2010–2019
Byeveni nan konferans lan
Oktòb 2012


Byeveni nan konferans lan

Mwen swete pou nou koute mesaj yo avèk atansyon ..., pou nou ka santi Lespri Senyè a epi jwenn konesans Li ta renmen nou genyen an.

Selon sa m wè la a, tout chèz yo ranpli—sof kèk grenn la a nan ban dèyè a. Gen plas pou amelyorasyon. Sa a se yon koutwazi pou moun ki gen dwa yon tijan anreta akoz trafik yo kapab jwenn yon chèz lè yo vini.

Sa se yon gwo jou—jou konferans lan. Nou te tande yon bèl koral chante yon bèl chan mayifik. Chak fwa m tande koral la oubyen m tande yon òg oswa yon pyano, mwen sonje manman m, ki te di m: “Mwen renmen tout sa w akonpli, tout diplòm ou pran, ak tout travay ou reyalize. Sèl regrè mwen sèke ou pa t ret aprann pyano a.” Mèsi, Manman. Mwen regrèt m pa t fè sa.

Ala sa bon, frè m ak sè m yo, pou swete nou byenveni nan 182 zyèm Konferans Jeneral Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Depi nou te rankontre a sa gen sis mwa a, twa nouvo tanp te konsakre, epi youn te rekonsakre. Nan mwa Me a, m te gen privilèj pou m te konsakre bèl Tanp Kansas City a nan Missouri ak pou asiste selebrasyon kiltirèl yo te prezante pou okazyon an. M ap pale de selebrasyon sa ak pi plis detay demen maten.

Nan mwa Jen an, Prezidan Dieter F. Uchtdorf te konsakre tanp yo t ap tann depi lontan an nan Manaus, Brezil, e nan kòmansman mwa Septanm, Prezidan Henry B. Eyring te rekonsakre tanp ki fèk repare a nan Buenos Aires, an Ajantin, yon tanp ke m te gen privilèj pou m te konsakre sa fè 27 an. Sa gen de semèn Prezidan Boyd K. Packer te konsakre bèl tanp Brigham City a nan vil kote l te fèt ak kote l te elve a.

Jan m te endike anvan sa a, okenn bilding legliz la bati pa pi enpòtan pase yon tanp, e nou kontan dèske nou gen 139 tanp k ap fonksyone nan tout mond lan, avèk 27 anplis ki anonse oswa an konstriksyon. Nou rekonesan pou edifis sakre sa yo ak benediksyon yo pote nan lavi nou.

Maten an, mwen kontan pou m anonse de nouvo tanp, ki pral gen pou bati nan mwa ak ane k ap vini yo, nan kote sa yo: Tucson, Arizona, ak Arequipa, Pewou. Na jwenn detay konsènan tanp sa yo nan apre lè nou fin jwenn pèmi ak apwobasyon nesesè yo.

Frè m ak sè m yo, kounyeya, ann pale de yon lòt bagay—m vle di, sèvis misyonè.

Kèk tan desa, Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te bay pèmisyon pou jènjan nan kèk peyi sèvi misyon nan laj 18 tan depi yo te diy, kapab, epi yo te fin gradye nan lekòl segondè, e eksprime yon dezi sensè pou sèvi. Sa sete yon bagay ki te atache ak yon peyi espesifik, e sa te pèmèt dèmilye jènjan sèvi misyon onorab ak ranpli obligasyon militè yo ak opòtinite pou etidye tou.

Eksperyans nou avèk misyonè 18 tan sa yo te pozitif. Prezidan misyon yo rapòte ke yo obeyisan, fidèl, plen matirite, e sèvi osi konpetan ke misyonè ki pi gran yo k ap sèvi nan menm misyon yo. Fidelite yo, obeyisans yo, ak matirite yo te fè nou anvi aplike menm opsyon sa a pou sèvi misyon pi bonè a pou tout pou tout jènjan, kèlkeswa peyi kote yo soti.

Mwen kontan pou m anonse ke efektif imedyatman tout jènjan ki diy e ki kapab, ki gradye nan lekòl segondè oswa ekivalan segondè, kèlkeswa kote y ap viv, ap gen opsyon pou yo rekòmande yo pou sèvi misyon kòmanse nan laj 18 tan, olye de 19 an. Mwen pa vle di ke tout jènjan ap—oubyen dwe—sèvi misyon nan laj sa a menm. Men, baze sou sikonstans pèsonèl yo osi byen selon jan sa detèmine pa dirijan prètriz yo, opsyon sa a disponib kounyeya.

Pandan ke nou te reflechi, nan lapriyè, sou laj jènjan yo ta ka kòmanse sèvi misyon yo, nou te pran an konsiderasyon laj pou jènfi yo ta sèvi tou. Jodia mwen kontan anonse ke jènfi ki diy e ki kapab yo ki vle sèvi yon misyon, gen dwa resevwa otorizasyon pou kòmanse sèvi misyon yo nan laj 19 an olye de 21 an.

Nou afime ke travay misyonè se yon devwa Prètriz la—e nou ankouraje tout jènjan ki diy e ki fizikman kapab ak mantalman pare pou yo reponn apèl pou sèvi a. Anpil jènfi sèvi misyon tou, men yo pa anba menm obligasyon pou sèvi menmjan ak jènjan yo. Sepandan, nou asire jèn sè yo nan Legliz la ke yo pote yon kontribisyon valab anpil kòm misyonè, e n ap resevwa sèvis yo.

Nou kontinye bezwen anpil plis koup granmoun. Si sitiyasyon ou pèmèt ou, si ou atenn laj pou pran retrèt, e si sante ou pèmèt ou, mwen ankouraje ou pou rann tèt ou disponib pou sèvi yon misyon aplentan. Ni mari yo ni madanm yo ap gen pi gwo lajwa si ansanm yo sèvi pitit Papa nou yo.

Kounyeya, frè m ak sè m yo, mwen swete pou nou koute mesaj yo pral prezante nou yo pandan de jou sa yo avèk atansyon, pou nou ka santi Lespri Senyè a e akeri konesans Li ta vle nou jwenn nan. Mwen priye pou nou fè eksperyans sa a, nan non Jezikri, amèn.