2010–2019
Kapte vizyon an
Avril 2013


Kapte vizyon an

Mwen remèsye Bondye ak Pitit Gason l lan, Jezikri, pou Retablisman an ak pouvwa li pou pwopaje yon bèl vag verite ak jistis sou tout tè a.

Chè frè ak sè m yo, mwen ajoute vwa pa m sou vwa Prezidan Thomas S. Monson ak lòt yo pou konplimante moun sa yo ki reponn alapèl pwofèt la pou mande plis misyonè ki diy la. Kounyeya gen yon vag antouzyas pou travay misyonè nou pa t janm te konn wè anvan k ap simaye sou tout tè a. Depi anons istorik Prezidan Monson nan an Oktòb dènye a, dèmilye èldè, sè, koup misyonè te aple, epi gen pi plis toujou k ap prepare yo.1 Kounyeya, moun ap mande nou: “Kisa nou pral fè avèk tout misyonè sa yo?” Repons lan senp. Yo pral fè sa misyonè toujou fè. Yo pral preche levanjil la! Yo pral beni pitit Bondye Toupuisan an yo!

Va gen plis toujou nan nou menm, jènjan ak jènfi yo, ki va kapte vizyon sa a si nou eseye rete diy pou nou jwenn apèl misyon nou. Nou wè sa kòm yon vag laverite ak lajistis. Nou wè okazyon pa nou pou nou sou tèt vag sa a.

Nou menm, adolesan yo, anbrase nouvo pwogram nan epi se pou youn anseye lòt doktrin Jezikri a. Kounyeya se moman pou nou prepare nou pou anseye lòt moun sou bonte Bondye.

Jènjan ak jènfi m yo, etid nou toujou trè enpòtan---pou nou menm, pou ou menm, ak pou Bondye. Lè sa posib, si w vle ale nan inivèsite oubyen al fè etid siperyè apre misyon ou, nou ankouraje w pou w enskri nan etablisman ou chwazi a anvan ou pati al nan misyon. Anpil enstitisyon ansèyman siperyè ap bay yon misyonè ki pral fè misyon delè dizuit jiska trant mwa. Sa ap pèmèt nou menm, èldè yo ak sè yo, sèvi san nou pa enkyete nou osijè ki kote nou pral kòmanse etid nou apre. Nou rekonesan anpil pou dirijan enstitisyon edikatif sa yo ki rann planifikasyon bagay sa a posib la!

Nou menm paran, pwofesè, ak lòt moun, kapte vizyon an nan prepare jenerasyon k ap grandi a pou yo diy pou travay misyonè. Pandan tan sa a, lavi egzanplè nou ap atire atansyon zanmi nou ak vwazen nou yo. Se pou nou pare pou nou reponn moun k ap mande poukisa nou viv fason n ap viv la. Pare pou nou bay rezon esperans ak lajwa yo wè nan nou an.2 Lè yo poze nou kesyon sa yo, nou gen dwa reponn konsa: “Annou al mande misyonè yo! Yo kapab ede nou! Epi si ou vle, m ap rete bò kote ou pandan misyonè yo ap reponn ou ak anseye ou.”

Nou menm, grandèt yo, kapte vizyon an nan ede nan preparasyon espirityèl, fizik, ak finansye fiti misyonè yo. Se pou sere peni (pou yon misyon) nan bwat sekrè vin yon abitid lakay nou. Nou menm koup senyò yo, planifye pou jou kote nou ka ale nan misyon an. N ap rekonesan anpil pou sèvis ou. Antretan, petèt kèk nan nou ta ka depanse yon ti lajan pou misyon nan kontribye nan Fon Jeneral Misyonè a, jan Prezidan Monson te sigjere ankò maten a.3

Anpil kantite gason yo chwazi avèk chè madanm yo kapte vizyon an pandan y ap aple yo pou prezide sou misyon yo nan Legliz la. Nan sèvis sa a, yo pral modle destine dè jenerasyon moun ki fèt deja ak sa k poko fèt. Prezidan misyon yo gen kle responsablite pou byennèt, sekirite, ak siksè misyonè ki soukont yo. Apre l fin konsilte prezidan pye yo ak prezidan distri yo ki fè pati misyon l lan, chak prezidan misyon deside nan ki pye, ki pawas oswa ki branch misyonè yo pral sèvi.

Prezidan pye yo ak evèk yo kapte vizyon an lè yo pase plis anplis èdtan ap entèvyouve misyonè ki aplike yo. Dirijan prètriz sa yo gen responsablite pou travay misyonè nan inite yo a e yo enspire manm yo pou yo patisipe.

Nan chak konsèy chak pawas, frè yo ak sè yo kòmanse kapte vizyon an. Dirijan misyon pawas la fè pati konsèy sa a.4 Mwen ta renmen pale espesyalman avèk nou menm, dirijan misyon pawas yo. Nou aple pa evèk nou pou n dirije travay misyonè nan pawas la. E kèk nan nou sitèlman gen siksè ladan ke yo oblije aple yon asistan tou pou ede nou. Ansanm avèk lòt moun nan konsèy pawas la, nou idantifye manm inaktif yo, fanmi ki anpati manm yo, ak vwazen ki enterese. Nou reyini regilyèman avèk misyonè aplentan yo ki nan pawas la. Nou konseye ak ede misyonè yo. Tanpri, ede yo ranpli planè yo chak jou avèk opòtinite pou yo anseye. Sa se responsablite pa nou. Wòl nou enpòtan, reyèlman enpòtan nan siksè travay sa a. Si nou kapte vizyon an avèk lafwa ak antouzyas, lòt moun ap kapte l tou. Antanke dirijan misyon pawas la, nou se lyen an ant manm yo ak misyonè yo nan travay sakre sa a pou sove pitit Bondye yo.5

Zanmi nou ak vwazen nou yo ki pa manm legliz la kapab kapte vizyon an tou. Nou ankouraje yo pou yo kenbe tout sa ki bon ak vrè nan lavi yo. Epi nou envite yo pou yo resevwa plis, patikilyèman verite gloriye ke, gras ak plan etènèl Bondye a, fanmi yo kapab ansanm pou tout tan an.6

Vag laverite ak jistis sa a ekstraòdinè! Se pa lòm ki fè li! Se Senyè a ki kreye li, li menm ki te di: “Gade m ap akselere travay mwen an nan tan pa li.”7 Vag sa a rann posib pa yon anons divin ki te fèt sa gen sankatreventrèzan. Li gen uit mo sèlman: “Se Pitit Gason Byeneme m nan, koute l!”8 Deklarasyon sa a, ki te pwononse pa Bondye Toupuisan an, te fè jèn Joseph Smith vin konnen Senyè a, Jezikri. Uit mo sa yo te kòmanse Retablisman levanjil la. Poukisa? Paske Bondye vivan nou an se yon Bondye plen lanmou! Li vle pou pitit li yo konnen li menm, ak Jezikri, ke li te voye a!9 Epi li vle pou pitit li yo jwenn imòtalite ak lavi etènèl!10

Se bi gloriye sa a ki fè misyonè nou yo anseye Retablisman an. Yo konnen ke sa gen anviwon de mil ane, Senyè a te fonde Legliz li a. Apre Krisifiksyon la ak lanmò Apot Li yo, lèzòm te chanje Legliz la ak doktrin ni an. Epi, apre dè syèk tenèb espirityèl, e jan pwofèt anvan yo te predi a,11 Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te retabli Legliz la, doktrin ni, ak otorite prètriz li a. Gras avèk Retablisman sa a, konesans ak òdonans esansyèl pou Sali ak egzaltasyon yo disponib ankò pou tout moun.12 Finalman, egzaltasyon sa a ap pèmèt nou chak demere avèk fanmi nou nan prezans Bondye ak Jezikri pou tout tan!

Mwen pa ka pale de Retablisman an sa m pa eksite. Bagay istorik sa a absoliman remakab! Li enkwayab! Li sansasyonèl! Èske sa pa etonan pou mesaje te vini soti nan syèl la pou bay otorite ak pouvwa pou akonpli travay sa a?

Papa Etènèl nou an ak Jezikri te fè plizyè aparisyon devan Pwofèt Joseph Smith.13 Sou direksyon yo, lòt mesaje selès te vini, yo chak avèk yon objektif espesifik. Pa egzanp:

  • Anj Mowoni te revele Liv Mòmon an.14

  • Jan Baptis te retabli Prètriz Aawon an.15

  • Pyè, Jak, ak Jan te retabli Prètriz Mèlkisedèk la.16

  • Moyiz te remèt kle pou rasanbleman Izrayèl la.17

  • Elyas te bay kle konesans sou Abraram nan.18

  • Eli te retabli kle otorite sèlman yo.19

Anplis desa, Retablisman an te pote yon konesans ke Sen yo te genyen nan tan lontan an. Senyè a bay yon nouvo liv ekriti. Sou Bib la, li ajoute Liv Mòmon an: Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri. Se yon konpilasyon pwofesi ak ministè Senyè resisite a nan pèp ansyen Amerik la. Li eksplike gwo plan bonè Bondye a20—plan sali a.21 Liv Mòmon an an amoni total avèk Bib la. Toude liv sakre sa yo pwoklame verite levanjil Jezikri a ak enpòtans Ekspyasyon l lan.22

Retablisman an akonpli plizyè pwofesi biblik. Paegzanp, Ezayi te pwofetize ke kay Senyè a t ap etabli sou tèt mòn yo.23 Egzòd pyonye Mòmon yo nan montay Lwès Amerik yo se yon istwa sakrifis ak lafwa ki se akonplisman pwofesi sa a. Ezayi te predi tou ke Bondye ta pral fè “yon travay mèveye ak yon pwodij.”24 Sa ap akonpli kounyeya nan travay sakre lame misyonè k ap grandi nou an.

Ansèyman nan Ansyen Testaman yo sou dim nan te retabli.25 Kòm rezilta, plis moun ki peye dim beni poutèt obeyisans yo. Referans sou Mèlkisedèk yo klarifye pa ekriti Retablisman yo.26 Pwofesi ki di bwa Joseph la (Liv Mòmon an) ak bwa Jida a (Bib la) t ap vin fè yon sèl nan men Bondye a ap akonpli kounyeya.27

Retablisman an klarifye ekriti Nouvo Testaman yo tou. Kounyeya, nou pi byen konprann referans li sou batèm pou mò yo.28 Òdonans ap akonpli kounyeya pa pwokirasyon pou zansèt nou ki deja mouri yo nan 141 tanp nan mond lan! Pa gen okenn lòt mwayen pou ofri sali pou zansèt nou ki te mouri san yon pa t konnen levanjil la!29 Vizyon Jan, Revelatè a sou “yon lòt zanm [k ap vole] nan mitan syèl la, avèk levanjil etènèl la pou preche l devan tout moun ki abite sou latè a,” te predi misyon anj Mowoni an ak Liv Mòmon an.30

Liv Mòmon an se pati esansyèl Retablisman. Li te ekri, prezève, ak transmèt sou direksyon Senyè a. Li te tradui “pa don ak pouvwa Bondye.”31 Liv Doktrin ak Alyans lan gen revelasyon adisyonèl yo te bay Pwofèt Joseph Smith. Palentèmedyè li, nou resevwa plis paj ekriti pase nou te resevwa nan men okenn lòt pwofèt. Nan sa ki dwe sete yon moman melankoli, li te di Sen yo nan Novou, Ilinwa a: “Mwen pa t janm di nou ke m te pafè; men pa gen okenn erè nan revelasyon mwen anseye yo.”32

Ansanm, manm yo ak misyonè yo envite tout moun pou yo vin aprann sou Bondye, sou Jezikri, ak levanjil li a. Chak moun dwe chèche sensèman e priye avèk fèvè pou yo ka jwenn asirans ke bagay sa yo se verite. Laverite ap manifeste pa pouvwa Sentespri a.33

Mwen remèsye Bondye ak Pitit Gason L lan, Jezikri, pou Retablisman an ak pouvwa li genyen pou kreye yon vag laverite ak lajistis mayifik sou tout tè a. Mwen priye pou nou kapte vizyon sa a e obeyi kòmandman Senyè a pou nou pote levanjil la bay tout nasyon, tout lang, ak tout pèp la,”34 Mwen priye pou sa nan non Jezikri, amèn.