2010–2019
Se pou Bondye avèk nou jiskaske nou rankontre ankò
Oktòb 2012


Se pou Bondye avèk nou jiskaske nou rankontre ankò

Si nou kite mesaj nou te tande nan de jou sa yo penetre andedan kè nou ak nan lavi nou, n ap jwenn benediksyon.

Frè m ak sè m yo, nou rive nan fen yon lòt konferans jeneral enspiran. Mwen te pèsonèlman nouri ak edifye espirityèlman e m konnen nou menm tou, nou te santi espri espesyal konferans sa a.

Nou eksprime remèsiman sensè nou pou tout moun ki te patisipe nan nenpòt fason. Verite levanjil yo te byen anseye e yo te remete aksan sou yo. Si nou kite mesaj sa yo nou te tande nan de jou sa yo penetre andedan kè nou ak nan lavi nou, n ap beni.

Kòm dabitid, diskou yo pou konferans sa a pral disponib nan revi Ensign ak Liahona mwa pwochen an. Mwen ankouraje nou pou nou li yo ankò epi medite sou mesaj ki andedan yo a. Mwen twouve ke m jwenn plis toujou nan diskou enspire sa yo lè m etidye yo pi pwofondeman.

Nou te gen yon bèl retransmisyon konferans sa a, ki travèse kontinan ak oseyan pou rive jwenn moun toupatou. Menmsi n ap viv lwen anpil nan nou, nou santi espri nou e nou eksprime lanmou nou ak apresyasyon nou pou nou.

Pou Frè yo ki te relve nan konferans sa a, kite m eksprime sensè rekonesans mwen, nan non nou tout, pou pil ane sèvis devwe yo te banou yo. Nou pa ka konte kantite moun ki te gen lavi yo beni pa kontribisyon nou nan travay Senyè a.

Frè m ak sè m yo, mwen fèk sot selebre 85 kyèm anivèsè mwen, e mwen rekonesan pou chak ane Senyè a akòde m. Lè m ap reflechi sou eksperyans lavi mwen, m remèsye li pou pil benediksyon li ban mwen yo. Jan m te mansyone nan mesaj mwen maten an, m santi men li k ap dirije efò mwen pandan m ap eseye ak tout kè mwen pou m sèvi Li menm ak sèvi nou tout.

Ofis Prezidan Legliz la se yon ofis egzijan. Mwen rekonesan anpil pou de konseye fidèl mwen yo, k ap sèvi bò kote m yo e ki toujou dispoze e eksepsyonèlman kapab pou ede nan travay Premye Prezidans la genyen an. Mwen eksprime rekonesans mwen tou pou mesye nòb yo nan Kolèj Douz Apot yo. Yo travay san rete nan koz Mèt la, avèk manm Kolèj Swasanndis yo, pou pote asistans enspire.

Men ta renmen remèsye nou tou, frè m ak sè m yo, kèlkeswa kote nou ye toupatou nan mond lan, pou tout sa n ap fè nan pawas ak branch nou yo, pye ak distri nou yo. Lè nou dispoze pou ranpli apèl lè yo mande nou, n ap ede bati wayòm Bondye a sou tè a.

Se pou nou youn toujou veye sou lòt, pou youn ede lòt nan tan bezwen. Annou pa kritike ni pote jijman, men, annou toleran, pou n chèche suiv egzanp bonte eman Sovè a. Menm jan an tou, annou dispoze pou youn sèvi lòt. Annou priye pou n jwenn enspirasyon pou konn bezwen moun ki bò kote nou yo, epi apresa, pou nou ale pote yo asistans.

Annou pran kouraj nan lavi nou chak jou. Menmsi n ap viv nan tan ki trè difisil, Senyè a renmen nou e li sousye pou nou. Li toujou bò kote nou lè n ap fè bon bagay. L ap ede nou nan tan bezwen. Difikilte vini nan lavi nou, pwoblèm nou pa prevwa, ke nou pa t ap janm chwazi. Okenn nan nou pa egzan. Bi mòtalite a se pou nou aprann ak pwogrese pou nou ka vin pi plis tankou Papa nou, e se souvan nan tan difisil yo nou aprann plis, osi douloure leson yo ka ye. Lavi nou kapab ranpli ak lajwa tou si nou suiv ansèyman levanjil Jezikri yo.

Senyè a egzòte nou: “Pran kouraj; mwen venk mond lan.”1 Ala gwo lajwa konesans sa a ta dwe pote pou nou. Li te viv pou nou e l te mouri pou nou. Li te peye pri peche nou yo. Se pou nou suiv egzanp li. Se pou nou montre gwo rekonesans nou anvè li nan aksepte sakrifis li a ak viv lavi ki ap kalifye nou pou n retounen al viv avèk li yon jou.

Jan m konn mansyone nan konferans anvan yo, mwen di nou mèsi pou priyè nou fè pou mwen yo. Mwen bezwen yo; mwen santi yo. Nou menm, Otorite Jeneral yo, nou sonje nou tou e nou priye pou nou resevwa pi bèl benediksyon Papa nou ki nan Syèl la genyen yo.

Kounyeya, frè ak sè byeneme m yo, nou ajoune pou sis mwa. Se pou Bondye avèk nou jiskaske nou rankontre ankò lè sa a. Nan non Sovè nou ak Redanmtè nou, Jezikri, Senyè a, amèn.