2010–2019
Fè atansyon avèk tèt nou
Oktòb 2012


Fè atansyon avèk tèt nou

Rete sou wout Prètriz la nan apwonfondi konvèsyon nou ak fòtifye fanmi nou. … Evite trajedi nan pote atansyon ak pano avètisman espirityèl “Fè atansyon” yo ki plase sou wout nou pa Bondye ak pwofèt yo .

Lè m te jèn gason, fanmi m te konn kondui travèse Montagnes Rocheuses yo an Amerik la pou al vizite gran paran nou. Wout la te kòmanse an plèn kouvri anba amwaz, apresa monte atravè pant rèd kouvri anba pye aspen anba montay la, pou finalman soti nan tèt boskè plen fèy ak preri, kote nou te ka wè alenfini.

Men bèl wout sa a pa t totalman san danje. Pifò pati nan gran wout la te bati an pant nan montay la. Pou pwoteje vwayajè yo, moun ki t ap fè wout yo te enstale balistrad e yo te mete pannkat ki te di: “Fè atansyon: wòch ap tonbe.” Nou te wè te gen pakèt rezon pou avètisman sa a. Blòk wòch ak galèt te gaye toutolon bò rivyè a lwen anba wout la. Tanzantan, nou te ka wè kakas machin anba nan ravin nan, yon rapèl trajik sou chofè ki pa t fè atansyon.

Sèman ak Alyans Prètriz la

Frè m yo, nou chak deja resevwa, oubyen pral gen pou resevwa sèman ak alyans Prètriz Mèlkisedèk la.1 Alyans sa a enplike yon vwayaj gloriye ki kòmanse lè nou resevwa prètriz ki pi ba a ak siperyè a, li pwogrese atravè mayifye apèl nou, epi li grenpe pi wo pou ale nan pi gwo benediksyon Bondye yo, jiskaske nou resevwa “tout sa Papa a genyen.”2

Desinatè saj wout selès sa a mete pano avètisman pou vwayaj nou. Sèman ak alyans prètriz la gen avètisman pwofon sa a: “Epi kounyeya, m ba nou yon kòmandman pou nou fè atansyon avèk tèt pa nou.”3

Poukisa Bondye kòmande nou pou nou fè atansyon? Li konnen Satan se yon èt reyèl4 k ap chèche antrene nanm nou desann nan gouf mizè a.5. Bondye konnen tou ke andedan chak detantè prètriz gen yon “lòm natirèl”6” ki “gen tandans separe l avèk Bondye.”7 Konsa, pwofèt yo envite nou pou nou “depouye nou de lòm natirèl”8 la epi “Mete manto Kris la”9” atravè lafwa, repantans, òdonans sali yo, ak viv levanjil la chak jou.

Evite trajedi

Pandan l ap vwayaje sou chemen prètriz la, chak tigason, chak gason kapab tonbe anba si l pa fè atansyon. Èske nou konn choke oubyen gen kè brize poutèt chit sanzatann yon bon gason remakab, yon misyonè ki fèk retounen, yon dirijan prètriz respekte, oswa yon manm fanmi byeneme?

Istwa David nan Ansyen Testaman an se yon egzanp trajik sou pèdi pouvwa prètriz la. Byenke l te pote laviktwa sou Golyat pandan l te jèn epi l te mennen yon lavi fidèl pandan dèzane,10, wa pwofèt sa a te ankò fèb espirityèlman. Nan moman vital sa a kote sou tèt kay li li te wè bèl fi yo te rele Bathseba a ki t ap benyen, pa t gen okenn gadyen moralite ki te kanpe tou pre pou avèti: “Fè atansyon, David, w ap fè foli!” Paske l pa t fè atansyon a tèt li 11 epi li pa t aji selon enspirasyon Lespri a12 li te pèdi fanmi etènèl li.13

Frè m yo, si menm David ki te puisan, yo te ka bale l soti sou wout egzaltasyon an, kijan nou menm nou ka chape anba yon desten konsa?

Gen de pano avètisman ki se pwofon konvèsyon pèsonèl ak relasyon familyal solid pou ede nou rete sou otowout selès la.

Satan, ki konnen sa, lage blòk wòch pou yo tonbe sou chemen prètriz la pou kraze konvèsyon ak kraze fanmi yo. Erezman, Jezikri ak pwofèt li yo mete pano “Fè atansyon” an sou wout la. Yo toujou mete nou angad kont lògèy k ap kraze konvèsyon nou14 ak peche tankou kòlè, avidite, ak konvwatiz k ap kraze fanmi nou.

Lonta de sa, Moyiz te konseye: “Fè atansyon pou nou pa bliye Senyè a.”15 Nan mond toujou prese nou an ki plen ak divètisman sa a, lèzòm “bliye Senyè Bondye yo a vit, ... yo fè inikite vit, epi malen an detounen yo.”16

Apwofondi konvèsyon e fòtifye fanmi

Pou nou rete ansekirite sou wout Prètriz la malgre avalanch wòch tantasyon yo, m ap raple nou sis prensip fondamantal k ap apwofondi konvèsyon nou ak fòtifye fanmi nou.

Premyèman, lapriyè toujou louvri pòt èd divin nan pou nou kapab “gen viktwa sou Satan.”17 Chak fwa Jezi te avèti detantè Prètriz yo pou yo “fè atansyon, paske Satan vle vannen [nou] tankou pay,” Li preskri lapriyè kòm mwayen pou pwoteje nou kont tantasyon.18 Prezidan Thomas S. Monson te anseye: “Si nenpòt moun pami nou la a poko suiv konsèy pou priye tout tan an, pa gen pi bon lè pou kòmanse pase kounyeya. ... Yon moun pa janm pi gran pase lè l mete l ajenou pou priye.”19

Dezyèmman, etidye ekriti ansyen ak modèn yo ap konekte nou avèk Bondye. Senyè a te avèti manm Legliz yo pou yo “fè atansyon kouman y ap respekte l [pwofèt yo] pou yo pa konsidere l kòm yon bagay ki lejè, epi pou yo pa tonbe anba kondanasyon pou sa.”20 Pou evite kondanasyon ki fè reflechi sa a, nou dwe, avèk dilijans, sonde ekriti yo ansanm avèk magazin Legliz yo ak sit entènèt Legliz yo ki ap pèmèt nou “resevwa konsèy nan yon fason entim ak pèsonèl nan men pwofèt [Senyè a] chwazi a.”21

Twazyèmman, patisipe diyman nan òdonans yo prepare nou pou n pran “Sentespri a pou gid [nou.]”22 Lè Sovè a te avèti “Fè atansyon pou nou pa twonpe” a, Li te pwomèt ke nou pap twonpe si nou “onètman chèche ... pi bon don” Lespri yo.23 Lè yo pran Sentsèn diyman chak semèn, manm yo kalifye pou yo “toujou gen Lespri li avèk yo.”24 Lè nou patisipe nan travay nan tanp, nou ka “resevwa Sentespri a toutantye.”25

Katriyèmman, manifeste lanmou sensè se nannan konvèsyon pèsonèl ak relasyon familyal. Wa Benjamen te konseye: “Fè atansyon pou chirepit pa leve nan pami nou.”26 Pa janm bliye ke Satan se “papa chirepit”27 epi l ap chèche pou fè manm fanmi yo “goumen.”28 Frè m yo, si nou fè nenpòt manm nan fanmi nou abi emosyonèlman, vèbalman, oubyen fizikman, nou pèdi pouvwa Prètriz la.29 Chwazi pou kontwole fache nou. Manm fanmi nou dwe tande benediksyon sèlman ap soti nan bouch nou, yo pa dwe tande malediksyon soti nan bouch nou. Nou dwe egzèse enfliyans nou sèlman pa pèsyade, pasyans, jantiyès, dousè, amou enfayib, bonte ak charite.30

Senkyèmman, obeyi lwa dim nan se yon eleman esansyèl lafwa ak inite familyal. Paske Satan itilize avidite ak rechèch byen materyèl pou detounen fanmi yo sou otowout selès la, Jezi konseye nou “Fè atansyon ak konvwatiz.”31 Nou metrize konvwatiz nou lè nou planifye revni nou, lè nou peye yon dim onèt ak ofrann jèn, fè bidjè depans nou, evite dèt ki pa nesesè, ekonomize pou demen, epi vin tanporèlman otonòm. Bondye pwomèt nou: “Chèche wayòm Bondye a ak lajistis li anvan, e w ap resevwa tout bagay sa yo.”32

Sizyèmman, totalman viv lwa chastete a ap ba nou konfidans pou nou kanpe “nan prezans Bondye” avèk Sentespri a kòm “konpayon konstan” nou.33 Satan ap atake vèti ak maryaj avèk yon avalanch bagay endesan. Lè Senyè a te avèti moun ki t ap fè adiltè yo pou yo “fè atansyon e repanti rapid” la, definisyon l sou adiltè a te ale odela zak fizik la pou rive nan panse endesan ki presede adiltè.34 Pwofèt yo ak Apot yo jodia pale souvan e klèman sou fleyo pònografi a. Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye: “[Pònografi] tankou yon tanpèt anraj .... k ap detwi moun ak fanmi, pou totalman kraze sa ki yon fwa te sen, ki te bèl. ... Moman an rive pou tout moun nan pami nou ki prizonye anba labou sa a, rale tèt nou pou soti nan bagay malefik sa a.”35 Si nou gen tantasyon pou vyole lwa chastete a sou nenpòt ki fòm, suiv egzanp Joseph an Ejip la, ki te “kouri, mete tèt li deyò.”36

Sis prensip fondamantal sa yo ede detantè Prètriz yo kontinye avanse an sekirite sou otowout selès la nan mitan pano espirityèl konvèsyon pèsonèl ak relasyon familyal yo. Nou menm jènjan, obeyi prensip sa yo ap prepare nou pou alyans tanp yo, pou sèvi misyon aplentan, ak pou maryaj etènèl. Nou menm mari ak papa, respekte prensip sa yo ap kalifye nou pou nou prezide sou fwaye nou nan lajistis, pou nou sèvi kòm dirijan espirityèl fanmi an, avèk madanm nou kòm patnè egal ego.37

Rete sou chemen Prètriz la

Pou m retounen sou eksperyans mwen lè m te jènjan an, mwen sonje yon jou patikilye kote nou t ap travèse Montagnes Rocheuses yo. Lè nou te fin pase bò pano “Fè atansyon, wòch ap tonbe” a, papa m te remake kèk ti wòch ak gravye ki t ap tonbe sou asfalt la devan nou an. Li te frennen imedyatman, egzakteman nan moman yon wòch gwosè yon balon foutbòl te tonbe devan nou an. Papa m te tann avalanch lan fini anvan l te kontinye wout li. Atansyon konstan papa m ak reyaksyon imedyat li te pèmèt fanmi an rive nan destinasyon final nou an sekirite.

Frè m yo, Satan ap chèche “detwi nanm lèzòm.”38 Si nanm ou ap egare ale nan bò yon gouf espirityèl, kanpe tousuit anvan ou tonbe, epi retounen sou wout la.39 Si ou gen enpresyon nanm ou kraze tonbe nan fon yon falèz olye l byen wo sou wout prètriz la paske ou te inyore pano “Fè atansyon” an epi w te peche, mwen temwaye w ke, atravè repantans sensè ak pouvwa sakrifis ekspyatwa Jezikri a, ou ka leve e retounen ankò sou otowout selès Bondye a.40

Jezi te anseye “Fè atansyon ak ... ipokrizi.”41 Si ou pa diy pou egzèse prètriz la, tanpri al jwenn evèk ou, ki ka ede w repanti. Pran kouraj nan lefèt ke, malgre Sovè a di nou: “pran prekosyon ... pou n pa fè peche” a,42 Li pwomèt nou tou “Mwen menm, Senyè a, m a padone nou ... Ale, pa peche ankò.”43

Mwen envite tout tigason ak tout gason pou rete sou chemen prètriz la pou apwofondi konvèsyon yo ak fòtifye fanmi yo. Lapriyè, ekriti yo, ak òdonans yo apwofondi konvèsyon. Lanmou, dim, ak chastete fòtifye fanmi. Evite trajedi nan suiv pano espirityèl ki di “fè atansyon” yo Bondye ak pwofèt yo plase sou wout nou yo. Eseye suiv egzanp pafè Jezikri a, ki “te soufri tantasyon yo men li pa t sikonbe anba yo.”44

Mwen pwomèt ke si mesye yo respekte alyans prètriz la epi yo “fè atansyon avèk tèt yo”45, nou menm ak fanmi nou kapab sèten ke n ap rive ansekirite ak lajwa nan destinasyon egzalte nou nan wayòm selès la. Mwen temwaye konsènan sa nan non sakre Jezikri, amèn.