2010–2019
“Vin jwenn mwen, O ou menm Kay Israèl la”
Oktòb 2012


“Vin jwenn mwen, O ou menm Kay Israèl la”

Si nou vin jwenn Sovè nou an, Jezikri, e pirifye kè nou, nou tout ap vin tounen enstriman nan akonpli pwomès puisan Liv Mòmon yo.

Mwen te sèvi kòm volontè nan Lame Amerikèn nan pandan Lagè Vyetnam nan. Toutsuit apre m te rive Quantico, an Virginie, pou fòmasyon mwen, m te twouve m kanpe devan kabann mwen nan kazèn nan ansanm avèk 54 lòt sòlda Kò Marin nan. Mwen te rankontre sèjan enstriktè m nan, yon ansyen veteran tòf, lè l te louvri pòt kazèn nan ak pye li pou l te antre pandan ke byen fò li t ap di pawòl obsèn.

Apre entwodiksyon terifyan sa a, li te kòmanse nan youn nan pwent kazèn nan e l te konfwonte chak rekri avèk kesyon. San eksepsyon, sèjan enstriktè a te metodikman jwenn yon bagay sou chak rekri pou l te ridikilize byen fò, nan yon langaj vilgè. Li te avanse nan ranje a, avèk chak sòlda ap di byen fò, jan l te kòmande pou yo te reponn ni: “Wi” oswa “Non, Sèjan enstriktè.” Mwen pa t ka egzakteman wè sa l t ap fè, paske yo te òdone nou pou nou kanpe avèk je nou fikse tou dwat. Lè sete tou pa m, mwen te santi ke l te rale valiz mwen an epi vide tout sa k te ladan yo sou kabann dèyèm nan. Li te fouye yo, epi apresa li te mache dwat vin nan figi mwen. M te prepare m pou atak li. Li te gen Liv Mòmon m nan nan men li. Mwen te atann pou l te rele sou mwen; men, olyesa, li te avanse pi pre m epi l te di: “Èske ou se Mòmon?”

Jan yo te kòmande m nan, mwen te reponn byen fò: “Wi, Sèjan Enstriktè.”

Ankò, m te atann ke bagay t ap vin pi mal. Men, li te fè yon ti poz, epi li te leve men ki te kenbe Liv Mòmon an epi, nan yon vwa dousman, li te di: “Èske w kwè nan liv sa a?”

Ankò mwen di reponn byen fò “Wi, Sèjan Enstriktè.”

Rive nan pwen sa a m te si l ta pral rele byen fò pou di vye pawòl sou Mòmon yo ak sou Liv Mòmon an, men li te ret kanpe an silans. Apre yon timoman, li te mache retounen nan valiz mwen an epi tou dousman li te depoze Liv Mòmon an. Epi apresa, li te mache pase devan m san rete e l te kontinye moke ak ridikilize tout rès rekri yo nan langaj trè vilgè.

Mwen souvan ap mande m poukisa Sèjan Marin tòf sa a te epaye m nan jou sa a. Men mwen rekonesan dèske m te kapab di san ezitasyon “Wi, m se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo” e “Wi, mwen konnen Liv Mòmon an vrè.” Temwayaj sa a se yon kado presye m te resvwa palentèmedyè Sentespri a avèk èd de misyonè ak yon konseye kowòm prèt yo.

Lè m te gen 14 an, de misyonè, Lee Pearson ak Boyd Camphuysen, te anseye fanmi m levanjil retabli Jezikri a, e m te batize. Dezan apre konseye kowòm prèt yo, Richard Boren, te ban m tach pou m te li Liv Mòmon an. Mwen te aksepte defi a, e m te li omwen 10 paj chak swa jiskaske m te fini.

Nan paj kòmansman an, m te li ke li se “pou Lamanit yo, ki se yon rès kay Izrayèl la; epi pou Jwif yo ak Janti yo.” Nan entwodiksyon Liv Mòmon an: Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri, yo di ke Lamanit yo “se zansèt prensipal Endyen Amerik yo.” Lè m ap li Liv Mòmon an, pou mwen se kòmsi li se osijè zansèt Endyen Ameriken m yo. Li rakonte istwa yon pèp, yon pati ke yo te dekri nan apre kòm “Lamanit,” ki te imigre soti Jerizalèm pou ale nan yon “tè pwomiz” (1 Nefi 2:20) apeprè 600 an b.c anvan Jezikri. Li se yon resi sou rapò Bondye avèk ansyen moun sa yo ki te abite yon kote nan kontinan Ameriken an. Ladan nou jwenn yon resi sou ministè Jezikri pami yo apre Rezirèksyon L la. Kèk pasaj nan Liv Mòmon an sigjere ke yo te fini pa dispèse sou tout kontinan Ameriken an ak nan zile alantou yo (gade Alma 63:9–10). Pwofèt yo te predi yo ke plizyè miltitid Janti t ap finalman vini nan tè pwomiz la, epi kòlè Bondye t ap sou Lamanit yo, e yo t ap chase, frape, e prèske detwi yo (gade 1 Nefi 13:10–14).

Gran gran papa m, Echo Hawk, yon Endyen Pawnee, te fèt nan mitan ane 1800 yo nan sa ki rele Nebraska kounyeya. Lè l te gen 19 an, yo te fòse pèp Pawnee a remèt 9.3 milyon ekta tè yo te genyen an pou yo te fè kay pou kolonizatè yo. An 1874, pèp Pawnee a te mache sou plizyè santèn kilomèt nan Sid pou ale nan yon ti rezèv ki loje nan Teritwa Endyen Oklama a. Popilasyon pèp Pawnee a te bese soti nan plis pase 12.000 pou rive nan 700 lè yo te rive Oklahoma. Tribi Pawnee a, menmjan ak lòt tribi, te chase, frape, e prèske detwi.

Liv Mòmon an gen yon mesaj espesyal pou desandan Lamanit yo, yon rès Kay Izrayèl la. Nefi te pale de mesaj sa a lè l t ap entèprete vizyon papa l la nan dènye jou sa yo: “Epi jou sa a, rès desandan nou yo pral konnen yo fè pati kay Izrayèl la, e yo se pèp alyans Senyè a; e lè sa a yo pral konnen e yo pral vin gen konesans konsènan zansèt yo, ak konsènan levanjil Redanmtè yo a te bay papa yo a. Se poutèt sa, y ap vin gen konesans konsènan Redanmtè yo a ak pwen egzat ki nan doktrin li a, pou yo konnen kouman pou yo vin jwenn ni, pou yo kapab sove” (1 Nefi 15:14).

Liv Mòmon an se ekriti sakre. Li gen plenitid levanjil etènèl la ladan. Pwofèt Joseph Smith te ekri bagay sa a: “Liv Mòmon an [se] liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an, e si yon moun suiv presèp liv la, l ap vin pi pre Bondye pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv” (Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 64). Se poutèt sa, li se yon mesaj pou tout moun nan mond lan.

Antanke yon jèn tigason 17 an ki t ap li Liv Mòmon an pou lapremyè fwa, mwen te konsantre sou pwomès Mowoni an: “Epi lè nou resevwa bagay sa yo, m vle egzòte nou pou nou mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la, si bagay sa yo se pa verite; e si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a” (Mowoni 10:4).

Lè m te mete m ajenou nan lapriyè, mwen te resevwa yon temwayaj espirityèl puisan ke Liv Mòmon an se verite. Temwayaj sa a te ede m pandan tout lavi mwen.

M ap egzòte tout moun pou yo li Liv Mòmon an: Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri.

Mwen espesyalman mande rès Kay Izrayèl la, desandan pèp Liv Mòmon an, kèlkeswa kote nou ka ye, pou nou li e reli Liv Mòmon an. Aprann pwomès ki nan Liv Mòmon an. Suiv ansèyman ak egzanp Jezikri yo. Fè alyans avèk Senyè a epi kenbe yo. Chèche gidans Sentespri a epi suiv gidans sa a.

M ap fini avèk pawòl Amaleki, yon lòt pwofèt nan Liv Mòmon an: “Kounyeya, frè byeneme m yo, m vle pou nou ta vin jwenn Kris la, ki se Sen Izrayèl la, pou nou patisipe nan sali l ap bay la, ak pouvwa redanmsyon l la. Wi, vin jwenn ni, e ofri tout nanm nou kòm ofrann ba li, e kontinye avèk jèn, avèk lapriyè, e pèsevere jiska lafen; e menm jan Senyè a vivan an, l ap sove nou” ” (Omni 1:26).

Si nou vin jwenn Sovè nou an, Jezikri, epi nou pirifye kè nou, nou tout ap vin enstriman nan akonpli pwomès puisan Liv Mòmon yo. Konsènan sa mwen temwaye nan non sakre Jezikri, amèn.