans sa a. Madanm mwen avèk mwen te travèse eprèv sa a ansanm, men m pa konn kijan pou dekri santiman yon manman e m pap menm eseye fè sa.

Li enposib pou dekri melanj santiman m te genyen yo nan pwen sa a nan lavi mwen. Pifò tan yo m te santi kòmsi m te nan yon move rèv e m ta pral reveye byen vit e kochma terib sa a t ap fini. Pandan plizyè nuit, mwen pa t dòmi. Mwen te souvan ap mache pandan nuit la soti nan yon chanm al nan yon lòt, pou asire m ke lòt timoun yo te ansekirite.

Santiman kilpabilite te toumante mwen. Mwen te santi m koupab. Mwen te santi m sal. Mwen sete papa li; mwen te dwe fè plis pou te pwoteje li. Si sèlman m te fè tèl ou tèl bagay. Pafwa, menm jodia, 22 an apre, santiman sa yo kòmanse antre nan kè mwen, e m oblije voye yo ale vit paske yo ka pote destriksyon.

Apeprè yon mwa apre Tyson te mouri, mwen te gen yon entèvyou avèk Èldè Dean L. Larsen. Li te pran tan pou te koute m, epi m ap toujou rekonesan pou konsèy li ak lanmou li. Li te di: “M pa panse Senyè a vle ou pini tèt ou pou lanmò ti pitit gason w la.” Mwen te santi lanmou Papa m ki nan Syèl la atravè youn nan sèvitè l li te chwazi yo.

Men, panse toumant yo te kontinye anvayi m, e byen vit mwen te santi kòlè. Sa pa t jis! Kijan Bondye te fè fè m sa? Poukisa se mwen menm? Kisa m te fè pou m merite bagay sa a? Mwen te menm twouve m fache avèk moun ki t ap jis eseye rekonfòte nou yo. Mwen sonje zanmi k t ap di: “Mwen konnen kijan w santi w.” mwen te panse: “Ou pa ge okenn ide de sa m santi. Jis kite m an repo.” Byen vit mwen te vin wè ke pitye pou tèt ou kapab trè devastan tou. Mwen te wont tèt mwen paske m te gen panse enjis anvè chè zanmi m yo ki te senpleman ap eseye ede.

Pandan ke m te santi kilpabilite, kòlè, ak pitye pou tèt mwen sa a t ap eseye fini avèk mwen, m te priye pou kè m te ka chanje. Atravè eksperyans sakre trè pèsonèl, Senyè a te ban m yon nouvo kè, e menmsi l te toujou solitè ak douloure, tout pwendvi m te chanje. Yo te fè m konnen ke yo pa t pran anyen nan men m men ke olyesa, te gen yon gwo benediksyon ki t ap tann mwen si m rete fidèl.

Lavi m te kòmanse chanje, e m te kapab avanse devan avèk esperans, olye m te gade dèyè ak dezespwa. Mwen temwaye ke lavi sa a se pa fen an. Mond lespri a reyèl. Ansèyman pwofèt yo konsènan lavi apre lanmò a se verite. Lavi sa a se jis yon etap pasaje ki mennen nou nan vwayaj pou retounen al jwenn Papa nou ki nan syèl la.

Tyson rete yon pati trè entegral nan fanmi nou. Atravè ane yo sa te bèl pou n te wè mizèrikòd ak bonte yon Papa eman ki nan Syèl la, ki te pèmèt fanmi nou santi enfliyans Tyson nan fason trè reyèl. Mwen temwaye ke vwal la fen. Santiman lwayote, lanmou, ak inite familyal yo pa fini lè moun nou renmen yo pase lòtbò vwal la, men, olyesa, santiman sa yo ogmante.

Pafwa moun ap mande: “Konbyen tan sa te pran w pou w te simonte li?” Verite a sèke, nou pap janm totalman simonte li jiskaske nou reyini ansanm ankò avèk moun nou an ki ale a. Mwen pap janm gen yon lajwa total jiskaske nou reyini ankò nan maten Premye Rezirèksyon an.

“Paske lòm se lespri. Eleman yo etènèl, epi lespri ak eleman ki konekte san separasyon resevwa yon lajwa toutantye;

“Epi lè yo separe, lòm pa kapab resevwa yon lajwa toutantye.”3

Men antretan, jan Sovè a te anseye, nou kapab kontinye ak kè kontan.4

Mwen te aprann doulè anmè, prèske ensipòtab kapab vin dous si nou vire nou vè Papa nou ki nan Syèl la e priye pou rekonfò Li ke nou jwenn atravè plan L la; atravè Pitit Gason L la, Jezikri; ak Konsolatè a, ki se Sentespri a.

Ala yon bèl benediksyon sa ye nan lavi nou. Èske sa pa t ap trajik si nou pa ta santi gwo doulè lè nou pèdi yon pitit? Ala mwen rekonesan anvè Papa m ki nan Syèl la ki pèmèt nou renmen anpil e renmen etènèlman an. Ala mwen rekonesan pou fanmi etènèl. Ala mwen rekonesan dèske Li te revele plan redanmsyon gloriye L la yon fwa ankò, palentèmedyè pwofèt vivan L lan.

Sonje lè nou ale nan antèman yon moun nou renmen, ki santiman ki nan kè nou pandan nap kite simityè a epi nou fè yon dènye koudèy pou wè sèkèy solitè a---ap mande nou si kè nou pap brize.

Mwen temwaye ke gras avèk Li, Sovè nou an, Jezikri, santiman doulè, solitid, ak dezespwa sa yo ap anglouti yon jou nan yon plenitid lajwa. Mwen temwaye ke nou ka konte sou li lè l di:

“Mwen pap kite nou poukont nou. M ap tounen vin jwenn nou ankò.

“Anvan lontan ankò, lemond pap wè mwen, men, nou menm, na wè mwen; paske m ap viv, nou menm tou n ap viv.”5

Mwen temwaye, jan yo deklare nan liv Preche Levanjil Mwen an,, si nou apiye sou Ekspyasyon Jezikri a, Li kapab ede nou andire eprèv, maladi, ak doulè nou yo. Nou ka ranpli ak lajwa, lapè, ak konsolasyon. Tout sa ki pa jis nan lavi a kapab vin jis atravè Ekspyasyon Jezikri a.”6

Mwen temwaye ke jou maten gloriye Premye Rezirèksyon sa a, moun nou renmen yo ak pa m yo ap soti nan tonbo a jan Senyè a Li menm pwomèt la, epi n ap gen yon plenitid lajwa. Paske li vivan, nou menm tou na va viv. Nan non Jezikri, amèn.