2010–2019
Ede yo vize wo
Oktòb 2012


Ede yo vize wo

Gras ak konsèy nou, moun n ap dirije yo ap kapab wè, vle, e kwè ke yo ka reyalize tout potansyèl sèvis yo nan wayòm Bondye a.

Mwen ekstrèmeman rekonesan pou m patisipe nan bèl reyinyon prètriz sa a, e pou m tande ansèyman ak temwayaj fòmidab sa yo. Sa fè m panse ak pwòp eksperyans pa mwen. Prèske tout sa m te kapab akonpli antanke detantè prètriz, se gras ak moun ki te konnen mwen e ki te wè nan mwen bagay ke m pa t kapab wè poukont pa m.

Lè m te yon jèn papa, mwen te priye pou m te konnen ki kontribisyon pitit mwen yo te ka pote nan wayòm Bondye a. Pou tigason m yo, m te konnen yo ta ka gen responsablite nan Prètriz la. Pou tifi yo, mwen te konnen yo t ap gen pou rann sèvis ki reprezante Senyè a. Yo tout t ap gen pou fè travay Li. Mwen te konnen yo chak te endividyèl, e pou rezon sa a Senyè a te ba yo chak don espesifik pou yo itilize nan sèvis li.

Evidamman, mwen pa ka bay chak papa ak chak dirijan jèn yo detay sou sa ki pi bon pou nou fè. Men, mwen ka pwomèt nou ke n ap yon benediksyon pou yo si nou ede yo rekonèt don espirityèl yo resevwa nan nesans yo a. Chak moun diferan e chak moun gen yon kontribisyon diferan pou pote. Okenn moun pa destine pou echwe. Si nou chèche revelasyon pou nou wè ki don Bondye wè nan moun n ap dirije yo nan prètriz la—patikilyèman jèn yo—n ap gen benediksyon pou nou louvri vizyon yo sou sèvis yo ka akonpli. Gras ak konsèy nou, moun n ap dirije yo ap kapab wè, vle, e kwè ke yo ka reyalize tout potansyèl sèvis yo nan wayòm Bondye a.

Nan ka pitit pa m yo, m te priye pou m te jwenn revelasyon pou m te ka konnen kijan m te ka ede yo chak prepare yo pou opòtinite espesifik pou yo sèvi Bondye. Epi apresa m te eseye ede yo vizyalize, espere, ak travay pou fiti sa a. Pou chak pitit gason, mwen te grave sou yon planch, tèks yon ekriti ki dekri don pa li ak yon ilistrasyon ki te reprezante don sa yo. Anba imaj la ak ekriti a, mwen te konn ekri dat batèm ak dat òdinasyon nan ofis nan Prètriz la pou chak pitit gason, avèk wotè li, nan dat chak evenman sa yo.

M ap dekri planch yo m te grave pou chak pitit gason an, pou te ede l wè don espirityèl li ak sa li ta ka fè pou kontribye nan travay Senyè a. Menmjan avèk mwen, nou kapab jwenn enspirasyon pou rekonèt don patikilye ak posiblite san parèy pou chak jèn nou renmen e n ap dirije yo.

Lè pi gran tigason m nan te vin dyak ak Aigle nan Eskout, foto yon malfini te vini nan lespri m pandan m t ap panse avèk li ak demen li. Nou t ap viv Idaho tou pre Montay Sid Teton an, kote nou te konn al monte mòn chak jou e gade malfini yo k ap vole. Imaj sa a nan lespri m nan te fè m panse ak pawòl Ezayi yo:

“Lè yon moun febli, li ba l kouraj ankò; lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs.

“Menm jèn gason konn pèdi souf, yo konn bouke:

“Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò; tankou malfini, y ap pran zèl pou yo leve ale. Y ap kouri san yo pap janm bouke. Y ap mache san yo pap janm febli.”1

Anfèt, nou te sispann monte mòn Teton Sid la paske pitit gason m nan te kòmanse fatige. Li te vle sispann. Li te mande m: “Èske m ap toujou regrèt ke nou pa t janm rive nan tèt mòn nan? Papa, ou mèt ale ou menm—mwen pa vle pou w desi.”

Mwen te reponn: “Mwen pap janm desi, e ou pap janm regrèt nonplis. N ap toujou sonje ke nou te monte isit la ansanm.” Anlè tèt planch pa l la, mwen te fè foto yon malfini avèk pawòl sa yo: “Sou zèl malfini yo.”

Nan chan misyon li, nan apre, pitit gason m nan monte pi wo pase sa m te janm imajine menm nan rèv mwen. Kèk nan difikilte l te rankontre nan chan misyon yo te sanble yo te depase li. Pou tigason an w ap ankouraje a, li gen dwa jan sa te ye pou pitit gason pa m nan, lè l t ap preche levanjil la nan yon lang ki te difisil, Senyè a te leve l pi wo pase m te janm panse sa te posib. Si nou eseye fè chak jènjan santi posiblite li nan prètriz la, mwen pwomèt nou ke Senyè a ap di nou kisa nou bezwen konnen. Tigason sa a gen dwa gen potansyèl ki depase menm sa Senyè a ap revele nou an. Ede l vize wo.

Tigason w ap ankouraje a gen dwa twò timid pou l vin yon bon jan sèvitè nan Prètriz la. Youn nan pitit gason m yo te si timid lè l te piti ke li pa t ka menm te oze antre nan yon magazen pou pale avèk moun sou kès la. Mwen te enkyè lè m t ap priye pou li konsènan avni li nan prètriz la. M te panse avèk lè l ta pral gen pou fè misyon—sa pa t parèt fasil ditou. Mwen te dirije vè yon ekriti nan Pwovèb: “Mechan yo pa bezwen mwen dèyè yo pou yo kouri; menm moun ki mache dwat yo brav tankou lyon.”2

Mwen te ekri “Brav tankou lyon” sou planch pa l la, anba foto yon gwo tèt lyon. Nan misyon li ak nan ane apre yo, li te akonpli sa m te ekri sou planch la. Pitit gason m nan ki te si timid yon lè a te preche levanjil la avèk gwo konviksyon e li te fè fas ak danje yo avèk bravou. Li te grandi nan responsablite li kòm reprezantan Senyè a.

Sa ka rive pou jènjan an w ap dirije a. Ou bezwen ranfòse lafwa li pou l konnen Senyè a kapab transfòme li vin tounen yon sèvitè pi kouraje pase tigason timid ou wè a kounyeya.

Nou konnen Senyè a rann sèvitè l yo brav. Joseph, jèn gason an ki te wè Bondye Papa a ak Pitit Gason Li, Jezikri a, nan boskè a, te transfòme vin tounen yon jeyan espirityèl. Parley P. Pratt te wè lè Pwofèt Joseph Smith te reprimande gad mechan yo ki te kenbe yo prizonye yo. Eldè Pratt ekri:

“Toudenkou, li te leve kanpe, epi li te pale avèk yon vwa tonè, tankou vwa yon lyon, pou l te di, osi klè m ka raple m, pawòl sa yo:

“‘SILANS, nou menm demon k soti nan gouf enfènal.. Nan non Jezikri mwen reprimande nou, e m kòmande nou, pou nou fèmen bouch nou; mwen pa vle yon lòt minit ankò pou m tande yon langaj konsa.. Sispann pawòl sa yo,, oubyen nou menm avèk mwen n ap mouri KOUNYEYA MENM!’”

Apwopo eksperyans sa a, Èldè Pratt te ekri: “Diyite ak majestem nweb te wè sa sèlman yon fwa,, pandan yo te nan chenn, a minui, nan yon prizon nan yon vilaj byen lwen nan Missouri.”3

Senyè a ap bay sèvitè jis li yo opòtinite pou yo brav tankou lyon, lè y ap pale nan non Li e antanke temwen nan Prètriz li a.

Yon lòt pitit gason, menm lè l te piti, te gen yon gwo goup zanmi ki te souvan ap chèche konpayi li. Li te fòme lyen fasilman avèk moun. Pandan m t ap eseye wè ki kontribisyon l te ka pote nan wayòm Bondye a, mwen te santi ke li ta pral gen pouvwa pou rapwoche moun, nan lanmou ak inite.

Sa te mennen m nan resi nan Doktrin ak Alyans la ki dekri efò ansyen yo nan Prètriz la pou yo te bati Siyon nan Missouri a, sou aklamasyon zanj yo ki te wè efò yo ak kontribisyon yo. Sa te mande gwo sakrifis. Revelasyon nan Doktrin ak Alyans la di: “Men, nou beni, paske temwayaj nou te rann nan anrejistre pou zanj yo wè yo; epi yo rejwi poutèt nou epi peche nou yo padone.”4

Sou planch pitit gason sa a, mwen te ekri: “Zanj yo rejwi nan ou.”

Gwo kapasite pitit gason sa a pou rasanble ak enfliyanse moun nan te etann odela ane lekòl li yo. Avèk zanmi detantè prètriz li yo, li te òganize aktivite pye ki te bay jèn yo nan zòn ni yo lafwa pou yo te pèsevere e menm triyonfe anba sitiyasyon difisil. Pandan l t ap edifye lafwa jènjan ak jènfi sa yo, li te ede yo bati ti gwoup Siyon nan sant lavil Amerik yo. Sou planch pa l la, mwen te mete zanj ki t ap sonnen twonpèt, ki se petèt pa egzakteman jan yo fè sa, men li te pi fasil pou m te desinen yon twonpèt ke pouse yon gwo son.

Zanj yo rejwi lè detantè prètriz yo nan tout mond lan ap bati Siyon nan pawas yo, pye yo, ak misyon yo. Epi y ap rejwi pou jènjan yo ak jènfi yo n ap ede bati Siyon kèlkeswa kote yo ye a ak nan kèlkeswa sitiyasyon yo te ka ye. Siyon se rezilta moun ki lye ansanm pa alyans ak lanmou. Mwen envite nou pou n ede jèn nou yo vin fè sa.

Pou youn nan pitit gason m yo, mwen te santi m pouse pou m te desine yon solèy ak pawòl sa yo ki soti nan Priyè Entèsesyon Sovè a: “Sa se Lavi Etènèl.” Prèske nan fen ministè Li nan mòtalite a, Sovè a te priye Papa Li:

“Lavi etènèl se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye a, ak moun ou voye a, Jezikri.

“Mwen glorifye ou sou tè a; mwen fini travay ou te ban m fè a.”5

Pitit gason m nan te travay nan prètriz nan twa kontinan, men pi enpòtan toujou, nan fwaye li ak pami fanmi li. Li konstwi lavi li otou yo. Li travay tou pre lakay li, e li souvan retounen vin jwenn madanm ni ak jèn pitit li lè manje. Fanmi li ap viv tou pre Sè Eyring avèk mwen. Yo pran swen lakou nou kòmsi sete pa yo. Pitit gason sa a ap viv non sèlman pou kalifye l pou lavi etènèl, men egalman pou l ka antoure etènèlman pa manm fanmi rekonesan li ke l rasanble bò kote li.

Lavi etènèl, se viv nan inite, an fanmi, avèk Papa a, Pitit Gason an, ak Sentespri a. Lavi etènèl sèlman posib atravè kle Prètriz Bondye a, ki te retabli palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith. Konstamman ankouraje jèn w ap dirije yo pou yo fikse bi etènèl sa a, se yon gwo kado ou ka ba yo. Ou ka fè sa prensipalman pa legzanp nan pwòp fanmi pa ou. Jèn w ap dirije yo gen dwa pa gen yon fanmi nan Legliz la, men mwen ankouraje ou pou ede yo santi lanmou fanmi yo, nan toulède bò vwal la.

Planch m te mete wotè yo m dekri a se sèlman yon mwayen pou ede jèn yo gen yon ide sou grandè Bondye wè nan yo menm ak demen yo, ak sèvis san parèy Li ap prepare yo pou yo rann yo. L ap ede ou wè kijan pou w fè sa pou pitit ou yo ak pou lòt jèn yo w ap dirije yo. Men si ou chèche, nan espri lapriyè, pou wè fiti sa a pou ou menm, epi apresa ou kominike l bay jèn yo, youn pa youn, w ap vin konnen Bondye renmen chak pitit Li, epi li wè gwo don san parèy nan yo chak.

Antanke papa, m te gen benediksyon wè yon avni briyan nan wayòm Bondye a pou pitit fi m yo osibyen ke pou pitit gason m yo. Lè m te chèche gidans nan lapriyè, Senyè a te montre m yon fason pou ede pitit fi m yo rekonèt konfyans Bondye plase nan yo antanke sèvant ki ka bati wayòm ni an.

Lè pitit fi m yo te jèn, mwen te wè ke nou te kapab ede yo santi lanmou moun ki nan lòtbò vwal yo, atravè jenerasyon yo. Mwen te konnen lanmou soti nan sèvis e l enspire esperans lavi etènèl.

Konsa m te prepare planch pou pen, kote nou te mete yon pen nou te fè epi nou te ale ansanm pote l ofri moun ki te vèf, ki te vèv, ak kèk fanmi. Sa m te ekri sou chak planch pen sa yo sete “J’aime et j’espère,” mo fransè pou “Mwen renmen e m espere.” Prèv don espirityèl yo chak te manifeste non sèlman sou planch yo m te fè a men pi vizib ankò lè nou t ap distribye yo bay moun ki, nan mitan lapenn ak dèy yo a, te bezwen konfimasyon ke lanmou Sovè a ak Ekspyasyon L lan te ka pwodui yon reyon lespwa pafè. Sa se lavi etènèl, pou pitit fi m yo, ak pou nou chak.

Kounyeya, nou gen dwa panse, “Frè Eyring, èske w vle di m bezwen aprann travay bwa?” Repons la se non. Si m te aprann travay bwa, se gras ak èd yon bon mèt plen talan, ki sete Èldè Boyd K. Packer lè sa a. Se sèl syèl la ki ka voye yon enstriktè konsa. Men gen anpil fason nou kapab enfliyans kè pitit nou yo, san nou pa travay planch nip ran mezi yo.

Pa egzanp, nouvo teknoloji kominikasyon yo pèmèt nou voye mesaj lafwa ak lespwa atravè kilomèt ki separe nou yo, alenstan, e prèske san peye oubyen gratis. Madanm mwen ede m fè sa. Nou kòmanse pale nan telefòn avèk otan nan pitit nou ak pitit pitit nou ke nou ka jwenn. Nou mande yo pou yo pale nou de reyisit pèsonèl yo ak sèvis yo te rann. Nou envite yo pou yo voye foto aktivite sa yo ba nou tou. Nou itilize foto sa yo pou ilistre kèk paragraf. Nou fini avèk youn oubyen de vèsè nan Liv Mòmon an. Petèt Nefi ak Mòmon pa t ap twò enpresyone pa kalite espirityèl sa nou ekri yo, no pa efò limite sa mande pou kreye sa nou rele “Jounal Familyal la: Ti plak yo.” Men Sè Eyring avèk mwen beni pa efò sa yo. Nou santi nou enspire nan chwa pasaj ekriti yo ak brèf mesaj temwayaj nou ekri yo. Epi, nan lavi pitit pitit pitit nou yo, nou wè prèv ke kè yo tounen vè nou menm ak vè Sovè a.

Gen lòt mwayen pou eseye enfliyanse lòt moun, nou deja enplike nan anpil nan yo. Abitid priyè familyal nou yo ak lekti ekriti an fanmi nou yo ap kreye souvni ki pi dirab ak pi gwo chanjman nan kè pase nou ta ka reyalize kounyeya. Menm aktivite ki aparaman tanporèl yo, tankou ale nan yon match oubyen gade yon fim ansanm, kapab enfliyanse kè yon timoun. Sa ki konte, se pa aktivite a, men santiman ki vini yo lè n ap fè l la. Mwen dekouvri yon bon mwayen pou chwazi aktivite ki gen potansyèl pou fè yon gwo diferans nan lavi yon jèn moun. Se lefèt ke yo pwopoze aktivite a selon yon enterè yo, ke yo santi ki yo te resevwa kòm kado nan men Bondye. Mwen konnen sa posib apati pwòp eksperyans pa m.

Lè m te vin dyak nan laj 12 an, m t ap viv New Jersey, a 80 km de Vil Nouyòk. Mwen te reve pou m te vin yon gwo jwè bezbòl. Papa m te dakò pou mennen m gade yon match nan ansyen Estad istorik Yankee a nan Bronx. M ankò sonje lè Joe DiMaggio te voye bat la epi l te reyisi fè tou konplè teren an; avèk papa m te chita bò kote m, e sete sèl fwa nou te ale nan yon gwo jwèt bezbòl ansanm.

Men yon lòt jounen avèk papa m te fòme lavi m pou jamè. Li te mennen m soti New Jersey pou ale lakay yon patriyach nan Vil Salt Lake. Mwen pa t janm te konn wè moun sa a anvan sa. Papa m te ale, osito m te antre nan pòt la. Patriyach la te mennen m chita sou yon chèz, li te mete men l sou tèt mwen, epi li te ban m yon benediksyon ki te gen deklarasyon sa a sou pi gwo dezi ki te nan kè m nan.

Li te di ke m sete youn nan moun yo ta pale yo lè yo te di: “Benediksyon pou moun ki patizan lapè.”6 I Mwen te sitèlman sezi ke yon etranje te ka konnen kè m konsa ke m te louvri je m pou m te wè sal la kote mirak sa a t ap fèt la. Benediksyon sa a sou posiblite m yo te fòme lavi mwen, maryaj mwen, ak sèvis mwen nan prètriz la.

Apati eksperyans sa a ak sa ki suiv apre yo, mwen ka temwaye: “Paske, tout moun pa resevwa tout don; paske, gen anpil don, epi Lespri Bondye a bay chak moun yon don.”7

Paske Senyè a te revele yon don pou mwen, mwen te kapab rekonèt ak prepare pou opòtinite pou te egzèse li pou benediksyon moun mwen renmen ak sèvi yo.

Bondye konnen don nou. Defi m ba nou e m bay tèt mwen tou, se priye pou konnen ki don nou genyen, pou konnen kijan pou nou devlope yo, ak pou rekonèt okazyon pou sèvi lòt moun Bondye ba nou sèvi yo. Pi enpòtan toujou, mwen priye pou nou jwenn enspirasyon pou ede lòt moun dekouvri don espesyal pa yo pou sèvi.

Mwen pwomèt nou ke si nou mande, n ap jwenn benediksyon pou ede lòt moun atenn potansyèl yo nan sèvi moun y ap dirije ak renmen yo. Mwen temwaye ke Bondye vivan, Jezi se Kris la, nou detni prètriz Bondye a, e Bondye prepare nou avèk don espesyal pou nou sèvi li odela esperans ki pi chè nou genyen. Nan non Jezikri, amèn.