Vin bon paran

Pa Èldè L. Tom Perry

Nan Kolèj Douz Apot yo


Gen anpil fason bon paran yo kapab jwenn èd ak sipò yo bezwen pou anseye pitit yo levanjil Jezikri a.

Ete sa a, mwen atenn yon nivo espesyal—mwen sot fete 90 zyèm anivèsè mwen. Lè yon moun atenn sèten nivo nan lavi ou, li itil ak enstriktif pou w reflechi sou evenman ak eksperyans pase yo. Nou menm jèn yo k ap koute oubyen k ap li diskou sa a, sa gen dwa pa twò enpresyone nou ke yon moun gen 90 an, men nan epòk m te fèt la, viv lontan konsa te konsidere kòm yon gwo akonplisman.

Anpil bagay chanje pandan tan m viv la. Mwen wè devlopman laj endistriyèl ak laj enfòmasyon. Otomobil, telefòn, ak avyon sete gwo dekouvèt se te ye lè m te jèn. Jodia fason nou jwenn, pataje, ak itilize enfòmasyon chanje prèske chak jou. Nan laj mwen, mwen emèveye pou chanjman rapid k ap fèt nan mond n ap viv la. Anpil nan dekouvèt yo jodia eksite imajinasyon nou avèk potansyèl yo genyen pou rann lavi nou vin pi bon yo.

Atravè tout chanjman rapid sa a k ap fèt bò kote nou an, nou onètman priye e travay pou asire nou ke valè levanjil Jezikri yo andire. Deja gen kèk nan yo ki andanje pou yo pèdi. Nan tèt lis valè sa yo, e, poutèt sa, objektif prensipal advèsè a, se sentete maryaj ak enpòtans santral fanmi. Bagay sa yo founi refij yon fwaye kote gen estabilite ak sekirite kote chak pitit Papa eman nou an ki nan Syèl la kapab jwenn bon enfliyans e akeri valè etènèl.

Pandan yo t ap prepare selebrasyon 90 zyèm anivèsè m nan, fanmi m te kòmanse ede m sonje ak apresye eksperyans tout lavi m yo. Pa egzanp, nyès mwen an te rasanble e pataje avèk mwen plizyè lèt mwen te ekri paran m sa gen prèske 70 an lè m te nan baz Lame Marin nan sou zile Saipan nan Pasifik la pandan Dezyèm Gè Mondyal la.

Youn nan lèt sa yo te patikilyèman kapte atansyon mwen. Sete yon lèt mwen te ekri manman m pou l te louvri pou l li jou Fèt Manman an an 1945. Mwen ta renmen pataje kèk pati ladan l avèk nou nan espwa ke n ap wè poukisa m ap toujou rekonesan pou papa ak manman eman mwen pou leson m te aprann nan ansèyman yo te ban mwen nan fwaye a. Paran m se pi bon egzanp mwen genyen sou bon paran ki mete maryaj yo ak byen elve pitit yo kòm premye priyorite yo.

Lèt Fèt Manman 1945 la te kòmanse konsa:

“Chè manman,

“Pandan dènye katran sa yo m te oblije pase Jou Fèt Manman an lwen ou. Chak ane sa yo, m te anvi avèk ou pou m di w konbyen mwen renmen w ak konbyen mwen panse avèk ou, men puiske yon fwa ankò sa enposib, m ap oblije fè dezyèm bagay ki pi bon pou m fè a e voye panse m atravè yon lèt.

“Ane sa a plis pase tout lòt ane yo mwen ka wè kisa genyen yon bon manman ekstraòdinè fè pou mwen. Toudabò, m sonje ti bagay ou te abitye fè pou mwen yo. Kèlkeswa lè m leve nan kabann mwen nan maten, mwen pa t janm te konn sousye pou konnen si m ta pral jwenn yon chemiz pwòp ak chosèt pwòp. Tout sa m te gen pou m te fè se louvri yon tiwa, epi m te jwenn yo. Nan lè manje, mwen te toujou konnen m t ap jwenn yon bagay mwen te renmen ki te prepare nan pi bon fason posib. Aswè m te toujou konnen m t ap jwenn dra pwòp sou kabann mwen ak jis kantite dra m te bezwen pou kenbe m konfòtab la. Viv lakay la sete reyèlman yon gwo plezi.”

Lè m te li de premye paragraf sa yo nan lèt la, mwen te choke pa konbyen yo te parèt santimantal. Petèt viv nan yon tant ak dòmi anba moustikè sou yon tikabann kan te fè panse m tounen vè lakay espesyal mwen an.

Lèt manman m nan te kontinye:

“Men santiman m pou ou pi pwofon toujou poutèt egzanp ou te ye pou mwen. Ou te rann lavi si agreyab pou nou kòm fanmi ke nou te vle suiv egzanp ou, pou kontinye fè eksperyans menm lajwa ou te genyen an lè nou te jèn nan. Ou te toujou jwenn tan pou mennen fanmi an nan pwomnàd, e nou te toujou ka konte sou ou pou fè tout bagay depi nan monte mòn rive nan jwe boul avèk nou. Ou menm ak papa m pa t janm al nan vakans poukont nou. Fanmi an te toujou avèk nou. Kounyeya mwen lwen lakay la, mwen toujou renmen pale de lavi familyal mwen paske li te si agreyab. Mwen pa ka inyore ansèyman w yo kounyeya paske aksyon mwen ap montre si w te byen elve m. Lavi a se yon gwo defi pou mwen pou m rete diy pou yo rele m pitit Nora Sonne Perry. Mwen fyè anpil de tit sa a, e m espere ke m ap toujou diy pou kenbe li.

“Mwen espere ane pwochèn m ap kapab avèk ou pou montre w bon moman m t ap planifye pou m te pase avèk ou jou Fèt Manman an nan dènye katran sa yo.

“M swete Senyè a beni ou pou tout bèl bagay ou fè nan mond twouble sa a.

“Avèk tout lanmou mwen, Tom”1

Pandan m t ap reli lèt mwen an, m te reflechi sou kilti fanmi, pawas, pye, ak kominote kote m te grandi a tou.

Kilti defini kòm fason yon pèp viv. Gen yon sèl kilti nan levanjil la, yon gwoup valè ak atant ak pratik ki komen pou tout manm nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Kilti levanjil sa a, oubyen fason pou viv sa a, soti nan plan sali a, nan kòmandman Bondye yo, ak nan ansèyman pwofèt vivan yo. Li demontre nan fason nou elve fanmi nou ak fason nou viv lavi nou endividyèlman.

Premye enstriksyon Adan te resevwa pou responsablite li nan mòtalite a, nou jwenn ni nan Jenèz 2:24: “Se poutèt sa, gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm ni, pou toulède fè yon sèl.”

Pou yon gason ak yon fi mete tèt yo ansanm pou yo legalman marye a se non sèlman preparasyon pou fiti jenerasyon yo pou yo eritye tè a, men, sa pote pi gwo lajwa ak satisfaksyon nou ka jwenn nan eksperyans mòtalite sa a tou. Sa espesyalman vrè lè pouvwa Prètriz la deklare yon maryaj pou l dire pou letan ak letènite. Timoun ki fèt nan maryaj sa yo gen yon sekirite nou pa jwenn okenn lòt kote.

Leson bon paran yo anseye nan fwaye a vin gen pi plis enpòtans nan mond jodia, kote enfliyans advèsè a si etann konsa. Jan nou konnen, l ap eseye wonje ak detwi vrè fondasyon sosyete nou an—fanmi. Nan kamouflaj byen degize li, li atake angajman anvè lavi familyal toupatou nan mond lan e l ap minimize kilti ak alyans Sen Dènye Jou fidèl yo. Paran yo dwe pran rezolisyon pou ansèyman nan fwaye a vin responsablite ki pi sakre ak pi enpòtan pou yo. Pandan ke lòt enstitisyon, tankou legliz ak lekòl kapab ede paran yo “antrene yon timoun nan fason li dwe mache(Pwovèb 22:6), responsablite final la repoze sou paran yo. Selon gwo plan bonè a, se bay bon paran yo konfye swen ak devlòpman pitit Papa nou ki nan Syèl la yo.

Nan responsablite parantal remakab nou, gen plizyè fason bon paran yo kapab resevwa èd ak sipò yo bezwen pou anseye pitit yo levanjil Jezikri a. Kite m sigjere senk bagay paran yo kapab fè pou kreye kilti familyal ki pi solid:

Premyèman, paran yo kapab priye sensèman, pou mande Papa Etènèl la pou l ede yo renmen, konprann, ak gide timoun yo li voye ba yo a.

Dezyèmman, yo kapab fè sware familyal, etid ekriti familyal, ak sware familyal epi manje ansanm osi souvan sa posib, fè lè manje a vin yon moman pou kominike ak anseye valè yo.

Twazyèmman, paran yo kapab totalman benefisye nan sistèm sipò Legliz la, pou kominike avèk enstriktè pitit yo nan Primè a, dirijan jèn yo, ak prezidans klas yo ak kowòm yo. Nan kominike avèk moun sa yo ki aple e resevwa mizapa pou travay avèk pitit nou yo, paran yo kapab pote enfòmasyon esansyèl sou bezwen espesifik ak espesyal yon timoun.

Katryèmman, paran yo kapab pataje temwayaj yo souvan avèk pitit yo, angaje yo pou yo respekte kòmandman Bondye yo, epi pwomèt yo benediksyon Papa nou ki nan Syèl la pwomèt pitit fidèl li yo.

Senkyèmman, nou ka òganize fanmi nou baze sou senp règ ak atant familyal, tradisyon familyal ki bon kalite, ak “ekonomi familyal” kote timoun yo gen responsablite nan kay la e yo ka fè yon ti lajan pou yo depanse, sere, peye dim sou kòb yo fè a.

Sigjesyon sa yo pou kreye kilti familyal pi solid la travay ansanm avèk kilti Legliz la. Kilti familyal fòtifye nou yo ap vin tounen yon pwoteksyon pou pitit nou yo kont “flèch anflame advèsè a” (1 Nefi 15:24) ki chita nan kilti zanmi yo, nan kilti divètisman ak selebrite yo, kilti kredi ak posesyon yo, ak kilti Entènèt ak medya yo timoun yo ekspoze anba yo chak jou a. Sa ap ede pitit nou yo “viv nan mond lan” e pa “fè pati mond lan” (Jan 15:19).

Prezidan Joseph Fielding Smith te anseye: “Se devwa paran yo pou anseye pitit yo prensip sali yo nan levanjil Jezikri a, pou yo ka konnen poukisa yo dwe batize e pou yo ka toujou gen nan kè yo yon dezi pou kontinye respekte kòmandman Bondye yo lè yo fin batize, pou yo ka retounen nan prezans li. Frè m ak sè m yo, èske nou vle genyen fanmi nou, pitit nou, èske nou vle sele avèk papa nou ak manman nou ki te vin anvan yo ...? Si wi, enben, nou dwe kòmanse anseye depi nan bèso a. Nou dwe anseye pa legzanp osibyen ak pawòl.”2

Pwoklamasyon sou fanmi an di:

“Mari ak madanm gen yon responsablite solanèl pou youn renmen ak pran swen lòt epi pou yo renmen ak pran swen pitit yo. Pitit se eritaj Senyè (Sòm 127:3). Paran yo gen yon devwa sakre pou yo elve pitit yo nan lanmou ak jistis, pou satisfè bezwen fizik ak espirityèl yo, pou anseye yo pou yo sèvi epi pou youn renmen lòt, pou yo respekte kòmandman Bondye yo epi pou yo tounen sitwayen ki obeyi lwa kèlkeswa kote yo abite. …

“… Dapre plan diven an, papa yo dwe dirije fanmi yo avèk lanmou ak jistis epi yo responsab pou yo bay fanmi you tout sa yo bezwen nan lavi a ak pwoteksyon. Manman yo responsab prensipalman pou nouri pitit yo. Nan responsablite sakre sa yo, manman ak papa gen obligasyon pou youn ede lòt kòm asosye egal ego.”3

Mwen kwè ke se selon plan diven an ke wòl manman an konsantre sou nouri ak anseye jenerasyon k ap vini an. Men sa bèl pou wè mari ak madanm k ap travay an asosye kote yo blende enfliyans yo ansanm epi yo kominike efikasman osijè timoun yo e avèk timoun yo.

Atak fewòs mechanste kont timoun yo pi sibtil ak kare pase l te janm ye anvan. Bati yon kilti familyal solid ajoute yon lòt kouch pwoteksyon pou pitit nou yo, ki izole yo de enfliyans mond lan.

Se pou Bondye beni bon manman ak papa nan Siyon yo. Li konfye nou pitit etènèl li yo. Antanke paran, nou se patnè, ini avèk Bondye, pou reyalize travay li ak lagwa li pami pitit li yo. Se devwa sakre nou pou nou fè pi byen nou kapab. Konsènan sa mwen temwaye, nan non Jezikri, amèn.

Mostrar referencias

  1.  

    1. Lèt jou Fèt Manman L. Tom Perry te voye bay manman li, soti Saipan, date Me 3, 1945.

  2.  

    2. Joseph Fielding Smith, nan Conference Report, Oct. 1948, 153.

  3.  

    3. “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Liahona ak Ensign, Nov. 2010, 129.