2010–2019
Prensip tanp yo
Oktòb 2012


Prensip tanp yo

Prensip elve Legliz sa a anplwaye pou bati tanp yo se yon tip e menm yon senbòl fason nou ta dwe viv pwòp lavi pa nou.

Resamman pandan m tap vizite Tanp Brigham City nan Utah a, m te raple m yon eksperyans m te fè lè m t ap sèvi kòm koòdinatè pou pòt ouvèt, rekonsekrasyon ak selebrasyon kiltirèl Tanp istorik ki nan Laie an Hawaii a.

Kèk mwa anvan pakèt travay renovasyon sa a te fini, m te resevwa envitasyon pou m vizite tanp la avèk Èldè William R. Walker ki sete Direktè Ekzekitif Depatman Tanp la, ansanm avèk asosye li yo nan Depatman Tanp la. Anpil manm nan konpayi ki t ap konstwi tanp lan te la tou. Yon pati nan objektif vizit la sete pou verifye pwogrè ak kalite travay ki tap fèt la. Lè nou te fè vizit la, 85 pousan nan travay la te fin fèt.

Pandan nou t ap mache nan tanp la, m t ap gade epi m t ap koute Èldè Walker avèk asosye l yo ki t ap enspekte travay la epi ki t ap pale avèk kontraktè jeneral la. Tanzantan, m te wè yonn nan mesye yo pase men l sou mi yo pandan nou t ap mache sot nan yon sal al nan yon lòt. Plizyè fwa apre l te fin fè sa, li te fwote dwèt li ansanm epi apresa li te pwoche bò kot kontraktè a epi l te di: “M santi miray sa a graje. Miray graje pa bon pou tanp. Ou bezwen sable miray la ankò pou rafine mi an.” Kontraktè a te pran nòt pou chak obsèvasyon.

Lè nou te pwoche nan yon zòn nan tanp la ki p at kote anpil moun t ap gen pou wè, menm mesye sa a te fè nou kanpe epi l te attire atansyon nou sou yon bèl fenèt vitre ki te fèk enstale. Fenèt sa a te mezire anviwon (0.6 m) lajè pa sis pye (1.8 m) wotè epi li te gen yon bèl vit avèk desen jeyometrik an koulè. Li te pwente dwèt li sou yon ti vit (5 sm) kare ki te gen desen kolore k te fè pati modèl senp la epi l te di: “Kare sa kwochi.” M te gade kare a epi nan je pa m, li sanble l te dwat. Sepandan, lè m te enspekte l pi pre avèk yon aparèy pou mezirè nan men m, m te remake te gen yon ti defo epi ti kare sa a te reyèlman kwochi, pou (3 mm). Kontraktè a te resevwa lòd pou l te ranplase fenèt la paske fenèt la pat ase bon pou tanp la.

Mwen admèt k m te etone dèske yon fenèt antye ta dwe ranplase akoz yon ti defo piti konsa, ke moun pat ap menm wè. Reyèlman, li pa t pwobab ke gen moun ki t ap janm konnen ni janm remake fenèt sa a ki te nan yon kwen kache nan tanp la.

Pandan m tap kondi sòt nan tanp la al lakay mwen, m te reflechi sou sa m te aprann nan eksperyans sa a—oubyen sa m panse m te aprann. Se te jis plizyè semèn apre, lè m te resevwa envitasyon pou m vizite tanp la ki te fini kounyeya, ke konpreyansyon m te klarifye sou eksperyans m te fè anvan an.

Lè m te antre nan Tanp Laie nan Hawaii a ki te fin repare a, m te sezi wè jan kalite travay la te bèl. Ou kapab konprann sa ki te nan panse m pandan m tap pwoche bò kote mi ki te graje yo ak fenèt ki te ken fot la. Èske kontraktè a te resable mi yo ak repoli yo? Èske l te reyèlman ranplase fenèt la? Lè m te apwoche bò kote mi ki te graje yo, m te etone wè bèl papye desine ki te kouvri yo kounyeya. Premye panse m sete “bon, se fason sa a kontraktè a te rezoud pwoblèm mi graje a—li te kouvri li.” Men non, mwen te aprann ke sete toujou plan an pou te mete papye a sou mi sa yo. Mwen t ap mande m ki enpòtans ti graje moun t ap apèn remake a te genyen si l ta pral kouvri anba bèl papye desine. Apre sa, m te pwoche bò kot fenèt ki te gen ti defo a epi m te etone lè m wè yon bèl plant nan yon po ki te soti atè rive jis nan plafon an, ki te plase dirèkteman devan fenèt la. Fwa sa a ankò m te di tèt mwen, “Se konsa kontraktè a te rezoud pwoblèm ti kare vit ki te kwochi a—li kache l deyè yon plant.” Lè m te avanse pi pre, m te pouse fèy plant yo sou kote, epi m te souri lè m te wè yo te ranplase fenèt la. Ti fenèt kare ki te kwochi a te kanpe byen dwat kounyeya. M te aprann sa te toujou fè pati plan dekorasyon tanp la pou yo te mete yon plant devan fenèt sa a.

Poukisa mi avèk ti graj la ak fenèt ki te kwochi tou piti a te egzije pakèt efò sa yo e yo te menm ranplase yo pandan ke kèk grenn moun sèlman ki t ap touche oubyen wè yo pa t janm konnen? Poukisa yo te egzije tout etikèt sa a nan men kontraktè a?

Lè m te sòti nan tanp la avèk panse sa a, m te jwenn repons la pandan m t ap gade travay ki te fèt deyò tanp la epi m te wè pawòl sa yo: “Sentete pou Senyè a. Kay Senyè a.”

Tanp yo nan Legliz sa a se presizeman sa yo pwoklame yo ye a. Bilding sakre sa yo bati pou nou itilize yo, epi andedan yo yo nou fè òdonans sakre pou sove moun yo. Men, pa dwe gen okenn dout konsènan mèt kay sa yo. Lè nou ekzije règleman elve pou konstriksyon yo jis nan detay ki pi piti yo, nou non sèlman montre lanmou nou ak respè nou pou Senyè a, Jezikri, men nou montre tout obsevatè yo tou ke nou onore e adore mèt kay la.

Nan revelasyon Pwofèt Joseph Smith te resevwa pou l te bati tanp Novou, Senyè a te ba l enstriksyon:

“Vini avèk tout lò nou yo, ak lajan nou yo, ak bijou chè nou yo, epi ak tout bagay antic nou yo ... epi pote tout bagay chè nou genyen sou tè a;

“…Epi, bati yon kay nan non mwen, pou Bondye Ki Pi Wo a abite ladan l.”1

Sa swiv yon modèl Wa Salomon te etabli nan Ansyen Testaman an lè l te itilize pi bon materyo konstriksyon ki te genyen yo pou l bati yon tanp pou Senyè a.2. Jodi a nou kontinye swiv menm modèl sa a, avèk moderasyon apwopriye yo, lè n ap bati tanp yo nan Legliz la.

Mwen te aprann ke, menmsi je ak men mòtèl nou gen dwa pa janm wè ni touche yon defo, Senyè a konnen ki kantite efò nou fè epi l konnen si nou fè tout sa nou kapab. Se konsa sa ye pou efò pèsonèl nou pou nou mennen yon lavi ki pou fè nou merite benediksyon tanp yo. Senyè a te konseye:

“Epi toutotan pèp mwen an bati yon kay pou mwen nan non Senyè a, epi yo pa kite onkenn bagay ki pa pwòp vini ladan l, pou sal li, laglwa mwen ap repoze sou li;

Wi, epi prezans mwen ap ladan l, paske map vini ladan l, epi tout moun ki gen kè pi ki vin ladan l ap wè Bondye.

“Men, si l sal m p ap vini ladan l, epi laglwa mwen p ap ladan l; paske m pap vini nan tanp ki pa sen.”3

Menm jan ak kontraktè a, lè nou dekouvri bagay nan lavi nou ki pa annakò avèk ansèyman Senyè a bay yo, lè efò nou te mwens pase sa nou ta ka fè, nou dwe prese vit pou nou korije tout sa ki pa kòrèk, pandan n ap rekonèt ke nou pa kapab kache peche nou devan Senyè a. Nou dwe sonje ke “lè nou deside pou nou kouvri peche nou yo, … gade, syèl la wete tèt li; [epi] Lespri Senyè a atriste.”4

Mwen te aprann tou ke prensip elve Legliz la aplike pou bati tanp yo se yon modèl ak yon senbòl sou fason nou dwe viv pwòp lavi nou. Nou chak ka aplike ansèyman Apot Pòl te bay ansyen manm Legliz yo lè l te di:

“Èske nou pa konnen se tanp Bondye nou ye, epi Lespri Bondye abite nan nou?

“Si yon moun sal tanp Bondye a, Bondye ap detwi li; paske tanp Bondye a sen, epi nou se tanp li.”5

Nou chak te fèt avèk materyo ki pi rafine yo, epi nou se rezilta mirakile yon travay divin ekstraòdinè. Sepandan, lè nou depase laj responsablite a epi nou antre nan chan batay peche ak tantasyon an, pwòp tanp pa nou an kapab vin bezwen renovasyon ak travay reparasyon. Petèt, gen miray nan nou menm ki graje epi ki bezwen sable, oubyen gen fenèt nan nanm nou ki bezwen ranplase pou nou kapab kanpe nan kote ki sen. Erezman, prensip elve yo mande nou pou nou respekte a se pa prensip pèfeksyon, malgre ke n ap travay pou sa, men se respekte kòmandman yo epi fè tout sa nou kapab pou nou viv tankou disip Jezikri. Mwen priye pou nou pran rezolisyon pou nou viv yon lavi ki diy pou merite benediksyon tanp yo nan fè tout fè tout efò nou, nan pote amelyorasyon ki nesesè yo ak elimine tout defo ak enpèfeksyon pou Lespri Bondye kapab toujou abite nan nou. Nan non Jezikri, amèn.