2010–2019
Obsève dabò, Sèvi ansuit
Oktòb 2012


Obsève dabò, Sèvi ansuit

Avèk pratik, nou chak kapab vin pi sanble ak Sovè a pandan n ap sèvi pitit Bondye yo.

Youn nan pi gwo prèv nou genyen ke pwofèt byeneme nou an, Presidan Thomas S. Monson, se sèvitè Senyè a chwazi sè ke li aprann suiv egzanp Sovè a – li sèvi chak moun, youn pa youn. Sila yo pami nou ki antre nan dlo batèm nan fè alyans pou yo fè menm bagay la. Nou fè alyans pou nou “toujou sonje [Sovè a] epi respekte kòmandman l yo,”1 e Li te di: “Men kòmandman an, se pou youn renmen lòt menm jan m renmen nou an.”2

Gade kijan Prezidan Monson fè menm envitation an avèk mo sa yo: “Nou antoure pa sila yo ki bezwen atansyon nou, ankourajman nou, sipò nou, rekonfò nou, ak jantiyès nou…. Nou se men Senyè a isit sou tè a e nou gen manda pou nou sèvi ak edifye pitit Li Yo. Li depann de nou chak.”3

Èske ou te tande l? Envitation pou youn renmen lòt la? Pou kèk moun, sèvi ak pran swen moun youn pa youn, dapre egzanp Sovè a, se pa yon bagay fasil. Men avèk pratik, nou chak kapab vin pi sanble ak Sovè a lè nou ap sèvi pitit Bondye yo. Pou ede nou youn renmen lòt pi byen, mwen ta renmen sigjere kat mo pou nou sonje: “Obsève dabò, sèvi ansuit.”

Sa gen prèske 40 an, mari m avèk mwen te ale nan tanp pou randevou vendredi swa nou an. Nou te sèlman gen yon tikras tan depi nou te marye e kè m tap sote paske mwen te trè nouvo nan adorasyon nan tanp. Se te dezyèm fwa mwen te ale la kòm yon moun ki te fèk marye. Yon sè, kite chita bò kote m nan, te siman remake sa. Li te panche bò kote m epi li te chichote avèk reverans: “Pa fatige w, m ap de w.” Krent mwen yo te kalme e mwen te kapab apresye rès sesyon tanp lan akoz de sèvis janti ak dezenterese sè sa a. Li te obsève dabò, sèvi ansuit.

Nou tout gen envitasyon pou nou suiv ansèyman Jezikri yo ak pran swen lòt yo. Envitasyon sa a pa limite a sè ki tankou zanj. Atravè kèk egzanp sa yo konsènan manm ki te aprann obsève dabò epi sèvi ansuit, eseye chèche ansèyman Jezikri yo ke yo ilistre.

Yon timoun Primè ki gen si zan te di: “Lè yo te chwazi m kòm asistan klas la, mwen te gen dwa chwazi yon zanmi pou travay avèk mwen. Men, m te chwazi [yon tigason nan klas mwen an ki te konn anmègde m] paske pèsòn pa janm chwazi l. Mwen te vle fè l santi l byen.”4

Kisa timoun sa a te obsève? Li te remake ke yo pa t janm chwazi chèf pèsekitè klas la. Kisa l te fè? Li te senpleman chwazi l pou vin zanmi l antanke asistan klas la. Jezi te anseye: “Renmen moun ki lènmi nou yo. Lapriyè pou moun ki ap pèsekite nou, fè byen pou moun ki rayi nou.”5

Nan yon pawas, detantè prètriz Aawon yo te obsève dabò e yo ap sèvi kounyeya yon fason ki efikas. Chak semèn jènjan yo rive bonè epi yo kanpe deyò kote reyinyon yo fèt la, nan lapli, nan nèj, oswa chalè tèrib, ap tann bann manm aje ki nan pawas yo rive. Yo retire chèz woulant yo ak wòkè nan machin yo, yo ofri bra solid pou yo kenbe, yo fè prèv pasyans nan eskòte granmoun cheve blan yo pou yo antre nan bilding lan. Yo vrèman fè devwa yo anvè Bondye. Nan obsève dabò e sèvi ansuit, yo se egzanp vivan ansèyman Sovè a: “Chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti frè m yo, se pou mwen nou te fè l.”6 Avèk lansman nouvo pwogram pou jèn yo, zye jènjan sa yo pral ouvri san dout pou yo chèche plis opòtinite toujou pou yo sèvi nan fason Kris la.

Obsève ak sèvi mande gwo efò pafwa. Yon jènfi enspire, ki te rele Alexandria, te remake ke kouzin li an, Madison, pa t kapab konplete pwogram Pwogrè Pèsonèl pa l la paske li te soufri otis nan yon degre ki te wo. Alexandria te mobilize tout jènfi yo nan pawas la, li te pran konsèl nan men dirijant li yo, epi li te deside pou l fè yon bagay ke Maddy pa t kapab fè. Chak nan jènfi yo te reyalize yon pati nan aktivite ak pwojè Pwogrè Pèsonèl la, nan plas Maddy, sa ki te kapab pèmèt Maddy resevwa medayon pa l la.7

Jènfi sa yo ap pwogrese pou yo vin gen wòl manman ak solidarite ant fi nan Sosyete Sekou a paske yo ap aprann obsève ak sèvi nan fason charitab.

Prezidan Monson raple nou “Charite, vrè lanmou Kris la”8—oswa, otremandi, obsève ak sèvi—“se yon bagay ki evidan lè moun yo sonje yon vèv ki aje epi yo mennen l nan reyinyon nan pawas la” ak “lè sè ki chita pou kont li nan Sosyete Sekou a resevwa envitasyon, ‘Vin chita bò kote nou.’”9 Règ an nò a aplikab la a: “Kèlkeswa bagay ou ta vle lèzòm fè pou ou, ou dwe fè l pou yo.”10

Yon mari obsèvatè te sèvi nan de fason enpòtan. Li rapòte:

“Mwen tap ede madanm mwen yon dimanch nan klas Primè l la ki te plen timoun setan plen enèji. Lè peryòd echanj lan te kòmanse, mwen te remake youn nan manm klas la ki te bloti nan chèz li e sa te klè ke timoun sa a pa t santil byen. Lespri a te chichote ban mwen ke timoun sa a te bezwen rekonfò. Se konsa, mwen te chita bò kote l e mwen te mande l trankilman kisa l te genyen. Li pat reponn …  , men, mwen te kòmanse chante dousman pou li.

“Primè a tap aprann yon nouvo chan, e lè nou te chante, ‘Si m koute avèk kè m, mwen tande vwa Sovè a, mwen te kòmanse santi limyè ak chalè ki pi enkwayab la ranpli nanm mwen. … Mwen te resevwa yon temwayaj pèsonèl sou lanmou Sovè a pou li, pou chak nan pitit [Papa nou kin an Syèl la], ak pou mwen. … Mwen te aprann ke nou se men Sovè a, lè nou sèvi pwochen nou.”11

Non sèlman frè kretyen sa a te remake bezwen pou ede madanm li avèk yon klas ki te plen timoun setan enèjik la; li te bay yon timoun ki te bezwen sa sèvis endividyèl tou. Li te suiv Sovè a ki te anseye: “Ou dwe fè zèv ou te wè m fè yo.”12

Resamman, yon inondasyon te ouvri anpil opòtinite pou disip Jezikri yo obsève dabò e sèvi ansuit. Gason, fi, adolesan, ak timoun te wè biznis ak kay detwi e yo te lese tonbe tout bagay pou yo te al ede netwaye ak repare kay ki te sibi domaj yo. Kèk moun te remake ke te gen anpil lesiv ki te pou fèt. Gen lòt ki te pran anpil swen ap siye foto, dokiman legal, lèt, ak lòt papye enpòtan. Apre sa, yo te koke yo deyò avèk anpil swen pou yo te ka prezève tout sa yo te kapab prezève. Obsève e sèvi ansuit pa toujou konvnab e sa pa toujou koresponn ak orè pa nou.

Ki pi bon kote pou moun obsève dabò e sèvi ansuit pase lakay nou? Yon egzanp nan lavi Èldè Richard G. Scott ilistre sa:

“Yon nuit ti pitit gason nou an, Richard, ki te gen yon pwoblèm kè, te reveye an kriyan. Nou toulède te tande l. Dabitid, se madanm mwen ki konn toujou leve pou okipe yon ti bebe lè l ap kriye, men fwa sa a, mwen te di: ‘m pral okipe li.’

“Akozde pwoblèm li an, lè li te kòmanse kriye, ti kè l te konn bat trè trè fò. Li te konn vomi epi sal dra sou kabann nan. Nuit sa a, mwen te kenbe l tou pre m pou m te ka eseye kalme batman kè l epi fè l sispann kriye pandan m tap chanje rad li epi mete nouvo dra. Mwen te kenbe l jiskaske dòmi te pran l. Mwen pa t konnen lè a ke li tap pral mouri kèk mwa apre. M ap toujou sonje m te kenbe l nan bra m nan mitan nuit sa a.”13

Jezi te di: “Si youn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l sèvi nou tout.”14

Pafwa nou tante pou nou sèvi yon fason nou vle men pa nesesèman jan ke yo bezwen nan moman an. Lè Èldè Robert D. Hales te anseye prensip prevwayans lan, li te pataje egzanp lè l te achte yon kado pou madanm li an. Madanm nan te di: “Èske se pou ou oubyen pou mwen w ap achte sa a?”15 Si nou aplike kesyon sa a sou nou lè nou sèvi epi nou mande tèt nou: “èske se pou Sovè m ap fè sa oubyen èske se pou mwen m ap fè l?”, siman sèvis nou an ap pi sanble ak ministè Sovè a. Sovè a te mande, e nou ta dwe poze menm kesyon an: “Kisa nou vle m fè pou nou?”16

Sa gen kèk semèn, mwen te prese e m te trè okipe, avèk yon lis bagay pou m te fè ki pa t ka fini. Mwen te espere al nan tanp jou sa a men, mwen te panse ke m te vrèman twò okipe. Osito ke panse twò okipe pou al nan tanp lan te pase nan tèt mwen, sa te fè m pran konsyans de sa m te pi bezwen fè. Imedyatman, mwen te kite biwo m pou m mache al nan Tanp Salt Lake City a, pandan m tap mande tèt mwen kijan m ta pral fè pou ratrape tan m t ap pèdi la a. Erezman, Senyè a gen pasyans ak mizerikòd e li te anseye m yon bèl leson jou sa a.

Pandan m t ap chita nan sal sesyon an, yon jèn sè te panche bò kote m epi li te chichote avèk reverans: “Kè m vrèman a sote. Se dezyèm fwa sèlman m vin nan tanp. Èske ou ka ede m, silvouplè?” Kijan l te fè konnen ke mo sa yo se te egzakteman sa m te bezwen tande? Li pa t konnen, men Papa nou ki nan Syèl te konnen. Li te obsève pi gwo bezwen mwen. Mwen te bezwen sèvi. Li te pouse jèn sè enb sa a sèvi mwen nan envite m pou m te sèvi l la. Mwen ka asire nou ke se mwenmenm ki te plis benefisye.

Mwen rekonesan anpil pou bann moun ki te gen lespri kretyen ki te sèvi fanmi m pandan tout ane sa yo. Mwen eksprime apresyasyon sensè m pou mari ak fanmi byeneme m nan, ki ap sèvi avèk dezenteresman e avèk gwo lanmou.

Se pou nou tout chèche obsève dabò, sèvi ansuit. Mwen temwaye ke lè nou fè sa, sèvis nou, menm jan avèk pa Prezidan Monson nan, ap vin montre byen klè ke nou se yon disip. Mwen konnen Sovè a vivan. Ekspyasyon Li a pèmèt nou mete ansèyman l yo an pratik. Mwen konnen Prezidan Monson se pwofèt nou jodia. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Doktrin ak Alyans 20:77.

  2. Jan 15:12.

  3. Thomas S. Monson, “What Have I Done for Someone Today?” Liahona, Nov. 2009, 86.

  4. Canyon H., “A Good Choice,” Friend, Jan. 2012, 31.

  5. Matye 5:44.

  6. Matye 25:40.

  7. Gade “For Madison,” lds.org/youth/video/for-madison.

  8. Mowoni 7:47.

  9. Thomas S. Monson, “Charity Never Faileth,” Liahona, Nov. 2010, 125; gade tou Filles dans mon royaume: L’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2011), 101.

  10. 3 Nefi 14:12.

  11. Al VanLeeuwen, “Serving the One,” Liahona, Aug. 2012, 19; gade tou Sally DeFord, “If I Listen with My Heart,” 2011 Outline for Sharing Time, 28.

  12. 3 Nefi 27:21.

  13. Richard G. Scott, “The Eternal Blessings of Marriage,” Liahona, May 2011, 96.

  14. Matye 20:26.

  15. Robert D. Hales, “Becoming Provident Providers Temporally and Spiritually,” Liahona, Me 2009, 9.

  16. Matye 20:32.