2010–2019
Mwen konnen sa. Mwen viv sa. Mwen renmen sa
Oktòb 2012


Mwen konnen sa. Mwen viv sa. Mwen renmen sa

Nou se disip Sovè nou an, Jezikri. Kalite konvèsyon ak konfyans sa a se rezilta efò dilijan ak entansyonèl. Li endividyèl. Se pwosesis tout yon lavi.

Mwenenspire pa egzanp manm Legliz fidèl yo nan Legliz la ap montre, enkli jèn yo tou. Nou kourajezman tounen nou vè Sovè a. Nou fidèl, obeyisan, ak pi. Benediksyon nou resevwa akoz bonte nou yo afekte non sèlman lavi nou men lavi pa m tou ansanm avèk lavi yon pakèt lòt moun nan fason ki pwofon men souvan enkoni.

Sa gen kèk ane, mwen te nan liy pou m al achte nan makèt bò lakay mwen an. Devan m nan, te gen yon jènfi apeprè 16 zan. Li te parèt konfyan ak kontan. Mwen te remake mayo ki te sou li a e m pat ka reziste pou m te pale avèk li. Mwen te kòmanse: “Ou soti nan yon lòt eta, pa vre?”

Li te etone pa kesyon m nan epi l te reponn: “Wi se vre. Mwen soti Colorado. Kijan w fè konnen?”

Mwen te eksplike: “Akoz mayo ki sou ou a.” Mwen te di l sa m te lojikman sipoze lè m te wè pawòl ki te ekri sou mayo l la. “Mwen se yon Mòmon. E oumenm?”

Mwen te kontinye: “M kapab di ou ke m enpresyone pa konfyans ou dèske w deside mete sou ou yon deklarasyon brav konsa. Mwen wè yon diferans nan oumenm, e m swete chak jènfi ak chak manm Legliz la ta kapab gen menm konviksyon ak asirans ou genyen an.” Lè nou te fin achte, nou te di orevwa epi nou te ale.

Men pandan jou ak semèn apre moman aksidantèl sa a, mwen te twouve m ap reflechi seryezman sou rankont sa a. Mwen tap mande m kijan k fè jènfi k soti Colorado sa a te rive posede yon konfyans konsa nan idantite li kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen pat kapab anpeche m panse ak ki fraz enpòtan m t ap chwazi ekri sou mayo pa m pou reflete kwayans mwen ak temwanyaj mwen. Nan lespri m, mwen te konsidere anpil bagay posib m ta ka di. Finalman, mwen te panse a yon deklarasyon ideyal mwe t ap ekri sou mwen avèk fyète: “M se yon Mòmon. Mwen konnen sa. Mwen viv li. Mwen renmen li.”

Jodia mwen ta renmen santre remak mwen sou deklarasyon kare ak optimis sa a.

Premye pati deklarasyon a se yon deklarasyon plen asirans dirèk: “M se yon Mòmon.” Menmjan jènfi m te rankontre nan makèt la pa t pè fè mond lan konnen li se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, mwen espere ke nou pap janm pè ni ezite pou nou deklare: “M se yon Mòmon.” Nou ta dwe gen asirans, jan Apot Pòl te gen asirans lan lè l te deklare: “Mwen pa wont preche levanjil la; paske li se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè.”1 Antanke manm, nou se disip Sovè nou an, Jezikri. Kalite konvèsyon ak konfyans sa a se rezilta efò konsyan ak dilijans nou. Se yon bagay pèsonèl. Se yon pwosesis tout yon lavi.

Lòt pati deklarasyon an afime: “Mwen konnen sa.” Nan mond lan jodia, gen anpil aktivite, sijè, ak enterè ki an konpetisyon pou kapte atansyon nou chak grenn minit. Avèk tout pil distraksyon sa yo, èske nou gen fòs, disiplin ak angajman pou nou rete fikse sou sa ki pi enpòtan yo? Èske nou osi konpetan nan verite levanjil yo jan nou ye nan etid nou, karyè nou, lwazi nou, nan espò, oubyen nan tèks nou yo ak mesaj entènèt nou yo? Èske nou chèche aktivman pou nou jwenn repons kesyon nou yo nan sonde ekriti yo ak ansèyman pwofèt yo? Èske nou chèche konfimasyon Lespri a?

Enpòtans pou akeri konesans lan se yon prensip etènèl. Profèt Joseph Smith “te renmen konesans poutèt pouvwa jistifye li.”2 Li te di: “Konesans nesesè pou lavi ak sentete. … Nou tout frè m yo, tande gran kle sa a: konesans se pouvwa Bondye pou sali.”3

Tout verite ak konesans enpòtan, men nan mitan distraksyon konstan lavi chak jou nou yo, nou dwe espesyalman pote atansyon sou elaji konesans nou sou levanjil la pou nou ka konprann kijan pou nou aplike prensip levanjil yo nan lavi nou.4 Pandan konesans nou sou levanjil la ap ogmante, n ap kòmanse santi nou konfyan nan temwanyaj nou e n ap kapab deklare: “ Mwen konnen sa.”

Pwochen deklarasyon an se: “Map viv li.” Ekriti yo ansenye ke nou dwe “fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase.”5 Nou viv levanjil la e nou tounen “moun k ap aji” nan egzèse lafwa, rete obeyisan, sèvi lòt moun avèk amou, ak swiv egzanp Sovè a. Nou aji avèk entegrite epi nou fè sa nou konnen ki byen “toutan, nan tout bagay, e tout kote”6 keseswa moun ap gade ou pa.

Nan kondisyon mòtèl nou an, pa gen moun ki pafè. Menm nan pi gran efò nou pou nou viv levanjil la, nou tout ap fè erè, e nou tout ap fè peche. Ala yon asirans rekonfòtan sa ye pou nou konnen ke gras ak sakrifis ekspyatwa Sovè a, nou kapab jwenn padon epi vin pwòp ankò. Pwosesis vrè repantans ak padon sa a ranfòse temwanyaj nou ak rezolisyon nou pou obeyi kòmandman Senyè a epi viv lavi nou dapre prensip levanjil yo.

Lè m panse ak fraz la: “Mwen viv li” a, mwen raple m yon jènfi m te rankontre ki te rele Karigan. Li te ekri: “Mwen se yon manm Legliz la depi ennan sèlman. … Pou mwen menm, pandan m t ap envestige a, yon siy ke sa a sete vrè Legliz la te vini paske m te santi ke m te finalman jwenn yon legliz ki te ansenye modesti ak prensip. Mwen wè ak pwòp je pa m sa k rive moun lè yo pa respekte kòmandman yo epi chwazi move chemen an. Mwen te pran desizyon, lontan desa, pou m viv prensip moral ki elve. …Mwen santi m beni anpil dèske m te jwenn verite a e m te batize. Mwen kontan anpil.”7

Dènye fraz deklarasyon m nan se: “Mwen renmen sa.” Akeri yon konesans sou levanjil Jezikri a epi viv prensip levanjil yo avèk dilijans nan lavi nou chak jou fè ke anpil manm nan legliz la pwoklame ak kontantman: “Mwen renmen Levanjil la!”

Santiman sa a vini lè nou santi Sentespri a k ap temwanye nou ke nou se pitit Papa nou ki nan Syèl la, Li sousye pou nou, epi nou sou vrè chemen an. Lanmou nou pou levanjil la grandi lè nou fè eksperyans lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak lapè Sovè a te pwomèt nou si nou montre l ke nou dispoze pou n obeyi Li ak swiv Li.

Nan diferant moman nan lavi nou, keseswa nou se nouvo konvèti nan Legliz la oubyen manm depi lontan, nou kapab reyalize ke antouzyas vibran sa a fane. Pafwa sa rive lè l ap rankontre difikilte e nou dwe pratike pasyans. Pafwa sa rive lè nou nan tòp pwosperite ak abondans nou. Kèlkeswa lè m gen santiman sa a, mwen konnen m bezwen rekonsantre efò m sou ogmante konesans mwen nan levanjil la ak viv prensip levanjil yo piplis nan lavi mwen.

Youn nan prensip levanjil yo ki pi efikas men ki pafwa difisil pou aplike se imilite ak soumisyon anba volonte Bondye. Nan Priyè Kris la nan Jaden Jetsemani an, Li te di Papa a konsa: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, se volonte pa ou.”8 Sa ta dwe priyè pa nou tou. Byen souvan, se nan ti moman trankil sa yo, moman lapriyè sa yo ke nou santi nou ansèkle nan lanmou Papa nou ki nan Syèl la epi bèl santiman sa yo retounen.

Nan yon reyinyon pou dirijan jènfi yo nan Eugene, nan Oregon, mwen te gen privilèj pou m te rankontre epi pale avèk Sè Cammy Wilberger. Istwa sè Wilberger te pataje avèk mwen an sete yon temwanyaj sou pouvwa ak benediksyon yon jènfi ki konnen levanjil la, ki viv, e ki renmen li.

Pitit fi Sè Wilberger a, Brooke, ki te gen 19 an, te mouri trajikman sa gen dèzane, pandan l te nan vakans ete apre premye ane inivèsite li. Sè Wilberger raple l: “Sete yon tan difisil ak tris anpil pou fanmi nou. Men, Brooke te ba nou yon gwo kado. Nou pa t rekonèt sa lè l t ap grandi, men chak grenn ane ak moman nan lavi brèf li a, Brooke te ba nou pigwo kado yon pitit fi te kapab bay paran li. Brooke sete yon pitit fi fidèl Bondye. …Gras ak kado sa a e espesyalman gras ak pouvwa sanktifyan Ekspyasyon an, mwen te jwenn fòs, rekonfò, ak lapè Sovè a pwomèt la. Mwen pa gen okenn dout sou kote Brooke ye kounyeya epi m ap tann lè pou nou reyini ankò.”9

Mwen gen yon temwanyaj sou gwo plan bonè etènèl Papa nou ki nan Syèl la. Mwen konnen Li konnen nou epi Li renmen nou. Mwen konnen Li te prepare yon pwofèt pou nou, Prezidan Thomas S. Monson, pou ankouraje nou ak gide nou pou n retounen al jwenn ni. Mwen priye pou nou chak fè efò pou nou kapab deklare avèk konfyans: “Mwen se yon Mòmon. Mwen konnen sa. Mwen viv li. Mwen renmen li.” Mwen di bagay sa yo enbleman nan non Jezikri, amèn.

Nòt: Pou plis etid, mwen rekòmande nou pou nou li Alma 32 ak diskou Èldè Dallin H. Oaks la, “The Challenge to Become” (Liahona, Jan. 2001, 40–43).

Nòt

  1. Women 1:16.

  2. George Q. Cannon, nan Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 261.

  3. Teachings: Joseph Smith, 265; gade tou Martha Jane Knowlton Coray, notebook, Church History Library, Salt Lake City.

  4. Gade nimewo 1 nan eksperyans valè konesans lan, Pwogrè Pèsonèl Jènfi yo (bwochi, 2009), 38.

  5. Jak 1:22.

  6. Mozya 18:9.

  7. Korespondans pèsonèl.

  8. Lik 22:42.

  9. Korespondans pèsonèl.