2010–2019
Apwopo regrè ak rezolisyon
Oktòb 2012


Apwopo regrè ak rezolisyon

Plis nou dedye tèt nou nan rechèch sentete ak bonè, se mwens n ap twouve nou sou chemen regrè.

Konsènan regrè

Prezidan Monson, nou renmen ou. Mèsi pou anons istorik ak enspire sa a sou bati nouvo tanp ak sou travay misyonè a. Gras avèk yo, mwen gen asirans ke n apral resevwa gwo benediksyon pandan dè jenerasyon.

Chè frè m ak sè m yo, chè zanmi mwen! Nou tout se mòtèl. Mwen swete sa pa vini kòm sipriz pou okenn moun.

Okenn nan nou pap rete sou tè a pou trè lontan. Nou gen yon sèten ane presye pou n pase sou tè a, ki, nan pèspektiv etènèl la, apèn dire yon batman je.

Epi apresa nou mouri. Lespri nou “ale kay Bondye sa a ki te ba [nou] lavi a.”1 Yo depoze kò nou nan tonbo a epi nou kite tout bagay materyèl mond sa a dèyè lè nou deplase pou n ale nan pwochen lye egzistans nou an.

Lè nou jèn, sanble se kòmsi n ap viv pou tout tan. Nou panse gen yon kantite pwovizyon solèy leve k ap tann nou jis dèyè orizon an, epi demen pou nou parèt yon wout dwat k ap deplwaye san fen devan nou.

Men, plis n ap vin granmoun, se plis nou gen tandans gade dèyè e etone pou wè konbyen wout sa a reyèlman kout. N ap mande kijan ane yo te fè pase vit konsa. Epi nou kòmanse panse sou chwa nou te fè ak sou bagay nou te reyalize. Nan pwosesis la, nou sonje anpil bèl moman ki pote chalè nan nanm nou ak lajwa nan kè nou. Men, nou sonje regrè yo tou---bagay nou swete nou ta retounen dèyè pou n ta chanje yo.

Yon enfimyè ki okipe moun ki nan faz tèminal maladi yo di li souvan poze malad li yo yon senp kesyon lè y ap prepare pou kite lavi sa a.

Li konn mande: “Èske w pa gen okenn regrè?2

Lè yon moun si pre dènye jou sa a nan mòtalite a, sa souvan ba l klète nan panse e sa pote vizyon ak pèspektiv. Konsa lè yo te mande moun sa yo ki regrè yo te genyen, yo te louvri kè yo. Yo te reflechi sou sa yo ta chanje si sèlman yo te ka retounen dèyè.

Lè m ap konsidere sa yo te reponn, sa frape m pou m wè konbyen prensip fondamantal yo nan levanjil Jezikri a kapab afekte direksyon lavi nou pou bon, si sèlman n ap aplike yo.

Pa gen anyen ki misterye osijè prensip levanjil yo. Nou etidye yo nan ekriti yo, nou pale de yo nan Lekòldidimanch, epi nou tande yo sou chè sa a anpil fwa. Prensip ak valè divin sa yo dirèk e klè; yo bèl, yo pwofon, e yo puisan; epi yo ka definitivman ede nou evite regrè demen.

M regrèt m pa t pase plis tan avèk moun mwen renmen yo

Petèt regrè ki pi komen moun ki pral mouri yo te eksprime sete swete ke yo te pase plis tan avèk moun yo renmen yo.

Gason yo an patikilye te eksprime santiman regrè inivèsèl sa a: yo te “regrèt anpil ke yo te pase si anpil tan nan lavi yo nan ... travay konsa.”3 Anpil te rate opòtinite pou te gen bèl souvni ki soti nan pase tan avèk fanmi ak zanmi yo. Yo te rate devlopman yon pwofon koneksyon avèk moun ki te reprezante plis bagay pou yo yo.

Èske se pa vre ke nou toujou okipe? Epi, sa tris ke, nou rive menm kwè ke lefèt nou okipe konsa a se yon bagay onorab, kòmsi okipe a an limenm, sete yon akonplisman oswa siy yon lavi siperyè.

Èske se vre?

M panse avèk Senyè nou ak Egzanp nou an, Jezikri, ak lavi kout li pami pèp Galile ak Jerizalèm nan. Mwen eseye imajine li menm k ap kouri ant reyinyon oswa fè plizyè bagay alafwa pou akonpli yon lis bagay ijan.

Mwen pa ka wè sa.

Olyesa, mwen wè Pitit Gason konpatisan ak byenveyan Bondye a k ap viv chak jou avèk yon objektif. Lè l te an kontak avèk moun ki te bò kote Li, yo te santi yo enpòtan, yo te santi L te renmen yo. Li te konn valè enfini moun Li te rankontre yo. Li te beni yo, sèvi yo. Li te soulaje yo, geri yo. Li te ba yo don presye tan Li.

Nan epòk pa nou an, li fasil pou n senpleman pretann pase tan avèk lòt moun. Avèk klik yon souri, nou ka “konekte” avèk dèmilye “zanmi” san nou pa janm menm wè youn nan yo. Teknoloji kapab yon bagay ekstraòdinè, e li patikilyèman trè itil lè nou pa ka pre moun nou renmen yo. Madanm mwen avè m ap vin lwen manm fanmi nou; nou konn kijan sa ye. Sepandan, mwen kwè ke nou p ap mache nan bon direksyon, endividyèlman e antanke sosyete, si konekte avèk fanmi nou ak zanmi nou repoze pou pifò sou voye foto komik ba yo sou entènèt, nan transmèt yo bagay ensiyifyan nou resevwa, oubyen nan konekte yo sou lòt sit Entènèt. Mwen panse gen sitiyasyon ak sikonstans kote kalite aktivite sa yo akseptab, men konbyen tan nou dispoze pou pase ladan yo? Si nou pa bay moun ki vrèman enpòtan pou nou yo tout nou menm ak tout tan nou, nou pral regrèt sa yon jou.

Annou pran rezolisyon pou nou cheri moun nou renmen yo kote n ap pase bon tan avèk yo, ap fè bagay yo ansanm, epi ranmase bèl souvni.

Mwen swete m te viv nan nivo potansyèl mwen

Yon lòt regrè moun yo te eksprime sete ke yo pa t vin moun yo te santi yo te ka ye a, ke yo te dwe ye a. Lè yo te gade dèyè nan lavi yo, yo te reyalize ke yo pa t janm viv nan nivo potansyèl yo, yo te gen twòp bagay yo pa t fè.

Mwen pap pale la a de monte nechèl siksè a nan pil kalite pwofesyon nou yo. Nechèl sa a, kèlkeswa jan li ka parèt elve isit sou tè a, apèn yon pa nan gwo vwayaj etènèl k ap tann nou an.

Men, m ap pale de vin tounen moun Bondye, Papa nou ki nan Syèl la, atann nou ye a.

Jan powèt la di a, nou rive nan mond sa a, “ap trenen nyaj laglwa”4 ki soti nan premòtalite a.

Papa nou ki nan Syèl la wè reyèl potansyèl nou. Li konnen bagay sou nou ke nou menm pou tèt pa nou nou pa konnen. Li enspire nou pandan lavi nou pou n ranpli mezi kreyasyon nou, pou nou viv yon bon lavi, epi retounen nan prezans Li.

Donk, poukisa nou pase si anpil nan tan nou ak enèji nou nan bagay ki si tanporè, si enkonsekan, ak si sipèfisyèl konsa? Èske nou refize wè foli ki genyen nan lite pou akonpli oswa akeri bagay banal ak pasaje yo.

Èske l pa t ap pi saj pou n ta “anpile richès [nou] nan syèl la, kote vè ni lawouy pa ka wonje yo, e kote ni vòlè pa ka pran yo pote ale”?5

Kijan pou nou fè sa? Nan suiv egzanp Sovè a, nan ankre ansèyman L yo nan lavi nou chak jou, ak nan vrèmen renmen Bondye ak pwochen nou.

Nou sètènman pa ka fè sa nan trennen pye nou, ap gade mont nou san rete, ap plenyen pandan n ap ranpli apèl disip nou.

Nan sa ki konsène viv levanjil la, nou pa dwe tankou tigason ki te mete zòtèy li nan dlo a epi apresa l al di tout moun ke l t al naje. Antanke pitit gason ak pitit fi Papa nou ki nan Syèl la, nou kapab fè anpil bagay. Pou n fè sa, bon entansyon pa sifi. Nou dwe aji. Pi enpòtan toujou, nou dwe vin sa Papa nou ki nan Syèl la vle nou ye a.

Deklare temwayaj nou konsènan levanjil la se byen, men viv kòm egzanp vivan levanjil retabli a pi bon toujou. Swete ke nou pi fidèl nan respekte alyans nou yo se byen; men, rete fidèl nan alyans sakre yo---enkli mennen yon lavi vètye, peye dim ak ofrann nou, respekte Pawòl Sajès la, ak sèvi moun ki nan bezwen---pi bon toujou. Anonse ke n apral pase plis tan nan priyè familyal, etid ekriti, ak bon jan aktivite familyal se byen; men reyèlman fè tout bagay sa yo regilyèman ap pote benediksyon syèl yo nan lavi nou.

Disip vle di chèche sentete ak bonè. Se chemen ki mennen nan sa ki pi bon ak pi bèl nan nou menm nan.

Annou pran rezolisyon pou n suiv Sovè a e travay avèk dilijans pou nou vin moun yo te prepare nou pou n devni an. Annou koute ak obeyi chichotman Sentespri a. Si nou fè sa, Papa nou ki nan Syèl la ap revele nou bagay nou pa t janm konnen sou tèt nou. L ap klere chemen nou ak louvri je nou pou nou wè talan enkoni e petèt inimajinab nou genyen.

Plis nou dedye tèt nou nan chèche sentete ak bonè, se mwens n ap mache sou chemen regrè. Plis nou apiye sou gras Sovè a, se plis n ap santi nou sou chemen Papa nou ki nan syèl la antann pou nou an.

Mwen swete m te gen plis kè kontan

Nou gen dwa sezi tande yon lòt regrè moun ki te konnen yo ta pral mouri yo te genyen. Yo te swete yo te gen plis kè kontan.

Si souvan nou pran nan ilizyon ke gen yon bagay ki pa alapòte nou ki ta kapab pote bonè pou nou: yon pi bon sitiyasyon familyal, yon pi bon sitiyasyon finansye, oubyen fen yon eprèv difisil.

Pi gran n ap vini, se plis n ap gade dèyè e reyalize ke sikonstans exteryè yo pa reyèlman enpòtan ni yo pa detèmine bonè nou.

Nou konte.Nou detèmine bonè nou.

Ou menm avèk mwen finalman responsab pwòp bonè nou.

Madanm mwen, Harriet, avèk mwen renmen monte bisiklèt. Nou renmen soti al jwi bote lanati yo. Nou gen kèk wout espesifik kote nou renmen monte bisiklèt, men nou pa pote twòp atansyon ak ki distans nou pedale ni ki vitès nou pedale an konparezon avèk lòt moun yo ki sou wout la.

Men, pafwa, m panse nou ta dwe fè yon ti konpetisyon. M menm panse nou ta ka pase yon pi bon moman oubyen kondi ak pi bon vitès si sèlman nou te fè yon ti efò anplis. Epi pafwa m menm konn fè gwo erè mansyone madanm mwen ide sa a.

Reyaksyon tipik li lè m fè sigjesyon m nan toujou trè janti, trè klè, e trè dirèk. Li souri epi l di: “Dieter, se pa yon konpetisyon; se yon vwayaj. Jwi moman an.”

Li gen rezon!

Pafwa nan lavi a, nou vin si konsantre sou akonpli yon bagay ke nou pa menm jwenn lajwa ki genyen nan vwayaj la. Mwen pa al monte bisiklèt avèk madanm mwen paske m eksite pou m fini kous la. Mwen ale paske eksperyans m ap fè avèk li a bèl ak agreyab.

Èske sa pa sanble foli pou nou gate bèl eksperyans agreyab yo paske nou konstaman ap tann moman yo pral fini an?

Èske lè n ap koute bèl mizik nou tann nòt final la fin jwe anvan nou pèmèt nou reyèlman jwi mizik la? Non. Nou koute e nou konekte ak chak varyasyon melodi, nòt ak amoni pandan tout mizik la ap jwe.

Èske nou fè priyè nou yo avèk mo “amèn” nan oubyen fen priyè a sèlman nan tèt nou? Natirèlman non. Nou priye pou nou ka pre Papa nou ki nan Syèl la, pou nou ka resevwa Lespri li ak santi lanmou li.

Nou pa dwe rete tann jis lè nou atenn yon sèten moman rive pou nou gen kè kontan, epi lè sa a nou dekouvri ke bonè sa a te deja disponib---pandan tout tan an! Lavi a pa la pou nou apresye l sèlman nan lepase. Salmis la te ekri: “Jodia se bèl jounen Senyè a ba nou … .” Annou pase l ap fè kè nou kontan.”6

Frè m ak sè m yo, kèlkeswa sitiyasyon nou, kèlkeswa pwoblèm nou oswa eprèv nou, gen yon bagay nan chak jounen pou nou anbrase ak cheri. Gen yon bagay nan chak jounen ki ka pote gratitid ak lajwa si sèlman nou wè li ak apresye li.

Petèt nou ta dwe mwens chèche avèk je nou e plis avèk kè nou. M renmen sitasyon sa a: “Se avèk kè a sèlman yon moun wè klè. Tout bagay esansyèl yo envizib pou je wè.”7

Yo rekòmande nou pou nou “di mèsi pou tout bagay.”8 Konsa èske li pa pi bon pou, avèk je nou ak kè nou, nou wè menm ti kal bagay nouka di mèsi pou li a, olye nou konsantre sou kote negatif kondisyon n ap viv la?

Senyè a pwomèt: “Epi yon moun ki resevwa tout bagay avèk remèsiman, l ap glorifye; epi bagay ki sou tè sa a ap ajoute sou sa li genyen, menm yon santèn fwa, wi, menm plis.”9

Frè m ak sè m yo, avèk pil benediksyon Papa nou ki nan Syèl la, plan sali plen jenewozite L la, verite etènèl levanjil retabli a, ak pil bote ki gen nan vwayaj sa a sou tè a, “èske pa gen rezon pou nou rejwi?”10

Annou pran rezolisyon pou nou gen kè kontan, kèlkeswa sitiyasyon nou.

Konsènan rezolisyon

Yon jou n ap gen pou rive nan etap inevitab sa a pou n pase soti nan lavi mòtèl sa a pou ale nan lavi apre a. Yon jou n apral revize lavi nou epi mande si nou pa t dwe pi byen, pran pi bon desizyon, oubyen itilize tan nou pi sajman.

Pou evite kèk nan pwofon regrè lavi yo, li ta pi bon si nou ta pran kèk rezolisyon jodia. Se poutèt sa, annou:

  • Pran rezolisyon pou pase plis tan avèk moun nou renmen yo.

  • Pran rezolisyon pou eseye pi onètman vin moun Bondye vle nou ye a.

  • Pran rezolisyon pou n jwenn bonè, kèlkeswa sityasyon nou.

Mwen temwaye nou ke nou kapab anpeche anpil nan regrè demen yo nan suiv Sovè a jodia. Si nou te peche oswa fè erè---si nou te fè chwa nou regrèt kounyeya---nou gen don presye Ekspyasyon Kris la, ki ka pèmèt nou jwenn padon. Nou pa ka retounen al chanje lepase, men nou ka repanti. Sovè a kapab siye dlo regrè yo nan je nou11 epi retire fado peche nou yo.12 Ekspyasyon l lan pèmèt nou kite lepase dèyè pou n avanse avèk men pwòp, yon kè pi,13 ak yon detèminasyon pou nou fè pi byen e espesyalman vin pi bon.

Wi, lavi sa a ap pase vit; jounen nou yo sanble yo pase rapid; e lanmò parèt efreyan pafwa. Men, espri nou ap kontinye viv e yon jou nou pral reyini avèk kò resisite nou an pou nou resevwa laglwa imòtèl. Mwen rann temwayaj solanèl mwen ke gras ak Kris mizèrikòdye a, nou tout ap viv ankò e pou tout tan. Gras ak Sovè ak Redanmtè nou an, yon jou nou pral vrèman konprann e rejwi nan siyifikasyon pawòl sa yo: “Kris la anglouti agoni lanmò a.”14

Chemen ki mennen nan akonpli destine divin nou antanke pitit gason ak pitit fi Bondye a se yon chemen etènèl. Chè frè m ak sè m yo, chè zanmi mwen, nou dwe kòmanse mache sou chemen etènèl sa a jodia menm; nou pa ka pèmèt nou pèdi yon grenn jou. Mwen priye pou nou pa tann jislè nou prèske mouri pou nou vrèman aprann viv. Nan non sakre Jezikri, amèn.