2010–2019
Vini, tout pitit gason Bondye yo
Avril 2013


Vini, tout pitit gason Bondye yo

Se pou nou chak sonde ekriti yo ak dilijans, planifye lavi nou avèk objektif, anseye laverite nan rann temwayaj nou, epi sèvi Senyè a avèk amou.

Defwa chak ane, bèl Sant Konferans sa a sanble l di nou, avèk vwa pèsyadan li, “Vini, tout pitit gason Bondye yo,ki detni prètriz la.”1 Gen yon espri espesyal ki repann nan reyinyon jeneral prètriz la nan Legliz la.

Aswè a, gen dè milye ki soti pami nou ki toupatou nan mond lan ap sèvi Senyè a kòm misyonè. Jan m te mansyone nan mesaj mwen maten an, nou gen 63.000 misyonè ki ap sèvi aktyèlman nan chan misyon an, ak dè milye lòt k ap tann pou yo antre nan sant fòmasyon misyonè a oubyen ki deja depoze aplikasyon yo. Nou renmen moun ki dispoze e ki pa ka tann pou yo sèvi yo e nou konplimante yo.

Ekriti yo pa gen okenn lòt deklarasyon ki pi jistifye, responsablite ki pi obligatwa, ak kòmandman ki pi dirèk pase kòmandman Senyè resisite a te bay onz disip li yo lè l te parèt devan yo nan Galile a. Li te di:

“Ale, fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a:

“Anseye yo pou yo obsève tout sa mwen kòmande nou yo. Sonje byen, m ap avèk nou toulèjou, jouk sa kaba.”2

Kòmandman divin sa a, ansanm avèk bèl pwomès ki mache avèk li a, se deviz nou jodia jan l te ye nan tan Jezi te sou tè a. Travay misyonè se yon karakteristik Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li te toujou sa; e l ap toujou sa. Jan Pwofèt Joseph Smith te deklare a: “Apre tout sa k fin di, devwa ki pi gwo ak pi enpòtan an se preche levanjil la.”3

Nan lespas de ti ane, tout misyonè aplentan k ap sèvi aktyèlman yo nan lame wayal Bondye a pral fini travay yo e yo pral retounen lakay yo, jwenn fanmi yo. Moun ki pral ranplase èldè yo, yo la a aswè a pami Prètriz Aawon an nan Legliz la. Jènjan, èske nou pare pou nou reponn? Èske nou dispoze pou n travay? Èske nou pare pou n sèvi?

Se vre ke travay misyonè mande gwo adaptasyon nan fason yon moun ap viv. Li mande anpil èdtan travay ak gwo devouman, sakrifis dezenterese, ak priyè fèvan. Kòm rezilta, sèvis misyonè devwe pote benefis lajwa etènèl, ki etann nan tout mòtalite a rive nan letènite.

Defi nou se pou nou vin sèvitè ki pi pwodiktif nan jaden Senyè a. Sa aplike pou nou tout, kèlkeswa laj nou, e pa sèlman pou moun k ap prepare pou sèvi misyon aplentan yo, paske nou chak resevwa kòmandman pou nou preche levanjil Kris la.

Kite m sigjere yon fòmil ki ap garanti siksè nou: premyèman, sonde ekriti yo avèk dilijans; dezyèmman, planifye lavi nou avèk objektif ( e, m ka ajoute, planifye lavi nou kèlkeswa laj nou); twazyèmman, anseye verite a avèk temwayaj nou; epi katriyèmman, sèvi Senyè a avèk amou.

Annou konsidere chak nan kat pati fòmil sa a.

Premyèman, sonde ekriti yo avèk dilijans.

Ekriti yo temwaye de Bondye e yo gen pawòl lavi etènèl. Yo vin fondasyon mesaj nou an.

Pwogram etid yo nan Legliz la mete aksan sou ekriti yo e yo prepare e òganize atravè gwo efò tèt kole. Nou ankouraje nou pou n li ekriti yo chak jou tou, pèsonèlman epi avèk fanmi nou.

Kite m bay yon referans nou ka aplike imedyatman nan lavi nou. Nan Liv Mòmon an, nan Alma chapit 17, nou li resi sou lajwa Alma lè l te rankontre pitit gason Mozya yo ankò epi l te wè yo te toujou tennfas nan koz laverite a. Resi a di nou ke “yo te grandi nan konesans verite a; paske yo sete dèzòm entèlijan, e yo te fouye ekriti yo avèk dilijans pou yo te kapab konnen pawòl Bondye a.

“Men, se pa tout la sa; yo te lage kò yo nan anpil priyè ak jèn; se poutèt sa, yo te gen lespri pwofesi ak lespri revelasyon, e lè yo te preche, yo te preche avèk pouvwa e avèk otorite Bondye.”4

Frè m yo, sonde ekriti yo avèk dilijans.

Dezyèm fòmil nou an: Planifye lavi nou avèk objektif.

Petèt pa gen okenn lòt jenerasyon jèn moun ki te oblije fè fas ak desizyon osi enpòtan pase jenerasyon jodia. Yo oblije fè preparasyon pou lekòl, misyon, ak maryaj. Pou kèk moun, sa enkli sèvis militè tou.

Preparasyon pou yon misyon kòmanse bonè. Anplis preparasyon espirityèl la, yon paran ki saj ap chèche bay yon pitit gason mwayen pou l kòmanse fè ekonomi pou fon misyon li. Li gen dwa ankouraje l bonè pou l aprann yon lang etranje pou ke, si nesesè, li kapab itilize talan sa a. Finalman, bèl jou a ap vini kote evèk la ak prezidan pye a envite jènjan sa a pou vin rankontre yo. Yo jije si l diy; epi yo ranpli demann misyon l lan.

Pa gen okenn lòt lè kote fanmi an toutantye si ap veye e tann lapòs konsa ak lèt ki make adrès 47 East 47 East South Temple East South Temple, Salt Lake City, Utahkonsa. Lèt la rive; sispens la anpil; yo li apèl la. Souvan chan misyon l prale a lwen lakay. Men, kèlkeswa lokasyon an, repons misyonè obeyisan ki prepare a se menm nan: “M pral sèvi.”

Preparasyon pou depa a kòmanse. Jènjan, mwen espere nou apresye sakrifis paran nou si dispoze pou fè pou yo ka ede nou sèvi a. Travay yo ap soutni nou, lafwa yo va ankouraje nou, priyè yo ap kenbe nou. Yon misyon se yon zafè familyal. Menmsi kontinan ak oseyan separe nou, kè nou fè youn.

Frè m yo, nan planifikasyon objektif lavi nou yo, sonje ke opòtinite misyon nou yo pa limite ak peryòd nou resevwa yon apèl ofisyèl. Pou nou menm k ap sèvi nan militè yo, tan sa a kapab e li dwe pwofitab. Chak ane, jènjan nou yo ki nan lame yo mennen anpil moun nan wayòm Bondye a nan onore prètriz yo a, nan viv kòmandman Bondye yo, ak anseye lòt moun pawòl divin Senyè a.

Pa bliye privilèj nou pou n misyonè a pandan n ap fè etid nòmal nou. Gen moun k ap obsève, jije, e souvan imite egzanp nou antanke Sen Dènye Jou.

Frè m yo, kèlkeswa laj nou, kèlkeswa sikonstans nou, mwen priye nou pou planifye lavi nou avèk objektif.

Kounyeya annou pran twazyèm pwen nan fòmil nou an: Anseye verite a avèk temwayaj.

Obeyi konsèy Apot Pyè a, ki te konseye: “Se pou nou toujou pare pou reponn chak fwa yon moun mande nou eksplikasyon sou esperans nou gen nan nou an.”5 Leve vwa nou epi temwaye de vrè nati Divinite a. Deklare temwayaj nou konsènan Liv Mòmon an. Kominike bèl verite gloriye yo ki nan plan sali a.

Pandan m t ap sèvi kòm prezidan misyon nan Canada sa gen plis pase 50 an, yon jèn misyonè ki te soti nan yon ti vilaj andeyò, te etone pou l te wè gwosè vil Toronto a. Fizikman, li te kout men, li te gran nan temwayaj li. Pa lontan apre l te vini, konpayon l avèk li t al vizite kay Elmer Pollard, nan Oshawa, nan Ontario, Canada. Paske mesye Pollard te gen pitye pou jènjan sa yo ki, nan yon gwo tanpèt nèj, te oblije ap fè pòtapòt la, li te envite yo antre lakay li. Yo te prezante l mesaj yo a. Li pa t kapte espri a. Li te mande yo pou yo ale e pou yo pa t retounen ankò. Dènye pawòl li te di èldè yo lè yo t ap derape kite devan lakay li a sete pou pase yo nan betiz: “Nou pa ka di m ke nou kwè tout bon ke Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye!”

Pòt la te fèmen. Èldè yo te mache ale. Tigason andeyò nou an te di konpayon li: “Èldè, nou pa t reponn Mesye Pollard. Li te di nou pa t kwè ke Joseph Smith sete yon vrè pwofèt. Annou retounen pou n al rann ni temwayaj nou.” Toudabò, konpayon an ki te gen plis eksperyans pase li, te ezite men finalman li te dakò pou te akonpaye konpayon li. Yo te pè anpil lè yo t ap pwoche devan pòt la yo te fèk rejte yo a. Yo te frape, yo te konfwonte Mesye Pollard, yo te gen yon moman panik, epi apresa, avèk yon fòs Lespri a te ba li, misyonè sanzeksperyans nou an te di: “Mesye Pollard, ou di nou pa ka reyèlman kwè Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye. Mwen temwaye ou ke Joseph sete yon pwofèt. Li te veritabman tradui Liv Mòmon an. Li te wè Bondye Papa a ak Jezi, Pitit Gason L lan. Mwen konnen sa.”

Kèk tan apre, Mesye Pollard, ki te vin Frè Pollard kounyeya, te kanpe nan yon reyinyon Prètriz epi l te deklare: “Jou swa sa a mwen pa t ka dòmi. Pawòl sa yo pa t ap sonnen san rete nan zòrèy mwen: ‘Joseph sete yon pwofèt Bondye. Mwen konnen sa. Mwen konnen sa. Mwen konnen sa.’ Nan demen mwen te telefone misyonè yo epi m te mande yo pou yo te retounen. Mesaj yo a, ansanm avèk temwayaj yo, te chanje lavi m ak lavi fanmi m.” Frè m yo, anseye verite a avèk temwayaj.

Pwen final nan fòmil nou an se sèvi Senyè a avèk amou. Pa gen okenn ranplasan pou lanmou. Misyonè ki gen siksè yo renmen konpayon yo, dirijan misyon yo, ak moun presye y ap anseye yo. Nan katriyèm seksyon Doktrin ak Alyans yo, Senyè a etabli kalifikasyon pou moun travay nan ministè a. Annou egzamine kèk vèsè ladan:

“Ou menm ki anbake nan sèvis Bondye a, chèche pou ou sèvi l avèk tout kè ou, tout pouvwa ou, tout panse ou, ak tout fòs ou, pou ou kapab kanpe san repwòch devan Bondye nan dènye jou a. …

“Epi, lafwa, lesperans, charite, ak lanmou, nan yon sèl entansyon pou laglwa Bondye, kalifye l pou travay la.

“Sonje, lafwa, vèti, konesans, tanperans, pasyans, jantiyès fratènèl, sentete, charite, imilite, dilijans.”6

Se poutèt sa nou chak ki ap tande vwa m la a dwe poze tèt nou kesyon sa a: “Jodia, èske m pwogrese nan lafwa, nan vèti, nan konesans, nan pyete, nan lanmou?”

Atravè devouman nou lakay nou oubyen aletranje, moun n ap ede sove yo se gen dwa moun nou renmen plis yo.

Sa gen kèk ane, bon zanmi m, Craig Sudbury ak manman li, Pearl, te vin nan biwo m anvan Craig te pati pou al nan Misyon Melbourne nan nan Ostrali. Fred Sudbury, papa Craig, te absan. Vennsenkan anvan sa, manman Craig te marye avèk Fred, ki pa t pataje lanmou li pou Legliz la, e ki, anfèt, pa t manm Legliz la.

Craig te di lanmou pwofon ak dirab li te genyen pou paran li ak espwa li ke yon jou, papa l ta vin touche pa Lespri a epi louvri kè li bay levanjil Jezikri a. Mwen te priye pou m te jwenn enspirasyon sou fason yon dezi konsa te kapab reyalize. Enspirasyon an te vini, e m te di Craig: “Sèvi Senyè a avèk tout kè w. Rete obeyisan nan apèl sakre w la. Chak semèn ekri paran w yon lèt; epi pafwa, ekri papa w pèsonèlman, e fè l konnen kijan ou renmen l, e di l ou rekonesan dèske w se pitit li.” Li te remèsye m epi, avèk manman li, li te soti nan biwo a.

Mwen pa t wè manman Craig pandan prèske 18 mwa, epi li te vin nan biwo mwen, epi ak dlo nan je, li te di m: “Sa gen prèske dezan depi Craig ale nan misyon. Li toujou sonje pou l ekri nou yon lèt chak semèn. Dènyèman, mari m, Fred, te kanpe pou lapremyè fwa nan yon reyinyon temwayaj epi li te siprann mwen menm ak tout moun ki te la yo lè l te anonse l te pran desizyon pou l te vin manm Legliz la. Li te di li menm avèk mwen ta pral Ostrali pou nou al chèche Craig nan fen misyon li pou l se ka dènye batèm Fred ap fè kòm misyonè aplentan.”

Pa gen yon misyonè ki te kanpe osi fyè pase Craig Sudbury lè, byen lwen an Ostrali, li te akonpaye papa l antre nan dlo a epi, li te leve men l okare, pou l te di pawòl sakre sa yo: “Frederick Charles Sudbury, paske m te resevwa otorite nan men Jezikri, m batize ou nan non Papa a, ak Pitit Gason an, ak Sentespri a.”

Lanmou te pote laviktwa. Sèvi Senyè a avèk amou.

Frè m yo, se pou nou chak sonde ekriti yo avèk dilijans, planifye lavi nou avèk objektif, anseye verite a avèk temwayaj, epi sèvi Senyè a avèk amou.

Bèje nanm pafè a, misyonè ki te rachte limanite a, ba nou asirans divin ni:

“Epi si ou travay pandan tout vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!

“Epi kounyeya, si lajwa w ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala lajwa w ap anpil si ou ta mennen plis nanm ban mwen me!”7

Konsènan Li menm ki te di pawòl sa yo, mwen deklare temwayaj mwen: Li se pitit gason Bondye, Redanmtè nou ak Sovè nou.

Mwen priye pou nou ka toujou reponn envitasyon janti L la: “Suiv mwen.”8 Nan non sakre li, non Jezikri, Senyè a, amèn—amèn.