Lajwa nan Rachte Mò yo

Pa Eldè Richard G. Scott

Nan Kolèj Douz Apot Yo


“Li pral plante pwomès papa yo te resevwa yo nan kè pitit yo, e kè pitit yo pral vire sou papa yo.”

Senyè a te revele Pwofèt Joseph Smith yon pwen doktrin siblim konsènan òdonans sakre batèm nan. Limyè sa a te vini alòske lòt Legliz Kretyen t ap ansenye ke lanmò te definitivman ak etènèlman detèmine destine etènèl nanm moun. Yo te anseye ke moun ki te batize yo te jwenn rekonpans lajwa etènèl pandan ke tout lòt moun yo te dwe sibi yon touman etènèl, san espwa redanmsyon.

Revelasyon Senyè a ki eksplike ke batèm te kapab fè pa pwokirasyon pou mò yo selon otorite apwopriye prètriz la te prezève jistis deklarasyon l la: “Pesonn pa ka antre nan wayòm syèl la, si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a.”1 Batèm pa pwokirasyon an kapab mizèrikòdyezman bay moun diy ki mouri yo, ki pa t gentan resevwa l nan mòtalite a, aksè nan òdonans esansyèl sa a.

Doktrin gloriye sa a se yon temwanyaj siplemantè sou nati enfini Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Li rann sali posib pou tout nanm ki repanti. Sakrifis Ekspyatwa l la venk lanmò, e Li pèmèt moun mouri ki diy yo resevwa tout òdonans sali yo pa pwokirasyon.

Nan yon lèt ki te ekri sa gen plis pase sansenkantan, Joseph Smith te deklare: “Sen yo gen posiblite pou yo batize pou … fanmi yo ki mouri yo … ki resevwa Levanjil la an espri … pa lentèmedyè moun ki resevwa tach pou anseye yo….”2 Nan apre, li te ajoute: “Sen ki neglije fè travay sa yo pou paran ki mouri yo, yo ap riske pwòp sali pa yo.”3

Pwofèt Eli te remèt Joseph Smith kle travay pa pwokirasyon sa a nan Tanp Kirtland lan 4 pou l te akonpli pwomès Senyè a: “Li pral plante pwomès papa yo te resevwa yo nan kè pitit yo, e kè pitit yo pral vire sou papa yo.”5

Konpreyansyon sou travay tanp ak travay istwa familyal ki soutni l la, ansanm ak dispozisyon ki konsène yo, te vini gras ak plizyè lòt revelasyon Joseph Smith ak pwofèt apre l yo te resevwa. Tout pwofèt ki vini apre Joseph Smith yo mete aksan sou bezwen enpòtan pou nou fè tout òdonans yo pou tèt pa nou ak pou zansèt nou ki mouri yo.

Travay tanp lan ak istwa familyal la se yon sèl travay, divize an de pati. Yo makònen ansanm, tankou odonans batèm nan ak don Sentespri a. Gen kèk manm ki petèt pa kapab fè de travay sa yo poutèt pwoblèm sante oubyen akoz distans tanp yo.

Prezidan Howard W. Hunter te ansenye:

“Nou dwe akonpli nan tanp lan travay òdonans prètriz yo ki nesesè pou pwòp egzaltasyon pa nou yo; apresa, nou dwe fè travay ki nesesè pou moun ki pa t gen posiblite pou aksepte levanjil la pandan yo te vivan yo. Nou fè òdonans pou lòt moun yo an de etap: premyèman, nou fè rechèch istwa jeneyalojik nou pou nou ka idantifye zansèt nou yo; epi, dezyèman, nou fè òdonans tanp yo pou nou ba yo menm opòtinite ak sa moun ki vivan yo genyen yo.

“Toutfwa, anpil manm nan Legliz la ki pa gen posiblite pou yo ale nan tanp. Yo fè tout sa yo kapab. Yo fè rechèch jeneyalojik epi yo bay lòt moun fè odonans tanp yo pou yo. Konsa tou, gen kèk manm ki fè òdonans tanp yo menm ki pa fè rechèch jeneyalojik npou pwòp fanmi pa yo. Byenke y ap akonpli yon sèvis divin nan ede lòt moun nan, yo prive tèt yo de yon benediksyon lè yo pa chèche pwòp zansèt pa yo ki mouri yo, jan pwofèt dènye jou yo rekòmande pa rekòmandasyon divin nan. ...

“Mwen aprann ke moun ki angaje yo nan rechèch jeneyalojik epi ki akonpli òdonans tanp yo pou moun yo jwenn non yo, yo gen lajwa siplemantè pou resevwa de mwatye benediksyon an.”6

Papa nou ki nan Syèl la vle nou chak resevwa de pati benediksyon benediksyon travay enpòtan ki akonpli pa pwokirasyon sa a. Li enspire lòt moun pou yo vin montre nou fason pou nou resevwa yo. Li rete a noumenm avèk mwen pou nou reklame benediksyon sa yo.

Nenpòt travay nou fè nan tanp se yon tan nou byen pase, men resevwa òdonans pa pwokirasyon pou youn nan zansèt nou ap rann tan sa a nou pase nan tanp lan pi sakre e n ap menm resevwa pi gwo benediksyon. Premye Prezidans lan te deklare: “Responsablite ki pi enpòtan nou genyen se chèche epi idantifye pwòp zansèt pa nou yo.”7

Èske noumenm jèn yo, nou vle konnen yon bon mwayen pou nou elimine enfliyans advèsè a nan lavi nou? Plonje tèt nou nan rechèch zansèt nou yo, prepare non yo pou òdonans sakre akonpli pa pwokirasyon yo ki disponib nan tanp yo, epi apresa ale nan tanp pou nou resevwa òdonans batèm ak don Sentespri a nan non yo. Lè nou pi gran, n ap gen dwa patisipe nan resevwa lòt odonans yo tou. Mwen pa konnn okenn lòt pi gwo pwoteksyon pase sa kont enfliyans advèsè a nan lavi nou.

Nan Misyon Rostov-sur-le-Don an, nan peyi Larisi, yo te envite jèn yo pou yo chak te fè endèks de mil non, epi apresa pou yo te prepare omwen yon non nan pwòp fanmi pa yo pou odonans tanp yo. Yo te envite sa ki te atenn bi sa a pou yo fè yon long vwayaj pou ale nan nouvo tanp Kyèv la nan Ukraine. Youn nan jènjan sa yo te rakonte eksperyans li: “Mwen te konn pase yon pakèt tan ap jwe jwèt sou konpitè. Lè m te kòmanse fè endèks la, mwen pa t gen tan pou m jwe jwèt ankò. Okòmansman m te panse: ‘O non! Se pa posib!’ Lè pwojè sa a te fini, mwen te menm pèdi enterè nan jwèt …Travay jeneyalojik se yon bagay nou ka fè isit sou tè a, e ki pral rete nan syèl la.”

Anpil Sen fidèl fè travay rechèch jeneyalojik nan pwòp fanmi pa yo e yo itilize opsyon “rezève” a nan FamilySearch la pou fè yo akonpli òdonans yo pa pwokirasyon pou manm fanmi yo. Posiblite pou rezève non an se pou bay moun yo yon tan rezonab pou ka pèmèt yo akonpli òdonans yo pou zansèt dirèk yo ak lòt zansèt yo. Aktyèlman, gen douz milyon non moun ak dèmilyon òdonans pou fè pou yo ki rezève. Gen non ki rezève depi dèzane. Zansèt yo yo te jwenn yo siman enpasyan ak plen antouzyas lè non yo pare pou òdonans yo. Men, siman yo pa twò kontan lè yo oblije kontinye ret tann pou odonans yo fèt.

Nou ankouraje noumenm ki gen yon pakèt non ki rezève yo, pou nou pataje yo pou manm fanmi lwen nou yo oubyen manm pawas nou oswa pye nou yo kapab ede nou akonpli travay sa a. Nou kapab fè sa nan distribiye kat òdonans yo bay manm pawas oubyen pye nou ki vle ede, oubyen itilize lojisyèl FamilySearch la pou voye non yo direkteman bay tanp lan. Dènye opsyon sa a se limenm Cindy Blevins, ki soti Casper, nan Wyoming, ap fè depi dèzane.

Sè Blevins te batize lè l te yon jèn timoun e li se sèl moun nan fanmi li ki antre Legliz la. Li fè yon gwo gwo travay jeneyalojik. Men non yo twòp pou limenm ak pwòch fanmi li akonpli. Konsa, Sè Blevins te voye non yo nan tanp la kote, jan l rapòte, òdonans yo souvan akonpli nan semèn apre yo, souvan nan youn nan de tanp ki pi pre lakay li yo. Li di li renmen panse ke zanmi ak vwazen nan pawas li ak pye l yo gen dwa pami moun ki te ede akonpli travay la pou zansèt li yo. Li apresye yo pou sa.

Madanm byenneme mwen, Jeanene, te renmen fè rechèch jeneyalojik. Lè timoun nou yo te pi piti, li te konn chanje lè pou okipe timoun avèk zanmi li pou l te ka gen kèk edtan chak semèn pou chèche zansèt nou yo. Lè pi piti a te kite lakay nou, li te ekri nan jounal pèsonèl li: “Mwen fèk pran yon desizyon e m anvi leve kanpe pou pwoklame li. Sa ki sete chanm Mike la vin tounen biwo jeneyaloji mwen. Li byen ekipe pou m òganize rejis yo ak travay sou yo. Kounyeya, m pral konsakre lavi m sou rechèch jeneyalojik enpòtan sou fanmi mwen ak nan voye non nan tanp. Mwen trè antouzyas e m pa ka tann pou m kòmanse.”8

Yon lòt kote nan jounal la, li di konsa: “Mirak la pwodui pou mwen nan biwo Istwa Familyal Mel Olsen, ki te prezante m yon dokiman enprime ki gen jeneyaloji zansèt mwen te konnen, ke l te jwenn lè l t ap mete rejis enfòmatik Ancestral File la (fichye zansèt yo) yo te voye bay sosyete jeneyalojik la ajou. Laplipa nan yo te soti nan rejis pwogram kat jenerasyon Legliz la te lanse sa gen dèzane a. Mwen te akable lè m te panse ak gwo tach ki t ap tann mwen pou rasanble tout anrejistreman sou zansèt mwen yo nan rechèch la, apati gwoupman fanmi yo, pou m ka mete tout nan konpitè a pou premye gwo piblikasyon enfòmatize sou AncestralFile la (Fichye zansèt yo). Men yo tout te la kounyeya, bèl, byen òganize, byen enprime, depoze sou biwo a devan m nan. Mwen te sitèlman kontan e sitèlman boulvèse ke m te jis chita la, emèveye, epi apresa mwen te pete kriye tèlman m te kontan …. Pou yon moun ki te toujou fè rechèch san rete pandan trantan, enfòmatizasyon tout dokiman sa yo reyèlman eksitan. E lè m ap panse ak dè santèn milye moun ki okipe ou ki pral okipe pou rantre kantite done rejis resansman yo ak diskèt rechèch prive yo, elatriye., mwen trè antouzyas. Sa se vrèman travay Senyè a epi l ap dirije li.”9

Mwen fè anpil eksperyans avèk travay siblim sa a ki fè m konnen ke, kle Eli te retabli lè l te konfere yo bay Joseph Smith la pèmèt kè nou ini e pèmèt nou chak lye avèk zansèt nou yo k ap tann èd nou yo. Gras ak efò nou yo nan tanp sakre yo isit sou tè a, pandan n ap itilize otorite Senyè a delege nou an, zansèt nou yo ap resevwa odonans sali yo ki ap pèmèt yo jwi yon bonè etènèl.

Nan tan lontan, gen moun ki te motive pa yon konviksyon pwofon sou sentete travay la ki te kourajezman relve yon defi konparab ak defi pou yon sèl moun te fè lamwason tout ble nan Nebraska a. Kounyeya, anpil moun lamwason puisan ap fè rekòt la. Ansanm, nou ka akonpli travay yo mande a, e n ap fè sa.

Mwen temwaye ke Espri Eli a touche kè anpil nan pitit Papa nou yo atravè mond lan, sa ki pote yon akselerasyon san presedan nan travay pou mò yo.

Men e noumenm? Èske nou priye apwopo travay pou nou fè pou zansèt nou yo? Mete tout sa ki pa reyèlman enpòtan nan lavi nou yo akote. Deside pou nou fè yon bagay k ap gen konsekans etènèl. Petèt nou te pouse pou nou cheche zansèt nou yo, men nou santi nou ka yon yon jeneyalojis. Èske nou pa wè nou pa bezwen jeneyalojis kounyeya? Tout bagay kòmanse avèk lanmou ak yon dezi sensè pou ede moun ki, lòtbò vwal yo, pa kapab fè bagay yo pou kont yo. Chèche pran ransèyman. Gen yon moun kanmèm tou pre nou ki kapab ede nou.

Travay sa a se yon travay espirityèl, yon gwo efò koperasyon sou toulède bò vwal la, kote èd yo ale nan toulède sans yo. Kèlkeswa kote nou ye nan mond lan, avèk lapriyè, avèk lafwa, detèminasyon, dilijans, epi kèk sakrifis, nou kapab pote yon èd konsiderab. Kòmanse kounyeya. Mwen pwomèt nou Senyè a ap ede nou jwenn yon mwayen. Epi sa ap fè nou santi nou byen. Nan non Jezikri, amèn.

Show References

  1.  

    1.  Jan 3:5.

  2.  

    2.  History of the Church , 4:231.

  3.  

    3.  Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 471–72.

  4.  

    4. Gade Doktrin ak Alyans 110:13–16 .

  5.  

    5.  Doktrin ak Alyans 2:2; italik ajoute.

  6.  

    6. Howard W. Hunter, “A Temple-Motivated People,” Liahona, Me 1995, 5–6; Ensign, Fev. 1995, 4–5.

  7.  

    7. Lèt Premye Prezidans, Fev. 29, 2012; italik ajoute.

  8.  

    8. Jeanene Watkins Scott, jounal pèsonèl, Avr. 1988.

  9.  

    9. Jeanene Watkins Scott, jounal pèsonèl, Sept. 23, 1989.