2010–2019
Konvèti nan Senyè a
Oktòb 2012


Konvèti nan Senyè a

Eleman esansyèl nan temwayaj la se konesans ke levanjil la vrè a. Eleman esansyèl nan konvèsyon an se fidelite konstan nan levanjil la.

Mesaj mwen an chita sou relasyon ki genyen ant resevwa yon temwayaj ke Jezi se Kris la ak vin konvèti, nan Limenm ak nan levanjil Li a. An jeneral, nou trete sijè temwayaj ak konvèsyon an separeman e apa. Men, nou kapab jwenn pèspektiv presye ak pi gwo konviksyon espirityèl lè nou konsidere de sijè enpòtan sa yo ansanm tou.

Mwen priye pou Sentespri a enstwi ak edifye nou chak.

Kimoun nou di mwen ye?

Ministè apot Pyè a kapab kabap aprann nou anpil bagay sou temwayaj ak konvèsyon.

Lè Jezi te ale nan rejyon ki tou pre lavil Sezare Filip la, Li te poze gwo kesyon sa a: “Kimoun nou di Mwen ye?”

Pyè te reponn san detou:

“Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.

“Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m ki nan syèl la ki fè sa pou ou.” (Matye 16:15–17).

Jan repons Pyè a ak enstriksyon Senyè a pwouve l la, yon temwayaj se yon konesans pèsonèl sou yon verite espirityèl yon moun resevwa pa revelasyon. Yon temwayaj se yon kado Bondye bay e li disponib pou tout Pitit Li yo. Nenpòt moun ki ap chèchè laverite toutbon vre kapab jwenn yon temwayaj si li egzèse “tikras lafwa” nan Jezi a ki nesesè pou “teste pawòl la” (Alma 32:27) ak pou “eseye aplike pawòl la” (Alma 31:5), pou l “soumèt li devan enfliyans Sentespri a” (Mozya 3:19), epi pou l “reveye nan Bondye (gade Alma 5:7). Temwayaj pote ogmantasyon responsablite pèsonèl epi li se yon sous rezondèt, asirans, ak lajwa.

Chèche ak jwenn yon temwayaj konsènan verite espirityèl mande pou poze kesyon, chèche, ak frape (gade Matye 7:7; 3 Nefi 14:7) ak yon kè sensè, yon entansyon reyèl, ak lafwa nan Sovè a (gade Mowoni 10:4). Eleman fondamantal yon temwayaj se konnen Papa nou ki nan Syèl la vivan, li renmen nou, ke Jezikri se Sovè nou, e plenitid levanjil la te retabli sou tè a nan dènye jou sa yo.

Lè ou va konvèti

Lè Senyè a te anseye disip Li yo nan Dènye Soupe a, Li te di Pyè:

“Simon, Simon, koute, Satan vle…mete nou tout nan laye tankou grenn y ap vannen.

Men mwen lapriyè pou ou pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Oumenn, lè ou vin jwenn mwen, bay frè w yo fòs ” (Lik 22:31–32).

Sa ki enteresan sè ke, Apot puisan sa a te pale e mache avèk Mèt la, li te temwen anpil mirak e li te gen yon temwayaj solid sou divinite Senyè a. Epoutan Pyè te bezwen enstriksyon anplis nan men Jezi konsènan pouvwa Sentespri a genyen pou konvèti ak sanktifye moun ak sou obligasyon limenm, Pyè, te genyen pou l te sèvi fidèlman an.

Esans levanjil Jezikri a antrene yon chanjman fondamental ak pèmanan nan nati nou menm e chanjman sa a posib gras a Sakrifis Ekspyatwa Sovè a. Vrè konvèsyon pote yon chanjman nan kwayans nou, nan kè nou ak nan lavi nou, pou n asepte obeyi volonte Bondye (gade Travay 3:19; 3 Nefi 9:20) e sa gen ladan l yon angajman konsyan pou nou vin tounen yon disip Kris la.

Konvèsyon se yon agrandisman, yon apwofondisman, ak yon elajisman nan fondasyon temwayaj nou. Li se rezilta revelasyon ki soti nan Bondye, ki akonpaye ak repantans endividyèl, obeyisans ak dilijans. Nenpòt moun ki ap chèche laverite toutbon vre kapab vin konvèti nan fè eksperyans chanjman kè puisan an ak nan fèt espirityèlman nan Bondye (gade Alma 5:12–14) Lè nou respekte òdonans ak alyans sali ak egzaltasyon yo (gade D&A 20:25), epi nou “mache an avan avèk fèmte nan Kris la” (2 Nefi 31:20), epi nou andire nan lafwa jiska lafen (gade D&A 14:7), nou ap vin yon lòt moun nan Kris (gade 2 Korentyen 5:17). Konvèsyon se don tèt nou nou bay Bondye pou remèsye li pou don temwayaj la.

Egzanp Konvèsyon nan Liv Mòmon an

Liv Mòmon an ranpli avèk istwa konvèsyon ki bay enspirasyon. Amaleki, yon desandan Jakòb, te deklare: “M vle pou nou ta vin jwenn Kris la, ki se Sen Izrayèl la, pou nou patisipe nan sali l ap bay la, ak pouvwa redanmsyon li a. Wi, vin jwenn li, e ofri tout nanm nou kòm yon ofrann ba li” (Omni 1:26).

Li enpòtan e li nesesè pou nou konnen pa pouvwa Sentespri a ke Jezi se Kris la. Men, pou nou vin jwenn ni sensèman epi ofri l tout nanm nou kòm ofrann nan, sa mande piplis pase senpleman konnen. Konvèsyon mande tout kè nou, tout pouvwa nou, tout espri ak tout fòs nou (gade D&A 4:2).

Pèp Wa Benjamin an te reponn ansèyman l yo kote yo te rele ansanm: “Wi, nou kwè tout pawòl ou te pale nou yo; epi tou, nou konnen reyèlman yo se verite, akoz Lespri Senyè Toupisan an, ki te opere yon gwo chanjman nan nou, oubyen nan kè nou, ki fè nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole” (Mozya 5:2). Lefèt ke yo te aksepte pawòl ki te pwononse yo, ke yo te resevwa yon temwayaj sou verasite yo, epi yo te egzèse lafwa nan Kris la, sa te pwodui yon gwo chanjman nan kè ak fèm detèminasyon pou amelyore epi vin pi bon.

Yo dekri Lamanit konvèti yo nan liv Elaman an kòm moun ki “nan chemen devwa yo; y ap mache nan lòd devan Bondye; yo eseye respekte kòmandman li yo ak règleman li yo ak jijman li yo …

“Epi y ap fè efò ak dilijans, san yo pa fatige, pou yo kapab mennen rès frè yo nan konesans verite a.” (Elaman 15:5–6).

Jan egzanp sa yo montre a, karakteristik fondamantal konvèsyon se fè eksperyans yon gwo chanjman nan kè nou, pou nou pran dispozisyon pou nou fè byen nèt ale, pandan n ap avanse nan chemen devwa nou, pandan nou ap mache nan obeysans devan Bondye, pandan nou ap respekte kòmandman yo epi sèvi avèk yon dilijans enfatigab. Klèman, nanm fidèl sa yo te vin pwofondeman devwe pou Senyè a ak ansèyman l yo.

Vin Konvèti

Pou anpil nan nou, konvèsyon se yon pwosesis grandisan, e non pa yon evenman toudenkou ki fèt apati yon eksperyans puisan oubyen dramatik. Liy apre liy epi leson apre leson, gradyèlman e prèske nan yon fason nou pa menm rann kont, motivasyon nou, panse nou, ak aksyon nou vin aliyen avèk volonte Bondye. Konvèsyon nan Senyè a mande pèsistans ak pasyans.

Samyèl, Lamanit la, te idantifye senk eleman fondamantal pou yon moun vin konvèti nan Senyè a: (1) Kwè nan ansèyman ak pwofesi pwofèt ki sen yo, jan yo rapòte nan ekriti yo, (2) egzèse lafwa nan Senyè Jezikri, (3)  repanti, (4)  fè eksperyans yon gwo chanjman kè, epi (5)  vin “fèm ak djanm nan lafwa” (gade Elaman 15:7–8). Sa se pwosesis ki mennen nan konvèsyon an.

Temwayaj ak Konvèsyon

Temwayaj se kòmansman ak yon kondisyon preyalab pou yon konvèsyon ki ap kontinye. Temwayaj se yon pwen depa; se pa yon destinasyon. Temwayaj fò se fondasyon kote moun konstwi konvèsyon.

Temwayaj pou kont li pa ase e l p ap janm ase pou pwoteje nou nan mitan tanpèt tenèb ak mal ki antoure nou nan dènye jou sa yo. Temwayaj la enpòtan ak nesesè men li pa sifi pou founi fòs ak pwoteksyon espirityèl nou bezwen an. Gen manm nan Legliz la ki gen temwayaj men ki vin fèb espirityèlman epi ki kite legliz la. Konesans espirityèl yo ak angajman yo pa t sifi pou difikilte yo te rankontre yo.

Nou kapab jwenn yon leson enpòtan konsènan koneksyon ant temwayaj ak konvèsyon nan travay misyonè pitit gason Mozya yo.

“Menm jan Senyè a vivan tout bon an, se konsa, tout moun ki kwè oubyen ki te vin gen konesans konsènan verite a, pa mwayen predikasyon Amon ak frè l yo, daprè lespri revelasyon ak lespri pwofesi a, e pouvwa Bondye a fè mirak nan pami yo—wi, … menmjan Senyè a vivan an, se konsa tout Lamanit ki te kwè nan predikasyon yo, epi ki te konvèti nan Senyè a, pa t janm kite legliz la.

“Paske yo te vin tounen yon pèp ki jis, yo te mete zam rebelyon yo atè, pou yo pa t goumen avèk Bondye ankò…

“Kounyeya, men moun yo ki te konvèti nan Senyè a” (Alma 23:6–8).

Gen de eleman fondamantal ki dekri nan vèsè sa yo: (1) konesans verite a, , ke nou ka entèprete kòm yon temwayaj, ak (2) konvèti nan Senyè a,, ki, pou mwen, se konvèsyon nan Sovè a ak nan levanjil Li a. Konsa, konbinezon puisan temwayaj ak konvèsyon nan Senyè a te pwodui fèmtè ak detèminasyon epi li te founi yon pwoteksyon espirityèl.

Yo pa t janm chite e yo te renmèt “zam rebelyon yo, pou yo pa t goumen avèk Bondye ankò. Pou abandone “zam rebelyon” nou atache avèk yo a, tankou egoyis, ògèy, ak dezobeyisans, sa mande plis pase senpleman kwè ak konnen. Konviksyon, imilite, repantans, ak soumisyon dwe vini anvan nou abandone zam rebelyon nou yo. Èske oumenm avèk mwen toujou posede zam rebelyon ki anpeche nou konvèti nan Senyè a? Si repons lan se wi, nou bezwen repanti kounyeya.

Remake ke Lamanit yo pa t konvèti pou misyonè ki te anseye yo levanjil la ni pou bèl pwogram nan Legliz la. Yo pa t konvèti pou pèsonalite dirijan yo ni pou konsève yon tradisyon kiltirèl oswa tradisyon zansèt yo. Yo te konvèti nan Senyè a—nan Limenm kòm Sovè, ak nan divinite li ak doktrin ni an e yo pat janm chite.

Yon temwayaj se yon konesans espirityèl sou laverite ke nou jwenn pa pouvwa Sentespri a. Konvèsyon kontinyèl se devouman tout tan anvè verite revele nou resevwa a—avèk yon kè ki byen dispoze e pou rezon ki jis. Konnen ke levanjil la vrè se eleman esansyèl yon temwayaj. Fidelite nan levanjil la se eleman esansyèl yon konvèsyon. Nou dwe konnen levanjil la vrè epi nou dwe vrè nan levanjil la.

Temwayaj, Konvèsyon, ak Parabòl Dis Vyèj yo

Kounyeya, mwen vle itilize youn nan bann entèpretasyon posib parabòl dis vyè yo pou m montre relasyon ki genyen ant temwayaj ak konvèsyon. Dis jènfi, ladan yo senk ki te gen bon konprann ak senk ki te tèt chaje, te pran lanp yo pou yo t al rankontre mesye marye a. Silvouplè, panse ak lanp jènfi yo te sèvi yo kòm lanp temwayaj. Jènfi tèt chaje yo te pran lanp temwayaj yo a men yo pa t mete gaz ladan yo. Konsidere gaz yo dekri a kòm gaz konvèsyon.

Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz [konvèsyon] ansanm avèk lanp [temwayaj] yo.

“Pandan yo tap tann mesye marye a ki te anreta, you tout te pran kabicha, dòmi vòlò yo.

“Nan mitan lannuit lan, yon rèl pati: Men mesye marye a. An al kontre l.

“Dis jènfi yo leve, yo pran pare lanp [temwayaj] yo.

“Tèt chaje yo mande sa k gen bon konprann yo: Tanpri, bannou ti gout nan gaz nou pote a [kivledi gaz konvèsyon an], paske lanp [temwayaj pa nou yo [fèb epi y] ap mouri.

“Men senk ki te gen bon konprann yo te reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n al achte nan men machann yo” (Matye 25:4–9).

Èske senk jènfi ki te gen bon konprann yo se te egoyis ki pat dispoze pou pataje, oubyen èske yo te endike kòrèkteman ke moun pa kapab prete gaz konvèsyon an? Èske nou kapab bay yon lòt moun fòs espirityèl ki soti nan obeyi kòmandman yo tout tan an? Èske konesans nou akeri nan li ekriti yo ak medite sou yo avèk dilijans la nou kapab transmèt bay yon moun ki bezwen ni? Èske lapè levanjil la pote bay Sen Dènye Jou ki fidèl yo kapab transfere bay yon moun ki ap travèse advèsite oswa gwo pwoblèm? Repons klè pou chak kesyon sa yo se non.

Jan jènfi ki gen bon konprann yo te byen souliye a, nou chak dwe “achte pou tèt nou.” Medam enspire sa yo pa t ap pale de yon tranzaksyon komèsyal; men, yo te mete aksan pito sou responsablite endividyèl nou pou nou fè lanp temwayaj nou rete limen epi pou nou jwenn yon rezèv gaz konvèsyon sifizan. Gaz presye sa a, se pa yon gout alafwa moun rive jwenn li – “liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon” (2 Nefi 28:30), avèk pasyans ak pèseverans. Pa gen okenn rakousi ki disponib; preparasyon ajite nan dènye minit pa posib.

”Se poutèt sa, gen lafwa, priye tout tan, pare mèch lanp ou yo epi limen yo, epi konsève gaz, pou ou kapab pare lè aparisyon Mesye Marye a.” (D&A 33:17).

Temwayaj

Mwen pwomèt ke si nou rive gen konesans sou verite a epi nou konvèti nan Senyè a, nou ap rete fèm ak inebranlab epi nou pap janm chite. N ap vin prese pou nou depoze zam rebelyon nou yo. Nou ap resevwa yon limyè eklatan ki ap soti nan lanp temwayaj nou ak nan yon rezèv gaz konvèsyon. Epi lè nou chak va vin konplètman konvèti, nou va fòtifye fanmi nou, zanmi nou ak antouraj nou. Konsènan verite sa yo, mwen rann temwayaj mwen, nan non sakre Senyè nou an, Jezikri, amèn.