2010–2019
Bèl maten
Avril 2013


Bèl maten

Nou pa dwe krenn lefiti, ni kite esperans nou ak kouraj nou febli, paske Bondye avèk nou.

Yon jou Jedi swa nan Jerizalèm, Jezi ak disip li yo te reyini nan yon chanmòt pou yo te obsève Passover. Mesye yo ki te avèk li yo pa t konnen ke yon jou repa sa a ta pral rele Dènye Soupe. Si yo te konn sa epi yo te konn kisa sa te siyifi, yo t ap krye.

Men, Mèt yo a te pafètman konnen ke siplis Jetsemani an ak Gòlgota a ta pral kòmanse byenvit. Lè ki te pi fènwa nan istwa mond la te pwòch; sepandan, Jezi te di yo, “Nou gen pou n’ soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemond deja pèdi devan mwen” (Jan 16:33).

N ap viv jodia nan yon epòk ajitasyon ak ensètitid, yon tan Senyè a te di Enòk ki t ap make pa “jou mechanste ak vanjans” (Moyiz 7:60). Tribilasyon ak tan difisil gen dwa ap tann nou devan, men noumenm tou nou gen rezon pou nou pran kouraj epi pou nou rejwi paske n ap viv nan dènye dispansasyon an, kote Bondye retabli legliz ak wayòm ni sou tè a an preparasyon pou retou Pitit Li a.

Prezidan Boyd K Paker te pale yon fwa de pitit pitit li yo ak sou mond plis anplis twouble kote y ap viv la. Li te di: “Yo pral wè anpil evenman pase devan yo nan lavi yo. Genyen ka pral mete kouraj yo aleprèv e fè lafwa yo grandi. Men si yo priye pou yo jwenn èd ak gidans, y ap resevwa fòs pou yo venk ladvèsite.”

Apre sa li te ajoute: “Valè moral yo tout sivilizasyon an depann sou yo a ap tonbe nan yon vitès ki ap akselere san rete. Malgre sa, mwen pa pè demen” (“Do Not Fear,” Ensign oswa Liahona, Me 2004, 77, 78).

Frè m ak sè m yo, nou pa bezwen pè demen, ni kite esperans nou ak kouraj nou febli, paske Bondye avèk nou. Nan pami premye rekòmandasyon Jezikri te bay disip Li te fèk aple nan Galile yo te gen de mo avètisman: “Pa pè” (Lik 5:10). Li te repete konsèy sa a plizyè fwa pandan ministè Li. Pou Sen l yo nan epòk pa nou an, Sovè a di : “Fè kè nou kontan, epi pa krenn, paske mwen menm Senyè a, m avèk nou epi m ap kanpe bò kote nou” (D&A 68:6).

Senyè a ap kanpe avèk Legliz Li ak pèp li a e l ap kenbe yo an sekirite jiskaske li retounen. Ap gen lapè nan Siyon ak nan pye l yo, paske li deklare: “Pou rasanbleman ansanm sou tè Siyon an ak nan pye li yo kapab fèt kòm yon defans, epi kòm yon refij kont siklòn epi kont kòlè ki pral vide san mezi sou tout tè a” (D&A 115:6).

Legliz la kanpe fèm kòm yon mi sekirite pou manm li yo. Menmsi kondisyon pou viv yo nan mond lan vin trè penib pafwa, Sen Dènye Jou fidèl yo ap jwenn refij nan pye Siyon yo. Senyè a te deklare ke wòch ki dekole soti sou mòn nan san okenn men pa pouse l la ap woule desann, jistan l ranpli tout tè (gade Danyèl 2:31–45; D&A 65:2). Pa gen okenn pouvwa lèzòm ki ka anpeche sa rive; paske Bondye se mèt travay sa a, epi Jezikri se wòch fondasyon an.

Nefi te wè nan vizyon ke nan dènye jou yo, pouvwa Mouton Bondye a t ap desann “sou pèp alyans Senyè a” epi yo ta pral “ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa” (1 Nefi 14:14).

Nou chak, ak fanmi nou, kapab ame avèk pouvwa Bondye kòm defans si sèlman nou rete fidèl nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo epi nou kite Sentespri a gide nou. Eprèv ka vini, e nou gen dwa pa konprann tout bagay k ap rive nou oubyen k ap pase bòkote nou. Men, si nou enbleman e trankilman mete konfyans nou nan Senyè a, l ap ba nou fòs ak gidans nan tout eprèv nou rankontre nan lavi a. Lè dezi nou se sèlman pou nou fè l plezi, n ap resevwa benediksyon lapè enteryè.

Nan premye jou Retablisman yo, manm Legliz yo te fè fas ak gwo eprèv. Men sa Prezidan Brigham Young te di apwopo epòk sa a: “Lè m antoure pa foul moun mechan, lè lanmò ak destriksyon menase chak bò, mwen pa reyalize sa men m santi m osi jwaye ak osi byen nan lespri mwen, ke jan m santi m kounyeya. Demen gen dwa parèt sonb ak efreyan, men, mwen pa janm wè yon tan nan levanjil la kote m pa t konnen ke rezilta yo t ap pote benefis pou koz laverite a” (Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young [ [1997], 357).

Konpayon misyon mwen, Paul, sete yon moun ki te toujou gen kè kontan. Pandan l te yon jèn papa, li te frape pa yon maladi sèvo. Men, malgre advèsite ki te suiv la, li te kontinye sèvi lòt moun avèk lajwa ak bòn imè. Yon fwa li te vin nan biwo mwen chita sou chèz woulant li epi l te di : « Lavi amelyore avèk yon chèz woulant ki gen motè! » M ap toujou sonje li menm, kèk ane anvan l te mouri, ki te kenbe tòch Olenpik la byen wo pandan l t ap kondui nan chèz woulant li a pandan ke dèsantèn moun t ap aplodi. Menmjan ak flanm ki pa janm etenn sa a, lafwa Paul pa t janm bese avèk letan.

Lè m te etidyan nan Inivèsite Brigham Young, mwen tap viv nan yon kay ki te genyen plizyè jèn gason. Konpayon m nan chanm nan, Bruce, sete moun ki te pi optimis m te janm rankontre. Nou pa t janm tande l di anyen negatif sou okenn moun ni sou okenn sitiyasyon, e li te enposib pou yon moun pa t santi w ankouraje nan prezans li. Kè kontan l lan te soti nan yon gwo konfyans li te gen nan Sovè a ak nan levanjil la.

Yon jou matin ivè byen frèt, yon lòt zanmi mwen, Tom, tap mache nan lakou inivèsite a. Li te sèlman 7:00 dimaten, epi kanpis la te desète e l te fènwa. Gwo nèj tap tonbe, avèk yon van frèt. Tom te panse: “Ala yon move tanperati”. Li te mache al pi lwen, epi nan fènwa a ak nèj la, li te tande yon moun kap chante.

Jan l te atann nan, sete zanmi nou an, Bruce, etènèl optimis la, ki t ap vini sou tanpèt nèj la. Bra l te leve anlè, e li t ap chante yon mizik nan komedi mizikal Oklahoma: a: “O, ala yon bèl matine! O, ala yon bèl jounen! Mwen gen yon bon sansasyon, tout bagay pral mache byen jodi a” (Richard Rodgers ak Oscar Hammerstein II, “Oh, What a Beautiful Morning” [1943]).

Nan ane k te suiv yo apre eksperyans sa a, vwa klè sa a nan yon gwo tanpèt la te vin tounen pou mwen yon senbòl sou sa ki rele lafwa ak esperans. Menm nan yon mond enkwayabman fènwa, nou menm Sen Dènye Jou yo nou dwe chante ak lajwa, paske nou konnen pouvwa syèl la yo avèk Legliz Bondye a ak pèp li a. Nou dwe rejwi paske nou konnen gen yon bèl jounen k ap tann nou pi devan—kòmansman jou mileneyòm nan, kote Pitit Bondye a pral leve kanpe nan Lès la pou l renye pèsonèlman sou tè a.

Mwen panse avèk de lòt bèl maten nan istwa mond lan. Nan prentan 1820 an, nan maten yon bèl jou klè nan Palmira, nan Nouyòk, yon jèn gason ki te rele Joseph Smith te antre nan yon forè epi li mete l a jenou ap lapriyè. Repons priyè sa a, aparisyon Papa a ak Pitit la devan l lan, te inogire dispansasyon plenitid tan yo ak Retablisman Legliz Jezikri a sou tè a.

Gen yon lòt bèl jou maten ki te leve sa gen apeprè 2.000 ane deyò miray vil Jezizalèm nan. San okenn dout solèy la te klere avèk yon bryans eksepsyonèl nan maten Pak sa a. Yon ti group fi te vin vizite yon tomb, avèk espwa pou yo te vin anbome kò Senyè yo a ki te krisifye a. De zanj te vin rankontre yo epi te deklare: “Poukisa n’ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? Li pa isit; li resisite” (Lik 24:5–6).

Mwen rann temwanyaj konsènan triyonf Jezikri sou peche ak lanmò a. Mwen temwanye de plan mizèrikòd Papa Etènel nou an ak lanmou enfini li. Lè nou leve chak maten, se pou nou leve je nou gade syèl la avèk lafwa epi pou n di : “O, ala yon bèl jou maten,” mwen priye nan non Jezikri, amèn.