2010–2019
Tounen yon vrè disip
Oktòb 2012


Tounen yon vrè disip

Si nou obeyi kòmandman yo epi nou sèvi pwochen nou, n ap vin pi bon disip Jezikri.

Noumenm ki te deja antre nan dlo batèm epi ki resevwa don Sentespri a, nou fè alyans pou nou pran non Kris la sou nou, otremandi, nou deklare nou se disip Senyè a. Nou renouvle alyans sa a chak semèn lè nou pran Sentsèn, epi nou demontre ke nou se disip li pa fason n ap viv. Kalite disip sa a te demontre nan fason admirab nan dènye evenman ki te pase nan Meksik yo.

Sete yon bèl prentan pou kominote ki t ap kiltive fwi nan nò Meksik yo. Pye fwi yo te fleri anpil, e yo te gen anpil espwa pou yo fè yon bèl rekòlt. Yo te déjà ap pran dispozisyon pou yo te peye dèt yo, ranplase ekipman yo te bezwen yo ak pyebwa ki t ap vyeyi yo, epi kenbe kèk angajman pèsonèl tankou peye lekòl pou manm fanmi yo. Yo te menm planifye pou vakans anfami. Te gen yon atitid pozitif jeneral nan lè a. Epi, yon Lendi aprèmidi, nan fen mwa Mas la, yon tanpèt nèj te parèt, epi nèj te kòmanse tonbe. Nèj te tonbe jiskapeprè twazè di maten. Epi, lè nyaj yo te dispèse, tanperati a te bese briskeman. Pandan tout nwit la epi pandan tout kòmansman matine a, moun yo te fè tout efò yo pou yo te sove omwen yon pati nan rekòlt fwi a. Men tout efò yo te anven. Li te fè two frèt, e tout rekòlt la te jele konplètman. Pa t ap gen menm yon fwi pou yo rekolte ni vann ane sa a. Jounen Madi a te kòmanse avèk tris pèt dekourajan tout bèl pwojè, espwa ak rèv mèveye sa yo yo te genyen lavèy la.

Mwen te resevwa yon email nan men Sandra Hatch, madanm John Hatch, ki se premye konseye nan prezidans Tanp Colonia Juarez la nan Chihuahua, konsènan jou Madi maten terib sa a. M ap site yon ekstrè nan mesaj sa a: “John te leve bonè, apeprè 6:30 dimaten, pou l te kouri al nan tanp la pou wè si nou t ap bezwen anile sesyon jou maten sa a. Lè l te retounen li di parking nan ak wout la te netwaye, konsa nou te deside fè sesyon an. Nou te panse ke petèt kèk nan travayè tanp yo ki pat gen jaden yo t ap vini, e nou t ap kapab mete tout nan yon sèl sesyon. ... Sa te vrèman yon bagay enspiran pou wè mesye yo k t ap vini, youn apre lòt. Men yo menm, apre yon nwit blanch, ap panse ak rekòlt yo te pèdi a. …. Mwen t ap gade yo pandan reyinyon preparasyon nou an, e li te difisil pou yo te rete je klè. Men olye ke yo te panse yo te gen yon bon eskiz pou yo pat vini, yo tout te la. E te gen 38 moun nan sesyon an (yon sesyon antye)! Sete yon maten edifyan pou nou e nou te remèsye Papa nou ki nan Syèl la pou brav moun sa yo ki t ap ranpli devwa yo, kèlkeswa sa k te rive a. Mwen te santi yon espri espesyal jou maten sa a. Mwen sèten ke Pè Selès la te kontan pou konnen nou renmen kay Li a e nou santi ke sete yon bon plas pou n te ye nan yon maten difisil konsa.”

Istwa a pa fini la, men li kontinye toujou.

Laplipa nan moun ki te pèdi rekòlt fwi yo te gen kèk lòt moso tè disponib pou yo te plante lòt plant ranplasman pou sezon an, tankou piman oubyen pwa. Plant sa yo te kapab pèmèt yo jwenn omwen yon ti lajan, ase pou yo siviv jiska rekolt fwi ane pwochèn nan. Men, te gen yon bon frè avèk timoun piti ki pa t gen okenn lòt tè e li te riske pase yon ane san reveni ditou. Lòt moun nan kominote a, ki te wè sitiyasyon dezespere frè sa a, epi pandan yo t ap aji san moun pa t mande yo e ak pwòp lajan pa yo, te debwouye yo pou yo te fè l jewnn yon moso tè, yo te itilize pwòp ekipman pa yo pou prepare tè a, epi yo te ba li plan piman pou l te plante.

Mwen konnen mesye sa yo m sot pale de yo a. Paske m konnen yo, m pa etone pou sa yo te fè a. Men moun ki pa konnen yo siman ap poze de kesyon, toulède kòmanse avèk mo poukisa a. Poukisa yo te vini nan tanp lan pou ranpli devwa yo ak sèvi apre ke yo te fin pase tout nwit la san dòmi, epi tout sa pou yo te reyalize yo te pèdi pifò pati nan revni yo pou tout ane a? Poukisa yo te itilize resous yo ki kounyeya te trè presye e ki pa t ap menm sifi a pou yo te ede yon lòt moun ki te nan gwo bezwen pandan ke yo menm tou yo te nan yon sitiyasyon finansye trè difisil nan moman an?

Si nou konprann sa sa vle di pou yon moun se disip Jezikri, enben, n ap konn repons de kesyon sa yo.

Fè alyans pou vin yon disip Kris la se komansman yon pwosesis tout yon lavi, e chemen an pa toujou fasil. Si nou repanti pou peche nou yo epi efòse nou pou n fè sa Li menm Li ta renmen nou fè epi sèvi pwochen nou jan Li menm Li t ap sèvi yo, inevitableman, n ap vin plis menmjan avèk Li. Vin menmjan avèk Li epi fè yon sèl avèk Li se bi ak objektif final la---e se esansyèlman vrè definisyon yon vrè disip.

Jan Sovè a te mande disip Li yo lè l te vizite kontinan Ameriken an, “Se poutèt sa, ki kalite moun nou dwe ye?” Epi apresa, Li te reponn pwòp kesyon L la, Li te di: “Anverite, m di nou, menmjan avèk mwen(3 Nephi 27:27).

Vini menmjan ak Sovè a se pa yon tach fasil, espesyalman nan mond nap viv la. Nou rankontre obstak ak advèsite pratikman chak jou nan lavi nou. Gen yon rezon pou sa, e se youn nan objektif prensipal mòtalite a. Jan nou li nan in Abraham 3:25, la: “Epi nou pral pase yo anba eprèv, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo.”

Eprèv oswa tès sa yo pa gen menm nati ak menm entansite. Men pèsonn pap kite egzistans mòtèl sa a san yo pa pase pa yo. Trè souvan, nou panse ke eprèv se tankou pèdi yon rekòlt oubyen yon djòb, lanmò yon moun chè pou nou, maladi, enkapasite fizik, mantal, oubyen emosyonèl, pòvrete, oubyen pèdi zanmi. Men, menm menm reyalizasyon objektif ki aparaman vo lapèn yo gen dwa pote li initil danje ak ògèy pa yo, kote nou aspire plis pou jwenn onè lezòm pase apwobasyon syèl la. Pami danje sa yo, nou gen popilarite monden, rekonesans piblik, reyisit fizik, talan atistik oswa atletik, pwosperite, oubyen richès. Konsènan dènye eprèv sa yo, gen nan nou ki kapab gen menm santiman ak sa Tevye te eksprime nan Fiddler on the Roof (Vyolon ou tèt kay la): “Si richès se yon malediksyon, se pou Bondye frape m ak malediksyon sa a. e se pou m pa janm trete!”1

Men dènye kalite eprèv sa yo kapab menm pi entimidan e pi danjere ak pi difisil pou simonte pase premye yo. Nou vin tounen disip e nou montre prèv la pa fason nou sipòte eprèv yo e non pa an fonksyon ki kalite eprèv nou rankontre. Jan Prezidan Henry B. Eyring te ansenye nou an: “Konsa, gwo tès lavi a se pou wè si wi ou non n ap koute ak obeyi kòmandman Bondye yo nan mitan tanpèt lavi yo. Se pa yon kesyon andire tanpèt yo, men se yon kesyon chwazi sa ki byen pandan tanpèt sa yo ap fè raj la. Epi, trajedi lavi a se lè nou echwe nan tès sa a epi konsa, nou pa reyisi kalifye pou nou retounen nan laglwa nan fwaye selès nou,” Liahona, Nov. 2005, 38).

Mwen se yon fyè granpapa 23 pitit pitit. Yo pa janm sispann enpresyone mwen pa konpreyansyon yo genyen sou verite etènèl yo, menm trè bonè nan ti jèn laj yo. Pandan m t ap prepare diskou sa a, mwen te mande yo chak pou voye ban m yon brèf definisyon sou sa sa vle di pou yon moun se yon disip Jezikri. Yo tout te ban m bèl repons. Men, mwen ar remen pale nou de repons Benjamin, ki gen 8 an: “Pou yon moun se disip Jezikri, sa vle pou l se yon egzanp. Sa vle di pou l se yon misyonè epi prepare l pou vin yon misyonè. Sa vle di sèvi lòt moun. Sa vle di li ekriti yo ak fè priyè nou. Sa vle di sanktifye jou Saba a. Sa vle di koute enspirasyon Sentespri a. Sa vle di ale legliz epi ale nan tanp.”

Mwen dakò avèk Benjamin. Vin yon disip totalman konsène sa n ap fè ak sa n ap devni. Si nou obeyi kòmandman L yo epi nou sèvi pwochen nou, n ap vin pi bon disip Jezikri. Obeyisans ak soumèt anba volonte Li pote konpayi Sentespri a, ansanm avèk benediksyon lapè, lajwa, ak sekirite ki toujou akonpanye twazyèm manm Divinite a. Yo pap vini nan okenn lòt fason. Finalman, se soumisyon total anba volonte Li k ap ede nou vin sanble ak Sovè nou an. Yon fwa ankò, vin tankou Li epi fè yon sèl avèk Li se bi ak obejektif final la—e se esansyèlman vrè definisyon yon vrè disip.

Kalite disip se sa m te wè k te mete an pratik nan Tanp Colonia Juarez la ak nan zòn alantou l yo kote frè ak sè nan lafwa yo te reyafime angajman yo anvè Bondye epi youn anvè lòt malgre eprèv ekstrèman difisil yo.

Mwen temwanye ke si nou obeyi kòmandman L yo, si nou sèvi lòt moun epi nou soumèt volonte nou anba volonte pa Li, n ap efektivman vin tounen yon vrè disip Li. Mwen temwanye konsa nan non Jezikri, amèn.

Note

  1. Gade Joseph Stein, Jerry Bock, Sheldon Harnick, Fiddler on the Roof (1964), 61.