2010–2019
Disip Kris yo
Avril 2013


Disip Kris Yo

Suiv Kris la se pa yon pratik ki konsa konsa pou nou fè pa okazyon, men, se yon angajman ak yon mòd lavi konstan ki aplike tout tan ak nan tout kote.

Youn nan chan nou pi renmen yo, Kè Tabènak la te chante maten an, kòmanse avèk mo sa yo:

“Viens et Suis Moi! A dit le Sauveur.

Suivons ses pas menant au Bonheur:

Le seul moyen pour être unis

Au Fils de Dieu, à Jesus-Christ.1

Pawol sa yo, ki enspire pa premye envitasyon Sovè a te fè disip Li yo (gade Matye 4:19), te ekri pa John Nicholson, yon konvèti Ekosè. Menmjan ak anpil nan premye dirijan nou yo, li pat fè gwo etid men li te gen yon pwofon lanmou pou Sovè nou an ak pou plan sali a.2

Tout mesaj yo nan konferans sa a ede nou swiv tras Sovè nou an, ke egzanp li ak ansèyman li defini chemen an pou tout moun k ap suiv Jezikri.

Tankou tout lòt kretyen yo, manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo etidye lavi Sovè nou an jan yo rapòte l nan Nouvo Testaman an nan liv Matye, Mak, Lik, ak Jan yo. M pral repase egzanp ak ansèyman nan kat liv sa yo ki nan Sent Bib la epi map envite nou chak pou reflechi sou fason Legliz retabli sa a ak nou chak kalifye kòm disip Kris la.

Jezi te ansenye ke batèm nesesè pou nou antre nan wayòm Bondye a (gade Jan 3:5). Li te kòmanse ministè Li kote l te fè yo batize li (gade Mak 1:9), epi Limenm ak disip Li yo te batize lòt moun (gade Jan 3:22–26). Nou fè menmjan an tou.

Jezi te kòmanse preche kote l te envite moun ki t ap koute l yo pou yo repanti (gade Matye 4:17). Sa a se toujou mesaj sevitè l yo pou mond lan.

Toutolon ministè Li, Jezi te bay kòmandman. Epi Li te ansenye, “Si nou renmen mwen, se pou nou obeyi komandman m yo” (Jan 14:15; gade tou vèsè 21, 23). Li te afime ke obeyi kòmandman yo tap mande pou disip Li yo kite sa Li rele “Bagay moun bay plis enpòtans yo” (Lik 16:15) ak “tradisyon lèzòm yo” (Mak 7:8; gade vèsè 13). Li te avèti tou: “Si nou te moun lemonn, lemonn t ap renmen nou, paske nou t ap pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou” (Jan 15:19). Jan Apot Pyè te deklare nan apre, disip Jezi yo dwe “yon pèp espesyal” (1 Pyè 2:9).

Sen Dènye Jou yo konprann ke nou pa dwe “moun lemond,” ni anchennen pa “tradisyon lèzòm,” men menmjan ak lòt disip Kris yo, nou pafwa twouve l difisil pou nou separe tèt nou de mond lan ak tradisyon l yo. Gen kèk moun ki kondui tèt yo nan fason mond lan paske, jan Jezi te di kèk nan moun li t ap ansenye yo, “Yo pito lwanj ki soti nan men lèzòm pase lwanj ki soti nan men Bondye” (Jan 12:43). Echèk sa yo nan swiv Kris la twò anpil ak twò delika pou nou mansyone yo la a. Yo tout se pratik monden ki soti nan bagay tankou politikman kòrèk ak ekstravagans nan abiman ak bote pou devye soti nan valè debaz tankou nati etènèl ak fonksyon etènèl fanmi an.

Ansèyman Jezi yo pat destine pou yo rete sèlman nan teyori. Yo te toujou la pou nou mete yo an pratik. Jezi te ansenye: “Konsa, moun ki tande pawòl mwen sa yo m di yo, epi ki fè sa m mande li fè yo, l ap tankou yon moun saj” (Matye 7:24; gade tou Lik 11:28) epi “Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l tounen lakay li” (Matye 24:46). Nan yon lòt kantik nou genyen, nou chante:

Apprends-moi Jésus à t’aimer,

A marcher sur tes sentiers,

Apprends-moi Jésus à t’aimer,

Seigneur, je te suivrai.3

Jan Jezi te ansenye a, moun ki renmen l yo ap respekte kòmandman L yo. Yo obeyisan, jan Prezidan Monson te anseye maten an. Suiv Kris la se pa yon pratik konsa konsa ke nou fè pa okazyon, men se yon angajman ak yon mòd lavi konstan ke nou dwe aplike tout tan ak nan tout kote. Sovè a te ansenye prinsip sa a ak fason nou ta dwe sonje li epi jwenn fòs pou nou swiv li lè l te etabli òdonans Sentsèn nan (kominyon jan lòt moun rele li.) Nou konnen apati revelasyon modèn nan ke li te kòmande disip Li yo pou te pran anblèm yo an souvni Limenm (gade Joseph Smith Tradiksyon, Matye 26:22 [nan Matye 26:26, referans c], 24 [nan apendiks Bib la]; Joseph Smith Tradiksyon, Mark 14:21–24 [nan apendiks Bib la]). Manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo swiv kòmandman sa a chak semèn kote nou ale nan yon sèvis adorasyon kote nou pran pen an ak dlo a epi nou fè alyans pou nou toujou sonje Li epi respekte Kòmandman Li yo.

Jezi te ansenye ke “Lòm dwe toujou ap priye” (Lik 18:1). Li te trase egzanp sa a tou, tankou lè Li “ te pase tout nwit la ap priye Bondye a” (Lik 6:12) anvan l te rele Douz Apot yo. Menmjan ak lòt Kretyen yo, nou priye nan tout sèvis adorasyon nou yo. Nou priye pou nou jwenn direksyon tou, epi nou ansenye ke nou dwe fè priyè pèsonèl souvan e nou dwe mete nou ajenou chak jou pou priye avèk fanmi nou. Menmjan avèk Jezi, nou priye Papa nou ki nan Syèl la, e nou fè sa nan non sakre Jezikri.

Sovè a te aple Douz Apot pou ede nan Legliz li a epi Li te ba yo kle ak otorite pou yo kontinye aprè lanmò li (gade Matye 16:18–19; Mak 3:14–15; 6:7; Lik 6:13). Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, antanke Legliz retabli Jezikri, swiv egzanp sa a nan oganizasyon li ak nan konfere kle ak otorite bay Apot.

Kèk nan moun Jezi te rele pou swiv li yo pat reponn imedyatman men yo t ap chèche jwenn yon delè pou yo te al regle obligasyon familial yo anvan. Jezi te reponn yo: “Moun ki mete men nan yon travay la, epi k ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan wayòm Bondye a” (Lik 9:62). Anpil Sen Dènye Jou mete priyorite sa a Jezi te ansenye a an pratik. Nou wè sa nan egzanp dèmilye grandèt misyonè ak lòt ki kite pitit yo ak pitit pitit yo pou al fè travay misyonè yo aple yo pou yo fè a.

Jezi te ansenye ke Bondye te kreye gason ak fi, epi yon gason ta dwe kite paran li pou epi mete l ansanm ak madanm ni (gade Mak 10:6–8). Tout moun konnen jan nou atache ak ansèyman sa a.

Nan parabòl familye brebi egare a, Jezi te ansenye ke nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou degaje nou al chèche sila yo nan twoupo a ki egare yo (gade Matye 18:11–14; Lik 15:3–7). Jan nou konnen, Prezidan Thomas S. Monson mete gwo aksan sou prensip sa a nan egzanp ak ansèyman memorab li sou nesesite pou nou pote sekou bay pwochen nou yo.4

Nou swiv egzanp san parèy Sovè nou an ak bèl ansèyman L bay sou lanmou yo nan efò nou pou nou al sekouri sila ki pèdi yo. Li te ansenye: “Nou dwe renmen frè parèy nou menmjan nou renmen pwòp tèt pa nou” (Matye 22:39). Li menm kòmande nou pou nou renmen enmi nou (gade Lik 6:27–28). Epi nan gwo ansèyman l yo nan fen ministè motèl Li a, Li te di:

“Men, m’ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.

“Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye” (Jan 13:34–35).

Kòm yon pati nan youn renmen lòt la, Jezi te ansenye ke lè moun fè nou yon bagay ki mal, nou dwe padone yo. (gade Matye 18:21–35; Mak 11:25–26; Lik 6:37). Anpil moun ap lite avèk kòmandman difisil sa a, men nou tout okouran kèk egzanp enspire sou kèk Sen Dènye jou ki sensèman padone, menm moun ki te fè yo bagay ki pi mal la. Paregzanp, Chris Williams te apiye l sou lafwa li nan Jezikri pou l te padone chofè sou sa a ki te koz lanmò madanm ni ak 2 nan pitit yo a. De jou sèlman apre trajedi a, pandan l te ankò pwofondeman ranpli ak doulè, mesye padonan sa a, ki t ap sèvi kòm youn nan evèk nou yo lè sa a, te di: “Antanke disip Kris la, mwen pa gen okenn lòt chwa.”5

Anpil Kretyen bay moun ki pòv ak moun ki nan bezwen, jan Jezi te ansenye a (gade Matye 25:31–46; Mak 14:7). Nan swiv ansèyman sa a konsènan Sovè nou an, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ak manm li yo pote labanyè. Manm nou yo bay gwo kantite lajan pou charite epi yo rann sèvis pèsonèl e yo bay lòt don pou pòv yo ak moun ki nan bezwen yo. Anplis, manm nou yo jene pandan 2 repa chak mwa epi yo bay omwen pri de manje sa yo t ap koute a kòm ofrann jèn, ke evèk nou yo ak prezidan branch nou yo itilize pou ede manm nou yo ki nan bezwen yo. Rete grangou pou ede moun ki grangou se yon zak charite, epi, lè l fèt avèk bon entansyon, se yon festin espirityèl.

Sa ki pa twò koni se sèvis imanitè mondyal Legliz nou an. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo itilize don manm plen jenewozite nou yo bay yo, pou voye manje, rad, ak lot bagay esansyèl pou soulaje soufrans granmoun ak timoun toupatou nan mond lan. Don imanitè sa yo, ki te totalize dèmilyon dola nan dènye dizan k pase yo, fèt san nou pa konsidere relijyon, ras, oswa nasyonalite.

Pi gwo efò antrèd nou apre tranblemandtè ak sunami 2011 la nan Japon an te founi 13 milyon dola kach ak lòt materiel sekou. Epitou, plis pase 31 mil volontè sou direksyon Legliz la te bay plis pase 608 mil èdtan sèvis. Asistans imanitè nou te bay viktim Siklòn Sandi yo nan lès Etazini an te gen ladann anpil don tout kalite bagay, plis prèske 300 mil èdtan sevis netwayaj ofri pa prèske 28 mil manm legliz la. Pami anpil lòt egzanp, nou te bay 300 mil liv rad ak soulye pou refijye Afriken nan peyi Chad yo. Nan dènye 25 an yo, nou ede apeprè 30 milyon moun nan 179 peyi.6 Vrèman, pèp yo rele “Momon yo” konnen kijan pou yo bay pòv ak moun ki nan bezwen.

Nan dènye ansèyman biblik Li a, Sovè nou an te kòmande disip li yo pou yo te pote ansèyman L yo bay chak nasyon ak chak kreyati. Depi nan kòmansman Retablisman an, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te cheche swiv ansèyman sa a. Menm lè nou te yon nouvo Legliz pòv ki t ap lite avèk sèlman kèk milye manm, premye dirijan nou yo te voye misyonè travèse lanmè, pou ale nan lès ak lwès. Antanke yon pèp, nou kontinye ansenye mesaj Kretyen an jiska jodia kote pwogram misyon enkonparab nou an gen plis pase 60 mil misyonè aplentan, ak dèmilye anplis k ap sèvi a demi tan. Nou gen misyonè nan plis pase 150 peyi ak teritwa nan tout mond lan.

Nan finisman Gwo Diskou sou Mòn nan, Jezi te ansenye: “Konsa, se pou nou pafè, menm jan Papa nou ki nan syèl la pafè a” (Matye 5:48). Objektif ansèyman sa a ak objektif ki genyen nan swiv Sovè nou an se pou nou vin jwenn Papa a, Sovè nou an pale nou kòm “Papa mwen, ak Papa nou; epi, … Bondye mwen, ak Bondye nou” (Jan 20:17).

Pa revelasyon modèn, ki san parèy nan levanjil retabli a, nou aprann ke kòmandman pou chèche pèfeksyon an fè pati plan Bondye Papa a pou sali pitit Li yo. Andedan plan sa a, nou tout se eritye paran selès nou yo. Apot Pòl te ansenye: “Nou se pitit Bondye e si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l yo, n a resevwa pa nou ansanm ak Kris” (Women 8:16–17). Sa vle di, jan nou aprann nan Nouvo Testaman an, ke nou “eritye lavi etènèl la” (Tit 3:7) e si nou vin jwenn Papa a, n ap “eritye tout bagay” (Revelasyon 21:7)—tout sa Li genyen—yon konsepsyon lespri mòtèl nou ka difisil pou konprann. Men, omwen, nou kapab konprann ke atenn destination final sa a nan letènite a sèlman posib si nou swiv Sovè nou an, Jezikri, ki te ansenye “Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen” (Jan 14:6). Nou chèche swiv Li e vin plis menmjan avèk Li, isit la e nan apre a. Epi se konsa, nan dènye vèsè kantik “Viens et Suis Moi,”a, nou chante:

Èske sa sifi pou nou suiv li isit la (Mais suffit-il de le suivre ici)

Sou tè sa a kote l te viv yon fwa a? (Sur la terre ou il vécut jadis?)

Non, sa klè pou nou ke nou dwe (Non, il est clair pour nous qu’il faut)

Suiv tras pa li anwo a tou (Suivre ses pas aussi là-haut)

N ap resevwa puisans ak bonè (Nous recevrons puissance et Bonheur)

Laglwa ak wayòm, lapè ak grandè (Gloire et royaumes, paix et grandeur)

Si atravèt tout letènite ( Si nous venons, tous, avec foi,)

Nou obeyi pawòl li “Vini, suiv mwen” an (A son apèl: “Viens et suis moi!).”7

Mwen temwanye de Sovè nou an Jezikri, Limenm n ap chache pou swiv egzanp ak ansèyman yo. Li envite nou tout ki bouke epi chaje pou nou vin jwenn ni, pou nou aprann nan men L, pou nou swiv Li, epi konsa, jwenn repo pou nanm nou (gade Matye 4:19; 11:28). Mwen temwaye konsènan verasite mesaj Li a ak konsènan misyon divin ak otorite Legliz retabli Li a, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Viens et suis-moi!,” Cantiques, no. 61.

  2. Gade Karen Lynn Davidson, Our Latter-day Hymns: The Stories and the Messages (1988), 142–43, 419.

  3. “Seigneur, je te suivrai,” Cantiques, no. 141.

  4. Gade, pa egzanp, Heidi S. Swinton, To the Rescue: The Biography of Thomas S. Monson (2010), 149–61; Thomas S. Monson, “To the Rescue,” Ensign, May 2001, 48–50; Liahona, Jiyè 2001, 57–60.

  5. Chris Williams, nan Jessica Henrie, “Father Relies on Faith to Forgive Intoxicated Teen Driver,” Deseret News, Aug. 1, 2012, deseretnews.com/article/865559847/Let-It-Go-Chris-Williams-shares-his-story-of-tragedy-and-forgiveness.html; gade tou Chris Williams, Let It Go: A True Story of Tragedy and Forgiveness (2012).

  6. Gade “Emergency Response: Church Assists Worldwide,” Church News, Mas. 9, 2013, 9; Welfare Services Emergency Response, “2012 Year in Review,” 8.

  7. Cantiques, no. 61.