2010–2019
Tout bagay akonpli pa lafwa
Oktòb 2012


Tout bagay akonpli pa lafwa

Lafwa ap ede nou monte chemen levanjil la an tout sekirite, l ap ede nou simonte tout eprèv ki nan mòtalite a epi fè nou retounen nan prezans majestye Papa nou ki nan Syèl la.

Sa pa gen lontan, plizyè nan pami nou nan fanmi Nash, te monte sou tèt mòn Huayna Picchu a, yon mòn wo ki tou pre ansyen ruine Inca Machu Piccu yo, nan montay Pewou yo. Se yon gwo pant trè rèd, men ki gen bèl peyizaj ak kaskàd ekstraòdinè. Malerezman, gen plizyè moun ki pèdi lavi yo kote yo sot tonbe nan pis rèd e etwat sa a. Pou evite trajedi sa yo, yo enstale gwo kab solid, fikse nan wòch solid la, toutolon mòn Huayna Picchu a. Nou te kenbe kab sa yo lè nou t ap monte, epi yo te pèmèt nou atenn somè a an sekirite, kote peyizaj la te majestye anpil!

Menmjan ak wout Huayna Picchu a, vwayaj nou nan mòtalite a se yon monte rèd e difisil, ki mande èd Papa nou ki nan Syèl la pou nou reyisi li. Pou rezon sa a, li ba nou prensip ak òdonans levanjil yo, pou mennen nou bay Sovè a ak pouvwa sali li.1 Premye nan prensip sa yo, lafwa nan Senyè Jezikri,2 se tankou kab yo nan Huayna Picchu a: si l solid epi li byen akwouche sou “wòch Redanmtè nou an,”3 lafwa ap ede nou monte chemen levanjil la ansekirite, simonte tout eprèv mòtalite a,4 epi retounen nan prezans majestye Papa nou ki nan Syèl la. Tout bagay akonpli pa lafwa.5

Lafwa se yon prensip aksyon ak pouvwa.6 Se “pa lè moun gen yon konesans total konsènan kèk bagay; paske si [nou] gen lafwa [nou] espere bagay nou pa wè, men ki vre.”7 Se yon asirans 8 nan men Lespri a nou akeri atravè aprantisaj, ki pouse nou alaksyon9 pou nou suiv egzanp Sovè a e respekte kòmandman l yo nan espri lapriyè, menm nan tan sakrifis ak eprèv.10 Lafwa pote pouvwa Senyè a pou nou, ki-pami lòt bagay---manifeste pa yon esperans nan bon bagay ki gen pou vini,11 pa mirak ki konfime lafwa,12; ak pwoteksyon divin nan zafè espirityèl ak tanporèl.13

Lavi Ann Rowley, yon fi pyonye nan premye jou Legliz yo, demontre kijan egzèse lafwa gen enpak pozitif nan lavi nou. Mary Rowley, yon vèv ki te soti Angletè, te egzèse lafwa pou reponn apèl pwofèt la pou rasanble nan Siyon an. Li sete manm konpayi charyo abra Willie a ki te rankontre gwo tanpèt nèj sou wout yo nan lotòn 1856 la. Yo te rive nan yon pwen nan vwayaj la kote sèt pitit li yo te literalman ap mouri grangou. Li te ekri: “Sa te fè m mal pou m wè timoun yo grangou konsa. … Lannuit te rive e pa t gen manje pou repa aswè a. Mwen te mande Bondye èd, jan m te toujou fè. Mwen te mete ajenou, e m te sonje m te gen de biskuit sèk ki te rete lè nou te vwayaje sou lanmè a. Yo pa t gwo, e yo te sitèlman di ke yo pa t ka kase. Siman, sa pa t ap ase pou nouri 8 moun, men 5 pen an ak 2 pwason pat ase tou pou te nouri 5.000 moun, men pa yon mirak, Jezi te fè l. Konsa, avèk èd Bondye, anyen pa enposib. Mwen te jwenn biskuit sèk yo e m te mete yo nan yon mamit e m te kouvri yo avèk dlo, epi m te mande Bondye pou l beni yo. Apresa, mwen te kouvri mamit la e m te mete l sou dife. Lè m te retire kouvèti a yon ti tan apre, mwen te jwenn mamit la plen manje. Mwen te mete ajenou avèk fanmi m e nou te remèsye Bondye pou bonte li. Jou swa sa a, fanmi m te jwenn ase manje pou yo te manje.”14

Ann Rowley te fè gwo sakrifis pèsonèl pou l te viv levanjil la, li te bezwen èd, e li te mande nan lapriyè. Gras ak lafwa li, li te ranpli ak esperans e l te mirakilezman jwenn manje pou fanmi li. Senyè a te beni l avèk kapasite pou l te andire “nan lafwa jiskalafen”15 tou, yon benediksyon ki gen enpòtans etènèl. Malgre yon fiti ensèten, li pa t mande pou l konnen kijan l ta pral fè nouri pitit li yo nan demen, men, li te apiye sou Senyè a”16 avèk pasyans e l te avanse devan avèk esperans, egzakteman jan bèl kantik sa a eksprime a:

Bèl limyè, nan mitan fènwa ki antoure m nan; gide mwen!

Lannuit la fènwa, e m lwen lakay mwen; O gide mwen!

Gide pye m; m pa mande pou m wè lefiti

Pwochen pa ki devan m nan ase pou mwen.17

Nou menm tou, nou ka egzèse yon kalite lafwa konsa nan Senyè a, pandan n ap kwè e konnen ke Bondye mizèrikòdye e konstan18 nou an ap beni nou pa pouvwa mirakile li, selon sitiyasyon nou, nan lè l vle a. Si nou fè sa, nou menm tou n ap wè men Bondye manifeste nan lavi nou.

Senyè a kòmande nou pou nou “mete boukliye lafwa a sou nou pou nou kapab etenn tout flanm dife mechan an yo.”19 Satan ap itilize bagay tankou dout, laperèz, oswa peche pou tante nou pou nou abandone lafwa e pèdi pwoteksyon li ofri a. Annou egzamine chak nan defi lafwa sa yo youn pa youn pou nou ka rekonèt tantasyon advèsè a e pa sikonbe anba yo.20

Premyèman, lè nou pa kwè nan Senyè a ak nan levanjil li a, sa ap lakoz nou reziste kont Lespri Bondye.21 Remèd Senyè a kont dout la senp. Jan Wa Benjamen te deklare a: “Kwè nan Bondye, kwè li egziste, kwè li te kreye tout bagay nan syèl la ak sou tè a; kwè li gen tout sajès, ak tout pouvwa, ni nan syèl la ni sou tè a; kwè lèzòm pa konprann tout bagay Senyè a kapab konprann.”22

Si, akoz enkredilite ak dout, nou wè lafwa nou ap bese, sonje ke premye Apot yo te enplore Senyè a pou “ogmante lafwa yo.”23 Sonje ke lafwa ak larezon se konpasyon nesesè, konsidere konparezon sa a: lafwa ak larezon se tankou de zèl nan yon avyon. Toulède esansyèl pou fè avyon an vole. Si, nan pèspektiv pa w, larezon sanble an kontradiksyon avèk lafwa, fè yon ti kanpe epi sonje ke pèspektiv ou ekstrèmman limite an konparezon avèk pa Senyè a.24 Pa abandone lafwa paplis ke ou p ap kapab detache yon zèl nan yon avyon k ap vole. Men, olyesa, nouri yon tikal lafwa e pèmèt lespwa li pwodui a vin yon ankraj pou nanm ou—ak pou larezon ou.25 Se poutèt sa, yo kòmande nou pou n “chèche konesans—menm nan etid epi tou avèk lafwa.”26 Sonje, lafwa presede e pwodui mirak ke nou pa gen okenn eksplikasyon imedyat pou yo, tankou fè yon mamit ki gen de biskuit sèk ranpli avèk manje, oubyen senpleman andire tout bagay nan lafwa, kont tout lojik.27

Dezyèmman, laperèz detounen nou de lafwa e li febli lafwa nou nan Sovè a. Apot Pyè te suiv Senyè a yon jou swa tanpèt e l te mache sou dlo a—jiskaske li te vire je li e l te “wè jan van an te fò [epi] li te pè” epi li te kòmanse koule.28 Li te ka kontinye mache si l pa t pè! Olye ke nou fokis sou van fò e epi krenn van ak vag vyolan yo nan lavi nou, Senyè a envite nou pou nou “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.”29

Twazyèmman, peche diminye prezans Lespri a nan lavi nou, e san Sentespri a, n ap manke fòs espirityèl pou n kenbe ak egzèse lafwa. Li pi bon pou nou egzèse lafwa nou pou “nou pa touche move don an, ni bagay ki pa pwòp la”30 epi “fè dilijans nan respekte tout kòmandman yo, pou ... lafwa nou pa fayi, epi pou enmi nou yo pa triyonfe sou nou.”31 Si peche make lavi nou, mwen envite nou pou nou egzèse “lafwa ki mennen nan repantans,”32 epi Sovè a, atravè Ekspyasyon an, ap pirifye nou e geri lavi nou.

Frè m ak sè m yo, selon lafwa nou, Senyè a ap ranpli pwomès li e l ap travay avèk nou pou n simonte tout difikilte.33 Li te fè sa pou Ann Rowley e li fè sa pou pèp li nan tout nasyon ak tout epòk ak tou jenerasyon. Paske Li se yon “Bondye mirak” epi Li “pap chanje,” l ap beni nou chak menmjan an tou avèk esperans, pwoteksyon, ak pouvwa selon lafwa nou nan Li.34 Menmjan ak kab yo sou wout Huyana Picchua a—lafwa inebranlab nan Senyè Jezikri ap tounen yon ankraj, pou nou menm ak pou moun nou renmen yo, tache sou wòch Redanmtè”35 nou an ak pouvwa san parèy li pou sove a.

Prezidan Thomas S. Monson te di: “Fiti a osi briyan ke lafwa nou.”36 Mwen temwaye konsènan verite siblim plen esperans sa a e, mwen envite nou chak pou nou avanse avèk fèmte ak lafwa nan Senyè a, “san doute.”37 Mwen konnen Sovè a vivan, li se “kòmansman ak finisman lafwa nou,”38 epi “l ap rekonpanse moun ki chèche li avèk dilijans.”39 Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.