2010–2019
Eprèv lafwa nou
Oktòb 2012


Eprèv lafwa nou

Menmjan ak gwo dife ki transfòme fè a fè l tounen asye a, si nou rete fidèl pandan eprèv difisil lafwanouan, n ap espirityèlman rafine ak fòtifye.

Sa gen dizan, madanm mwen, Kathy, avèk mwen t ap viv Sao Paulo, nan Brezil. Prezidan David Marriott t ap prezide sou Misyon Interlagos la nan São Paulo nan Brezil. Li menm ak madanm ni, Neill, ak pitit gason yo, Will, Wesley, ak Trace te viv tou pre nou. Yo te kite lakay yo, biznis yo, ak anpil manm fanmi yo pou yo te reponn apèl pwofèt la pou sèvi yon misyon.

Prezidan Marriott te rele yon jou aprèmidi. Bèl pitit fi 21 an lan, Georgia, ki t ap etidye vyolon nan Inivèsite Indiana a, te frape pa yon kamyon pandan l t ap kondui bisiklèt pou al laky li apre yon reyinyon nan Legliz la. Nan premye rapò a, Georgia te oke. Kèk èdtan apre, kondisyon li te dramatikman anpire.

Manm fanmi yo ak zanmi te kòmanse jene ak priye pou yon mirak fèt pou Georgia. Manman l te vwayaje pandan tout lannuit la soti Brezil. Lè l te rive Indiana nan demen, pi gran pitit li yo te vin rankontre li, epi nan kriye, yo te eksplike ke yo te avèk Georgia lè l te mouri.

Mwen te obsève fanmi Marriott nan epòk yo te viv eksperyans sa a ak nan mwa ak ane k te suiv yo. Yo te kriye, yo te priye, yo te pale de Georgia, yo te santi gwo doulè ak tristès, men lafwa yo pa t febli. Nan sesyon maten an, nou te tande menm kalite lafwa sa a nan bèl lavi fanmi Bowen ak Wilberger.1

Don lafwa a se yon dotasyon espirityèl inestimab. Jezi te priye: “Lavi etènèl, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a, Jezikri.”2

Lafwa nou santre nan Bondye, Papa nou an, ak nan Pitit Gason L la, Jezikri, Sovè nou ak Redanmtè nou. Li fòtifye pa temwayaj nou ke plenitid levanjil la te retabli sou tè a; ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye; epi pwofèt yo ak apot yo jodia detni kle prètriz yo. Nou cheri lafwa nou, nou travay pou fòtifye lafwa nou, nou priye pou ogmante lafwa nou, e nou fè tout sa ki nan pouvwa nou pou nou pwoteje ak defann lafwa nou.

Apot Pyè te idantifye yon bagay li te rele yon “eprèv lafwa nou.”3 Li te fè eksperyans avèk li. Sonje pawòl Jezi yo:

“Simon, ... Satan mande pouvwa pou l pase ou nan laye, tankou grenn y ap vannen:

“Men mwen lapriyè pou ou, pou lafwa ou pa febli.”4

Nan apre Pyè te ankouraje lòt moun yo: “Noupa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k ap tonbe sou nou tankou gwo dife a, kòmsi yon bagay etranj ap rive nou la a.”5

Bi eprèv difisil sa yo se pou rann nou pi fò, men yo gen potansyèl pou diminye oubyen menm detwi lafwa nou nan Pitit Gason Bondye a ak febli rezolisyon nou pou kenbe pwomès nou fè l yo. Eprèv sa yo souvan degize, sa ki rann yo difisil pou idantifye. Yo pran rasin nan feblès nou, nan sansiblite nou, oubyen nan bagay sa yo ki pi konte pou nou yo. Yon tès reyèl men ki simontab ppou yon moun gen dwa ekstrèmman difisil pou yon lòt moun.

Kijan nou ka rete “fèm e inebranlab” ”6 lè n ap travèse yon eprèv lafwa? Nou plonje nou nan bagay sa yo menm ki te ede nou bati nwayo lafwa nou an---nou egzèse lafwa nan Kris la, nou priye, nou medite sou ekriti yo, nou repanti, nou respekte kòmandman yo, epi nou sèvi lòt moun.

Lè n ap travèse yon eprèv lafwa—kèlkeswa sa nou fè, nou pa dwe mete distans ant nou menm ak Legliz la! Elwanye nou de wayòm Bondye a pandan yon eprèv lafwa se tankou kite sekirite yon refij byen asire egzakteman lè tanpèt la ap pwoche.

Apot Pòl te di: “Nou pa etranje ankò ni moun deyò, men nou se sitwayen ansanm ak tout sen yo, moun kay Bondye.”7 Se nan sen Legliz la, kay Bondye a, nou pwoteje lafwa nou. Nou reyini ansanm avèk lòt moun ki kwè, nou priye e nou jwenn repons pou priyè nou yo, nou adore atravè mizik, nou pataje temwayaj nou sou Sovè a, nou youn sèvi lòt, e nou santi Lespri Senyè a. Nou pran Sentsèn, nou resevwa benediksyon prètriz yo e nou ale nan tanp. Senyè a te deklare: “Nan òdonans yo ..., pouvwa Bondye a manifeste.”8 Lè n ap fè fas ak yon tès lafwa---rete ansekirite andedan kay Bondye a. Toujou gen yon plas pou nou nan kote sa a. Okenn eprèv pa si gwo ke nou pa kapab simonte li ansanm.9

Prezidan Thomas S. Monson te di: “Konpa moral sosyete a [ap chanje a yon vitès rapid]. Konpòtman ... yo te konsidere kòm inapwopriye ak imoral otrefwa yo vin kounyeya ... akseptab pou anpil moun.”10

Gen anpil adilt sèl nan Legliz la ki depase laj adilt anpil. Byenke yo twouve lavi aktyèl yo byen diferan de sa yo te prevwa, yo kenbe lwa chastete a.11 Sa se kapab yon eprèv lafwa. Mwen eksprime pwofon respè m ak admirasyon m pou disip Kris sa yo.

“Bondye kòmande pou pouvwa sakre pwokreyasyon yo sèvi sèlman ant gason ak fi ki marye legalman.”12 Nan Nouvo Testaman an Sovè a te bay nivo moral pou disip li yo lè l te deklare: “Si yon moun gade yon fi avèk lanvi, li fè adiltè avè l nan kè li.”13 Li te anseye nou pou n pa kondane lòt moun men, pou n pa pè pale yo klèman. Li te di: “Ale, e pa peche ankò.”14

Fanmi m gen yon zanmi. Ou siman konnen yon moun tankou li, oubyen petèt ou menm jan avèk li. Toujou fidèl, ap sèvi nobleman nan Legliz la, admire pwofesyonèlman, adore pa fanmi li, e byenke l te anvi marye e gen pitit, li rete selibatè. Li di: “M pran desizyon pou m mete .... konfyans nan Jezikri. Ale nan tanp souvan ede m kenbe yon pèspektiv pi etènèl. Sa raple m ke m pa janm poukont mwen. Mwen gen lafwa ... ke ... yo pap refize m okenn benediksyon ... si m ... rete fidèl nan alyans mwen yo, enkli lwa chastete a.”15

Yon lòt zanmi te sèvi yon misyon onorab, ki te suiv pa gwo fòmasyon akademik. Li te espere fonde yon fanmi. Eprèv lafwa li: atirans pou moun menm sèks. Li te ekri m sa pa gen lontan: “Nan benediksyon patriyakal mwen, yo pwomèt mwen ke m ap gen pwòp fanmi pa m yon jou. Keseswa ... nan lavi sa a oubyen nan lavi apre a, m [pa konnen] [Men sa m konnen sèke mwen pa vle fè anyen k pou konpwomèt benediksyon Bondye pwomèt mwen menm ak posterite m nan. ... Respekte [lwa chastete a] se yon defi, men èske nou pa t vin sou tè a pou konfwonte pwoblèm e pou montre Bondye lanmou ak respè nou pou li nan respekte kòmandman l yo? Mwen gen benediksyon pou m an bòn sante, pou m gen levanjil la, yon fanmi ki renmen mwen, ak zanmi lwayal. Mwen rekonesan pou pil benediksyon m resevwa yo.”16

Mond la pwoteste: “Kijan nou ka fè mande anpil konsa?” Senyè a reponn:

“Panse pa m se pa panse pa ou, e chemen pa ou se pa chemen pa mwen. …

“Menmjan syèl la byen lwen anwo latè a, se konsa panse pa m byen lwen anwo panse pa ou, wout mwen yo pi wo pase pa w yo.”17

De disip Kris sa yo, ak dèmilye menmjan avèk yo, yo te touche pa pwomès Sovè a: “M ap ba nou kè poze. Mwen pap fè li dapre jan mond lan. Pa kite anyen toumante tèt nou.”18

Men yon lòt eprèv lafwa. Te toujou gen moun ki vle diskredite Legliz la ak detwi lafwa. Jodia, yo itilize Entènèt.

Gen kèk nan enfòmasyon y ap bay sou Legliz la ki pa vre, kèlkeswa jan yo konvenkan. An 1985, m sonje yon kòlèg mwen ki te mache antre nan biwo m nan Florid. Li te gen atik ki te soti nan jounal Time nan ki te rele “Challenging Mormonism’s Roots (Mete rasin mòmonis la an kesyon).” Li te pale de yon lèt yo te fèk dekouvri, ki te sipoze ekri pa Martin Harris, ki te kontredi resi Joseph Smith te fè konsènan dekouvèt plak Liv Mòmon yo.19

Kòlèg mwen an te mande si nouvèl sa a t ap detwi Legliz Mòmon an. Atik la te site yon mesye ki te di li t ap kite Legliz la poutèt dokiman an. Nan apre, yo te di te gen lòt moun ki te kite Legliz la.20 Mwen sèten ke sete yon eprèv lafwa yo.

Kèk mwa apre, ekspè te dekouvri ke lèt la sete yon manti total (e moun ki te fòje l la te konfese). Mwen sonje m te reyèlman espere ke moun yo ki te kite Legliz la poutèt manti sa a ta fini pa retounen.

Gen kèk moun ki pafwa remete lafwa yo an kesyon lè yo li sa yon deklarasyon yon dirijan Legliz la te fè, sè dizèn ane desa, ki parèt an kontradiksyon avèk doktrin nan. Gen yon prensip enpòtan ki gouvène doktrin legliz la. Doktrin nan anseye pa tout 15 manm yo nan Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz la. Li pa kache nan yon paragraf diskou yon sèl moun. Vrè prensip yo anseye souvan e pa plizyè moun. Doktrin nou an pa difisil pou jwenn.

Dirijan Legliz yo se moun onèt men moun ki pa pafè. Sonje pawòl Mowoni yo: “Pa kondane m poutèt enpèfeksyon m, ni papa m tou ...; men okontrè bay Bondye remèsiman poutèt li fè nou konnen enpèfeksyon nou pou nou kapab aprann vin pi saj pase jan nou te ye.”21

Joseph Smith te di: “Mwen pa t janm di nou ke m te pafè, men pa gen erè nan revelasyon yo.”22 Mirak men Bondye nan istwa ak destine Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou ka konprann ni sèlman atravè linèt envestigasyon espirityèl. Prezidan Ezra Taft Benson te di: “Tout [moun] dwe finalman twouve yo nan pye mi lafwa a, e … yo dwe pran pozisyon.”23 Pa etone si sa rive ou!

Pa definisyon, eprèv ap difisil. Gen dwa gen angwas, konfizyon, nuit san somèy, ak zorye mouye ak kriye. Men eprèv nou yo pa oblije espirityèlman fatal. Yo pa oblije elwanye nou de alyans nou yo oubyen de kay Bondye a.

“Sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn ni yo vin bat nou, li pap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.”24

Menmjan ak gwo dife a ki transfòme fè a fè l vin tounen asye a, si nou rete fidèl pandan eprèv difisil lafwa nou yo, n ap espirityèlman rafine ak fòtifye.

Eldè D. Todd Christofferson te eksplike sa l te aprann gras ak yon eprèv pèsonèl: “Byenke m te soufri lè sa a, lè m gade dèyè, mwen rekonesan dèske pwoblèm mwen yo pa t rezoud rapidman. Lefèt ke m te oblije vire m vè Bondye pou mande l èd prèske chak jou pandan plizyè ane a te reyèlman aprann mwen kijan pou m priye ak resevwa repons pou priyè m yo, sa te pratikman aprann mwen pou m gen lafwa nan Bondye. Mwen te vin rive konnen Sovè a ak Papa m ki nan Syèl la nan yon fason e nan yon degre ki petèt pa t ap posib otreman, oubyen sa t ap petèt pran anpil anpil tan. ... Mwen te aprann mete konfyans mwen nan Senyè a avèk tout kè m. Mwen te aprann mache avèk li jou apre jou.”25

Pyè te dekri eksperyans sa yo kòm “pi presye pase ... lò” .”26 Pwofèt Mowoni te ajoute ke yon temwayaj suiv “eprèv lafwa ou.”27

Mwen te kòmanse avèk istwa fanmi Marriott la. Semèn pase a, Kathy avèk mwen te reyini avèk yo sou tonm Georgia. Dizan deja pase. Manm fanmi ak zanmi te eksprime lanmou yo te genyen pou Georgia ak souvni yo te gen de li. Te gen balon blan yo te lanse pou te selebre lavi li te viv la. Avèk dlo nan je l, manman Georgia te pale avèk tandrès sou lafwa ak pi gwo konpreyansyon li te resevwa, epi papa Georgia te dousman pale m de “temwayaj” yo te pwomèt li a ke l te resevwa a.

Avèk lafwa, eprèv lafwa vini, ki pote ogmantasyon lafwa. Asirans rekonfòtan Senyè a te bay Pwofèt Joseph Smith la se menm pwomès Li fè nou nan eprèv lafwa nou yo: “Kenbe … , pa pè … , paske Bondye ap avèk ou pou toujou ajamè.”28 Konsènan sa mwen rann temwayaj sakre mwen, nan non Jezikri amèn.

Nòt

  1. Gade Shayne M. Bowen, “Paske li vivan, nou menm tou nou va viv,” e Ann M. Dibb, “Mwen konnen sa. Mwen viv sa. Mwen renmen sa,” nan sesyon Samdi maten konferans jeneral Oktòb 2012 la.

  2. Jan 17:3.

  3. 1 Pyè 1:7.

  4. Lik 22:31–32.

  5. 1 Pyè 4:12; italik ajoute.

  6. Alma 1:25.

  7. Efezyen 2:19.

  8. Doktrin ak Alyans 84:20.

  9. Gade Mozya 18:8–10.

  10. Thomas S. Monson, “Stand in Holy Places,” Liahona, Nov. 2011, 82.

  11. Gade Ezra Taft Benson, “The Law of Chastity,” New Era, Jan. 1988, 4–7; “The Law of Chastity” nan Brigham Young University 1987–88 Speeches (1988), 1–5, speeches.byu.edu; gade Gospel Principles (2009), 224–32 tou.

  12. “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond la,” Liahona, Nov. 2010, 129.

  13. Matye 5:28.

  14. Jan 8:11.

  15. Korespondans pèsonèl, 2012.

  16. Korespondans pèsonèl, 2012.

  17. Ezayi 55:8–9.

  18. Jan 14:27.

  19. Gade Richard N. Ostling, “Challenging Mormonism’s Roots,” Time, May 20, 1985, 44.

  20. Gade Gordon B. Hinckley, “Lord, Increase Our Faith,” Ensign, Nov. 1987, 52.

  21. Mòmon 9:31.

  22. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 522.

  23. Ezra Taft Benson, “The Book of Mormon Is the Word of God,” Tambuli, Me 1988, 6.

  24. Elaman 5:12.

  25. D. Todd Christofferson, “Give Us This Day Our Daily Bread” (Church Educational System fireside, Jan. 9, 2011), lds.org/broadcasts.

  26. 1 Pyè 1:7; gade tou 1 Pyè 4:13.

  27. Etè 12:6.

  28. Doktrin ak Alyans 122:9; Prezidan George Q. Cannon di: “Kèlkeswa gravite eprèv la, pwofondè detrès la, grandè afliksyon yo, [Bondye] p ap janm abandone nou. Li pa janm fè sa, e li pap janm fè sa. Li pa ka fè sa. Sa pa nan karaktè li. Se yon moun enchanjab; li se menm nan yè, menm jodia, e l ap rete menm nan pou letènite k ap vini yo. Nou jwenn Bondye sa a. Nou fè l vin zanmi nou lè nou obeyi levanjil li a; e l ap kanpe bò kote nou. Menmsi nou pase nan founèz dife, nou naje nan dlo move, nou pap boule ni nwaye. N ap soti anba eprèv sa yo ak difikilte sa yo kote n ap vin pi bon ak pi pi gras avèk yo, si nou mete konfyans nou nan Bondye e si nou respekte kòmandman l yo” (“Freedom of the Saints,” in Brian H. Stuy, comp., Collected Discourses Delivered pa President Wilford Woodruff, His Two Counselors, the Twelve Apostles, and Others, 5 vols. [1987–92], 2:185); see also Jeffrey R. Holland, “Come unto Me,” Ensign, Avr. 1998, 16–23.