2010–2019
Aprann avèk kè nou
Oktòb 2012


Aprann avèk kè nou

Yon fason pou nou vin jwenn Kris la se nan chèche aprann verite esansyèl yo avèk kè nou.

”Vin jwenn mwen, pou nou touche m e pou nou wè.”1 Sa a se yon kòmandman Sovè a te bay moun yo ki t ap viv nan ansyen Amerik la. Yo te touche l avèk men yo epi yo te wè avèk je yo ke Jezi sete Kris la. Kòmandman sa a osi enpòtan pou nou jodia ke l te ye pou yo nan epòk pa yo a. Lè nou vin jwenn Kris la, nou ka santi e ”konnen ak asirans”2—non pa avèk men nou ak je nou—men avèk tout kè nou ak tout espri nou, ke Jezi se Kris la.

Yon fason pou nou vin jwenn Kris la se nan chèche aprann verite esansyèl yo avèk kè nou. Lè nou fè sa, enpresyon ki vini soti nan Bondye yo ap ba nou konesans nou pa kapab akeri okenn lòt fason. Apot Pyè te konnen avèk sètitid ke Jezi sete Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an. Sovè a te eksplike ke sous konesans Pyè a se pa t ”lachè ak zo ... ki te ba li l men Papa [a] ki nan syèl la.”3

Pwofèt Abinadi te eksplike wòl santiman ki soti nan Bondye sa a sou kè nou. Li te anseye ke nou pa p ka totalman konprann ekriti yo si nou pa aplike yo nan kè nou pou konpreyansyon nou.4

Verite sa a te byen fòmile nan yon liv timoun, ki ekri pa Antoine de Saint-Exupéry, ki rele Le Petit Prince. Nan istwa a, ti prens la te vin zanmi avèk yon rena. Lè yo t ap separe, rena a te pataje yon sekrè avèk ti prens la. Li te di: “Men sekrè …  mwen: Se sèlman avèk kè li yon moun ka wè byen; sa ki esansyèl yo envizib pou je wè.”5

Frè Thomas Coelho, ki gen katreven uit an, se yon bon egzanp sou yon moun ki te wè bagay esansyèl yo avèk kè li. Li sete yon manm fidèl nan gran konsèy nou an, nan Paysandù, nan Uruguay. Anvan l te antre Legliz la, li te fè yon aksidan pandan l t ap kondui motosiklèt li. Pandan l te kouche atè a, paske l pa t ka leve, de nan misyonè nou yo te ede l kanpe e retounen lakay li. Li te di li te santi yon bagay espesyal lè misyonè yo te vin pote l sekou a. Nan apre, li te santi gwo santiman sa a ankò lè misyonè yo te anseye li. Enpak santiman sa yo te si fò ke li te li Liv Mòmon an depi premye paj rive nan dènye a nan de twa jou. Li te batize e l ap sèvi san rete depi jou sa a. Mwen sonje l k ap kondui motosiklèt li monte desann nan lari a nan vil nou an, menm nan ivè fredi ak lapli yo, pou mennen lòt moun legliz pou yo menm tou yo ka wè, santi, ak konnen ak asirans jan l te konnen an.

Jodia, ak sitèlman enfòmasyon ki antoure nou, nou gen dwa panse ke navige sou dèmilyon paj entènèt ap banou tout sa nou bezwen konnen. Nou ka jwenn bon enfòmasyon ak move enfòmasyon sou entènèt la, men enfòmasyon an poukont li pa sifi. Bondye ban nou yon lòt sous konesans siperyè,6 ki se konesans ki soti nan syèl la. Pè Selès nou an ka banou konesans sa a lè nou navige sou « wèb selès » la, nan kè nou ak nan lespri nou. Pwofèt Joseph Smith te di l te gen ”Pi ansyen liv la nan kè [li], ki se don Sentespri a.”7

Nou gen aksè nan sous selès sa a lè nou fè bagay tankou li ekriti yo, koute pwofèt vivan an, ak priye. Li enpòtan tou pou nou pran tan pou n fè silans8 e pou nou santi enspirasyon selès yo. Lè nou fè sa, n ap ”santi ak wè” bagay nou pa ka aprann avèk teknoloji modèn yo. Lè nou fin fè eksperyans navige sou entènèt selès sa a, n ap disène laverite, menm lè n ap li resi sou istwa pwofàn oswa sou lòt sijè. Moun k ap chèche laverite sensèman yo ap konnen verite tout bagay pa pouvwa Sentespri a.9

Kounyeya, yon mizangad : Aksè a « entènèt selès » sa a bloke lè gen inikite ak lè nou bliye Senyè a. Nephi te di frè l yo ke yo pa t ka ”santi pawòl li yo” paske yo te ”prese pou fè inikite [men] lou pou yo sonje Senyè a.”10 Inikite diminye kapasite nou pou nou wè, santi, ak renmen lòt moun. Lè nou rapid pou sonje Senyè a nan priye ”avèk tout enèji kè nou”11 e sonje eksperyans esprityèl nou yo, nou ogmante kapasite nou pou nou wè ak santi bagay Kris yo. Kounyeya, m ap mande nou:

  • Èske nou sonje lapè nou te santi lè, apre anpil tribilasyon, nou te enplore Papa a nan lapriyè ak siplikasyon?

  • Èske nou sonje chanje lis sa nou te planifye pou fè yo pou n ka suiv kè nou?

Gwo mesye yo nan Liv Mòmon an te ogmante kapasite yo pou akeri konesans siperyè nan sonje eksperyans espirityèl enpòtan yo. Alma te fòtifye pitit li yo kote l te raple yo eksperyans konvèsyon li.12 Elaman te anseye Nefi ak Leyi pou yo sonje—sonje ke se sou wòch Kris la pou yo bati fondasyon yo pou dyab la pa gen pouvwa sou yo.13 Nou dwe fè menm bagay la. Sonje Bondye ede nou santi bagay yo e viv. Sa bay pawòl Wa Benjamen yo sans pi pwofon, lè l di: “E kounyeya, O mesyedam, sonje e pa peri.”14

Youn nan souvni ki pi sakre pou mwen se santiman m te genyen lè m te vin konnen Liv Mòmon an se pawòl Bondye a. Mwen te aprann ke nou ka santi yon lajwa mo pa ka eksprime. Jou sa a menm, sou jenou mwen, m te santi e m te konnen ak asirans bagay ke m pa t ap janm ka aprann nan okenn lòt fason. Kalite souvni sa yo se rezon k fè m gen rekonesans etènèl e yo fòtifye mwen nan moman difisil.

Moun ki resevwa konesans yo, non pa nan men lèzòm men nan men Papa nou ki nan syèl la, yo konnen ak asirans ke Jezi se Kris la e sa a se Legliz li. Konesans sa a bayo fòs pou yo fè chanjman nesesè pou yo vin jwenn Kris la. Pou rezon sa a, nou envite tout moun kounyeya menm pou yo batize, repanti, e vini jwenn ni.15

Nan vin jwenn Kris la, tout moun kapab wè, santi, ak konnen ak asirans ke Kris la te soufri ak ekspye pou peche nou yo pou nou ka gen lavi etènèl. Si nou repanti, nou pa pral soufri initilman.16 Gras avèk Li, nanm ki blese yo kapab geri e kè ki brize yo kapab repare. Pa gen fado li pa kapab soulage ni retire. Li konnen enfimite nou ak maladi nou yo. Mwen pwomèt nou e mwen temwaye nou ke lè tout pòt sanble yo fèmen, lè tout lòt bagay sanble y ap tonbe, li menm li pap abandone nou. Kris la ap ede e li se pòt pou soti a, keseswa w ap lite avèk adiksyon, depresyon, oubyen nenpòt lòt bagay. Li konnen ”kouman pou l pote pèp li a sekou.”17 Maryaj ak fanmi ki nan difikilte pou kèlkeswa rezon yo—pwoblèm ekonomik, move enflyans medya, oubyen sitiyasyon familyal—ap santi yon enfliyans apezan ki soti nan syèl la. Sa rekonfòtan pou nou ”santi ak wè” ke Li te leve soti vivan nan lanmò ”avèk gerizon nan zèl li,”18 e gras avèk Li menm, nou pral kapab reyini avèk moun ki chè pou nou ki mouri yo e anbrase yo ankò. An verite, konvèsyon nou pou vin jwenn ni an pote gerizon pou nou.19

Mwen konnen ak sètitid ke tout bagay sa yo se verite. Pou rezon sa a, m ap ajoute vwa pa m sou vwa premye abitan ansyen Amerik yo, pou m eksklame: ”Ozana! Se pou non Bondye Ki Pi Wo a beni!”20 Li ban nou delivrans. Mwen rann temwayaj ke Jezi se Kris la, Mesi ki sen an. Li se Senyè Lame yo, Sovè nou ak Redanmtè nou. Nan non Jezikri, amèn.