2010–2019
Yon Pa Pi Pre Sovè a
Oktòb 2012


Yon Pa Pi Pre Sovè a

Konvèsyon se bi tout aprantisaj ak tout ansèyman levanjil la. Konvèsyon se pa yon evenman toudenkou. Tounen plis tankou Sovè a se rechèch tout yon lavi.

Pandan ete pase a, yon atik brèf mwen te ekri te parèt nan Liahona ak Ensign. Pitit gason m nan te voye yon mesaj email ban mwen, li di: “Papa, ou te ka petèt prevni nou ke w gen yon atik yo t apral pibliye.” M te reponn: “Mwen t ap teste ou pou m wè si w li magazin Legliz yo.” Li te ekri m ankò pou l te fè m konnen pitit fi l la ki gen 10 zan te pase tès la. “Li te pran Liahona la nan nan bwat postal la, li te antre lakay li, epi l te li l. Apre sa, li te vin nan chanm nou pou l montre nou atik la.”

Pitit pitit fi m nan te li magazin Liahona a paske li te vle aprann. Li egzèse libabit li pou l chwazi. Resamman, Premye Prezidans la te apwouve yon nouvo pwogram pou jèn yo pou sipòte yo nan dezi andedan yo pou aprann nan, pou viv levanjil la ak pou pataje li. Nouvo pwogram sa a disponib kounyeya e nou ka al konsilte l sou entènèt. Nan mwa Janvye a, nou pral kòmanse itilize l nan klas yo. (Aprann plis sou nouvo pwogram aprantisaj pou jèn yo nan lds.org/youth/learn.)

Lè Sovè a t ap anseye, li te respekte dwa moun ki t ap aprann nan. Non sèlman li te aprann nou sa nou dwe anseye, men tou, li te montre nou kòman pou nou anseye tou. Li te konsantre sou bezwen moun ki t ap aprann nan. 1 Li te koute lè yo poze kesyon.2

Nouvo pwogram aprantisaj sa a pral ede nou aprann ak anseye nan fason Sovè a, lakay nou ak nan klas nou yo.3 Lè nou fè sa, n ap reponn envitasyon li ban nou an ki di: “Vini, suiv mwen”4 an, jan Èldè Robert D. Hales sot si byen anseye nou an. Pandan nou t ap prepare nouvo pwogram sa a, mwen te wè dirijan ak enstriktè nan òganizasyon oksilyè yo ak nan seminè yo reyini avèk paran yo pou yo te kapab reponn ak bezwen elèv yo. Mwen te wè jènfi nan klas yo, jènjan nan Kowòm prètriz Aawon yo ak jèn nan LekòldiDimanch yo aprann egzèse libabit yo epi aji pou tèt pa yo.

Yonn nan enstriktris LekòldiDimanch pou klas jèn yo te mande kouman pou l te ede de jèn gason ki te andikape egzèse pou yo aji pou tèt pa yo. Lè l te envite manm klas yo pou yo te pataje sa yo t ap aprann, li te pè pou de jènjan sa yo p at refize envitasyon l la. Men, yo pat refize. Yonn ladan yo te kanpe pou l anseye sa l te aprann epi apre sa, li te envite kanmarad klas li a ki te andikape a pou vin ede l. Lè premye a te kòmanse gen difikilte, kanmarad klas li a te rete bò kote l epi l te chichote nan zòrèy li pou l te kapab santi l reyisi. Se toulède k te anseye jou sa. Yo te anseyesa Sovè a te anseye, men yo te anseye fason Sovè a te anseye tou. Lè Sovè a te anseye, Li te aji avèk amou pou moun Li tap anseye yo, menm jan konpayon klas sa te fè pou zanmi li a.5

Lè nou aprann epi nou anseye pawòl Li yo nan fason pa Li, nou aksepte envitasyon L la ki di: “Vini, suiv mwen.” Nou swiv Li pazapa. Nan chak pa nou fè, nou apwoche pi pre Sovè a. Nou chanje. Senyè a te konnen pwogresyon espirityèl la pa fèt toudenkou. Li fèt pazapa. Chak fwa nou aksepte envitasyon Li epi nou chwazi pou nou swiv Li, nou pwogrese sou chemen konvèsyon total la.

Konvèsyon se objektif tout aprantisaj ak tout ansèyman nan levanjil la. Kevèsyon se pa yon evenman ki akonpli toudenkou. Se yon dewoulman kontinyèl nan lavi moun ki vle vin plis tankou Sovè a. Èldè Dallin H. Oaks te raple nou ke li pa ase “pou nou konnen sèlman.” “Pou nou ‘konvèti’ ... sa mande pou nou aji epi devni.6. Konsa, aprann pou nou konvèti se yon pwosesis kontinyèl kote nou aji epi nou devni yon bagay. Menmjan tou, anseye konvèsyon mande pwen doktrin kle, envitasyon pou aji, ak pwomès benediksyon.7. Lè nou anseye vrè doktrin nan, nou ede etidyan yo aprann. Lè nou envite lòt moun pou yo aji, nou ede yo pou yo aji epi pou yo pratike doktrin nan. Epi lè benediksyon Senyè a pwomèt yo vini, nou chanje. Tankou Alma, nou kapab vin tounen yon nouvo kreyati.8

Nouvo pwogram aprantisaj pou jèn yo gen yon objektif santral: ede jèn yo konvèti nan levanjil Jezikri a. Resamman, m te wè yon jèn gason nan klas Lekòldidiman pou jèn yo ki te dekouvri verite a pou tèt pa li. Lè m te remake li te gen difikilte pou l te adapte Ekspyasyon an ak pwòp lavi pa li, mwen te mande l si l te konn janm santi ke l jwenn padon. Li te reponn: “Wi, tankou fwa kote m te kase nen yon kamarad pandan nou t ap jwe foutbòl. Sa te fè m mal. M te mande kisa m ta ka fè pou m ta santi m byen. Epi m t al lakay li e m te mande l pou l padome m, men, m te konnen m dwe fè plis pase sa, mwen te priye, epi apre sa, m te santi Papa nou ki nan Syèl la te padone m tou. Se sa sakrifis ekspyatwa a vle di pou mwen.”

Lè l te pataje eksperyans sa a nan klas la jou sa a, li te li Jan 3:16—“Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl Pitit Gason Literal li a pou yo,”—apre sa, li te temwaye sou pouvwa sakrifis ekspyatwa a. Doktrin sa a pa t yon konsèp enpratikab ankò pou jèn gason sa a. Li te vin fè pati nan lavi li paske li te poze tèt li kesyon an epi l te egzèse libabit li pou l te aji.9

Jèn gason sa a te vin plis konvèti, ansanm avèk kanmarad klas li yo. Yo te etidye ekriti yo pou yo konsantre sou yon doktrin esansyèl. Yo te aplike pawòl sakre sa yo nan lavi pa yo, epi yo te temwaye konsènan benediksyon yo te resevwa poutèt yo te aplike doktrin nan. Lè nou anseye levanjil Jezikri a, nou konsantre sou ekriti yo ak pawòl pwofèt modèn yo. Nou itilize tèks sakre yo pou ede nou ranfòse fwa nou, pou bati temwayaj nou, epi pou nou ede chak moun vin konvèti konplètman. Nouvo pwogram aprantisaj pou jèn yo pral ede tout moun ki itilize yo konprann ak pratike pawòl Bondye a.

Pandan m t ap anseye Sen ki nan Kostarika yo, mwen te montre yo liv Anseye, pa gen pi gwo apèl la, epi m te mande: “Konbyen moun nan pami nou ki gen liv sa a?” Prèske tout moun te leve men yo anlè. M te souri, epi m te di: “M parye nou li l chak jou”. M te etone lè yon sè nan premye ranje a te leve men l, pou montre li te li l chak jou. M te mande l pou l te vini sou chè a pou eksplike nou. Li te reponn: “Mwen li Liv Mòomon an chak maten. Apre sa, mwen li kèp pati nan Anseye, pa gen pi gwo apèl la, pou m kapab anseye pitit mwen yo sa m te aprann nan pi bon fason m kapab.”

Li te vle aprann ak anseye pawòl Senyè a nan fason Senyè a, e se poutèt sa, li te etidye pawòl li nan ekriti yo epi l te etidye kouman pou l te anseye l pou pitit li yo te kapab totalman konvèti. M panse ke pwosede li te itilize pou aprann ak anseye levanjil la pat vini toudenkou. Li te pran desizyon pou l te aji. E plis li te fè sa l te konnen l te dwe fè, se plis Senyè a te fòtifye li pou l te ka suiv chemen Li.

Kèk fwa, chemen konvèsyon an kapab long, li kapab rèd. Bofrè m nan te inaktif nan Legliz la pandan 50 an. Se sèlman nan 60tèn li li te kòmanse aksepte envitasyon Sovè a pou l retounen an. Anpil moun te ede l pandan tan sa a. Yon enstriktè nan fwaye te voye yon kat postal ba li chak mwa pandan 22 zan. Men, se li k te pou pran desizyon pou l te retounen an. Li te oblije egzèse libabit li. Li te bezwen fè premye pa a—epi yon lòt pa, epi yon lòt ankò. Kounyeya, li sele nan tanp avèk madanm li epi lap sèvi nan yon episkopa.

Resamman, nou te montre l videyo yo te prepare pou ede dirijan yo ak enstriktè yo enplante nouvo pwogramm aprantisaj la. Lè l te fin gade videyo a, bòfrè m nan te kage sou chèz li epi l te di: “Petèt, si m te gen bagay sa a lè m te jèn, mwen pa t ap tonbe.”

Sa gen kèk semèn, mwen te rankontre yon jèn gason ki te gen difikilte. M te mande si l te manm legliz la. Li te di m konsa li pa enterese nan Bondye, men, lè l te pi jèn, li te konnen Legliz la. Lè m te pale l de apèl mwen nan Lekòldidimanch la epi m te di l mwen ta pral pale nan konferans jeneral la, li te di: “Si w ap pale, m ap gade sesyon kote w ap pale a.” Mwen espere l ap gade jodi a. Mwen konen si l ap gade, l ap aprann yon bagay. Sant Konferans sa a se yon kote eksepsyonèl pou yon moun aprann ak anseye sou konvèsyon.

Lè nou viv prensip moun nou soutni kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè yo anseye nou yo, nou aprann nan fason Senyè a.10 Nou fè yon pa pi pre Li. Pandan konferans sa a prèske fini an, mwen envite tout moun k ap koute vwa m yo pou yo fè pa sa a. Menmjan ak Nefit yo nan ansyen tan an, nou kapab retounen lakay nou pou nou “reflechi sou bagay m te di nou yo, e mande Papa m, nan non m pou [nou] kapab konprann.”11

Nou vle pou tout jèn yo konprann. Nou vle yo aprann, anseye, e viv levanjil Jezikri a chak jou. Se sa Senyè a vle pou tout pitit Li yo. Keseswa ou se yon timoun, jèn moun, oubyen granmoun, mwen envite ou pou ou vin jwenn Kris la epi suiv pa li. Mwen temwaye ke, chak pa nou fè, Senyè a ap fòtifye nou. L ap ede nou fè rès wout la. Epi, lè nou rankontre obstak, n ap kontinye vanse. Lè nou gen dout, n ap kontinye vanse. Nou pa p janm retounen dèyè. Nou p ap janm tonbe.

Mwen temwaye ke Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, vivan, Mwen temwaye ke Sovè a kontinye ap fè nou siy pou nou vin jwenn ni menmjan li te konn fè nan tan lontan an. Nou tout kapab aksepte envitasyon L la. Nou tout kapab aprann, anseye, epi viv pawòl li nan fason pa li, pandan n ap fè yon pa pwoche pi pre Sovè a. Si nou fè sa, n ap vin konvèti tout bon. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Jan 3:1–7. Nan pasaj sa a, Sovè a te reponn kesyon Nikodèm te limenm soulve a. Li reponn bezwen Nikodèm yo. Li pèmèt li egzèse libabit li pou aprann. Li ede l dekouvri repons la pou tèt pa li.

  2. Gade Jan 3:4; Joseph Smith—Istwa 1:18.

  3. Gade “Teaching the Gospel in the Savior’s Way,” lds.org/youth/learn/guidebook/teaching.

  4. Gade Lik 18:18–22.

  5. Gade 1 Jan 4:19.

  6. Dallin H. Oaks, “The Challenge to Become,” Liahona, Jan. 2001, 41: “Temwaye se konnen ak deklare. Levanjil la mande nou pou nou ‘konvèti,’ sa ki mande pou nou aji ak pou nou devni. Si gen nan nou ki kontante yo de konesans la ak temwayaj levanjil la sèlman, nou nan menm pozisyon Apot yo, beni men pa atenn bi yo, ke Jezi te mande pou yo ‘konvèti’ a. Nou tout siman konn yon moun ki gen yon temwayaj solid men ki pa aji nan fason pou l vrèman konvèti.”

  7. Gade Abraram 2:11.

  8. Gade Mozya 27:24–26; 2 Korentyen 5:17.

  9. Gade David A. Bednar, “Watching with All Perseverance,” Liahona, Me 2010, 43: “Èske nou menm avèk mwen ap ede pitit nou yo vin moun k ap aji ki ap chèche pa etid ak pa lafwa, oubyen èske nou fòme pitit nou yo pou yo tann pu moun enstwi yo ak aji pou yo? Nou menm, paran, èske nou bay pitit nou yo ekivalan pwason espirityèl pou yo manje a oubyen èske nou ede yo pou yo toujou aji, aprann pou tèt pa yo epi rete fèm ak inebranlab? Èske nou ede pitit nou yo travay avèk zèl pou yo mande, chèche, epi frape?”

  10. Gade Dennis B. Neuenschwander, “Living Prophets, Seers, and Revelators,” Liahona, Jan. 2001, 49–51.

  11. 3 Nefi 17:3.