Èske nou kapab santi sa kounyeya?

Pa Èldè Quentin L. Cook

Nan Kolèj Douz Apot yo


Gen kèk moun nan Legliz la ki kwè ke yo pa kapab reponn kesyon Alma a avèk yon gwo wi. Yo pa “santi sa kounyeya.”

Prezidan Monson, nou renmen ou, nou onore w, nou soutni ou! Anons istorikman siyifikan sa a konsènan sèvis misyonè a enspiran anpil. Mwen kapab sonje eksitasyon ki te genyen nan ane 1960 la lè laj pou jènjan yo te sèvi a te chanje soti nan 20 tan pou vin 19 an. Mwen te rive nan Misyon Anglè a fèk aple a 20 tan. Premye moun 19 an ki te nan misyon nou an sete Èldè Jeffrey R. Holland, yon gwo adisyon. Li pa t manke anpil mwa pou l te gen 20 tan. Epi, pandan ane a, anpil misyonè 19 an te rive. Yo te misyonè ki te obeyisan ak fidèl, e travay la te pwogrese. Mwen konnen ke n apral gen yon pi gwo travay kounyeya pandan misyonè fidèl ak angaje sa yo ap ranpli apèl Sovè a pou preche Levanjil Li a.

Selon mwen menm, nou menm nan jenerasyon k ap grandi sa a pi byen prepare pase jenerasyon anvan an. Konesans nou sou ekriti yo patikilyèman enpresyonan. Sepandan, difikilte jenerasyon nou an ap rankontre pandan n ap prepare nou pou sèvi misyon yo se menm ak sa tout manm Legliz la ap rankontre. Nou tout konsyan ke kilti nan pifò mond lan pa pwopis pou fidelite ak angajman espirityèl. Atravè tout listwa, dirijan Legliz yo te toujou avèti pèp la epi anseye yo pou yo repanti. Nan Liv Mòmon an, Alma pitit la, te si sousye pou inikite ak mank angajman pèp la ke l te remèt demisyon l kòm jij anchèf, kòm dirijan pèp Nefi a, pou l t al konsantre tout efò li nan apèl li kòm pwofèt.1

Nan youn nan vèsè ki pi pwofon nan tout ekriti yo, Alma pwoklame: “Si nou te santi yon chanjman nan kè nou, e si nou te anvi chante nan lanmou redanmtè a, m vle mande, èske nou kapab santi sa kounyeya?”2

Dirijan lokal yo nan tout mond lan rapòte ke angwo, manm Legliz yo, espesyalman jèn yo, pa t janm si solid pase kounyeya. Men, yo toujou soulve de pwoblèm: premyèman, pwoblèm inikite k ap grandi nan mond lan epi, dezyèmman neglijans ak mank angajman kèk manm. Yo chèche konsèy sou fason pou ede manm yo suiv Sovè a ak akonpli yon pwofon konvèsyon dirab.

Kesyon sa a: “Èske nou kapab santi sa kounyeya?” sonnen atravè syèk yo. Avèk tout sa nou resevwa nan dispansasyon sa a—enkli Retablisman plenitid levanjil Jezikri a, devèsman don espirityèl yo, ak benediksyon enkontestab yo soti nan syèl la, pwoblèm Alma a pa t janm te osi enpòtan pase kounyeya.

Tousuit apre Ezra Taft Benson te fin aple kòm Apot nan lane 1943, Prezidan George Albert Smith3 te konseye li: “Misyon ou se pou avèti pèp la ... nan yon fason osi janti ke posib, ke repantans se ap sèl remèd pou maladi yo ki nan mond lan.”4 Lè l te fè deklarasyon sa a, nou te nan mitan konfli Dezyèm Gè Mondyal la.

Jodia, deteryorasyon moral la anplifye. Yon ekriven renome te di resamman: “Tout moun konnen kilti se pwazon, men okenn moun pa espere pou sa chanje.”5 Ekspozisyon konstan vyolans ak imoralite nan mizik, divètisman, domèn atistik, ak lòt medya yo nan kilti modèn nan chak jou se yon bagay moun pa t janm te konn wè anvan. Yon teyolijyen Batis trè respekte te dramatikman dekri bagay sa a lè l te di: “Sistèm rezistans yon sivilizasyon tout antye blese.”6

Sa pa etonan ke kèk moun nan Legliz la panse yo pa ka reponn kesyon Alma a avèk yon gwo wi. Yo pa “santi sa kounyeya.” Yo santi yo nan yon sechrès espirityèl. Gen lòt moun ki fache, blese, oswa dezanchante. Si deskripsyon sa yo aplike pou ou,7 li enpòtan pou w evalye poukisa ou pa ka “santi sa kounyeya.”

Anpil nan moun ki nan sechrès espirityèl ak mank angajman yo pa nesesèman enplike nan peche oswa transgresyon grav, men yo fè move chwa. Genyen ki neglije respekte alyans sakre yo. Gen lòt ki pase pifò tan yo ak enèji yo ap defann bagay ki pa enpòtan. Genyen ki kite pwendvi kiltirèl oswa politik yo febli angajman yo nan levanjil Jezikri a. Gen kèk ki enplike yo totalman nan materyèl Entènèt ki gwosi, egzajere, e nan kèk ka, envante fot premye dirijan Legliz yo. Epi apresa, yo fòmile konklizyon enkòrèk ki ka afekte temwayaj. Nenpòt moun ki fè chwa sa yo kapab repanti e vin espirityèlman renouvle.

Plonje nan ekriti yo se bagay ki esansyèl pou nourisman espirityèl nou.8 Pawòl Bondye a enspire angajman e li aji kòm remèd gerizon pou santiman ki blese, pou kòlè, oswa dezanchantman.9 Lè angajman nou diminye pou nenpòt ki rezon, yon pati nan solisyon an se repantans.10 Angajman ak repantans konekte ansanm.

C. S. Lewis, ekriven Kretyen pratik ak rezonab la, te byen dekri pwoblèm sa a. Li te di ke Krisyanite a di moun yo pou yo repanti e pwomèt moun yo padon; men pazavan moun yo konnen e santi ke yo bezwen padon, se pa pou yo Krisyanite a ap pale. Li te deklare: “Lè nou konnen nou malad, n ap koute sa doktè a di.”11

Pwofèt Joseph te di ke anvan batèm, nou te gen dwa nan yon pozisyon kote nou te endiferan nan sa ki konsène byen ak mal. Men “lè nou antre nan Legliz sa a, nou anwole pou sèvi Bondye. Lè nou fè sa, nou kite teren endiferans la, e nou pa ka janm [tounen] ladan ankò.” Konsèy li sèke nou pa dwe janm bliye Mèt la.12

Alma aksantye ke gras ak Ekspyasyon Jezikri a “bra mizèrikòd li lonje” pou moun ki repanti yo.13 Apresa li poze kesyon penetran ak enpòtan sa a: èske nou prepare pou rankontre Bondye? Èske nou mache avèk tèt nou san repwòch? Nou tout dwe egzamine kesyon sa yo. Pwòp eksperyans Alma nan refize suiv papa fidèl li epi apresa rive nan yon bon jan konpreyansyon sou konbyen li bezwen padon ak kisa sa vle di pou yon moun chante kantik amou redanmtè a, se yon bagay ki puisan ak konvenkan.

Pandan ke li enpòtan pou n konsidere tout bagay ki redui angajman yo, gen de pwoblèm konsekan ki kouran ak siyifikan. Premye a se mank jantiyès, vyolans, ak abi andedan kay la. Dezyèm nan se imoralite seksyèl ak panse ki pa pwòp. Bagay sa yo souvan vini anvan chwa k fè yon moun mwens angaje a e yo se rasin chwa sa a.

Fason nou trete moun ki bò kote nou gen enpòtans fondamantal tou. Vyolans, abi, mank politès, ak mank respè nan fwaye a pa akseptab—sa pa akseptab ni pou grandèt yo ni pou pou jenerasyon k ap grandi a. Papa m pa t yon manm aktif nan Legliz la men li sete yon gwo egzanp pou mwen, espesyalman nan fason l te trete manman m. Li te toujou di: “Bondye ap rann mesye yo responsab pou tout dlo nan je yo lakoz madanm yo vèse.” Yo mete aksan sou menm konsèp sa a nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan.” Li di: “[Moun] ki maltrete konjwen yo oubyen pitit yo ... pral rann kont devan Bondye yon jou.”14 Kèlkeswa kilti kote nou te leve a, e keseswa paran nou te maltrete nou ou pa, nou pa dwe maltrete pèsonn fizikman, emosyonèlman, oswa vèbalman.15

Bezwen politès nan sosyete a pa t janm te osi enpòtan pase jodia. Fondasyon jantiyès ak politès kòmanse lakay nou. Se pa etonan ke diskou piblik nou yo ap deteryore nan menm mezi fanmi yo ap deteryore a. Fanmi se fondasyon pou lanmou ak pou kenbe espirityalite. Fanmi founi yon atmosfè kote obsèvans relijye kapab fleri. Anfèt, gen “bote toupatou lè gen lanmou nan fwaye a.”16

Imoralite seksyèl ak panse k pa pwòp vyole prensip Sovè a etabli a.17 Yo te avèti nou nan kòmansman dispansasyon sa a ke imoralite seksyèl t ap petèt vin tounen pi gwo pwoblèm nan.18 Kalite konduit sa a, si pa gen repantans, ap lakoz yon sechrès espirityèl ak yon mank angajman. Sinema, televizyon, ak Entènèt souvan pote mesaj ak imaj degradan. Prezidan Dieter F. Uchtdorf avèk mwen fèk sot nan yon vilaj nan jeng Amazoni an kote nou te wè antèn satelit menm sou ti kay ki bati pi senp yo. Nou kontan dèske bon jan enfòmasyon te disponib nan zòn rekile sa a. Men nou pran konsyans ke pa gen okenn kote sou tè a ki pa sibi enpak imaj sal, imoral, ak pònografik tou. Sa se youn nan rezon k fè pònografi vin yon si gwo plè konsa nan epòk nou an.

Mwen te fèk gen yon konvèsasyon avèk yon detantè Prètriz Aawon ki gen 15 an. Li te ede m konprann kijan, nan epòk Entènèt sa a, li fasil pou jèn yo prèske aksidantèlman ekspoze anba imaj pa pwòp e menm pònografik. Li te fè wè ke pou pifò prensip Legliz la anseye yo, gen omwen kèk grenn moun nan tout sosyete a ki rekonèt ke vyole prensip sa yo kapab gen efè devastan sou sante ak byennèt. Li te mansyone fimen sigarèt, itilizasyon dwòg, ak konsome alkòl nan pami jèn yo. Men li te note ke pa gen okenn konplent ki parèt pou sa, ni menm yon ti avètisman siyifikan nan men sosyete a an jeneral sou pònografi ak imoralite.

Chè frè m ak sè m yo, analiz jènjan sa a kòrèk. Kisa repons la ye? Pandan dèzane, pwofèt yo ak apot yo ap anseye enpòtans obsèvans relijye nan fwaye a.19

Paran, epòk la fini kote patisipasyon aktif regilye nan reyinyon yo ak pwogram nan Legliz la, malgre yo esansyèl, kapab ranpli responsablite sakre nou pou anseye pitit nou yo viv lavi moral, lavi ki dwat ak mache dwat devan Senyè a. Avèk anons Prezidan Monson nan maten an, li esansyèl pou nou akonpli bagay sa a fidèlman nan fwaye nou ki se lye refij kote bonte, padon, verite, ak ladwati dwe domine. Paran yo dwe gen kouraj pou filtre oubyen siveye aksè Entènèt, televizyon, fim, ak mizik. Paran yo dwe gen kouraj pou yo di non, pou yo defann laverite, epi rann temwayaj puisan. Pitit nou yo bezwen konnen ke nou gen lafwa nan Sovè a, nou renmen Papa nou ki nan Syèl la, e nou soutni dirijan yo nan Legliz la. Matirite espirityèl dwe fleri nan fwaye nou. Mwen espere nou youn pap kite konferans sa a san konprann ke nou dwe pale avèk fanmi nou sou pwoblèm moral yo ki egziste nan epòk nou an. Evèk yo, dirijan prètriz ak oksilyè yo bezwen bay fanmi yo sipò epi asire ke yo anseye prensip sa yo. Enstriktè nan fwaye yo kapab ede, espesyalman avèk timoun yo ak paran selibatè yo.

Jènjan an m te mansyone a te onètman mande si Apot yo te konnen nan ki pi bonè yo ta dwe kòmanse anseye ak pwoteje jèn yo kont pònografi ak panse k pa pwòp. Avèk tout fòs li, li te deklare ke nan kèk domèn, menm anvan jèn yo gradye soti nan Primè pa ta dwe twò bonè.

Jèn ki te ekspoze anba imaj imoral byen bonè yo pè anpil ke yo petèt deja diskalifye tèt yo pou fè misyon ak alyans sakre. Kòm rezilta, lafwa yo kapab grandman redui. Mwen asire nou, jèn yo, jan Alma anseye a, atravè repantans nou kapab kalifye pou tout benediksyon syèl yo.20 Se tout sa Ekspyasyon Sovè a ye. Tanpri pale avèk paran nou oswa yon konseye nou fè konfyans epi pale sou sa avèk evèk nou.

Nan zafè moralite, gen kèk adilt ki panse ke afilye yo nan yon senp pwojè oswa prensip imanitè elimine bezwen pou konfòme yo ak ansèyman Sovè a. Yo di tèt yo ke move konduit seksyèl se “yon ti bagay ... [si m se] yon moun ki bon ak charitab.”21 Kalite panse sa a se yon terib manti yo bay tèt yo. Gen kèk jèn ki enfòme m ke nan kilti aktyèl nou an, li pa “koul” pou fè twòp efò nan kèk domèn, tankou viv egzakteman annakò avèk prensip jis yo.22 Tanpri, piga nou tonbe nan pyèj sa a.

Nan batèm nou pwomèt pou nou pran “non [Jezikri] sou nou, avèk detèminasyon pou nou sèvi li jiskalafen.”23 Kalite alyans sa a mande gwo efò, angajman, ak entegrite si nou vle kontinye chante kantik amou redanmtè a e rete vrèman konvèti.

Yon egzanp istorik sou angajman pou rete solid ak inebranlab pou tout tan sete egzanp yon jwè Olenpik ki te patisipe nan Je Olenpik 1924 yo nan Paris, an Frans.

Eric Lidell sete pitit gason yon misyonè Ekosè nan LaChin e yon moun relijye anpil. Li te fè dirijan Anglè ki t ap dirije Olenpik yo fache lè l te refize, menm anba gwo presyon, patisipe nan yon kous preliminè 100 mèt yo te fè yon jou Dimanch. Nan apre, li te chanpyon nan kous 400 mèt la. Egzanp Lidell ki te refize fè kous la jou Dimanch la te patikilyèman enspiran.

Reprezantasyon ak memoryal yo te fè pou onore l yo fè referans ak pawòl enspiran sa yo ki soti nan Ezayi: “Men Senyè a renouvle fòs moun ki mete konfyans yo nan li; Tankou malfini, yap pran zèl pou yo leve ale; y ap kouri san yo pa janm bouke, y ap mache san yo pa janm febli.”24

Konduit admirab Liddell la te gen anpil enfliyans sou desizyon pi jèn pitit gason m nan pou l pa t patisipe nan espò jou Dimanch e pi enpòtan toujou, pou separe tèt li de konduit monden ki pa dwat. Li te itilize sitasyon Ezayi sa a pou kontribisyon li nan liv ane lekòl li. Eric Liddell te kite yon egzanp detèminasyon ak angajman puisan anvè prensip yo.

Si jèn nou yo suiv konsèy Prezidan Monson nan pou prepare yo pou sèvi misyon an, epi si nou tout ap viv prensip Sovè a te anseye yo epi prepare nou pou n rankontre Bondye,25 n ap ranpòte laviktwa nan yon kous ki pi enpòtan toujou.26 N ap gen Sentespri a kòm gid nou pou direksyon espirityèl. Pou tout moun lavi yo pa annòd yo, sonje, li pa janm twò ta pou nou fè Ekspyasyon Sovè a vin fondasyon lafwa nou ak lavi nou.27

Nan pawòl Ezayi yo: “Menmsi peche nou wouj tankou san, y ap vin blan tankou lanèj; menmsi yo wouj fonse, m ap blanchi yo fè yo vin tankou lenn.”28

Priyè sensè mwen se pou nou chak pran tout aksyon ki nesesè pou nou santi Lespri a kounyeya pou nou kapab chante kantik amou redanmtè a avèk tout kè nou. Mwen temwaye de pouvwa Ekspyasyon Sovè a, nan non Jezikri, amèn.

Show References

  1.  

    1. Gade Alma 4:15–19.

  2.  

    2.  Alma 5:26.

  3.  

    3. George Albert Smith te Prezidan Kolèj Douz yo lè sa a. Li te vin Prezidan Legliz la jou Me 21, 1945 la. (Gade Deseret News 2012 Church Almanac [2012], 98.)

  4.  

    4. George Albert Smith, nan Sheri L. Dew, Ezra Taft Benson: A Biography (1987), 184.

  5.  

    5. Peggy Noonan, “The Dark Night Rises,” Wall Street Journal, July 28–29, 2012, A17.

  6.  

    6. Dr. R. Albert Mohler Jr., president, The Southern Baptist Theological Seminary, presentation to religious leaders, New York City, Sept. 5, 2012.

  7.  

    7. Gade 2 Nefi 2:27.

  8.  

    8. Gade Jan 5:39; Amòs 8:11; gade tou Jak E. Faust, “A Personal Relationship with the Savior,” Ensign, Nov. 1976, 58–59.

  9.  

    9. Gade Alma 31:5.

  10.  

    10. Gade Alma 36:23–26.

  11.  

    11. C. S. Lewis, Mere Christianity (1952), 31–32. Lewis sete yon moun ki te diplome nan Literati Anglè nan Inivèsite Oxford la epi apresa li te vin Prezidan Medieval ak Renaissance Anglè nan Inivèsite Cambridge.

  12.  

    12. Gade Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 324; gade tou Revelasyon 3:15–16.

  13.  

    13.  Alma 5:33.

  14.  

    14. “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Liahona ak Ensign, Nov. 2010, 129.

  15.  

    15. Gade Richard G. Scott, “Removing Barriers to Happiness,” Ensign, Me 1998, 85–87. Kèk enperatif kiltirèl kontrè ak ansèyman Sovè a e ka devye nou. Lè m te nan Pasifik Sid la, mwen te rankontre yon moun ki t ap envestige Legliz la pandan dèzane. Li te di ke l te pwofondeman touche lè yon dirijan Legliz la te anseye nan yon konferans prètriz: “Men nou te yon fwa itilize pou frape pitit nou yo dwe itilize pou beni pitit nou yo.” Li te resevwa leson misyonè yo, li te batize, epi li te vin yon gwo dirijan apresa.

  16.  

    16. “Love at Home,” Hymns, no. 294.

  17.  

    17. Gade Alma 39.

  18.  

    18. Gade Ezra Taft Benson, “Cleansing the Inner Vessel,” Ensign, Me 1986, 4.

  19.  

    19. Prezidan Gordon B. Hinckley te prezante “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” nan reyinyon jeneral Sosyete Sekou an nan mwa Septanm 1995. Prezidan Thomas S. Monson te prezide sou chanjman premye chapit la nan Handbook 2: Administering the Church (2010), “Families and the Church in God’s Plan.”

  20.  

    20. Gade Alma 13:27–30; 41:11–15.

  21.  

    21. Ross Douthat, Bad Religion: How We Became a Nation of Heretics (2012), 238; gade tou Alma 39:5.

  22.  

    22. Pa kite yon kilti ki ranpli ak vyolans ak imoralite epi ki ap kritike moun k ap viv prensip Sovè a te anseye yo detounen lafwa nou. Jan powèt Wordsworth te jantiman ekri a: “Nouri [lespri nou] avèk pase ki nòb, ke ni move lang, ni move jijman, ni mokri moun egoyis … pa janm ka domine … ni detwi bèl lafwa [ou]” (“Lines Composed a Few Miles above Tintern Abbey,” nan The Oxford Book of English Verse, ed. Christopher Ricks [1999], 346).

  23.  

    23.  Mowoni 6:3; italik ajoute; gade tou Mozya 18:13.

  24.  

    24.  Ezayi 40:31; gade Robert L. Backman, “Day of Delight,” New Era, Jen 1993, 48–49.

  25.  

    25. Gade Alma 34:32.

  26.  

    26. Gade 1 Korentyen 9:24–27.

  27.  

    27. Gade Elaman 5:12. Oliver Wendell Holmes Sr. te konseye: “Mwen reyalize ke gwo bagay nan mond sa a se pa sitèlman nan ki kote nou kanpe, men nan ki direksyon n ap pran: Pou nou atenn pò syèl la, nou dwe navige pafwa avèk van an e pafwa kont van an,—men nou dwe navige, e non pa devye, ni kouche nan lank lan” (The Autocrat of the Breakfast-Table [1858], 105).

  28.  

    28.  Ezayi 1:18.