Ekspyasyon an

Pa Prezidan Boyd K. Packer

Prezidan Kolèj Douz Apot yo


Kèlkeswa kote manm nou yo ak misyonè nou yo ale, mesaj nou se yon mesaj lafwa ak esperans nan Sovè a, Jezikri.

Mesaj mwen jodia adrese ak moun pami nou k ap soufri e ki chaje anba fado kilpabilite, feblès, echèk, chagren ak dezespwa.

An 1971, mwen te gen tach pou m t al fè plizyè konferans pye nan zile Samoa oksidantal yo, ansanm avèk òganize yon nouvo pye nan Zile Upolo. Apre entèvyou yo, nou te lwe yon ti avyon piti pou n t ale nan yon konferans pye nan zile Savai’i. Avyon an te ateri nan yon chan zèb nan Faala e li te gen pou retounen nan demen aprèmidi pou l te vin chèche nou mennen tounen nan zile Upolo a.

Jou pou nou te retounen soti Savai’i a, lapli t ap tonbe. Konesan ke avyon an pa t ap ka ateri nan chan plen dlo a, nou te pran machin ale nan pwent lwès zile a kote te gen yon espès pis nan mitan de kouran dlo. Nou te tann jis li te fènwa, men avyon an pa t vini. Finalman, nou te aprann pa radyo ke te gen yon tanpèt, e avyon an pa t ka dekole. Nou te voye yon mesaj radyo pou di nou t ap vini pa bato. Yon moun te sipoze al tann nou nan Mulifanua.

Pandan nou t ap kite pò Savai’i a, kapitèn bato 40 pye (12 m) a te mande prezidan misyon an si l te gen yon flach. Erezman, li te gen youn epi li te remèt kapitèn nan li. Nou te fè (21 km) kilomèt ap travèse Zile Upolo a sou yon lanmè ki te move anpil. Youn nan nou pa t reyalize ke yon gwo tanpèt twopikal te frape zile a, epi nou t ap dirije dwat nan mitan li.

Nou te rive nan pò Mulifanua a. Nou te oblije pase nan yon pasaj etwat bò resif la. Yon limyè sou kolin nan anlè plaj la ak yon dezyèm limyè piba te sinyale pasaj sa a. Lè yon bato te pozisyone nan fason pou toulède limyè yo te vin youn anlè lòt, li te nan bon kote pou l te travèse e evite wòch danjere yo ki te sou tout bò pasaj la.

Men jou swa sa a te gen yon sèl limyè. Te gen de misyonè ki t ap tann nou nan kote pou n te debake a, men travèse a te pran plis tan pase dabitid. Apre yo te fin pase plizyè èdtan ap veye bato nou an, misyonè yo te vin fatige epi dòmi te pran yo, yo pa t limen dezyèm limyè a, limyè pi ba a. Kòm rezilta, pasaj la atravè resif la pa t vizib ditou.

Kapitèn nan te manevre bato a osibyen l te kapab nan direksyon limyè anlè a sou rivaj la pandan ke, yon manm ekipaj la te itilize flach yo te prete a pou klere devan bato a pou l te veye wòch yo sou wout la. Nou te ka tande vag lanmè yo ki t ap frape sou resif la. Lè nou te rive pre ase pou n te wè yo avèk flach la, kapitèn nan te kouri di pou vire motè a eou rekile pou eseye localize pasaj la ankò.

Apre plizyè tantativ, li te vin wè ke li t ap enposib pou nou te jwenn pasaj la. Tout sa nou te ka fè sete eseye atenn pò Apia a, ki te yon distans (64 km). Nou te enpuisan devan fòs eleman dechennen yo. Mwen pa sonje m te janm yon kote ki te fènwa konsa.

Nou pa t fè okenn pwogrè pandan premye èdtan an, malgre motè a t ap mache ak tout puisans li. Bato a te lite ak yon gwo gwo vag epi apresa li te kanpe fatige sou tèt vag la avèk elis li ki te kite dlo a. Vibrasyon elis yo te sekwe bato a sitèlman ke l te prèske kraze anpyès anvan l te glise desann sou lòtbò vag la.

Nou te kouche sou kapo lakal la, avèk bra nou ak pye nou lonje sou tèt chajman an, nou te kranponnen sou li avèk men nou sou yon bò ak zòtèy nou bloke lòtbò a pou nou pa t tonbe nan dlo a. Frè Mark Littlefort te pèdi priz li epi van an te vòltije l al nan ray anfè anba a. Li te blese nan tèt, men ray la te anpeche l tonbe nan dlo a.

Finalman, nou te avanse epi lè l te prèske jou, nou te finalman akoste nan pò Apia a. Pou sekirite, bato yo te mare youn ak lòt. Yo te bloke tout waf la. Nou te fofile nan mitan yo, ap eseye pa deranje moun ki t ap dòmi sou pon bato yo. Nou te kontinye wout nou ale Pesega, nou te seche rad nou, epi nou te derape al Vailuutai pou n te òganize nouvo pye a.

Mwen pa konn kiyès ki t ap tann nou nan Mulifanua a. Mwen te refize yo di m kimoun. Men se vre ke, san limyè sa a pi ba a, nou tout te ka disparèt.

Gen yon ansyen kantik nan ansyen liv chan nou an yo raman chante ki, pou mwen menm, gen yon siyifikasyon trè espesyal.

Amou Papa nou an briye byen klè
Tankou yon ‘phare’ pou klere tout bagay,
Kanta nou menm, avèk limyè nou
Nou gide moun toutolon rivaj la.
Se pou nou kite lanp nou limen;
Pou yo klere sou dlo a;
Pou ke, pòv maren enb ak fatige a
Nou kapab sekouri li, nou kapab sove li.
Nwasè lannuit peche a enstale;
Vag vyolan yo ap woule fò anpil.
Je enkyè ap gade, ak espwa,
Pou limyè yo klere sou rivaj la.
Netwaye ti lanp ou a, frè mwen;
Paske pòv maren, tanpèt la ap sekwe a,
K ap eseye kounyeya menm pou l rive nan pò a,
Kapab pèdi nan fènwa a.1

M ap pale jodia avèk moun ki, petèt, pèdi yo e k ap chèche limyè pi ba sa a pou gide yo retounen an.

Depi nan kòmansman, nou te konnen ke nan mòtalite a nou pa t ap kapab pafè. Yo pa t planifye pou nou te viv san transgrese yon lwa kèlkonk.

“Paske lòm natirèl la se enmi Bondye, se sa li te ye depi chit Adan an, epi l ap toujou sa pou tout tan, si li pa soumèt li bay anba enfliyans Sentespri a, e si li pa retire moun natirèl la nan kò l, pou l vin tounen yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a.”2

Nan Pèl Gran Pri a, nou konprann ke “okenn bagay ki pa pwòp pa kapab rete nan [wayòm] Bondye a],”3 epi konsa yo te prepare yon mwayen pou nou tout ki peche ka repanti e vin diy pou rete nan prezans Papa nou ki nan syèl la ankò.

Yo te chwazi yon Medyatè, yon Redanmtè, ki t ap viv lavi Li pafètman, san komèt peche, pou vin “ofri tèt li kòm sakrifis pou peche, pou satisfè obligasyon lalwa a, pou tout moun ki gen kè brize ak lespri kontri; epi obligasyon lalwa a pa kapab satisfè pou okenn lòt moun.”4

Konsènan enpòtans Ekspyasyon an, Alma te anseye: “Paske yon ekspyasyon dwe fèt; ... san sa, tout mond lan ap peri kanmèm.”5

Si nou pa fè okenn erè, enben, nou pa bezwen Ekspyasyon an. Si nou komèt erè, e nou tout fè sa, keseswa piti ou grav, nou gen yon gwo bezwen pou chèche konnen kijan yo kapab efase pou nou pa nan tenèb ankò.

“[Jezikri] se limyè ak lavi mond lan.”6 Si nou santre atansyon nou sou Li menm ak ansèyman L yo, n ap ka gide vè pò sekirite espirityèl la.

Twazyèm Atik Lafwa a deklare: “Nou kwè, akoz Ekspyasyon Kris la, tout limanite kapab sove, si yo obeyi lalwa ak òdonans levanjil la.”7

Prezidan Joseph F. Smith te anseye: “Lèzòm pa ka padone pwòp peche yo; yo pa ka pirifye tèt yo anba konsekans peche yo. Lèzòm ka sispann peche e fè sa ki byen nan apre, e si aksyon yo akseptab devan Senyè a yo ka [vin] diy pou konsiderasyon. Men kimoun ki pral repare tò yo fè tèt yo ak lòt moun yo, tò ki sanble enposib pou yo repare pèsonèlman yo? Pa mwayen ekspyasyon Jezikri a, peche moun ki repanti yo ap efase; menmsi yo wouj tankou san, y ap vin blan tankou lanèj [gade Ezayi 1:18]. Sa se pwomès yo fè nou.”8

Nou pa konn egzakteman kijan Senyè a te fè akonpli Ekspyasyon an. Men nou konnen ke toumant kriyèl Krisifiksyon an sete sèlman yon pati nan doulè orib ki te kòmanse nan Jetsemani an, lye soufrans sakre sa a, e ki te fini nan Gòlgota a.

Lik ekri:

“Epi li te kite yo, l al pi devan, distans you moun kab voye yon wòch konsa. Li te mete ajenou, li te lapriyè,

“Li te di, Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt, se volonte pa ou.

“Lè sa a, yon zanj Bondye soti nan syèl te parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs.

“Kè Jezi te sere anpil, li t ap lapriyè pi rèd. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou degout san.”9

Dapre sa m konnen, se sèlman yon resi nan pwòp mo pa Sovè a ki dekri sa L te andire nan Jaden Jetsemani a. Revelasyon an di:

“Paske gade, mwen menm Bondye, m te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti;

“Men si yo pa vle repanti yo dwe soufri tankou m;

“Soufrans sa a ki te fè mwen menm, Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi ki te fè m senyen nan chak twou swè nan kò m.”10

Pandan lavi nou, ap gen moman kote nou ale nan plas kote nou pa t dwe janm ale e fè bagay nou pa ta dwe janm fè. Si nou vire do bay peche, n ap kapab konnen lapè ki soti nan suiv chemen repantans total la yon jou.

Kèlkeswa transgresyon nou, kèlkeswa konbyen aksyon nou te petèt blese lòt moun, kilpabilite sa a kapab efase nèt. Pou mwen menm, pi bèl fraz nan ekriti yo se lè Senyè a te di: “Gade, yon moun ki repanti nan peche l, moun sa a padone, epi mwenmenm Senyè a m pa sonje peche yo ankò.”11

Sa se pwomès levanjil Jezikri a ak Ekspyasyon an: pou akeyi tout moun ki vini, tout moun ki vle vin jwenn nou, pou fè yo viv eksperyans ki, nan fen lavi yo, ap pèmèt yo franchi vwal la, pandan ke yo te repanti pou peche yo epi lave vin pwòp atravè san Kris la.12

Sa se sa Sen Dènye Jou yo fè toupatou nan mond lan. Sa se Limyè nou ofri bay moun ki nan tenèb yo e ki pèdi chemen yo a. Kèlkeswa kote manm nou yo ak misyonè nou yo ale, mesaj nou se yon mesaj lafwa ak esperans nan Sovè a, Jezikri.

Prezidan Joseph Fielding Smith te ekri pawòl pou kantik “Le chemin est-il long?” an ki gen ankourajman ak yon pwomès pou moun k ap chèche suiv ansèyman Sovè a:

Èske chemen an parèt long,
Wout la fatigan, epuizan?
Ranpli ak chadon ak zepin?
Èske wòch ap koupe pye ou
Pandan w ap lite pou monte
Sou mòn nan nan chalè jounen an?
Èske w fatige e bouke,
Tris ak dekouraje,
Anba fado w ap pote yo?
Èske fado w ap fòse pote a
Sanble l lou pou w pote?
Èske w bezwen yon moun pou ede w pote l?
Pa kite kè w febli
Kounyeya ke vwayaj la kòmanse a;
Gen yon moun ki toujou ap rele ou.
Konsa leve tèt ou ak lajwa
Epi pran men li;
La va kondui ou toujou pi wo—
Nan yon peyi sen ak pi,
Kote tout doulè fini,
Kote tout peche va fini nan lavi w
Kote pap gen kriye ankò,
Paske soufrans fini.
Pran men li e antre avèk li.13

Nan non Jezikri, amèn.

Mostrar las referencias

  1.  

    1. “Brillamment, l’amour du Père,” Cantiques, no. 335.

  2.  

    2.  Mozya 3:19.

  3.  

    3.  Moyiz 6:57.

  4.  

    4.  2 Nefi 2:7.

  5.  

    5.  Alma 34:9.

  6.  

    6.  Mozya 16:9.

  7.  

    7.  Atik Lafwa 1:3.

  8.  

    8.  Enseignements des présidents de l’église: Joseph F. Smith (1998), 99–100.

  9.  

    9.  Lik 22:41–44.

  10.  

    10.  Doktrin ak Alyans 19:16–18.

  11.  

    11.  Doktrin ak Alyans 58:42.

  12.  

    12. Gade Revelasyon 1:5.

  13.  

    13. “Le chemin est-il long?” Hymnes, edisyon 1954, no. 173.