2010–2019
Yon fondasyon asire
Avril 2013


Yon fondasyon asire

Ann aksepte envitasyon Sovè a pou nou vin jwenn ni an. Annou bati lavi nou sou yon fondasyon solid ak asire.

Jou 17 Oktòb 1989 la, pandan m t ap kondui retounen lakay apre travay, mwen te rive bò limyè sikilasyon ki nan entèseksyon ri Market ak Beale la nan San Francisco, Californie. Nan menm moman an, m te santi machin nan sekwe e m te panse nan tèt mwen: “Siman m gen yon kawotchou plat.” Kòm machin nan te kontinye ap sekwe, m te remake yon bis tou pre m nan, e m te panse : “Bis sa a frape m!” Epi machin nan te sekwe pi plis toujou e m te panse “Siman tout kat kawotchou yo plat! ” Men se pat kawotchou plat ni bis la– sete yon gwo tramblemandtè! Alòske m te rete sou limyè wouj la, te gen mouvman ale vini sou asfàlt la, tankou vag lanmò k t ap woule desann nan Markeet Street. Anfas mwen, te gen yon gwo bilding ki t ap sekwe de bò, e brik te kòmanse tonbe soti nan yon ansyen bilding agoch mwen pandan tè a t ap kontinye tranble.

Tranblemandtè Loma Prieta a te frape zòn San Francisco Bay a vè 5:04 jou aprèmidi sa a e l te kite jiska douz mil moun sanzabri.

Tranblemandtè a te fè gwo dega nan Baie San Francisco a, espesyalman nan teren enstab San Francisco ak Oakland yo. Nan San Francisco, katye Marina a te konstwi sou yon teren ranblè ki te fèt avèk yon melanj sab, tè, dekonb, ak lòt materyo ki te gen gwo pousantaj dlo souteren. Yon pati nan ranblè sa yo te konpoze pa debri yo te jete nan baie San Francisco a apre tranblemandtè 1906 la.”1

Apeprè an 1915, yo te bati apatman sou teren an. Nan tranblemandtè 1989 la, sòl frajil plen dlo sa a, ki te konpoze pa labou, sab ak debri yo te vin transfòme an yon mas likid, ki te fè bilding yo tonbe. Tou senpleman, bilding yo pa t bati sou yon fondasyon asire.

Tranblemandtè Loma Prieta a te gen repèkisyon nan lavi anpil moun, enkli pa mwen. Lè m ap panse sou evenman jou sa a, sa konfime nan lespri m ak nan kè m ke pou nou kapak reziste anba tanpèt, tranblemandtè, ak kalamite lavi yo, nou dwe bati sou yon fondasyon asire.

Pwofèt Nefit la, Elaman, te klèman eksprime enpòtans pou nou bati lavi nou sou yon fondasyon asire, ki se fondasyon Jezikri a: “Epi kounyeya, pitit gason m yo, sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lètout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè akmalè etènèl la, poutèt sou wòchnou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe siyo bati sou fondasyon sa a” (Elaman 5:12).

Nan preparasyon ak elaborasyon tanp modèn n ap bati yo, nou pote anpil atansyon sou desine, konstwi, ak itilize materyèl konstriksyon. Gen etid sòl ak jeneyaloji konplè ki fèt sou teren kote pou yo bati yon tanp. Yo fè etid sou van, lapli, chanjman tanperati nan zòn nan pou ke, lè tanp lan fini, li ka reziste non sèlman anba tanpèt ak klima zòn nan, men tou, tanp lan prepare e l pozisyone pou l reziste anba tranblemandtè, siklòn, inondasyon, ak lòt kalamite natirèl ki ka rive sanzatann yo. Nan anpil tanp, yo plante pilye beton oubyen asye byen fon nan sòl la pou asire fondasyon tanp la.

Menmjan ak desinatè ak konstriktè nan tan pa nou yo, bon Papa eman nou an ki nan syèl la ak Pitit gason l lan prepare plan, zouti, ak lòt mwayen pou nou itilize pou nou bati ak estriktire lavi nou pou l ka fèm e inebranlab. Plan an se plan sali a, gwo plan bonè a. Li prezante pou nou you imaj ak yon konpreansyon klè sou kòmansman an ak fen an, ak etap esansyèl yo, ki gen ladan òdonans ki nesesè pou chak pitit Papa nou ki nan syèl la pou yo kapab retounen nan prezans li pou al viv avèk li pou tout tan yo.

Lafwa, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen fè pati plan lavi a. Yo ede nou fòme blòk esansyèl yo pou ankre lavi nou nan Expyasyon Kris la. Yo modle ak soutni soutyen ki sipòte lavi yon moun nan. Apresa, menmjan plan tanp yo gen espesifikasyon ki bay enstriksyon detaye sou fason pou fòme ak entegre eleman esansyèl yo; se menmjan tou lapriyè, li ekriti yo, pran Sentsèn, ak resevwa òdonans esansyèl prètriz yo vin tounen espesifikasyon ki ede entegre ak konsolide fondasyon lavi a.

Balans nan aplike espesifikasyon sa yo trè enpòtan. Paegzanp, nan pwosesis pou fè beton an, yo itilize yon kantite egzak pou sab, gravye, siman, ak dlo pou jwenn yon rezistans maksimòm. Mete yon kantite ki pa kòrèk oubyen retire nenpòt nan eleman sa yo ap febli beton an e li pap kapab ranpli fonksyon enpòtan l dwe ranpli a.

Nan menm fason an, si nou pa gen veye pou n gen yon bon ekilib nan lavi nou nan priyè pèsonèl chak jou ak li ekriti yo chak jou, nan pran fòs chak semèn lè nou pran Sentsèn, e patisipe souvan nan òdonans prètriz tankou òdonans tanp yo, nou menm tou nou riske febli estriktirèlman ak espirityèlman.

Nan yon lèt li te voye bay Efezyen yo, Pòl te pale de yon bagay nou ka aplike pou yon devlopman balanse ak ekilibre nan pèsonalite nou ak nan nanm nou: “Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l grandi pou l tounen yon tanp sakre yo mete apa pou Senyè a” (Efezyen 2:21).

Lapriyè se yonn nan blòk fondasyon enpòtan pou lafwa nou ak karaktè nou. Atravè lapriyè, nou kapab eksprime rekonesans nou, lanmou nou, ak devouman nou pou Bondye. Atravè lapriyè nou kapab soumèt volonte nou anba volonte pa li epi anretou, resevwa fòs pou konfòme lavi nou ansanm avèk ansèyman l yo. Lapriyè se chemen nou ka swiv pou nou chèche enflyans li nan lavi nou, ki se revelasyon.

Alma te enseye: “Mande Senyè a konsèy nan tout sa w ap fè, epi l ap dirije w nan sa ki bon; wi, lè w kouche nan nwit, kouche nan Senyè a,pou l kapab pwoteje w nan dòmi;epi lè w leve nan maten, ranplikè w avèk remèsiman pou Bondye; epi si w fè bagay sa yo, wap leve nan dènye jou a” (Alma 37:37).

Eksprime panse ou, santiman ou ak dezi ou bay Bondye atravè priyè sensè ta dwe osi tou natirèl ak enpòtan pou nou chak ke manje ak respire.

Sonde ekriti yo regilyèman ap fòtifye lafwa nou ak karaktè nou tou. Menmjan nou bezwen manje pou nouri kò fizik nou an, espri nou ak nanm nou ap alimente ak fòtifye lè nou fè yon festen avèk pawòl Kris la jan l ye nan ekri pwofèt yo. Nefi te anseye: “Fè yon festen ak pawòl Kris la yo; paske gade, pawòl Kris yo pral di nou tout bagay nou dwe fè” (2 Nefi 32:3).

Pandan ke li ekriti yo bon an, lekti sèlman pa sifizan pou nou kapte tout anplè ak pwofondè ansèyman Sovè a bay yo. Sonde, medite, e aplike pawol Kris yo jan yo anseye nan ekriti yo, ap pote sajès ak yon konesans ki depase konpreyansyon mòtèl nou. Sa ap ranfòse angajman nou e founi rezèv espirityèl pou nou ka itilize nan tout sitiyasyon.

Youn nan etap ki pi enpòtan nou kapab pran pou fòtifye lavi nou nou e rete tache fèm nan fondasyon Sovè a se pran Sentsèn diyman chak semèn. Òdonans Sentsèn nan ofri chak manm legliz la opòtinite pou medite alavans sou lavi li, pou panse sou sa l fè ak sa l neglije fè ke l bezwen l repanti pou yo, epi apresa pran pen an ak dlo a kòm anblèm sakre an souvni kò ak san Jezikri, yon temwayaj sou Ekspyasyon l la. Si nou fè sa avèk senserite ak imilite, nou renouvle alyans etènèl nou yo, nou pirifye ak sanktifye, e nou resevwa pwomès ke n ap toujou gen Lespri li avèk nou tout tan. Lespri a aji tankou yon mòtye, yon chenn soude ki non sèlman sanktifye nou men ki fè nou sonje tout bagay tou e ki temwaye ankò epi ankò de Jezikri. Pran Sentsèn nan diyman fòtifye ankraj pèsonèl nou sou wòch fondasyon an, ki se Jezikri.

Pandan ministè l la, avèk amou ak klate, Sovè a te ansenye doktrin, prensip ak aksyon ki nesesè pou prezève lavi nou ak ranfòse karaktè nou yo. Nan fen Diskou sou Mòn nan, Li te deklare:

“Se poutèt sa, nenpòt moun ki tande pawòl mwen yo, e ki pratike yo, m ap konpare l avèk yon moun ki gen sajès, ki bati kay li sou yon wòch—

“Lapli tonbe, dlo desann, e van soufle frape kay la; men, li pa tonbe, paske li te bati sou yon wòch.

“Epi tout moun ki tande pawòl mwen yo e ki pa pratike yo ap tankou yon nonm ensanse, ki bati kay li sou sab—

“Lapli tonbe, dlo desann, evan soufle frape kay la; li tonbe e li te tonbe fò” (3 Nefhi 14:24–27; gade tou Matye 7:24–27).

Frè m ak sè m yo, pa gen nou youn ki t ap volontèman bati kay nou, kote n ap travay, oswa kay adorasyon sakre nou yo sou sab, ak debri oubyen san plan ak materyo apwopriye yo. Annou aksepte envitasyon Sovè a pou nou vin jwenn ni an. Annou bati lavi nou sou yon fondasyon fèm ak asire.

Mwen temwaye enbleman ke si nou santre lavi nou sou Jezikri ak Expyasyon l la, e si nou swanyezman suiv plan Li genyen pou bonè nou yo, ki se lapriyè chak jou, etid ekriti chak jou, ak pran Sentsèn diyman chak semèn, n ap fòtifye, n ap fè eksperyans pwogresyon pèsonèl reyèl ak konvèsyon dirab, n ap pi byen prepare pou nou reziste devan tanpèt ak kalamite lavi yo; n ap fè eksperyans lajwa ak bonè yo pwomèt nou yo; epi n ap gen asirans ke lavi nou bati sou yon fondasyon ki asire: yon fondasyon ki pap janm tonbe. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade “1989 Loma Prieta Earthquake,” wikipedia.org/wiki/1989_Loma_Prieta_earthquake.