2010–2019
Lajwa Prètriz la
Oktòb 2012


Lajwa Prètriz la

Annou akeyi ak konprann grandè ak onè Prètriz la. Annou aksepte ak renmen responsablite yo mande nou pou nou ranpli yo.

Lajwa pou pilote

Sa gen kèk ane, mwen menm avèk kèk kòlèg avyatè, nou te deside reyalize yon rèv danfans pou restore yon avyon antik. Ansanm, nou te achte yon ansyen ti avyon rekonesans Piper Cub ane 1938 epi nou te kòmanse travay pou retounen l nan fòm orijinal li. Pwojè a se te yon travay nou te renmen. Li te gen yon siyifikasyon espesyal pou mwen paske m te aprann vole nan yon avyon menm jan an lè m te jèn gason.

Avyon sa a te konstwi pou lapremyè fwa apèn 35 an desa apre frè Wright yo te fin fè premye vòl selèb yo a. Lè m panse ak sa, m santi m granmoun anpil.

Motè a pat gen yon estatè elektrik; pandan ou tap estat motè a nan kabin nan, fòk te gen yon lòt moun atè ki tap kenben elis la epi pouse avec tout fòs li jiskaske motè a te demare poukont li. Chak fwa pou te estat motè a, se te yon moman eksitasyon ak kouraj.

Yon fwa ke l te vole, sa te vin klè ke ti avyon Piper Cub la pat fèt pou kouri vit. An reyalite, lè te gen yon van fò ki tap soufle dwat devan avyon an, se te tankou nou pa tap fè mouvman ditou. Mwen sonje m t ap vole ansanm avèk pitit gason m nan, Guido, ki te yon adolesan lè sa a, sou tèt otowout la nan peyi Almay e, jan nou ta sipoze, machin ki tap pase anba yo te kouri pi vit pase nou lontan.

Men, se pa tikras renmen m te renmen ti avyon sa a! Se te mwayen ideyal pou yon moun te dekouvri mèvèy ak bote yon avyon k ap vole. Ou te kapab tande, santi, goute, ak wè sa vole te vle di. Frè Wright yo te eksprime l konsa: “Pa gen [anyen] ki egal sa avyatè yo jwi lè gwo zèl blan yo ap transpòte yo anlè a.”1

Epoutan, nan kòmansman ane sa a, mwen te gen privilèj vole nan yon djèt konba sofistike, F-18, avèk Blue Angels (Anj Ble yo), ekip demonstrasyon vòl Marin Etazini an ki te selèb nan tout mond lan. Se tankou m te pran yon vòl nan tèt mwen paske egzakteman 50 an anvan prèske jou pou jou, mwen te fin konplete fòmasyon m kòm pilòt ame ayeryen.

Natirèlman, eksperyans vòl F-18 la te totalman diferan de sa m te fè nan ti avyon an. Li te montre m yon bote vòl ki te pi dinamik. Se te kòm si yo tap aplike lwa ayewodinamik ki egziste yo nan yon fason ki pi pafè. Men, vole avèk Blue Angels yo te fè m sonje tou byen vit ke pilote yon avyon chas se yon bagay ki apwopriye sèlman pou jèn gason. Pou m site Frè Write yo ankò, “Plis pase tout lòt bagay, sansasyon [lè moun ap vole] se yon sansasyon lapè pafè ki melanje avèk emosyon ki detire chak nè nan dènye limit.”2 Epi, vole avèk Blue Angels yo te prezante yon fason diferan nèt pou moun gen “zanj” toutotou yo pou soutni yo.”

Si nou te gen pou nou mande m kiyès nan de eksperyans vòl sa yo mwen te pi renmen, mwen pa si m tap kapab di nou. Pi piti bagay mwen kapab di sèke nan kèk fason ki evidan yo te trè diferan. Epoutan nan lòt fason, se te pratikman menm bagay.

Nan toulède, ti avyon chas la ak F-18 la mwen te santi emosyon, bote, ak jwa pou vole danlèzè. Nan toulède mwen te kapab konprann sa powèt la te vle di lè l te ekri “ale lwen lyen ostil Tè a epi tonbe ri sou zèl ki te vin tounen ajan akoz de ri a.”3

Menm Prètriz la toupatou

Kounyeya, ou ta kapab mande kisa de eksperyans vòl totalman diferan sa yo gen pou yo wè avèk reyinyon nou an jodi a oubyen avèk prètriz nou gen privilèj pote a oubyen avèk sèvis prètriz nou tout renmen anpil la?

Frè m yo, èske se pa vre ke eksperyans sèvis individyèl nou yo nan prètriz la kapab konplètman diferan? Annou di nan sans figire, kèk nan nou ap vole nan djèt F-18, pandan gen lòt k ap vole nan ti avion chas. Kèk nan nou ap viv nan pawas ak pye kote chak apèl, soti nan asistan chèf gwoup gran prèt pou rive sekretè nan kolèj dyak yo, ranpli pa yon detantè prètriz aktif. Ou gen benediksyon pou w patisipe nan òganizasyon yon pawas ki gen ase moun pou ranpli tout apèl yo.

Gen lòt ki ap viv nan zòn nan mond lan kote gen sèlman yon ti ponyen manm Legliz la ak detantè prètriz. Ou ka santi ou pou kont ou epi ou akable anba pwa tout sa ki bezwen fèt yo. Pou oumenm, sa gen dwa mande yon pakèt enplikasyon pèsonèl pou fè motè sèvis prètriz la estat. Pafwa, li gen dwa menm sanble ke branch ou an oswa pawas ou a p ap mache ditou.

Men, kèlkeswa sa responsiblite w oswa sikonstans pa w yo kapab ye, oumenm avèk mwen konnen toujou gen yon lajwa espesyal ki soti nan sèvis prètriz devwe.

Mwen te toujou renmen vole, ke se te nan yon ti avyon chas, nan yon F-18 oswa nenpòt lòt avyon. Lè m te konn nan ti avyon chas, mwen pat konn plenyen pou mank vitès; lè m te konn nan F-18, mwen pat konn bougonnen lè presyon manèv akwobatik enpitwayab te konn fè m santi m enkonfòtab akoz de laj mwen.

Wi, toujou gen yon bagay enpafè nan nenpòt sitiyasyon. Wi, li fasil pou nou jwenn bagay ki pou fè nou plenyen.

Men Frè m yo, nou se detantè Prètriz Sen an dapre Lòd Pitit Bondye a. Yo te fè enpozisyon dè men pou nou chak e nou te resevwa prètriz Bondye a. Nou te resevwa otorite ak responsablite pou nou aji nan non L kòm sèvitè L sou tè a. Ke nou nan yon gwo pawas oswa yon ti branch, nou resevwa apèl pou nou sèvi, beni, ak agi nan tout bagay pou byen pou tout moun ak tout bagay ki konfye a nou menm yo. Èske ta kapab gen yon bagay ki pi egzaltan?

An nou konprann, apresye, ak santi lajwa sèvis nan prètriz la.

Lajwa Prètriz la

Lanmou m pou vole te enfliyanse direksyon tout lavi m. Men malgre eksperyans revigoran ak mèveye ke mwen fè kòm pilòt, eksperyans mwen kòm manm Legliz sa a pi anrichisan lontan, pi jwaye, epi pi pwofon lontan. Lè mwen imèje m nan sèvis Legliz la, mwen santi pouvwa toupisan Bondye ansanm avèk mizerikòd byenveyan L yo.

Antanke pilòt, mwen te touch syèl yo. Antanke manm Legliz la, mwen santi lanmou ak swen ti soti nan syèl la.

Okazyonèlman, mwen anvi chita nan yon kabin. Men sèvi bò kote frè m ak sè m yo nan Legliz la konpanse sa fasilman. Kapab santi lapè ak jwa siblim ki grandi apati de yon ti pati nan gwo koz ak gwo travay sa a, mwen pa ta renmen rate sa pou anyen nand mond lan.

Jodi a nou rasanble kòm a yon gwo gwoup detantè prètriz. Se jwa sakre ak privilèj sakre nou pou nou sèvi Senyè ak sanblab nou yo, pou nou angaje pi bon bagay ki nan nou yo nan sèvis koz nòb sa a ki se ede lòt yo ak edifye wayòm Bondye a.

Nou konnen e nou konpran ke prètriz la se pouvwa ak otorite etènèl Bondye. Nou kapab fasilman di definisyon sa a pa kè. Men, èske nou vrèman konprann siyifikasyon sa nou di a? Kite m repete: Prètriz la se pouvwa ak otorite etènèl Bondye.

Reflechi sou sa. Bondye te kreye e li gouvène syèl yo ak tè a pa pouwa prèriz la.

Li sove ak egzalte pitit Li yo pa pouvwa sa a lè l reyalize “imòtalite ak lavi etènèl lòm.”4

Jan Pwofèt Joseph Smith te eksplike l la, Prètriz la se “kanal Toupisan an te itilize pou l te kòmanse revele laglwa li nan …kreyasyon tè sa a. E se pa limenm Li kontinye revele tèt Li bay pitit lèzòm yo nan tan sa a, e se pa la limenm Li ap fè yo konnen bi l yo jiska lafen.”5

Papa toupisan nou an ki nan Syèl la te konfye otorite prètriz a noumenm—èt motèl ki, pa definisyon, se moun ki gen defo, moun ki pa pafè. Li akòde nou otorite l la pou nou aji nan non L pou Sali pitit Li yo. Pa pouvwa sa a nou otorize pou nou preche levanjil, administre òdonans sali yo, ede bati wayòm Bondye a sou tè a, epi beni ak sèvi fanmi nou yo ak sanblab nou yo.

Diponib pou Tout Moun

Sa a se pretriz sakre nou genyen an.

Yo pa kapab achte l ni kòmande l. Pozisyon sosyal, richès oswa enfliyans pa kapab modifye, enfliyanse, oubyen fòse itilizasyon pouvwa prètriz la. Se yon pouvwa espirityèl ki opere sou lwa selès. Li soti nan lwa syèl la. Li soti nan gran Papa Selès ki se papa nou tout la. Pouvwa prètriz la pa kapab kontwole ni manipile san se pa avèk prensip lajistis,6 non pa selon sifizans nou.

Kris la se sous tout vrè otorite prètriz ak pouvwa sou tè a.7 Prètriz la se zèv Li, nou gen privilèj patisipe ladan l. “Epi okenn moun pa kapab ede nan travay sa a si l pa gen imilite epi si l pa ranpli avèk lanmou, si l pa gen lafwa, esperans, charite, si l pa tanpere nan tout bagay, nenpòt bagay yo ta konfye l pou l pran swen an.”8

Nou pa aji pou benefis pèsonèl, men pito nou chèche sèvi ak edifye lòt yo. Nou pa dirije pa fòs men pa pèsyazyon,… longanimite,…jantiyès ak dousè, ak lan lamou sensè.”9

Prètriz Bondye Toupisan an disponib pou gason ki diy kèlkeswa kote yo kapab ye – kèlkeswa zanzèt yo, kèlkeswa jan sikonstans yo enb, ke yo pre, ke yo lwen kote nou ye sou glòb la. Li disponib san lajan ni okenn pri nan mond lan. Pou parafraze ansyen Pwofèt Ezayi, chak moun ki swaf kapab vin nan dlo yo, e moun ki pa gen lajan mèt vini pou pou yo vin manje!10

Epi gras ak Ekspyasyon etènèl ak ensondab Sovè nou an, Jezikri, prètriz Bondye a kapab disponib menm si nou fè fot oubyen nou pat diy nan lepase. Gras ak pwosesis rafinman ak pirifikasyon espirityèl repantans lan, nou kapab leve epi briye”!11 Gras avèk lanmou san limit ak mizèrikòdye Sovè nou ak redanmtè nou an, nou kapab leve je nou, vin pwòp ak diy, epi transfòme nou pou n vin tounen pitit gason jis ak nòb Bondye– diy detantè prètriz sakre Bondye Toupisan an.

Grandè ak onè Prètriz la

Mwen santi yon sèten tristès pou moun ki pa konprann e ki pa apresye grandè ak onè prètriz la. Yo tankou pasajè yon avyon ki pase tan yo ap bougonnen, plenyen poutèt dimansyon ti sachè pistach la alòske yo ap monte an flèch pi wo lontan pase nyaj yo—yon bagay wa nan tan lontan yo tap bay tout sa yo te posede pou yo ta eseye sèlman yon fwa!

Frè m yo, nou beni dèske nou se enb patisipan gwo pouvwa ak otorite prètriz la. An nou leve je nou gade, pran konsyans, epi aksepte opòtinite sa a pou sa li vrèman ye a.

Gras a sèvis prètriz jis, eman, ak devwe, nou kapab fè eksperyans vrè siyifikasyon revelasyon an: “M prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè.”12

An nou anbrase ak konprann grandè ak onè prètriz la. An nou asepte ak renmen responsablite yo mande nou pou nou ranpli yo—lakay nou ak nan inite Legliz nou yo, ke yo gwo, ke yo piti, sa pa enpòtan. An nou toujou pwogrese nan jistis, nan devouman, ak nan sèvis nan prètriz la! An nou jwenn lajwa pou nou sèvi nan prètriz la!

Nou kapab fè sa pi byen lè nou aplike prensip konesans, obeyisans, ak lafwa yo.

Sa vle di, toudabò, nou bezwen konnen ak fè doktrin prètriz la nou jwenn nan pawòl revele Bondye a tounen yon pati nan lavi nou. Li enpòtan pou nou konprann alyans yo ak kòmandman yo ki sèvi kòm baz pou sèvi nan prètriz la.13

Apre sa, an nou montre sajès epi aji avèk konstans ak onè selon konesans nou akeri a. Si nou obeyi lwa Bondye yo, nou aprann kontwole lespri nou ak kò nou epi aliyen aksyon nou yo avèk modèl jistis pwofèt yo anseye yo, nou ap fè eskperyans lajwa sèvis nan prètriz la.

Epi finalman, an nou apwofondi lafwa nou nan Senyè nou an, Jezikri. An nou pran non Li sou nou epi an nou angaje nou chak jou pou nou mache ankò nan santye ki pou fè nou vin disip li a. Kite zèv nou yo fè lawfwa nou vin pafè.14 Gras ak yon lavi disip, nou kapab pèfeksyone nou, etap pa etap, pandan nou ap sèvi fanmi nou, pwochen nou ak Bondye.

Lè nou ap sèvi nan prètriz la avèk tout kè nou, tout pouvwa nou, tout nanm nou ak tout fòs nou, nou resevwa yon pwomès konesans, lapè, ak don espirityèl siblim. Si nou onore pretriz sen an, Bondye ap onore nou, epi nou ap retwouve nou san tach devan [L] nan dènye jou a.”15

Se pou nou gen je pou nou wè ak yon kè pou nou konprann grandè ak lajwa prètriz gran Bondye nou an. Se priyè mwen, nan non Jezikri. Amèn.