2010–2019
Aksepte pa Senyè a
Avril 2013


Aksepte pa Senyè a

Lè nou efòse nou pou n chèche pou Senyè a aksepte nou e nou santi li aksepte nou, sa fè nou jwenn konesans ke li chwazi nou e li beni nou.

Lè m te piti, mwen sonje papa m te konn pafwa mennen m avèk li pou al travay sou kèk pwojè. Nou te gen yon ti jaden ki te a kèk kilomèt bò kote nou t ap viv la, e te toujou gen anpil bagay pou fè pou n te prepare jaden an chak sezon. Nou te konn travay sou lantouraj la oubyen bati oswa repare kloti. Nan souvni mwen, travay sa a te konn fèt nan gwo fredi, gwo nèj, oubyen anba gwo lapli. Men m te renmen li. Papa m te konn anseye m kijan pou m te fè bagay yo avèk pasyans ak akseptans.

Yon jou, li te mande m pou m te sere yon vis epi li te avèti m: “Sonje, si w sere vis la twòp, l ap kase.” Fyèman, mwen te anvi montre l sa m te fèk aprann nan. Mwen te vise vis la avèk tout fòs mwen epi, nou ka devine, m te kase vis la. Li te fè yon kòmantè amizan, epi nou te rekòmanse ankò. Menm lè m te konn “fè erè”, mwen te toujou santi amou li ak konfyans li genyen nan mwen. Sa gen plis pase 10 ane depi l mouri, men mwen toujou ka tande vwa li, santi amou li, pwofite ankourajman l yo, ak santi akseptans li.

Santiman ki fè nou santi nou aksepte pa yon moun nou renmen an es yon bezwen imen debaz. Lè nou santi bon moun aksepte nou, sa ka motive nou. Sa ogmante santiman valè pèsonèl lakay nou ak konfyans nan tèt nou. Moun ki pa ka jwenn akseptans nan men moun yo ta renmen jwenn ni yo chèche l lòt kote. Yo gen dwa chèche l nan men moun ki pa enterese nan byennèt yo. Yo gen dwa asosye yo avèk fo zanmi e fè bagay ki pa bon pou yo eseye resevwa akseptans y ap chèche a. Yo gen dwa chèche akseptans nan mete tèl mak rad pou yo atire yon apatenans oswa akseptans. Pou kèk nan yo, chèche yon wòl oswa yon pozisyon enpòtans kapab se fason pa yo pou chèche akseptans. Yo gen dwa defini valè yo selon yon pozisyon yo okipe oubyen yon plas yo jwenn.

Menm nan Legliz la nou pa toujou alabri kalite fason panse sa a. Chèche akseptans nan move sous yo oubyen pou rezon ki pa kòrèk mete nou sou yon wout danjere---yon wout ki kapab detounen nou e menm mennen nan destriksyon. Olye nou santi akseptans ak konfyans nan nou, n ap finalman santi nou abandone ak enferyè.

Alma te konseye pitit gason li Elaman: “Gade Bondye pou w kapab viv.”1 Sous final otonomi ak akseptans dirab la se Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Li a, Jezikri. Yo konnen nou. Yo renmen nou. Yo pa aksepte nou poutèt tit nou oswa pozisyon nou. Yo pa sousye de plas nou okipe. Yo gade nan kè nou. Yo aksepte nou pou sa nou ye ak sa n ap eseye devni. Chèche ak resevwa akseptans nan men yo ap toujou edifye nou ak ankouraje nou.

M ap pataje yon senp pwosesis, ki, si nou aplike l, kapab ede nou chak jwenn akseptans siprèm nan. Se Senyè a ki te bay pwosesis sa a palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith: “An verite m ap di nou, tout moun pami yo ki konnen kè yo onèt, epi ki gen kè brize, epi lespri yo kontri, epi ki vle fè sakrifis pou obsève alyans yo---wi, chak sakrifis mwen menm Senyè a m kòmande---m ap aksepte yo.”2

Pwosesis sa a fòme pa twa senp etap:

  1. Konnen ke kè nou onèt ak brize,

  2. Konnen ke lespri nou kontri, epi

  3. Dispoze pou nou respekte alyans nou yo pa sakrifis, jan Senyè a kòmande nou an.

Premyèman, nou bezwen konnen ke kè nou onèt ak brize. Kijan pou nou konn sa? Nou kòmanse pa sensèman egzaminen lavi nou. Kè a se sant santiman nou. Si nou gade nan kè nou, n ap evalye tèt nou. Sa okenn moun bò kote nou pa konnen, nou sètènman konnen. Nou konn motivasyon nou ak dezi nou. Lè nou antre nan refleksyon onèt ak sensè, nou pa abize tèt nou ni twonpe tèt nou.

Gen yon fason pou nou jije si kè nou brize tou. Yon kè brize se yon kè dou, yon kè ouvè e ki reseptif. Lè m tande Sovè a di: “Koute, men mwen kanpe la devan pòt la, m ap frape,”3 se pòt kè m mwen tande l ap frape a. Si m louvri pòt sa a ba li, mwen pi sansib a envitasyon Lespri a, e m pi aksepte volonte Bondye.

Si nou sensèman reflechi nan lapriyè pou wè nan ki mezi kè nou onèt ak brize, n ap anseye pa Sentespri a. N ap resevwa yon bèl konfimasyon oubyen yon koreksyon janti, ki ap envite nou pou n aji.

Dezyèmman, nou dwe konnen ke lespri nou kontri. Mo kontri a nan Diksyonè Oxford la defini kòm: “santi oswa eksprime remò lè nou rekonèt nou fè sa k pa bon.”4 Si nou gen yon lespri kontri, n ap rekonèt peche nou ak erè nou. Y ap kapab anseye nou “tout bagay sou zafè lajistis.”5 N ap santi remò sensè e n ap dispoze pou n repanti. Yon lespri kontri dispoze pou koute “enfliyans Sentespri a, e retire lòm natirèl la nan kò l, pou l vin tounen yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a, e pou l vin tankou yon timoun, obeyisan, dou, enb, pasyan, ranpli avèk amou, ki vle soumèt tèt li bay tout bagay Senyè a jije nesesè pou fè l andire, menm jan yon timoun soumèt a papa l.”6

Yon lespri kontri manifeste pa volonte nou ak detèminasyon nou pou n aji. Nou dispoze pou imilye tèt nou devan Bondye, dispoze pou n repanti, dispoze pou n aprann, ak dispoze pou n chanje. Nou dispoze pou n priye: “Non pa volonte pa m, men se volonte pa ou ki pou fèt.”7

Twazyèm etap la pou Senyè a aksepte nou an se yon desizyon konsyan pou nou obsève alyans nou yo atravè sakrifis, “wi, chak sakrifis mwen menm, Senyè a, m kòmande.”8 Twò souvan nou panse ke mo sakrifis la vle di yon bagay ki gwo oubyen ki difisil pou nou fè. Nan kèk sitiyasyon sa gen dwa vre, men pou pifò li gen pou wè ak viv chak jou antanke yon vrè disip Kris la.

Yon fason nou ka respekte alyans nou yo pa sakrifis se pran Sentsèn nan diyman chak semèn. Nou prepare nou an tout konsyans pou òdonans sakre a. Nou renouvle ak konfime pwomès sakre nou te fè Senyè a. Nan fason sa a, nou santi li aksepte nou e nou resevwa asirans ke li rekonèt efò nou e peche nou padone pa mwayen Ekspyasyon Jezikri a. Pandan òdonans sa a, Bondye pwomèt nou ke si nou dispoze pou nou pran non Pitit Gason L lan sou nou, pou nou toujou sonje L, epi respekte kòmandman L yo, n ap toujou gen Lespri L avèk nou. Lè nou gen konpayi konstan Sentespri a avèk nou, se pi bon siy ke Bondye aksepte nou.

Lòt fason pou nou respekte alyans nou pa sakrifis yo osi senp ke aksepte yon apèl nan Legliz la e fidèlman sèvi nan apèl sa a, oubyen suiv envitasyon pwofèt nou an, Thomas S. Monson, pou nou lonje lamen bay moun ki kanpe akote yo e ke nou bezwen sekouri espirityèlman yo. Nou respekte alyans nou pa sakrifis lè nou senpleman rann sèvis diskrè nan katye nou oubyen nan kominote nou oubyen lè nou jwenn non zansèt nou yo epi nou al fè travay tanp pou yo. Nou respekte alyans nou yo pa sakrifis lè senpleman eseye pou nou jis, rete louvri, ak koute enspirasyon Lespri a pandan n ap viv lavi chak jou nou. Pafwa, respekte alyans nou yo vle di senpleman kanpe fèm epi fidèl lè tanpèt lavi yo ap soufle tout bò kote nou.

Lè l fin eksplike nou kòman pou nou aksepte pa Li menm nan, Senyè a itilize yon bèl ilistrasyon ki montre kijan nou kapab, endividyèlman e antanke fanmi, jwenn benediksyon pandan n ap efòse nou pou li aksepte nou an. Li di: “Paske, mwen menm, Senyè a, m ap fè yo donnen tankou yon pye fwi ki plante nan yon bon tè, kote yon kouran dlo pi ki bay anpil fwi ki bon.”9

Lè nou pèsonèlman an amoni avèk Lespri Senyè a e nou santi akseptans Li, n ap beni plis pase nou ka konprann e n ap donnen anpil fwi lajistis. N ap vin pami moun li te di: “Sa se byen, ou se yon bon sèvitè fidèl; paske ou te fidèl nan kèk bagay, m ap mete ou responsab pi gwo bagay ankò: antre vin fè fèt avèk mwen.”10

Lè nou chèche pou Senyè a aksepte nou e nou santi li aksepte nou, n ap vin konnen ke li chwazi nou e li beni nou. N ap akeri pi plis asirans ke l ap gide nou ak dirije nou pou byen nou. Tand mizèrikòd li ap vin evidan nan kè nou, nan lavi nou, ak nan fanmi nou.

Mwen priye pou nou tout kapab devlope dezi pou n chèche akseptans Senyè a epi jwi benediksyon Li pwomèt yo. Si nou suiv chema sa a Senyè a montre nou an, n ap vin konnen ke Li aksepte nou, san gade pozisyon nou, plas nou, oswa limitasyon mòtèl nou. Akseptans eman Li ap motive nou, ogmante lafwa nou, e ede nou jere tout bagay n ap fè fas nan lavi nou. Malgre difikilte nou yo, n ap santi nou gen siksè, nou pwospere,11 e n ap nou anpè.12 N ap pami moun Senyè a te pale yo lè l te di:

“Pa pè, timoun mwen yo, paske nou pou mwen, epi m gen pouvwa sou mond lan, epi nou pami moun Papa m te ban mwen yo;

“Epi pa gen youn nan moun Papa m te ban mwen yo k ap pèdi.”13

Nan non Jezikri, amèn.