2010–2019
Vin yon kretyen pi kretyen
Oktòb 2012


Vin yon kretyen pi kretyen

Se apèl Kris la lanse bay tout kretyen jodia: “Pran swen mouton m yo ... Pran swen brebi m yo.”

Kisa sa vle di yon kretyen?

Yon kretyen gen lafwa nan Senyè a, Jezikri, li gen lafwa ke Li se Pitit Gason Literal Bondye, Papa L te voye l pou soufri pou peche nou nan zak lanmou siprèm nou konnen ki rele Ekspyasyon an.

Yon kretyen kwè ke, pa lagras Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, nou kapab repanti, padone lòt moun, kenbe kòmandman yo, e eritye lavi etènèl.

Mo Kretyen an vle di pran non Kris la sou nou. Pou nou fè sa, nou batize e nou resevwa don Sentespri a pa enpozisyon men, nan men moun ki gen otorite Prètriz la.

Yon kretyen konnen ke atravè tout epòk, pwofèt Bondye yo toujou temwaye de Jezikri. Menm Jezi sa a, akonpaye pa Papa nou ki nan Syèl la, te parèt devan Pwofèt Joseph Smith nan lane 1820 an e retabli levanjil la ak òganize Legliz orijinal la.

Gras ak ekriti yo ak temwayaj Joseph Smith la, nou konnen ke Bondye, Papa nou ki nan Syèl la, gen yon kò chè ak zo pafè e glorifye. Jezikri se Sèl Pitit Literal Papa a nan lachè. Sentespri a se yon pèsonaj lespri e travay li se temwaye konsènan Papa a ak Pitit Gason an. Divinite a se twa pèsonaj distenk e separe, ki ini nan bi yo.

Avèk pwen doktrin sa yo kòm fondasyon lafwa nou, èske yon moun ka doute oswa menm konteste ke nou menm, manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou se kretyen? Sepandan, pou chak kretyen, yon senp kesyon demere: ki kalite kretyen ou ye? Otreman di, ki kote w ye nan vwayaj ou pou suiv Kris la?

Ann egzamine eksperyans de disip kretyen:

“Antan Jezi t ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li, ki t ap voye filè nan lanmè a, paske yo sete pechè pwason.

“Epi li te di yo: Suiv mwen, e m ap fè nou vin pechè moun pito.

“La menm, yo te kite filè yo, epi yo te suiv li.”1

Antanke kretyen jodia, nou gen opòtinite pou nou aji san delè, imedyatman, e san reflechi, menmjan Pyè ak Andre te fè a: “Yo te kite filè yo la menm, epi yo te suiv li.”2 Nou menm tou nou aple pou n kite filè nou, pou n rejte pratik, koutim, ak tradisyon mond lan yo. Nou menm tou nou aple pou abandone peche nou yo. “Lè Jezi te rele moun yo vin jwenn ni an ..., li te di yo, Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l bliye tèt li, se pou l pran kwa li, epi suiv mwen.”3 Abandone konpòtman enpi se kòmansman repantans, ki pwodui yon gwo chanjman kè jiskaske nou “pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò.”4

Chanjman sa a, ki rele konvèsyon, posib sèlman atravè Sovè a. Jezi te pwomèt: “Epi si lèzòm vin jwenn mwen, m ap montre yo feblès yo. ... epi lagras mwen ase pou tout moun ki gen imilite devan m, paske si yo gen lafwa nan mwen, lè sa a, m ap fè bagay ki fèb yo vin fòpou yo.”5 Lè nou vin nouvo nan Kris la, nati nou chanje epi nou pa anvi retounen nan ansyen abitid nou yo ankò.

Sepandan, kretyen fidèl yo ap toujou jwenn benediksyon pou yo pase pa eksperyans difikilte ak desepsyon. Lè eprèv pou rafine sa yo vini, nou kapab petèt tante pou n retounen nan ansyen abitid nou yo. Apre Krisifiksyon Sovè a, Li te parèt devan fi yo e l te di yo ke frè yo t ap jwenn ni an Galile. Lè Pyè, premye Apot la, te retounen Galile, li te retounen nan sa l te konn fè anvan an—sa l te santi l te pi alèz pou l fè a. Li te eksplike: “M pral peche pwason,”6 epi li te mennen plizyè disip avèk li.

Anfèt, Pyè ak lòt yo te peche tout lannuit la san yo pa t pran yon pwason. Nan demen maten, Jezi te parèt sou rivaj la epi l te rele yo sou dlo a: “Lage nas la adwat.” Disip yo sou bato a te suiv enstriksyon Sovè a epi yo te dekouvri rapidman ke nas la te plen pwason prèske debòde. Jan te rekonèt vwa Sovè a, epi Pyè te imedyatman lage nas la nan dlo a epi l te naje al sou rivaj la.7

Pou kretyen yo ki retounen nan ansyen abitid yo te genyen yo, chemen ki mwens fidèl yo, gade egzanp fidelite Pyè a. Pa retade. Vin tande epi rekonèt vwa Mèt la k ap rele nou an. Epi apresa retounen imedyatman vin jwenn ni pou nou resevwa benediksyon l yo an abondans yon fwa ankò.

Lè frè yo te retounen sou rivaj la, yo te dekouvri yon festen pwason ak pen. Sovè a te envite yo: “Vin manje,”8 Pandan l t ap nouri yo, li te mande Pyè twa fwa: “Simon, pitit Jonas, èske w renmen mwen?” Lè Pyè te eksprime lanmou li, Sovè a te enplore li, “Pran swen mouton m yo. .. Pran swen brebi m yo.”9

Sa se apèl Kris la bay tout kretyen jodia: “Pran swen mouton m yo ... Pran swen brebi m yo”—pataje levanjil mwen an ak jèn kou granmoun, edifye yo, beni yo, rekonfòte yo, ankouraje yo, e fòtifye yo, sitou sa ki panse ak kwè diferan de nou yo. Nou pran swen mouton l yo lakay nou pa fason n ap viv levanjil la: nan respekte kòmandman yo, priye, li ekriti yo, e imite lanmou li. Nou nouri brebi l yo nan Legliz la lè nou sèvi nan kowòm prètriz yo ak nan òganizasyon oksilyè yo. Epi nou pran swen mouton l yo nan tout mond la lè nou bon vwazen ki kretyen, lè nou pratike relijyon pi a ki se vizite ak sèvi vèv yo, òfelen yo, pòv yo, ak tout moun ki nan bezwen.

Pou anpil moun, apèl pou vin kretyen an kapab sanble l egzijan, menm depasan. Men nou pa bezwen pè ni santi nou pa alawotè. Sovè a te pwomèt L ap fè nou alawotè travay li a. Li te di: “Suiv mwen, epi m ap fè w vin pechè moun pito.”10 Lè nou suiv li, li beni nou avèk don, talan, ak fòs pou fè volonte li, sa ki pèmèt nou soti nan zòn konfò nou yo pou n akonpli bagay nou pa t janm te konn fè anvan sa. Sa ka vle di pataje levanjil la avèk pwochen nou, pote sekou bay moun ki espirityèlman pèdi yo, sèvi yon misyon aplentan, travay nan tanp, elve yon timoun ki andikape, renmen pitit ki egare a, sèvi yon konjwen ki malad, sipòte enkonpreyansyon, oswa soufri afliksyon. Sa vle di prepare tèt nou pou reponn apèl li a kote n ap di: “M prale kote ou vle m ale; m ap di sa ou mande m pou m di; m ap fè sa w mande m pou m fè; m ap vin moun ou vle m ye a.”11

Pou nou vin moun Papa nou ki nan Syèl la vle nou ye a, nou suiv Jezikri. Mwen temwaye ke Li toujou ap rele nou pou nou suiv li. Si nou senpleman ap aprann kisa angajman kretyen Sen Dènye Jou yo ye, oubyen si nou pa totalman pratikan nan legliz la epi nou vle suiv li ankò—pa pè! Premye disip Sovè a yo, tout te nouvo manm nan Legliz la, tout te nouvo konvèti nan levanjil li a. Jezi te anseye yo chak avèk pasyans. Li te ede yo ranpli responsablite yo. Li te rele yo zanmi li epi li te bay lavi li pou yo. E li deja fè menm bagay la pou ou menm avèk mwen.

Mwen temwaye ke, gras ak lanmou enfini li ak gras enfini li, nou ka vin kretyen ki pi kretyen. Egzamine kalite sa yo kretyen dwe genyen. Nan ki pwen nou ye nan efè nou pou ranfòse yo andedan nou?

Lanmou kretyen. Sovè a te bay tout moun valè. Bon e konpatisan pou tout moun, li te kite katrevendiznèf brebi yo pou l t al chèche grenn12 ki te pèdi a, paske “menm cheve nan tèt nou ... yo tout konte”13 pou li.

Lafwa kretyen. Malgre tantasyon, eprèv, ak pèsekisyon, Sovè a te kwè nan Papa nou ki nan Syèl la e l te chwazi pou rete fidèl e obeyi kòmandman l yo.

Sakrifis kretyen. Pandan tout lavi li Sovè a te bay tan li, enèji li, e finalman, pa Ekspyasyon an, li te bay lavi li pou tout pitit Bondye te kapab resisite epi jwenn opòtinite pou eritye lavi etènèl.

Swen kretyen. Tankou bon Samariten an, Sovè a te kontinyèlman ap lonje lamen pou pote sekou, renmen, ak nouri moun bò kote li, san gade kilti yo, ras yo, oswa sikonstans yo.

Sèvis kretyen. Keseswa nan tire dlo nan yon pi, prepare yon pla pwason, oubyen lave pye ki sal, Sovè a te pase lavi li ap sèvi lòt moun—ap relve moun ki te fatige a ak fòtifye moun ki te fèb yo.

Pasyans kretyen. Nan pwòp doulè ak soufrans pa li, Sovè a te repoze sou Papa Li. Avèk pasyans pou nou, li tann pou nou rantre nan nou menm epi retounen lakay.

Lapè kretyen. Pandan tout ministè li, li te anseye konpreyansyon e l te patizan lapè. Espesyalman pami disip li yo, li te anseye ke Kretyen pa kapab goumen avèk lòt kretyen, kèlkeswa diferans yo.

Padon kretyen. Li te anseye nou pou nou beni moun ki modi nou. Li te montre nou kijan pou n priye lè l te priye pou moun ki te krisifye l yo te ka jwenn padon.

Konvèsyon kretyen. Tankou Pyè ak Andre, anpil moun rekonèt verite levanjil la osito yo tande li. Yo konvèti imedyatman. Pou lòt moun, sa ka pi long. Nan yon revelasyon li te bay Joseph Smith, Sovè a te anseye: “Yon bagay ki soti nan Bondye se limyè; epi yon moun ki resevwa limyè epi ki kontinye nan Bondye, li resevwa plis limyè; epi limyè sa a vin pi klere jistan l fè jou klè,”14 Jezikri se “Limyè ak Redanmtè mond lan; Lespri verite a.”15

Pèseverans kretyen jiskalafen. Pandan tout lavi li, Sovè a pa t janm sispann fè volonte Papa li men l te kontinye nan lajistis, bonte, nan mizèrikòd, ak laverite jis nan fen lavi mòtèl li.

Sa yo se kèk nan karakteristik moun ki tande epi koute vwa Sovè a. Antanke youn nan temwen espesyal li sou tè a, mwen rann temwayaj kretyen mwen ke Li ap rele nou jodia menm: “Vini suiv mwen.”16 Vin mache nan chemen ki mennen nan bonè etènèl, lajwa, ak lavi etènèl nan wayòm Papa nou ki nan Syèl la. Nan non Jezikri, Sovè nou e Redanmtè nou, amèn.