2010–2019
"Vin jwenn mwen"
Avril 2013


“Vin jwenn mwen”

Pa pawòl li ak egzanp li, Kris la montre nou kòman pou nou rapwoche bò kote li.

Mwen rekonesan pou m avèk nou nan konferans sa a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Sa a se Legliz pa li. Nou pran nou li sou nou lè nou antre nan wayòm ni an. Li se Bondye, Kreyatè a, epi li pafè. Nou se mòtèl ki sijè anba lanmò ak peche. Men nan amou li pou nou ak pou fanmi nou, li envite nou pou nou rapwoche bò kote li. Men pawòl li di: “Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans epi n ap jwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou ou.”1

Sezon Pak sa a raple nou poukisa nou renmen li e l raple nou pwomès li fè disip fidèl li yo pou yo vin zanmi byeneme li. Sovè a te fè pwomès sa a e li te di nou kouman, lè n ap sèvi li, li vin jwenn nou. Yon egzanp sou sa se nan yon revelasyon li te bay Oliver Cowdery a pandan l t ap sèvi Senyè a avèk Pwofèt Joseph Smith nan tradiksyon Liv Mòmon an: “Gade, ou se Oliver, epi m pale avèk ou poutèt dezi w;se poutèt sa konsève pawòl sa a nan kè ou. Rete fidèl ak dilijan nan respekte kòmandman Bondye yo, epi m ap antoure ou avèk bra lanmou mwen.”2

Mwen santi lajwa lè m rapwoche m bò kote Sovè a ak lè l rapwoche l de mwen atravè senp aksyon obeyi kòmandman yo.

Siman nou menm tou nou konn fè eksperyans konsa. Se gen dwa lè nou chwazi pou n al nan yon reyinyon Sentsèn. Pou mwen, sete yon jou Saba pandan m te trè jèn. Nan epòk sa yo, nou te konn pran Sentsèn nan yon reyinyon nan aswè. Souvni youn nan jou sa yo, sa gen plis pase 65 an, kote m te respekte kòmandman pou reyini avèk fanmi m ak Sen yo, toujou kontinye rapwoche m de Sovè a.

Deyò a te frèt epi l te fènwa. Mwen sonje m te santi yon limyè ak yon chalè nan chapèl la jou swa sa a avèk paran m yo. Nou te pran Sentsèn nan, ki te administre pa detantè Prètriz Aawon yo, kote nou te fè alyans avèk Papa Selès nou an pou nou toujou sonje Pitit Gason l lan ak pou nou respekte kòmandman l yo.

Nan fen reyinyon an, nou te chante kantik “Demeure auprès de moi, Seigneur!” la ki gen pawòl sa yo: “Seigneur, reste avec moi ce soir.”3

Mwen te santi amou Sovè a e m te santi l tou pre mwen jou swa sa a. E m te santi rekonfò Sentespri a.

Mwen te vle yon fwa ankò reviv santiman lanmou Sovè a ak santi l tou pre mwa nan jan m te santi l nan reyinyon Sentsèn sa a pandan m te jèn nan. Konsa, sa pa gen lontan, m te respekte yon lòt kòmandman. Mwen te sonde ekriti yo. Nan yo, mwen te konnen m t ap kapab yon fwa ankò pèmèt Sentespri a fè m santi sa disip Senyè resisite a te siman santi a lè l te aksepte envitasyon yo a pou l te vini lakay yo e rete avèk yo a.

Mwen te li resi twazyèm jou apre Krisifiksyon an ak antèman an. Fi fidèl yo ak lòt moun ki te vini avèk yo te jwenn wòch la woule soti devan tonb lan e kò li pa t la. Yo te vini pa amou pou li, pou yo te ka anbome kò li.

De zanj te kanpe bò tonm nan epi te mande yo poukisa yo te efreye konsa a, yo te di:

“Poukisa n ap chèche moun vivan an nan mitan mò yo?

“Li pa isit la, li resisite: sonje kijan l te pale avèk nou lè l te nan Galile a,

“Li te di, Pitit Gason Lòm nan gen pou l tonbe anba men pechè yo; yo gen pou kloure l sou yon kwa. Men sou twa jou l ap leve soti vivan ankò.”4

Nan levanjil Mak la, li ajoute direksyon youn nan zanj yo te bay: “Men ale di disip li yo ansanm ak Pyè, l ap tann yo nan peyi Galile. Se la ya wè l, jan l te di yo a.”5

Apot yo ak disip yo te rasanble nan Jerizalèm. Jan nou ta ka petèt ye, yo te pè e pandan yo t ap pale ansanm, yo t ap poze tèt yo kesyon sou kisa lanmò a ak rapò yo te resevwa yo ki te di li resisite a te vle di pou yo.

De nan disip yo t ap mache jou swa sa a soti Jerizalèm pou ale Emmaus. Kris resisite a te parèt sou wout la e li te mache avèk yo. Senyè a te vin jwenn yo.

Liv Lik la pèmèt nou mache avèk yo jou swa sa a:

“Epi sete konsa, yo t ap pale, yo t ap diskite youn ak lòt; lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li kòmanse fè wout la avèk yo.

“Men je yo te bouche e yo pa t kapab rekonèt li.

“Epi li di yo, sou kisa n ap pale a antan n ap mache a; ki fè nou tris konsa?

“Youn ladan yo ki te rele Kleopas te reponn li: Gen lè ou se sèl moun nan Jerizalèm ki pa konn sa k te rive nan semèn ki sot pase a?”6

Yo te di l kijan yo te tris dèske Jezi te mouri pandan ke yo te kwè ke se li k t apral delivre Izrayèl la.

Siman te gen afeksyon nan vwa Senyè resisite a lè l te pale avèk de disip tris e aflije sa yo.

“Lè sa a Jezi di yo, ala moun san konprann, kijan lespri nou fè lou pou kwè tout sa pwofèt yo te di yo:

“Èske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l te resevwa louwanj li?

“Epi kòmanse avèk Moyiz ak tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan ekriti yo.”7

Epi, men pasaj ki toujou chofe kè m nan, depi lè m te piti a:

“Lè yo rive tou pre vilaj la kote yo ta prale a, Jezi fè tankou li vle al pi lwen.

“Yo te kenbe l, yo te di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Epi li te antre, pou l rete avèk yo.”8

Jou swa sa a, Sovè a te aksepte envitasyon pou antre lakay disip li yo tou pre vilaj Emaus la.

Li te chita pou l manje avèk yo. Li te pran pen an, li te beni li, li te kase l epi li ba yo li. Menm lè a je yo te louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo. Lik dekri nou kisa disip beni sa yo te santi: “Epi youn pran di lòt: èske nou pa t santi kè nou t ap boule andedan nou, lè l t ap mache avèk nou sou wout la, lè l t ap eksplike nou ekriti yo?”9

Menm lè a, de disip yo te kouri retounen Jerizalèm pou yo t al di onz Apot yo sa k te rive yo a. Nan moman sa a, Sovè a te parèt ankò.

Li te raple yo pwofesi konsènan misyon li pou ekspye pou peche tout pitit Papa l yo ak pou kase chenn lanmò yo.

“Epi li di yo: men sa ki ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l soti vivan nan lanmò:

“Epi ya pran non l pou yo mache al nan tout nasyon, kòmanse pa Jerizalèm, pou preche repantans ak padon pou peche yo.

“Nou temwen tout bagay sa yo.”10

Pawòl Sovè a di yo osi vrè pou nou ke yo te ye pou disip li yo lè sa a. Nou temwen bagay sa yo. E gwo responsablite nou aksepte lè nou batize antre nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te rann klè pou nou pa pwofèt Alma, dè syèk anvan sa, nan dlo Mòmon yo:

“Epi, se te konsa, li te di yo: Gade, men dlo Mòmon an (paske se konsa li te rele), kounyeya etandone nou vle antre nan twoupo Bondye a, pou nou pote non pèp li a, e nou vle youn pote chay lòt, pou yo kapab vin lejè;

“Wi, nou vle kriye ak moun k ap kriye yo; wi, konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote nou ta kapab ye, menm jistan lè nou mouri, pou Bondye kapab rachte nou, e pou nou kapab nan pami moun premye rezirèksyon yo, pou nou kapab gen lavi etènèl—

“Kounyeya, m ap di nou konsa, si se dezi kè nou, kisa ki anpeche nou batize nan non Senyè a, kòm yon temwayaj devan l pou nou montre l nou te fè alyans avèk li, n ap sèvi l ap respekte kòmandman l yo, pou l kapab vide Lespri l sou nou avèk plis abondans?

“Epi kounyeya lè pèp la te tande pawòl sa yo, yo te bat men yo ak lajwa e yo te di konsa: Se dezi kè nou.”11

Nou fè alyans pou nou sekouri moun ki nan bezwen ak pou nou temwaye de Sovè a osi lontan n ap viv.

N ap kapab fè sa san febli sèlman si nou santi amou pou Sovè a ak lanmou li pou nou. Si nou fidèl nan pwomès nou fè yo, n ap santi amou nou pou li. L ap grandi paske n ap santi pouvwa li e n ap santi li pwoche pi pre nou pandan nou nan sèvis li a.

Prezidan Thomas S. Monson souvan raple nou pwomès Senyè a te fè disip fidèl li yo: “Epi nenpòt moun ki resevwa nou, m ap la tou, paske m prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè.”12

Gen yon lòt fason ankò pou ou menm avèk mwen santi li pwoche pi pre nou. Pandan n ap sèvi li fidèlman an, l ap rapwoche de manm fanmi nou ke nou renmen yo. Chak fwa lè, nan sèvis Senyè a, m oblije demenaje oubyen pati kite fanmi mwen, m toujou vin wè ke Senyè a beni madanm mwen ak pitit mwen yo. Li prepare sèvitè eman ak opòtinite pou mennen fanmi mi pwoche pi pre li.

Nou konn santi menm benediksyon sa a nan lavi nou tou. Anpil nan nou gen moun pwòch nou ki ekate soti sou chemen lavi etènèl la. N ap mande tèt nou kisa ankò nou ta ka fè pou mennen yo retounen. Nou mèt gen konfyans ke Senyè a ap rapwoche bò kote yo pandan ke n ap sèvi li ak lafwa a.

Sonje pwomès Senyè a te fè Joseph Smith ak Sidney Rigdon nan, lè yo te nan misyon pou li byen lwen fanmi yo a: “Zanmi m yo, Sidney ak Joseph, fanmi nou byen; yo nan men m, epi m ap fè sa m wè ki bon avèk yo; paske nan mwen gen tout pouvwa.”13

Tankou Alma ak Wa Mozya, gen kèk nan nou menm, paran fidèl ki ap sèvi Senyè a si lontan e si byen, ki gen timoun ki kite wout la malgre sakrifis paran yo ap fè pou Senyè a. Yo te fè tout sa yo te kapab, aparaman san rezilta, menm avèk èd nan men lòt zanmi eman ak fidèl.

Alma ak Sen yo te priye pou pitit gason l lan ak pou pitit gason Mozya yo. Epi yon zanj te parèt. Priyè pa nou yo ak priyè moun ki egzèse lafwa yo ap oblije sèvitè Senyè a yo ede manm fanmi nou. Y ap ede yo chwazi chemen pou retounen al jwenn Bondye a, menm lè yo jwenn atak nan men Satan ak patizan l yo, ki gen kòm bi pou yo detwi fanmi nan lavi sa a ak nan letènite.

Na sonje pawòl zanj lan te di Alma pi jèn nan ak pitit gason Mozya yo nan rebelyon yo a: “Epi zanj lan te di ankò: Gade Senyè a te tande priyè pèp li a ak priyè Alma, sèvitè l la, papa w, paske li te priye avèk anpil lafwa pou w kapab vin konnen verite; se poutèt sa, m vini pou m konvenk ou, pou w konnen pouvwa ak otorite Bondye, pou ou konnen priyè sèvitè l yo kapab gen repons dapre lafwa yo.”14

Mwen pa ka fè nou menm k ap priye ak sèvi Senyè a, pwomès ke n ap jwenn tout benediksyon nou ta swete pou nou menm ak pou fanmi nou. Men mwen ka pwomèt nou Sovè a ap pwoche pi pre nou e l ap beni nou menm ak fanmi nou, avèk sa li wè ki bon pou nou. N ap gen rekonfò lanmou li e n ap santi l pwoche pi pre kòm repons pou priyè nou si nou lonje lamen pou rann lòt moun sèvis. Pandan ke n ap ede moun ki nan bezwen e pote savon Ekspyasyon an bay moun ki santi remò pou peche yo, pouvwa Senyè a ap soutni nou. Bra li lonje avèk pa nou pou pote sekou ak benediksyon bay pitit Papa nou ki nan Syèl la yo, enkli moun nan fanmi nou tou.

Gen yon bèl retou ki prepare pou nou. Lè sa a, na va wè pwomès Senyè a nou renmen an akonpli. Se li menm ki pral akeyi nou nan lavi etènèl la avèk li ansanm ak Papa nou ki nan Syèl la. Jezikri dekri sa nan fason sa a:

“Chèche potekole epi tabli Siyon m nan. Respekte kòmandman m yo nan tout bagay.

“Epi, si ou respekte kòmandman m yo epi ou pèsevere jiska lafen, w ap gen lavi etènèl, ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo.”15

“Paske, moun ki vivan yo pral eritye tè a, epi moun ki mouri yo pral repoze apre tout travay yo, epi zèv yo pral suiv yo; ep yo pral resevwa yon kouwòn nan kay Papa m yo, m te pare pou yo a.”16

Mwen temwaye ke gras avèk Lespri a nou kapab suiv envitasyon Papa nou ki nan Syèl la: “Se Pitit Gason Byeneme m nan. Koute l!”17

Pa pawòl li e pa egzanp li, Kris la montre nou kijan pou nou rapwoche bòkote li. Chak pitit Papa nou ki nan Syèl la ki chwazi antre nan pòt batèm nan nan Legliz li a ap gen opòtinite nan lavi pou yo enstwi nan levanjil li a ak pou yo tande sèvitè li, ke li aple, ba yo envitasyon l te bay la: “Vini suiv mwen” an.”18

Chak sèvitè ki fè alyans avèk li andedan wayòm ni an sou tè a, ak nan mond dèzespri a, ap resevwa direksyon li, atravè Lespri a, pandan y ap beni ak sèvi lòt moun pou li yo. Epi ya va santi amou li, e ya va jwenn lajwa nan rapwoche pi pre li.

Mwen se yon temwen Rezirèksyon Senyè a osi siman ke si m te la jou swa sa a avèk de disip yo nan kay sou wout Emmaus la. Mwen konnen li vivan osi siman Joseph Smith te konn sa lè l te wè Papa a ak Pitit Gason an nan limyè a nan bèl jou maten sa a nan boskè a nan Palmira a.

Sa se veritab Legliz Jezikri a. Se sèlman nan kle Prètriz yo, ke Prezidan Thomas S. Monson detni yo, ki gen pouvwa pou nou sele avèk fanmi nou pou n al viv pou tout tan avèk Papa nou ki nan Syèl la ansanm ak Senyè a, Jezikri. Nan jou jijman an, nou pral kanpe devan Sovè a, fasafas. Se va yon moman lajwa pou moun ki te rapwoche pi pre l yo nan sèvis li nan lavi sa a. Yo pral gen lajwa pou tande pawòl sa yo: “Se byen, bon sèvitè fidèl.”19 Konsènan sa mwen temwaye, antanke temwen Sovè ak Redanmtè resisite nou an, nan non Jezikri, amèn.