2010–2019
Benediksyon Sentsèn yo
Oktòb 2012


Benediksyon Sentsèn yo

N ap jwenn benediksyon si nou epwouve rekonesans pou Ekspyasyon Jezikri a, si nou renouvle alyans batèm nou yo, santi nou jwenn padon, e resevwa enspirasyon Sentespri a.

Mwen te grandi nan Rexburg, Idaho (nan Etazini), kote mwen te enfliyanse e ansèye pa yon fanmi mèveye, yon kantite zanmi, pwofesè, ak dirijan. Gen eksperyans espesyal nan lavi nou tout ki touche nanm nou e ki rann bagay yo diferan ajamè. Yon eksperyans konsa te rive nan jenès mwen. Eksperyans sa a te transfòme lavi m.

Mwen te toujou aktif nan Legliz la e mwen tap progrese nan ofis yo nan Prètriz Aawon an. Lè m te adolesan, Frè Jakòb, enstriktè mwen, te mande pou m te ekri sou yon kat sa ki te pase nan tèt mwen pandan Sentsèn nan jou sa a. Mwen te pran kat mwen an epi m te kòmanse ekri. Premye bagay sou lis mwen an sete yon match baskètbòl nou te genyen nan lavèy epi apre sa sete yon sòti ade apre match la e se konsa lis la te kontinye. Non Jezikri te anba nèt e sètènman li pat an karaktè gra.

Chak dimanch kat la te ranpli. Pou yon jèn detantè Prètriz Aawon ke m te ye, Sentsèn ak reyinyon Sentsèn te pran yon sans nouvo, elaji, ak espirityèl pou mwen. Mwen tap tann jou Dimanch yo ak opòtinite pou m pran Sentsèn nan avèk enpasyans paske konpreyansyon mwen sou Sakrifis Ekspyatwa Sovè a t ap transfòme mwen. Chak Dimanch, jis jounen jodi a, lè m pran Sentsèn, mwen kapab wè kat mwen an epi revize lis mwen an. Kounyeya se Sovè limanite ki toujou sou lis mwen an, anvan tout lòt bagay.

Nan Nouvo Testaman an nou li sou tan kote Sovè ak Apot Li yo te reyini nan yon chanmòt pou Fèt Pak Jwif la.

“Apre sa, li pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l. Li ba yo l epi li di yo: “Sa a se kò mwen. Se mwenmenm ki bay li pou nou; Se pou nou fè sa pou nou ka touje sonje m.

“Menm jan an tou, apre yo fin manje, Li ba yo gode diven an. Li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou an li siyen.”1

Jezi te tabli òdonans Sentsèn nan tou pandan vizit li bò kote Nefit yo.2 Kounyeya mwen konprann enpòtans de evenman sa yo.

Prezidan David O. McKay te di: “Mwen santi m pouse pou m mete aksan sou sa Senyè a te deziye kòm reyinyon ki pi enpòtan nan Legliz la: reyinyon Sentsèn nan.”3 Si nou prepare nou jan nou dwe a pou Sentsèn nan, li kapab transfòme lavi nou. Mwen ta renmen sigjere senk prensip ki kapab beni lavi nou lè nou pran Sentsèn nan diyman.

1. Gen yon Santiman Gratitid pou Sakirifis Ekspyatwa Jezikri a

Premye prensip la se nou santi yon santiman gratitid anvè Papa nou ki nan Syèl pandan Sentsèn nan, pou Sakrifis Ekspyatwa Pitit Gason L lan. Yo te rakonte istwa sa a konsènan distribisyon Sentsèn nan.

“Sentsèn nan pat janm vrèman vle di anpil bagay pou mwen jiska jou dimanch yo te òdone m dyak la. Aprèmidi jou sa a, mwen te distribiye Sentsèn nan pou la premyè fwa. Anvan reyinyon an, youn nan dyak yo te avèti m: ‘Fè atansyon avèk Frè Schmidt. Ou gen dwa oblije reveye l!’ Finalman, lè a te rive pou m te patisipe nan distribye Sentsèn nan. Mwen te jere sis premye ranje yo trè byen. Timoun yo ak granmoun yo te pran pen an san okenn panse oswa pwoblèm vizib. Apre sa, mwen te rive nan setyèm ranje a, ranje kote Frè Schmidt te toujou chita a. Men mwen te sezi. Olye te nan dòmi, je l te byen klè. Kontrèman a anpil lòt moun mwen te sèvi, li te pran pen, avèk sa ki te sanble gwo meditasyon ak reverans.

“Kèk minit apre mwen te twouve m apwoche setyèm ranje ankò avèk dlo a. Fwa sa a zanmi m nan te gen rezon. Frè Schmidt te chita avèk tèt li panche ak gwo je alman l yo te fèmen. Sa te klè ke misye t ap dòmi. Kisa m te kapab fè oubyen di? Mwen te obsève fwon li, ride e fatige pa anpil ane travay di ak privasyon. Li te vin manm Legliz lè li te yon adolesan e li te viv anpil pèsekisyon nan ti vil Alman li an. Mwen te tande istwa a anpil fwa nan reyinyon temwayay. Mwen te deside finalman pou m te touche zepòl li jantiman avèk espwa pou m te reveye l. Pandan m te lonje men m pou m fè sa, li te leve tèt li lantman. Te gen dlo ki t ap koule nan je l e lè m te gade l, mwen te wè lanmou ak lajwa nan je li. Li te leve bra l trankilman epi li te pran dlo a. Malgre ke m te gen sèlman douz an lè sa a, mwen toujou sonje, kòmsi sete jodia, santiman m te epwouve lè m t ap gade lepè sa a ki t ap pran Sentsèn nan. Mwen te konnen san okenn dout ke li te santi yon bagay konsènan Sentsèn nan, yon bagay ke mwen pa t janm santi. Mwen te deside lè sa a ke m te vle santi menm bagay la tou.”4

Frè Schmidt te kominike avèk syèl la, e syèl la te kominike avèk li.

II. Sonje Ke Nou Ap Renouvle Alyans Batèm yo

Dezyèm prensip la se pou nou sonje ke se renouvle nou ap renouvle alyans batèm yo lè nou pran Sentsèn. Jan yo di nan ekriti yo, kèk nan pwomès nou fè yo gen ladan yo:

“Antre nan twoupo Bondye a pou ou pote non pèp li a,…pou youn pote chay lòt…pou ou kriye avèk moun ki ap kriye… , epi sèvi kòm temwen Bondye.”5

“Prezante avèk kè brize ak lespri kontri…vle pran sou yo non Jezikri, gen yon detèminasyon pou sèvi l jiska lafen,”6 epi respekte kòmandman L yo epi toujou sonje L.7

Priyè Sentsèn yo se yon rapèl alyans sa yo. Lè nou pran Sentsèn nan, nou renouvle angajman nou pou nou viv dapre alyans sa yo. Mwen kwè li tap apwopriye pou nou memorize priyè Sentsèn yo nan lespri nou ak nan kè nou. Sa ap ede nou konsantre sou renouvle alyans batèm nou yo. Keseswa nou te gen yuitan oswa katrenentan lè nou te batize, mwen espere nou pap janm bliye jou sa a ak alyans nou te fè yo.

III. Pandan Sentsèn nan, Nou Kapab Santi Nou Jwenn Padon pou Peche Nou yo.

Twazyèmman, pandan Sentsèn nan, nou kapab santi nou jwenn padon pou peche nou yo. Si nou te pase tan anvan reyinyon Sentsèn nan ap repanti pou peche nou yo, nou kapab kite reyinyon Sentsèn nan avèk santiman ke nou pwòp ak pi. Prezidan Boyd K. Packer te di: “Sentsèn nan renouvle pwosesis padon an. Chak Dimanch, lè yo distribye Sentsèn nan, se yon seremoni pou renouvle pwosesis padon an. ... Chak dimanch, nou netwaye tèt nou pou ke, lè moman an rive, kote nou mouri, lespri nou kapab pwòp.”8 Lefèt ke nou pran Sentsèn nan diyman an kapab ede nou santi nou tankou pèp Wa Benjamin an, ki te “ranpli ak lajwa, paske yo te resevwa padon pou peche yo, e paske yo te gen lapè nan konsyans yo.9

IV. Nou Kapab Resevwa Enspirasyon pou Solisyon Pwoblèm Nou yo

Katriyèm prensip la sè ke nou kapab resevwa enspirasyon pou solisyon pwoblèm nou yo pandan reyinyon Sentsèn nan. Lè m te prezidan misyon nan peyi Bolivi, madanm mwen, Mary Anne avèk mwen te gen benediksyon pou nou te asiste yon seminè pou prezidan misyon yo avèk Prezidan Eyring. Nan reyinyon sa a, li te anseye ke gen two fason enpòtan pou moun prepare yo pou yo tire pwofi nan yon reyinyon. Nou ta dwe vini avèk pwoblèm nou yo, enb tankou timoun piti ki pare pou aprann, e avèk dezi pou nou ede pitit Bondye yo.

Lè nou vini enbleman nan reyinyon Sentsèn nan, nou ka gen benediksyon pou nou resevwa enpresyon konsènan solisyon pou pwoblèm chak jou nou yo. Nou dwe vini prepare, avèk dispozisyon pou nou koute epi pou nou pa distrè. Nan ekriti yo, nou li: “Men, gade, m di ou, ou dwe etidye l nan panse ou; apre sa ou dwe mande m si li jis, epi si se jis, m ap fè pwatrin ou chofe andedan ou; se konsa, ou ap konnen li byen.10 Nou kapab konnen sa nou dwe fè pou rezoud pwoblèm nou yo.

V- Pran Sentsèn nan Diyman Ap Ede Nou Vin Ranpli ak Sentespri a.

Senkyèm prensip la, pran Sentsèn nan diyman an, ap ede nou santi nou ranpli avèk Sentespri a. Lè li te tabli Sentsèn nan pandan vizit kay Nefit yo, Jezi te di: “Moun ki manje pen sa a, li manje nan kò m pou byen nanm li; e moun ki bwè diven sa a, li bwè nan san m pou byen nanm li; e nanm li p ap janm grangou ni swaf, men l ap ranpli.”11 Yo te resevwa pwomès ke si yo te grangou ak swaf jistis, yo t ap ranpli avèk Sentespri a. Priyè Sentsèn yo pwomèt tou ke si nou viv dapre alayans nou yo, n ap toujou gen Sentespri L la avèk nou.12

Èldè Melvin J. Ballard te di: “Mwen se gen temwayaj ke gen yon espri patikilye nan administrasyon Sentsèn nan, ki chofe nanm nou soti nan tèt rive nan pye; nou santi blesi espri nou yo geri, epi fado nou vin lejè. Moun ki diy e ki vrèman gen dezi pou yo pran nouriti espirityèl sa a, yo resevwa konsolasyon e yo santi bonè nan nanm yo.”13

N ap jwenn benediksyon pou nou santi rekonesans pou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, pou renouvle alyans batèm nou yo, pou nou santi nou jwenn padon, epi pou nou resevwa enspirasyon nan men Sentespri a lè nou pran Sentsèn nan chak senmèn. Reyinyon Sentsèn nan ap toujou yon gwo reyinyon pou nou si Sentsèn nan se sant adorasyon nou. Mwen eksprime rekonesans mwen pou Sakrikfis Ekspyatwa Jezikri a. Mwen konnen Li vivan. Nan non Jezikri. Amèn.