Wè lòt moun jan yo ka devni

Pa Prezidan Thomas S. Monson


Nou dwe akeri kapasite pou nou wè moun non pa jan yo ye aktyèlman an men jan yo ka devni.

Chè frè m yo, defwa pa ane, bèl Sant Konferans sa a konplètman ranpli avèk detantè Prètriz Bondye a ki rasanble pou tande mesaj enspiran. Gen yon bèl santiman espirityèl ki prezan nan reyinyon jeneral Prètriz Legliz la. Espri sa a soti nan Sant Konferans lan pou l penetre nan chak bilding kote pitit gason Bondye yo rasanble. Nou siman santi espri sa a aswè a.

Sa gen kèk ane, anvan bèl Sant Konferans sa a te bati, yon vizitè Temple Square nan Salt Lake City te asiste yon sesyon jeneral konferans nan Tabènak la. Li te koute mesaj Frè yo. Li te pote atansyon a priyè yo. Li te koute bèl mizik Kè Tabènak la te prezante yo. Li te emèveye pou grandè òg mayifik Tabènak la. Lè reyinyon an te fini yo te tande l di: “M ta bay tout sa m posede si m te konnen sa oratè yo te di la a jodia se vre.” Angwo li t ap di “M swete m te gen yon temwayaj konsènan levanjil la.”

Pa gen absoliman anyen nan mond sa a ki pote plis rekonfò ak bonè pase yon temwayaj konsènan laverite. Mwen panse ke chak gason ak chak jènjan ki la a aswè a gen yon temwayaj, nan yon degre kèlkonk. Si ou santi temwayaj ou pa gen pwofondè ou ta swete a, mwen egzòte w pou w travay pou atenn yon temwayaj. Si temwayaj ou solid ak pwofon, travay pou w kenbe l konsa. Ala nou beni pou n gen yon konesans sou laverite!

Mesaj mwen aswè a, frè m yo, se sa a: gen anpil moun ki gen tikras temwayaj oubyen ki pa gen temwayaj ditou kounyeya la a, moun ki ta ka resevwa e ki t ap resevwa yon temwayaj si nou te dispoze pou fè efò pou pataje pa nou an epi pou ede yo chanje. Nan kèk sikonstans, se nou menm ki ka motive yo pou yo chanje. M ap mansyone premyèman moun ki se manm men ki pou lemoman pa totalman angaje nan levanjil la.

Sa gen kèk ane, nan yon konferans rejyonal ki te fèt nan Helsinki, nan Finlann, mwen te tande yon mesaj memorab e motivan yo te bay nan yon sesyon pou manman yo ak pitit fi yo. Mwen pa janm bliye mesaj sa a, malgre sa gen prèske 40 an depi m te tande li. Pami verite oratris la te pale yo, li te di ke yon fi bezwen pou yo di l li bèl. Li bezwen pou yo di l yo apresye li. Li bezwen pou yo di l li gen valè.

Frè m yo, mwen konnen gason yo sanblab anpil avèk fi yo nan domèn sa a. Nou bezwen pou yo di nou nou gen valè, ke nou kapab e nou gen merit. Nou bezwen yo ba nou okazyon pou nou sèvi. Pou manm ki vin inaktif yo oubyen ki ap ezite pou retounen aktif yo, nou ka chèche, nan lapriyè, pou jwenn yon fason pou touche yo. Envite yo pou yo sèvi nan tèl ou tèl apèl se kapab presizeman motivasyon yo bezwen an pou retounen aktif la. Men dirijan ki ta ka ede yo nan domèn sa a pafwa ezitan pou fè sa. Nou bezwen konnen moun ka chanje. Yo ka abandone move abitid yo. Yo ka repanti pou transgresyon yo. Yo ka detni prètriz la diyman. Epi yo ka sèvi Senyè a ak dilijans. Kite m bay kèk ilistrasyon.

Lè m te fèk vin manm Kolèj Douz Apot yo, mwen te gen okazyon pou m te akonpaye Prezidan N. Eldon Tanner, konseye Prezidan David O. McKay, nan yon konferans pye nan Alberta, Canada. Pandan reyinyon an, prezidan pye a te li non kat frè ki te kalifye pou yo te òdone kòm ansyen. Mesye sa yo sete moun Prezidan Tanner te konnen, paske li te viv nan zòn nan yon fwa. Men li te raple l yo jan yo te ye yon fwa e li pa t konnen ke yo te totalman ranje lavi yo e yo te totalman kalifye pou yo te vin ansyen.

Prezidan pye a te li non premye mesye a e l te mande l pou l kanpe. Prezidan Tanner te chichote ban mwen “Gade li. Mwen pa t janm panse l t ap rive la a. Prezidan pye a te li non dezyèm mesye a, epi li te kanpe. Prezidan Tanner te jantiman touche m ankò epi li te di m etonman li. Epi konsa sa te ye pou tout kat frè yo.

Apre reyinyon an, Prezidan Tanner avèk mwen te gen opòtinite pou n te konplimante frè sa yo. Yo te demontre ke moun ka chanje.

Pandan ane 1940 ak 1959 yo, yon direktè yon prizon Ameriken, Clinton Duffy, te renome pou efò li pou refòme mesye k te nan prizon l yo. Yon kritik te di: “Èske w pa konnen ke leyopa pa ka tounen mouton?”

Warden Duffy te reponn: “Aprann ke m pap travay avèk leyopa. M ap travay avèk moun, e moun chanje chak jou.”1

Sa gen kèk ane, m te gen opòtinite pou m te sèvi kòm prezidan Misyon Kanadyen an. Nou te gen yon branch lè sa a ki pa t gen anpil detantè prètriz. Nou te toujou gen yon misyonè kòm prezidan branch lan. Mwen te resevwa gwo enpresyon ke nou te bezwen gen yon manm branch lan kòm prezidan branch.

Nou te gen yon manm adilt nan branch lan ki sete yon dyak nan Prètriz Aawon an men ki pa t vin legliz ni patisipe ase nan reyinyon yo pou l te avanse nan Prètriz la. Mwen te santi m enspire pou m te aple li kòm prezidan branch. M ap toujou sonje jou sa a m te gen entèvyou avèk li a. Mwen te di l Senyè a te enspire m pou m te aple li pou l vin prezidan branch lan. Apre anpil pwotestasyon bò kote pa li, ak anpil ankourajman bò kote madanm ni, li te di l te prè pou sèvi. Mwen te òdone l prèt.

Sa sete yon nouvo depa pou mesye sa a. Li pa t pran tan pou l te mete lavi li annòd, epi li te asire m ke li t ap viv kòmandman yo jan yo te atann pou l viv yo a. Nan lespas kèk mwa sèlman, li te òdone kòm ansyen. Nan apre, madanm ni ak li te finalman ale nan tanp e yo te sele. Pitit yo te sèvi misyon e yo te marye nan Kay Senyè a.

Pafwa, lefèt ke nou frè yo konnen nou bezwen yo e nou apresye yo a kapab ede yo franchi premye etap ki mennen nan angajman pou yo vin totalman aktif la. Sa ka vre pou detantè Prètriz yo kèlkeswa laj yo. Responsablite nou se ba yo opòtinite pou yo viv jan yo ta dwe. Nou ka ede yo simonte feblès yo. Nou dwe akeri kapasite pou wè yo non pa jan yo ye kounyeya men jan yo ka devni demen lè yo resevwa temwayaj konsènan levanjil Kris la.

Yon fwa, m t ale nan yon reyinyon nan Leadville, nan Kolorado. Leadville sitiye nan yon altitid plis pase 3.000 mèt. Mwen sonje reyinyon patikilye sa a akoz elve a, men, mwen sonje l pou sa k te pase jou swa sa a tou. Pa t gen anpil detantè prètriz ki te prezan. Menmjan ak branch nan Misyon Kanadyen an, branch sa a te prezide pa yon misyonè e l te toujou konsa.

Jou swa sa a, nou te fè yon bèl reyinyon, men pandan nou t ap chante chan kloti a, mwen te resevwa enspirasyon ke ta dwe gen yon prezidan branch lokal pou prezide. Mwen te vire gade prezidan misyon an epi m te mande: “Èske pa gen yon moun la a ki ta ka prezide—yon moun zòn nan?”

Li te reponn: “Mwen pa konn youn.”

Pandan nou t ap chante a, mwen te gade mesye yo ki te chita nan twa premye ranje yo. Atansyon m te atire pa youn nan frè yo. M te di prezidan misyon a: “Èske l ka sèvi kòm prezidan branch?”

Li te reponn: “M pa konnen. Petèt li ta kapab.”

Mwen te di: “Prezidan, m aprale avèk li nan lòt sal la pou m entèvyouve li. Pale apre chan kloti a jiskaske nou retounen.”

Lè nou toulède te retounen nan sal la, prezidan misyon an te fini temwayaj li. Mwen te prezante non frè a kòm nouvo prezidan branch. Apati jou sa a, Leadville, nan Colorado, te gen yon manm lokal ki t ap dirije inite sa a.

Frè m yo, menm prensip sa a aplike pou moun ki poko manm yo tou. Nou dwe devlope kapasite pou n wè moun non pa jan yo ye a men jan yo ka devni lè yo se manm legliz la, lè yo gen yon temwayaj, ak lè lavi yo an amoni avèk ansèyman l yo.

Nan ane 1961 an, yo te fè yon konferans mondyal pou prezidan misyon yo, e yo te fè chak prezidan misyon nan Legliz la vini Salt Lake City pou reyinyon sa yo. Mwen te vin Salt Lake City soti nan misyon m nan Toronto (Canada).

Nan yon reyinyon patikilye, N. Eldon Tanner, ki te Asistan Kolèj Douz yo lè sa a, te fèk retounen soti nan premye eksperyans li pou prezide sou misyon nan Grand Bretagne ak Lwès Ewòp yo. Nan reyinyon sa a, li te pale de yon misyonè ki te gen plis siksè l te rankontre nan tout entèvyou l te fè yo. Li te di ke lè l te entèvouve misyonè sa a, li te di l: “M sipoze ke tout moun ou batize yo antre nan legliz pa mwayen referans ou jwenn nan men manm yo.”

Jenòm nan te reponn: “Non, nou jwenn yo tout pa mwayen pòtapòt.”

Frè Tanner te mande l ki sa k te diferan nan apwòch li a—poukisa l te gen siksè fenomenal sa a pandan ke sa pa t konsa pou lòt misyonè yo. Jenòm nan te di ke li te eseye batize chak moun li te rankontre. Li te di ke, si l frape nan yon pòt epi l wè yon moun k ap fimen yon sigarèt, ki pa byen abiye epi ki aparaman sanble anyen pa enterese l—e sitou pa relijyon—misyonè a te eseye imajine kijan mesye sa a t ap ye si l te nan lòt sikonstans diferan. Nan lespri li, li imajine l byen pwòp byen abiye avèk yon chemiz blan ak pantalon blan. Epi apresa, misyonè a wè li menm k ap dirije moun sa a nan dlo batèm yo. Li te di: “Lè m gade yon moun nan fason sa a, mwen gen kapasite pou m rann ni temwayaj mwen nan yon fason ki ka touche kè li.”

Nou gen responsablite pou n wè zanmi nou, frekantasyon nou yo, ak vwazen nou nan fason sa a. Epi ankò, nou gen responsablite pou n wè moun non pa jan yo ye a men jan yo ka devni. M ap priye nou pou n panse avèk yo nan fason sa a.

Frè m yo, Senyè a te di nou yon bagay sou enpòtans prètriz sa a nou detni an. Li te di nou ke nou resevwa li avèk yon sèman ak yon alyans. Li te ba nou enstriksyon pou nou rete fidèl ak lwayal nan tout sa nou resevwa, e nou gen responsablite pou n respekte alyans sa a jiskalafen. Epi lè sa a, n ap resevwa tout sa Papa a genyen.2

Kouraj se mo nou bezwen tande ak kenbe nan kè nou—kouraj pou vire do bay tantasyon, kouraj pou leve vwa nou rann temwayaj bay tout moun nou rankontre, pandan n ap sonje ke chak moun dwe gen yon opòtinite pou tande mesaj la. Se pa yon bagay ki fasil pou anpil nan nou. Men nou ka mete konfyans nan pawòl Pòl te voye bay Timote yo:

“Paske se pa yon espri timidite Bondye mete nan nou, men yon espri pouvwa, yon espri lanmou, ak yon espri tèt klè.

“Se poutèt sa nou pa bezwen wont kanpe pale pou Senyè nou an.”3

An Me 1974, m te avèk Frè John H. Groberg nan Zile Tonga yo. Nou te gen yon randevou pou n te vizite wa Tonga a, e nou te rankontre li nan yon rankont ofisyèl. Nou te pale de bagay pwotokòl abityèl yo. Men, anvan nou te ale, John Groberg te di yon bagay ki pa t abityèl ditou. Li te di: “Majeste, ou ta dwe vrèman vin Mòmon, ansanm avèk moun w ap gouvène yo tou, paske lè sa a, pwoblèm ou ansanm ak pwoblèm yo t ap grandman rezoud.”

Wa a te souri anpil epi l te reponn: “John Groberg, petèt ou gen rezon.”

M te panse ak Apot Pòl devan wa Agripa. M te panse ak repons wa Agripa te bay pou temwayaj Pòl la: “Talè konsa ou pral pran tèt mwen tou pou fè m kretyen.”4 Frè Groberg te gen kouraj pou l te rann yon wa temwayaj li.

Aswè a gen plizyè milye detantè prètriz k ap sèvi Senyè a aplentan kòm misyonè. An repons a yon apèl, yo kite kay, fanmi, zanmi, ak etid dèyè e y ale sèvi. Moun ki pa konprann yo poze kesyon sa a: “Poukisa yo reponn si vit konsa e yo si dispoze konsa?”

Misyonè nou yo ta ka reponn ak pawòl Pòl yo, misyonè san parèy la, nan premye jou yo: “Paske tande byen, se pa yon louwanj pou mwen dèske m ap anonse levanjil la; se yon obligasyon pou mwen; malè pou mwen si m pa preche levanjil la!”5

Ekriti yo pa gen pwoklamasyon ki pi apwopriye, responsablite ki pi obligatwa, enstriksyon ki pi dirèk pase egzòtasyon Senyè resisite a te bay lè l te parèt devan onz disip yo nan Galile a. Li te di:

“Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.

“Se poutèt sa, ale, fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a:

“Anseye yo pou yo obsève tout sa mwen te kòmande nou yo. Epi, sonje byen, mwen la avèk nou toulèjou, jouk sa kaba.”6

Kòmandman divin sa a, ansanm avèk bèl pwomès ki ladan l lan, se deviz nou jodia, jan l te ye nan tan ansyen an. Travay misyonè se yon trè distenktif Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li te toujou sa, e l ap toujou rete sa. Jan Pwofèt Joseph Smith te deklare a: “Apre tout sa ki fin di, devwa ki pi gwo ak pi enpòtan an se preche levanjil la.”7

Nan lespas de ti grenn ane, tout misyonè aplentan k ap sèvi aktyèlman nan lame wayal Bondye a apral fini travay aplentan yo a e y ap retounen lakay yo al jwenn fanmi yo. Ranplasan yo la a aswè a, pami detantè Prètriz Aawon yo nan Legliz la. Jènjan, èske nou pare pou reponn? Èske nou dispoze pou travay? Èske nou pare pou sèvi?

Prezidan John Taylor te rezime kondisyon yo: “Kalite gason nou bezwen pou pote mesaj levanjil sa a se gason ki gen lafwa nan Bondye; gason ki gen lafwa nan relijyon yo; gason ki onore prètriz yo; ... gason ki ranpli ak Sentespri a ak pouvwa Bondye; ... gason ki gen onè, entegrite, vèti, ak pite.”8

Frè m yo, nou tout resevwa manda pou pwoklame levanjil Kris la. Si lavi nou konfòm avèk prensip Bondye yo, moun ki bò kote nou pap janm pouse plent sa a: “Mwason an fini; sezon lete a, e nanm nou pa sove.”9

Bèje nanm pafè a, misyonè ki te rachte limanite a, te ba nou asirans divin ni:

“Epi si ou travay pandan tout vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!

“Epi kounyeya, si lajwa w ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala lajwa w ap anpil si ou ta mennen plis nanm ban mwen!”10

Konsènan Li menm ki te di pawòl sa yo, mwen deklare temwayaj mwen. Li se Pitit Gason Bondye, Redanmtè nou, ak Sovè nou.

Mwen priye pou nou ka gen kouraj pou lonje lamen nan fratènite, detèminasyon pou n eseye epi eseye ankò, ak imilite nesesè pou chèche gidans nan men Papa nou pandan n ap ranpli manda nou pou pwoklame levanjil la. Responsablite a sou zepòl nou, frè m yo. Nan non Jezikri. Amèn.

Mostrar referencias

  1.  

    1. Nan Bill Sands, The Seventh Step (1967), 9.

  2.  

    2. Gade Doktrin ak Alyans 84:33–39.

  3.  

    3.  2 Timote 1:7–8.

  4.  

    4.  Travay 26:28.

  5.  

    5.  1 Korentyen 9:16.

  6.  

    6.  Matye 28:18–20.

  7.  

    7.  Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 330.

  8.  

    8.  Enseignements des présidents de l’église: John Taylor (2001), 73.

  9.  

    9.  Jeremi 8:20.

  10.  

    10.  Doktrin ak Alyans 18:15–16.