Frè m yo, nou gen yon ay pou nou fè

Pa èldè D. Todd Christofferson

Nan Kolèj Douz Apot yo


Antanke gason nan Prètriz la, nou gen yon wòl esansyèl pou nou jwe nan sosyete a, nan fwaye nou, ak nan Legliz la.

Frè m yo, nan ane k sot pase yo, anpil bagay te di e anpil bagay te ekri sou difikilte gason yo ak tigason yo ap rankontre. Pa egzanp, men kèk tit liv: Why There Are No Good Men Left (Poukisa pa gen bon moun ankò),The Demise of Guys (Gason yo lage sa),The End of Men (Fen gason yo), Why Boys Fail (Poukisa tigason yo echwe), ak Manning Up (Aji tankou gason. Sa ki enteresan, sèke pifò nan liv sa yo sanble se fi ki ekri yo. Nan chak ladan yo, yon tèm komen ki egziste nan analiz sa yo sèke, nan anpil nan sosyete modèn yo, gason yo ak tigason yo ap resevwa sinyal plen konfizyon e ki sanble an konfli youn ak lòt sou wòl yo ak valè yo nan sosyete a.

Otè Manning Up (Aji tankou gason) an demontre l nan fason sa a: “Sa sete yon règ sivilizasyon prèske inivèsèl ki di pandan tifi te vin tounen fi tou senpleman paske yo te atenn matirite fizik, tigason yo, yo menm, te dwe pase yon tès. Yo te bezwen demontre kouraj yo, akonplisman fizik yo, oswa metriz konpetans ki nesesè. Objektif la sete pou pwouve kapasite yo pou pwoteje fi yo ak timoun yo; sa sete toujou wòl sosyal fondamatal yo. Men, jodia, avèk fi k ap fè pwogrè andedan yon ekonomi avanse yo, wòl mari ak papa yo ki ta dwe travay pou soutni fanmi a vin kounyeya opsyonèl, e trè karakteristik gason yo te bezwen pou jwe wòl yo a—detèminasyon, fòs, kouraj, fidelite—pasedmòd e menm yon tijan anbarasan.”1

Nan zèl yo pou kreye posiblite pou fi yo, yon bagay ke nou aplodi, gen moun ki denigre gason yo ak kontribisyon yo. Se kòmsi yo panse ke lavi a se yon konpetisyon ant gason ak fi—ke youn dwe domine lòt, e kounyeya se tou pa fi yo. Genyen ki deklare ke yon karyè se bagay ki pi enpòtan, epi maryaj ak timoun, se e ta dwe, bagay ki totalman ochwa—konsa, poukisa nou bezwen gason?2 Nan twòp fim nan Hollywood, nan cho televizyon ak menm nan piblisite, yo montre gason kòm enkonpetan, san matirite, oswa egoyis. Denigreman kiltirèl sa a anvè gason yo gen yon efè devastan.

Nan Etazini, pa egzanp, yo rapòte: “Tifi yo reyisi pi byen kounyeya pase tigason yo, nan tout nivo, soti nan lekòl primè rive nan etid siperyè. Rive nan uityèm, pa egzanp, se sèlman ven pousan nan tigason yo ki konn ekri e vennkat pousan ki konn li. Pandan tan sa a, nan ane 2011 la, rezilta jenòm yo nan egzamen pou antre nan inivèsite amerikèn yo te pi mal pase jan yo te ye depi karant an. Selon Sant Nasyonal pou Edikasyon an (NCES), tigason yo trant pousan plis ka kite segondè ak kolèj pase tifi yo. ... Yo predi ke, rive 2016, fi yo ap pran swasant pousan nan diplòm inivèsitè yo, swasanntwa pousan nan metriz yo, ak sennkannkat pousan nan doktora yo. De tyè etidyan nan pwogram ratrapaj espesyal yo se gason.”3

Kèk gason ak jèn gason pran sinyal negatif sa yo yon ekskiz pou yo evite asime responsablite yo e pou yo pa janm reyèlman vin adilt. Nan yon obsèvasyon ki twò souvan se laverite, yon pwofesè inivèsite te fè remak sa a: “Mesye yo vin nan klas avèk kaskèt bezbòl yo alanvè, ak [fèb] eskiz sa a “konpitè a vale devwa m yo’. Pandan tan sa a, fi yo tcheke ajanda yo e mande lèt rekòmandasyon pou al etidye avoka.”4 Yon fi, ke wòl li se kritik sinema, te eksprime vizyon ase sinik ke “sa nou ka atann nan men yon gason, si nou gen ase chans epi nou chwazi pou n gen yon patnè, se egzakteman sa—yon patnè. Yon moun ki ret nan plas li pandan ke l ap respekte lefèt ke nou rete nan plas pa nou.”5

Frè m yo, sa pa dwe konsa pou nou menm. Antanke gason nan Prètriz la, nou gen yon wòl esansyèl pou nou jwe nan sosyete a, nan fwaye nou, ak nan legliz la. Men nou dwe rete gason ke fi ka fè konfyans, timoun ka fè konfyans, e Bondye ka fè konfyans. Nan Legliz la ak wayòm Bondye a nan dènye jou sa yo, nou pa ka pèmèt nou gen tigason ak gason k ap ale aladeriv. Nou ka pèmèt nou gen jènjan ki manke disiplin pèsonèl e ki ap viv pou amize yo sèlman. Nou pa ka pèmèt nou gen jèn adilt gason ki pa pral okenn kote nan lavi a, ki pa sonje seryezman pou yo fòme yon fanmi e pote yon vrè kontribisyon nan mond sa a. Nou pa ka pèmèt nou gen mari ak papa ki neglije direksyon espirityèl nan fwaye a. Nou pa ka pèmèt nou gen gason ki ap egzèse Sent Prètriz, selon Lòd Pitit Gason Bondye a, k ap pèdi fòs yo nan pònografi oubyen pase lavi yo sou Entènèt (iwonikman, pou yo nan mond lan san yo pafè pati mond lan).

Frè m yo, nou gen travay pou nou fè

Jènjan yo, nou bezwen travay byen lekòl epi apresa kontinye etidye apre segondè nou. Kèk nan nou pral anvi fè etid inivèsitè ak karyè nan biznis, agrikilti, nan gouvènman an, oubyen lòt pwofesyon. Gen nan nou ki pral eksele nan bagay atistik, nan mizik, oubyen ansèyman. Gen lòt ki pral chwazi yon karyè militè oubyen aprann yon metye manyèl. Atravè ane yo, mwen te gen yon kantite atizan ki t ap travay pou remodle ak repare kèk bagay lakay mwen e mwen te admire talan mesye sa yo ak kapasite yo pou travay di. Nan kèlkeswa domèn nou chwazi, li esansyèl pou nou vin konpetan pou nou kapab sipòte yon fanmi ak pote yon bon kontribisyon nan kominote nou ak nan peyi nou.

Mwen te fè k gade yon videyo ki montre yon jounen nan lavi yon jèn gason 14 an nan End ki rele Amar. Li leve bonè pou al travay nan de djòb, anvan e apre lekòl, sis jou edmi pa semèn. Salè li pote yon tikal pati nan mwayen fanmi li. Li kouri al lakay sou yon bisiklèt depafini lè l fini dezyèm djòb la lè l fènwa e li debwouye l pou l fè devwa nan ti lè sa l genyen an anvan l lage kòl sou kabann ni atè a nan mitan frè ak sè l yo tou dòmi, vè 11:00 chak swa. Malgre ke m pa janm rankontre li, mwen santi m fyè de li pou dilijans li ak kouraj li. Li fè tout sa l kapab avèk ti mwayen limite li, e li se yon benediksyon pou fanmi li.

Nou menm, gason adilt yo: papa, adilt sèl, dirijan, enstritè nan fwaye, se pou nou rete egzanp diy epi ede jenerasyon tigason ka p grandi yo vin gason. Anseye yo konpetans nesesè yo nan sosyete a, ak lòt bagay tankou: kijan pou yo patisipe nan yon konvèsasyon, kijan pou yo fè konesans e pale avèk lòt moun; kijan pou yo antann avèk fi yo ak tifi yo, kijan pou yo sèvi, kijan pou yo akif e divèti yo, kijan pou yo gen pastan san yo pa vin depandan de li, kijan pou yo korije erè yo e fè pi bon chwa.

Epi konsa, pou nou tout k ap koute, kèlkeswa kote mesaj sa a ka rive jwenn nou, m ap di jan Jeyova te di Jozye a: “Mete gason sou ou, pa dekouraje” (Jozye 1:6). Pran kouraj e prepare w pi byen w kapab, kèlkeswa sikonstans ou ye. Prepare w pou w vin yon bon mari ak yon bon papa; prepare w pou w vin yon bon sitwayen pwodiktif; prepare w pou w sèvi Senyè a, ou se detantè Prètriz Li a. Kèlkeswa kote ou ye, Papa ou ki nan Syèl la sousye de ou. Ou pa poukont ou; ou gen prètriz la e ou gen don Sentespri a.

Nan tout kote yo bezwen nou yo, youn nan kote ki pi enpòtan an se nan kowòm prètriz nou. Nou bezwen kowòm ki pote nourisman bay manm yo jou Dimanch, e ki ap sèvi tou. Nou bezwen dirijan kowòm ki konsantre sou fè travay Senyè a, ak soutni manm kowòm yo ak fanmi yo.

Panse ak travay misyonè. Jènjan, nou pa gen tan pou n pèdi. Nou pa ka tann jis lè nou rive disèt oubyen dizuitan pou nou seryezman prepare nou. Kowòm Prètriz Aawon yo kapab ede manm li yo konprann sèman ak alyans prètriz la e prepare yo pou òdinasyon yo kòm ansyen; yo kapab ede yo konprann ak prepare pou òdonans tanp yo; e yo ka ede yo prepare yo pou reyisi misyon yo. Kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo ak Sosyete Sekou kapab ede paran yo prepare misyonè ki konnen Liv Mòmon an e ki pral ale nan chan misyon an totalman angaje. Epi nan chak pawas ak branch, menm kowòm sa yo ka fòme yon kolaborasyon efikas avèk misyonè aplentan yo ki ap sèvi ladan yo.

Yon travay ki esansyèlman repoze sou zepòl Prètriz la, se apèl Sovè a, repete pa Prezidan Thomas S. Monson nan, pou al chèche moun ki kite levanjil la la oubyen ki vin fache pou yon rezon kèlkonk yo. Nou gen anpil siksè nan travay sa a, enkli travay ekselan akonpli pa jènjan yo. Yon kowòm Prètriz Aawon nan Pawas Espanyòl Rio Grande a nan Albuquerque, nan Nouvo Meksik, te reyini ansanm pou pale de tigason yo te ka mennen retounen epi apresa, an gwoup, yo t al vizite yo chak. Youn te di: “Lè yo te vini nan pòt lakay mwen an, m te santi m enpòtan,” epi yon lòt te di: “M santi m kontan andedan mwen paske yon gen yon moun ki vle m ale legliz; sa fè m anvi al legliz kounyeya.” Lè manm kowòm yo te vizite e envite yon jènjan pou l te retounen, yo te mande l pou l te vini avèk yo nan pwochen vizit la, e li te fè sa. Yo pa t jis envite li pou l te vin legliz semèn apre a; yo te imedyatman entegre l nan lavi kowòm nan.

Yon lòt travay difisil men estimilan nan prètriz la se sa istwa familyal la ak tanp lan. Rete tann yon lèt Premye Prezidans la pral voye semèn pwochèn ki ofri yon apèl renouvle ak yon vizyon pi elve pou pati esansyèl sa a nan travay la nou genyen pou nou akonpli a.

Kowòm nou yo fòme yon sipò fratènite mityèl tou. Prezidan Gordon B. Hinckley te di yon fwa: “Se ap yon bèl jou, frè m yo, yon jou kote objektif Senyè a ap akonpli, lè kowòm Prètriz nou yo vin tounen yon sous fòs pou tout gason ki fè pati yo, lè chak gason sa yo kapab di tout bon, ‘M se manm yon Kowòm Prètriz nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. M pare pou ede frè m yo nan tout bezwen yo, jan m konnen yo kanpe tou pare pou ede m nan pa m yo. Nan travay ansanm, nou va grandi espirityèlman antanke pitit gason alyans Bondye. Nan travay ansanm, nou ka kanpe, san anbarasman e san krent, kont tout van ladvèsite ki ka soufle, keseswa l ekonomik, sosyal, oubyen espirityèl’”6

Malgre pi bon efò nou, bagay yo pa toujou pase jan nou te planifye, e yon “van advèsite” patikilye ki ka vin nan lavi yon moun se chomaj. Yon ansyen bwochi sou antrèd nan Legliz la di: “Yon gason ki san travay gen yon enpòtans espesyal pou Legliz la paske, prive de eritaj natirèl li pou travay, li anba eprèv jan Jòb te anba eprèv la, nan entegrite li. Amezi jou ap pase vin tounen semèn ak mwa e menm ane advèsite, blesi a grandi pi plis ... Legliz la pa ka espere sove yon moun jou Dimanch si, pandan semèn nan, li asiste gwo difikilte l ap travèse epi l pa fè anyen.”7

An Avril 2009, ansyen Konseye Episkopa Prezidan an, Richard C. Edgley, te rakonte m istwa yon kowòm egzanplè ki te mobilize pou te ede yon manm kowòm nan ki te pèdi travay li:

“Garaj Phil la, nan Centerville nan Uta se yon egzanp sou sa dirijan prètriz yo ak yon kowòm kapab akonpli. Phil sete yon manm kowòm ansyen an e l t ap travay kòm mekanisyen nan yon garaj reparasyon otomobil nan katye a. Malerezman, garaj la kote Phil t ap travay la te tonbe anba pwoblèm ekonomik e yo te oblije voye Phil ale. Li te devaste pa jan bagay yo te vire a.

“Lè l te tande Phil te pèdi travay li, evèk li, Leon Olson, ak prezidans kowòm ansyen an te priye pou yo te ka jwenn fason yo te ka ede Phil retounen sou pye l. Apretou, li sete yon manm kowòm nan, yon frè, e li te bezwen èd. Yo te konkli ke Phil te ge talan pou l te jere pwòp biznis pa li. Youn nan manm kowòm nan te di ke l te gen yon ansyen antrepo ki petèt te ka itilize kòm yon atelye reparasyon oto. Lòt manm nan kowòm nan te ka ede rasanble zouti ak ekipman pou ekipe nouvo garaj la. Prèske tout moun nan kowòm nan te ka omwen ede netwaye antrepo a.

“Yo te pataje ide yo a avèk Phil; epi yo te prezante plan yo bay manm kowòm yo. Antrepo a te netwaye e renove; zouti te rasanble, e tout bagay te anplas. Garaj Phil la sete yon siksè e finalman li te demenaje al nan yon batiman pi bon, ak pi pèmanan, tout sa paske frè l yo nan kowòm nan te ofri l èd nan yon moman bezwen.”8

Natirèlman, jan pwofèt yo toujou ap repete pandan tout ane yo, “Pati ki pi enpòtan nan travay Senyè a pou ou ka akonpli se sa w ap akonpli andedan fwaye ou.”9 Nou gen anpil pou nou fè pou fòtifye maryaj yo nan sosyete ki ap san rete diminye enpòtans li ak bi li sa yo. Nou gen anpil pou n fè pou anseye pitit nou yo pou yo “priye, e mache dwat devan Senyè a” (D&A 68:28). Tach nou se pa lòt bagay pase ede pitit nou yo santi gwo chanjman nan kè oswa konvèsyon sa a pou Senyè a yo pale si klèman nan Liv Mòmon an (gade Mozya 5:1–12; Alma 26). Ansanm avèk Sosyete Sekou, kowòm prètriz yo ka fòtifye paran yo ak maryaj yo, epi kowòm yo kapab pote benediksyon prètriz yo bay fanmi paran selibatè yo.

Wi, frè m yo, nou gen travay pou nou fè. Mèsi pou sakrifis n ap fè yo ak bon bagay n ap fè yo. Kontinye, epi Senyè a ap ede nou. Pafwa nou gen dwa pa tèlman konn kisa pou n fè ak sa pou n di---jis kontinye. Kòmanse aji, epi Senyè a bay asirans ke “yon pòt reyèl ap louvri pou [nou]” (D&A 118:3). Kòmanse pale, epi Li pwomèt: “Nou pap gen konfizyon devan lèzòm; Paske nou ap resevwa nan lè a menm, wi, nan moman an menm, kisa pou nou di” (D&A 100:5–6). Se vre ke nan plizyè fason, nou se moun òdinè ak enpafè, men nou gen yon Mèt pafè ki te reyalize yon Ekspyasyon pafè e nou ka konte sou gras li ak prètriz li a. Si nou repanti epi nou pirifye nanm nou, yo pwomèt nou ke n ap anseye epi dote avèk pouvwa ki soti anwo (gade D&A 43:16).

Legliz la ak mond lan ak fi yo ap kriye pou gason, reyèl gason, ki ap devlope kapasite yo ak talan yo, ki dispoze pou travay ak fè sakrifis, ki ap ede lòt moun atenn bonè ak sali. Y ap kriye “Leve, O Gason Bondye yo!”10 Se pou Bondye ede nou fè sa. Nan non Jezikri, amèn.

Mostrar referencias

  1.  

    1. Kay S. Hymowitz, Manning Up: How the Rise of Women Has Turned Men into Boys (2011), 16.

  2.  

    2. “Lè nou mande jèn yo jodia kisa ki ap fè yo vin adilt, prèske youn nan yo pa mansyone maryaj. Yo plis pèsevwa eleman ki antoure travay yo—fini etid yo, gen endepandans finansye, jwenn yon travay aplentan—kòm bagay ki endike yo rive. Travay, karyè, endepandans: se sa ki sous esansyèl idantite jodia” (Hymowitz, Manning Up, 45). Presyon yo mete sou fi yo pou yo adopte etik anti maryaj la patikilyèman entans. Yon jounalis nan Times nan Londre te ekri: Pèsonn, ni fanmi mwen, ni pwofesè mwen, pa t janm te di m: ‘O, wi, anfèt, petèt ke yon jou ou gen dwa anvi vin yon konjwen ak yon manman.’ Yo te tèlman detèmine pou wè nou suiv yon nouvo chemen modèn ak egalego ak gason, ke anbisyon istorik jenerasyon fanm yo—(marye e elve timoun)—te entansyonèlman soti nan vizyon yo sou avni nou.” (Eleanor Mills, “Learning to Be Left on the Shelf,” Sunday Times, Apv. 18, 2010, www.thetimes.co.uk; in Hymowitz, Manning Up, 72). Yon lòt ekriven nan karantèn site kèk repons pou yon atik li te ekri sou regrè li dèske li pa t janm marye. “Mwen totalman orifye que ou bezwen yon gason,” “Kote amou pwòp ou?!” “Ou pouse depandans lan desann jis nan transizyèm degre” ak “Si pitit fi m nan, lè l ap grandi, vle yon gason nan mwatye jan ou vle a, m ap konnen ke m te rate yon bagay nan edikasyon li” (Lori Gottlieb, Marry Him: The Case for Settling for Mr. Good Enough [2010], 55).Bòn nouvèl la sèke laplipa moun, espesyalman jèn adilt yo, pa achte mesaj anti maryaj ak anti fanmi sa a. “Selon yon etid yon ekonomis nan inivèsite Pennsylvani an te fè an 2008, nan Etazini, katreven sis pousan nan fanm blanch ki fè etid siperyè yo te marye anvan karantan, konpare ak katrevenuit pousan sa ki fè mwens etid yo. Kantite gason blan ki fè etid siperyè yo menmjan tou: katrevenkat pousan marye anvan karantan an 2008. Sajès tradisyonèl la, soutni pa lòt rechèch, kapab di ke maryaj se pa vrèman yon kado pou fanm yo. Men fanm blanch ki fè etid siperyè yo pa sanble yo kwè sa. Nan tout gwoup yo, se yo menm ki gen plis tandans panse ke ‘moun marye pa jeneralman pi gen bonè pase moun ki pa marye yo’ ... Gwo majorite a, swasanndis pousan nan etidyan premyè ane etid siperyè yo panse ke elve timoun se yon bagay ki “esansyèl” oubyen “trè enpòtan” pou avni yo” (Hymowitz, Manning Up, 173–74).

  3.  

    3. Philip G. Zimbardo and Nikita Duncan, The Demise of Guys: Why Boys Are Struggling and What We Can Do about It (2012), e-book; see the chapter “Behind the Headlines.”

  4.  

    4. Barbara Dafoe Whitehead, Why There Are No Good Men Left: The Romantic Plight of the New Single Woman (2003), 67.

  5.  

    5. Amanda Dickson, “‘Hunger Games’ Main Character a Heroine for Our Day,” Deseret News, Apr. 2, 2012, www.deseretnews.com.

  6.  

    6. Gordon B. Hinckley, “Welfare Responsibilities of the Priesthood Quorums,” Ensign, Nov. 1977, 86.

  7.  

    7.  Helping Others to Help Themselves: The Story of the Mormon Church Welfare Program (1945), 4.

  8.  

    8. Richard C. Edgley, “This Is Your Phone Call,” Liahona ak Ensign, Mr 2009, 54.

  9.  

    9.  Enseignements des présidents de l’église: Harold B. Lee (2000), 134.

  10.  

    10. “Rise Up, O Men of God,” Hymns, no. 323.