Pwoteje timoun yo

Pa Èldè Dallin H. Oaks

Nan Kolèj Douz Apot yo


Pèsonn pa dwe gen objeksyon pou priyè nou pou nou ini ansanm pou n pi sousye pou byennèt ak avni timoun nou yo—jenerasyon k ap grandi a.

Nou tout ka sonje sa nou te konn santi lè n tande yon timoun piti ap kriye e lonje lamen ba nou pou nou ede l. Se yon Papa eman nan Syèl la ki ba nou santiman sa yo pou pouse nou ede pitit li yo. Tanpri, raple nou santiman sa yo pandan m ap pale sou responsablite nou genyen pou pwoteje timoun yo e aji pou byennèt yo.

M ap pale nan pwendvi pèspektiv levanjil Jezikri a, espesyalman plan sali L la. Sa se apèl pa m. Dirijan lokal yo nan Legliz la responsab yon sèl jiridiksyon, tankou yon pawas oswa yon pye, men yon Apot gen responsablite pou l temwaye bay mond la tout antye. Nan tout peyi, tout ras ak tout nasyonalite, tout timoun se pitit Bondye.

Malgre ke m pa p pale de politik oswa lejislasyon, menmjan ak lòt dirijan yo nan Legliz la, mwen pa ka pale de byennèt timoun yo san sa pa enplike chwa sitwayen yo, responsab lavi piblik yo, ak moun k ap travay nan òganizasyon prive yo ap fè. Sovè a ba nou tout kòmandman pou youn renmen lòt ak youn sousye pou lòt, patikilyèman sa ki fèb ak san defans yo.

Timoun yo frajil anpil. Yo pratikman pa gen okenn posiblite pou pwoteje tèt yo ni pou okipe tèt yo e yo pa gen enfliyans sou tout sa ki endispansab pou byennèt yo. Timoun bezwen pou lòt moun pale pou yo, e yo bezwen moun k ap pran desizyon pou byennèt yo e ki mete byennèt yo anlè enterè egoyis grandèt yo.

I.

Sa chokan pou nou wè, toupatou nan mond lan, dèmilyon timoun ki viktim anba krim ak egoyis grandèt malfezan.

Nan kèk peyi lagè ap dechire, yo kidnape timoun pou anwole yo pa fòs kòm sòlda nan lame k ap goumen.

Yon rapò nan Etazini estime ke prèske de milyon timoun viktim chak ane anba pwostitisyon ak pònografi.1

Nan optik plan sali a, youn nan pi gwo abi yo fè timoun se refize yo pran nesans. Sa se yon tandans mondyal. To nesans nan Etazini vin pi ba nan dènye 25 an k pase yo,2 epi to nesans nan anpil peyi Ewòp ak Azi yo desann ba nèt depi plizyè ane. Sa se pa sèlman yon kesyon relijyon. Si jenerasyon k ap grandi yo ap diminye konsa, kilti yo e menm nasyon yo ap depeple e y ap finalman disparèt.

Youn nan koz to nesans sa a diminye konsa a se pratik avòtman an. Yo estime ke gen plis pase 40 milyon avòtman pa ane nan mond lan.3 Anpil lwa otorize e menm ankouraje avòtman, men pou nou menm, sa se yon gwo mal. Lòt abi kont timoun yo ki fèt pandan moun yo ansent yo, se domaj timoun sibi akoz manman ki mal nouri tèt yo oubyen k ap itilize dwòg.

Gen yon iwoni trajik nan miltitid timoun sa yo y ap elimine oswa fè mal anvan nesans yo a pandan ke gen dèmilye koup moun ki pa ka fè pitit ki ta renmen fè pitit e k ap chèche adopte timoun.

Abi kont timoun oubyen neglije timoun sibi apre nesans yo pi vizib piblikman toujou. Nan tout mond lan, prèske uit milyon timoun mouri anvan yo gen senkan, pifò anba maladi ki ta kapab trete oswa evite.4 Epi, Òganizasyon Mondyal Sante a rapòte ke yon timoun sou kat gen pwoblèm reta, mantalman ak fizikman, pou koz malnitrisyon.5 Nou menm, dirijan Legliz yo, k ap viv ak vwayaje toupatou, nou wè anpil nan bagay sa yo. Prezidans Jeneral Primè a pale de timoun k ap viv nan kondisyon “nou pa ta imajine.” Yon manman nan Filipin di: “Pafwa sa rive ke nou pa gen kòb pou achte manje, men se byen, paske sa ban m opòtinite pou anseye pitit mwen yo sou lafwa. Nou reyini epi nou priye pou n jwenn sekou, epi timoun yo wè Senyè a beni nou.”6 Nan Afrik diSid, yon dirijant Primè te rankontre yon tifi, tou piti, sèl, tris. Nan repons tou fèb pou kesyon l te poze li, tipitit la te di li pa t gen manman, ni papa, ni grann—sèlman yon granpapa pou pran swen li.7 Kalite trajedi sa yo kouran sou yon kontinan kote anpil paran mouri anba SIDA.

Menm nan peyi rich yo, timoun piti ak jèn yo andikape pa neglijans. Timoun ki grandi nan pòvrete yo gen mwens aksè ak swen sante e mwens opòtinite pou yo al lekòl. Yo ekspoze anba anviwonman danjere nan atouraj fizik ak kiltirèl yo e menm anba neglijans paran yo. Èldè Jeffrey R. Holland te rakonte eksperyans yon ofisye polis ki se manm Legliz la. Nan yon envestigasyon l t ap mennen, li te jwenn senk timoun ki te kole ti kò yo ansanm pou yo te eseye dòmi san dra sou yon planche sal nan yon kay kote manman yo ak lòt moun t ap bwè epi fè fèt. Apatman an pa t gen manje pou pase grangou timoun yo. Apre l te fin mete timoun yo nan yon ti kaban li te debwouye l ranje pou yo, ofisye polis la te mete ajenou epi l te priye pou pwoteksyon yo. Pandan l t ap mache soti nan pòt la, youn nan timoun yo, anviwon sizan, te kouri dèyè li, li te kenbe bra l epi l te di “tanpri, èske w ka adopte m?”8

Nou sonje ansèyman Sovè a kote l te pran yon timoun piti mete chita sou li devan disip Li yo epi l te deklare:

“Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.

“Kanta moun ki ofanse youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an, li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l voye l jete nan fon lanmè” (Matye 18:5–6).

Lè nou reflechi sou danje nou ta dwe evite timoun yo tonbe yo, nou dwe mete abi psikolojik ladan tou. Paran oswa lòt moun k ap okipe timoun oswa pwofesè oswa zanmi ki rabese, britalize, oswa imilye timoun yo oubyen jèn yo kapab enflije yo blesi ki pi pèmanan pase blesi fizik. Lè nou fè yon timoun oswa yon jèn santi l pa gen valè, ke yo pa renmen l, oswa l endezirab, sa kapab enflije timoun sa a blesi ki grav sou devlopman ak byennèt emosyonèl li ki p ap janm geri.9 Jèn k ap lite anba yon sitiyasyon eksepsyonèl yo, tankou atirans pou menm sèks, patikilyèman frajil e yo bezwen konpreyanson plen lanmou nou---pa pèsekisyon ni rejè.10

Avèk èd Senyè a, nou ka repanti epi chanje epi vin gen plis lanmou e pote plis èd bay pitit nou---pwòp pitit pa nou ak lòt ki antoure nou yo.

II.

Pa gen anpil egzanp menas fizik oswa emosyonèl timoun ap sibi ki osi grav ke sa ki soti nan relasyon yo avèk paran yo oswa moun k ap elve yo. Prezidan Thomas S. Monson te pale sou sa l rele “aksyon abominab” timoun ap sibi, kote yon paran brize oswa defigire yon timoun, fizikman oswa emosyonèlman.11 Mwen te konn kriye lè m te konn wè prèv chokan sou kalite bagay sa yo lè m t ap sèvi nan Lakou Siprèm Uta a.

Sa ki gen ekstrèm enpòtans pou byennèt timoun yo, se sitiyasyon marital paran yo, nati ak dire maryaj yo, e pi jeneralman, kilti ak demand konsènan maryaj ak swen timoun kote y ap viv la. De espesyalis sou kesyon fanmi eksplike: “Atravè listwa, maryaj te toudabò e anvan tout bagay, yon enstitisyon ki te vize pou pou fè timoun ak pou elve timoun. Li te founi lyen kiltirèl k ap chèche konekte papa ak pitit nan ini yo avèk manman pitit li. Men, nan tan sa yo, atansyon yo pa santre sou timoun ankò.”12

Yon pwofesè lalwa nan Harvard dekri lwa ak atitid epòk sa a anvè maryaj ak divòs: “Istwa [aktyèl] Etazini konsènan maryaj la, jan yo di l nan lalwa a ak nan pifò literati popilè yo, pati konsa: maryaj se yon relasyon ki egziste esansyèlman pou epanouwisman chak konjwen endividyèlman. Si konjwen an sispann ranpli fonksyon sa a, okenn moun pa pou blame e nenpòt nan konjwen yo ka mete fen nan maryaj la jan l vle. ... Se apèn si yo panse ak timoun yo nan sitiyasyon sa yo; olyesa yo pase pèsonaj mwens enpòtan ki pase nan dezyèm plas.”13

Dirijan legliz nou yo anseye ke konsidere maryaj “kòm yon senp kontra yon moun ka siyen pou bon plezi li ... epi tèmine l nan premye difikilte k prezante a ... se yon aksyon mechan ki merite gwo kondanasyon,” sitou lè gen timoun ladan k ap soufri.”14 E timoun yo soufri poutèt divòs yo. Plis pase mwatye divòs nan dènye ane sa yo enplike koup ki gen jèn timoun piti.15

Anpil timoun t ap gen benediksyon pou yo elve pa toulède paran yo si sèlman paran sa yo te aplike ansèyman enspire sa a nan pwoklamasyon sou fanmi an: “Mari ak madanm gen yon responsablite solanèl pou youn renmen ak pran swen lòt epi pou yo renmen ak pran swen pitit yo. ... Paran yo gen yon devwa sakre pou yo elve pitit yo nan lanmou ak jistis, pou satisfè bezwen fizik ak espirityèl yo, [epi] pou anseye yo pou yo sèvi epi pou youn renmen lòt.”16 Ansèyman ki pi puisan pou bay timoun yo se egzanp paran yo. Paran divòse yo inevitableman anseye yon leson negatif.

Asireman gen dè ka kote yon divòs nesesè pou byen timoun yo, men sikonstans sa yo eksepsyonèl.17 Nan pifò nan kerèl ki nan yon maryaj, paran k ap goumen yo ta dwe plis konsidere enterè timoun yo. Avèk èd Senyè a, yo kapab fè sa. Timoun yo bezwen fòs emosyonèl ak pèsonèl ki soti nan levasyon de paran ki ini nan maryaj yo ak nan bi yo. Antanke yon moun ki te elve pa yon manman ki te vèv, mwen byen plase pou m konnen ke sa pa toujou reyalizab, men li ta ideyal pou n ta chèche l otan sa posib.

Timoun yo se premye viktim anba lwa aktyèl ki otorize sa yo rele “divòs san fot” la. Nan pwendvi timoun yo, divòs twò fasil. Yon espesyalis renome, pou l te rezime dè syèk rechèch nan domèn syans sosyal, te rive nan konklizyon ke “estrikti familyal ki pwodui pi bon rezilta pou timoun, an jeneral, se de paran byolojik ki rete marye.”18 Yon jounalis nan New York Times te note “fè frapan ke nan moman menm maryaj tradisyonèl la ap bese anpil nan Etazini an ... gen plis prèv k ap akimile sou enpòtans enstitisyon sa a pou byennèt timoun yo.”19 Reyalite sa a ta dwe sèvi kòm gid pou paran aktyèl yo ak paran demen yo nan desizyon yo konsènan maryaj ak divòs. Epitou, nou bezwen pou politisyen yo, moun k ap fè lwa yo, ak ofisyèl gouvènman yo pote plis atansyon sou sa ki pi bon pou timoun yo kontrèman ak enterè egoyis moun k ap vote yo ak moun ki byen fò ap pwoklame yo se defansè enterè adilt yo.

Timoun yo viktim anba maryaj ki pa fèt yo tou. Pa gen anpil mezi sou byennèt jenerasyon k ap leve a ki pi enkyetan pase rapò resan ki di ke, nan karanteyen pousan ka nan Etazini, se moun ki pa marye k ap fè pitit.20 Manman ki pa marye sa yo gen gwo difikilte, e prèv la klè ke timoun sa yo trè an dezavantaj konpare avèk timoun k ap elve pa paran ki marye yo.21

Nan majorite timoun ki fèt pa manman ki pa marye yo--senkantwit pousan---fèt pa koup moun ki plase.22 Kèlkeswa sa nou kapab di sou desizyon koup sa yo pou yo pa marye a, etid demontre ke timoun ki fèt ladan yo soufri anpil dezavantaj parapò ak lòt timoun.23 Pou timoun yo, estabilite ki genyen nan maryaj la enpòtan.

Nou dwe asime ke se menm dezavantaj yo ki genyen pou timoun k ap elve pa koup moun menm sèks yo. Etid nan domèn syans sosyal la yo kestyonab e yo fè anpil deba politik sou efè alontèm sa genyen sou timoun yo, prensipalman paske, jan yon jounalis New York Times te obsève a “maryaj omoseksyèl la se yon eksperyans sosyal, e menmjan ak pifò eksperyans, sa ap pran tan pou yo konprann konsekans li.”24

III.

M pale pou timoun yo—timoun toupatou. Gen kèk moun ki petèt pral rejte kèk nan egzanp sa yo, men okenn moun pa ta dwe gen objeksyon ak demann pou nou ini pou ogmante byennèt ak avni pitit nou yo—jenerasyon k ap monte a.

N ap pale de pitit Bondye, e avèk èd puisan Li, nou kapab fè plis pou ede yo. Nan bi sa a, mwen pa adrese m ak Sen Dènye Jou yo sèlman men a tout moun lòt relijyon ak lòt moun ki gen yon sistèm valè ki pouse yo fè bezwen pèsonèl yo pase apre bezwen pa lòt moun, patikilyèman apre byennèt timoun yo.25

Moun ki relijye yo egalman konsyan de ansèyman Sovè a nan Nouvo Testaman an ki di ke timoun piti yo se modèl imilite e moun kapab anseye yo.

“An verite, m ap di nou, si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou pap janm kapab antre nan wayòm syèl la.

“Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va pi gran nan wayòm Bondye a” (Matye 18:3–4).

Nan Liv Mòmon an nou li ansèyman Senyè resisite a te bay Nefit yo ke yo dwe repanti epi batize “epi vin tankou yon timoun piti” sinon yo pa t ap kapab eritye wayòm Bondye a God (3 Nefi 11:38; gade tou Mowoni 8:10).

Mwen priye pou nou tout soumèt tèt nou tankou timoun piti epi chèche pwoteje pitit nou yo, paske yo se lavni, pou nou menm, pou Legliz nou, ak pou peyi nou. Nan non Jezikri, amèn.

Mostrar referencias

  1.  

    1. Gade UNICEF, The State of the World’s Children 2005: Childhood under Threat (2004), 26.

  2.  

    2. Gade Haya El Nasser, “National Birthrate Lowest in 25 Years,” USA Today, July 26, 2012, A1.

  3.  

    3. Gade Gilda Sedgh and others, “Induced Abortion: Incidence and Trends Worldwide from 1995 to 2008,” The Lancet, vol. 379, no. 9816 (Feb. 18, 2012), 625–32.

  4.  

    4. Gade UNICEF, “Young Child Survival and Development,” http://www.unicef.org/childsurvival/index.html.

  5.  

    5. Gade World Health Organization, World Health Statistics 2012 (2012), 109, 118.

  6.  

    6. Rapò prezidans jeneral Primè a, 13 Sept 2012.

  7.  

    7. Rapò prezidans jeneral Primè a.

  8.  

    8. Gade Jeffrey R. Holland, “Israel, Israel, God Is Calling” (Church Educational System fireside for young adults, Sept. 9, 2012), lds.org/broadcasts; gade tou R. Scott Lloyd, “Zion Not Only Where, but How We Live, Says Elder Holland,” Deseret News, Sept. 10, 2012, B2.

  9.  

    9. Gade Kim Painter, “Parents Can Inflict Deep Emotional Harm,” USA Today, July 30, 2012, B8; Rachel Lowry, “Mental Abuse as Injurious as Other Forms of Child Abuse, Study Shows,” Deseret News, Out 5, 2012, A3.

  10.  

    10. Gade “End the Abuses,” Deseret News, June 12, 2012, A10.

  11.  

    11. Thomas S. Monson, “A Little Child Shall Lead Them,” Liahona, Jen 2002, 2; Ensign, Me 1990, 53.

  12.  

    12. W. Bradford Wilcox and Elizabeth Marquardt, eds., The State of Our Unions: Marriage in America (2011), 82.

  13.  

    13. Mary Ann Glendon, Abortion and Divorce in Western Law: American Failures, European Challenges (1987), 108.

  14.  

    14. David O. McKay, “Structure of the Home Threatened by Irresponsibility and Divorce,” Improvement Era, 5 Jen 1969.

  15.  

    15. Gade Diana B. Elliott and Tavia Simmons, “Marital Events of Americans: 2009,” American Community Survey Reports, Out 2011.

  16.  

    16. “The Family: A Proclamation to the World,” Liahona ak Ensign, Nov. 2010, 129.

  17.  

    17. Gade Dallin H. Oaks, “Divorce,” Liahona ak Ensign, Me 2007, 71.

  18.  

    18. Charles Murray, Coming Apart: The State of White America, 1960–2010 (2012), 158.

  19.  

    19. Ross Douthat, “Gay Parents and the Marriage Debate,” New York Times, June 11, 2012, http://douthat.blogs.nytimes.com/2012/06/11/gay-parents-and-the-marriage-debate.

  20.  

    20. Gade Joyce A. Martin and others, “Births: Final Data for 2010,” National Vital Statistics Reports, vol. 61, no. 1 (Out 2012), 10.

  21.  

    21. Gade William J. Doherty and others, Why Marriage Matters: Twenty-One Conclusions from the Social Sciences (2002); W. Bradford Wilcox and others, Why Marriage Matters: Thirty Conclusions from the Social Sciences, 3rd ed. (2011).

  22.  

    22. Gade Martin, “Births: Final Data for 2010,” 10–11.

  23.  

    23. Gade Wilcox, Why Marriage Matters.

  24.  

    24. Douthat, “Gay Parents and the Marriage Debate.” Ankèt ki pi resan ak pi konplè a pote limyè sou dezavantaj enpòtan ki rapòte pa jèn adilt ke paran yo gen relasyon omoseksyèl anvan yo timoun yo gen dizuitan (gade Mark Regnerus, “How Different Are the Adult Children of Parents Who Have Same-Sex Relationships? Findings from the New Family Structures Study,” Social Science Research, vol. 41 [2012], 752–70).

  25.  

    25. Sen Dènye Jou yo patikilyèman soutni ke wòl paran yo se youn nan bi ki pi enpòtan nan lavi a (gade Pew Research Center’s Forum on Religion and Public Life, Mormons in America: Certain in Their Beliefs, Uncertain of Their Place in Society, Jan. 12, 2012, 10, 16, 51).