2010–2019
Lapè nan fwaye
Avril 2013


Pou lapè nan fwaye a

Youn nan pi gwo benediksyon nou kapab ofri mond lan se pouvwa yon fwaye santre sou Kris la kote nou anseye levanjil la, kote nou respekte alyans yo e kote k gen lanmou an abondans.

Nan mond nap viv la, gen anpil vwa ki di nou konsa nou dwe viv avèk pakèt vitès monte desann. Toujou gen plis bagay pou n fè ak plis pou n akonpli. Epoutan, trè fon andedan nou, nou santi yon bezwen pou nou jwenn yon plas pou refijye nou, kote lapè ak serenite domine, yon kote pou nou ka reprann nou, rekonsantre nou, epi reprann enèji pou nou prepare pou presyon ki gen pou vini yo.

Andwa ideyal pou lapè sa a se fwaye nou, kote nou fè tout sa nou kapab pou Senyè Jezikri tounen pwen santral ladan.

Gen kèk fwaye ki gen yon papa ki se yon detantè prètriz diy, akonpaye pa yon manman fidèl e devwe, k ap dirije ansanm avèk jistis. Gen anpil lòt fwaye ki òganize otreman. Kèlkeswa sikonstans nou, nou kapab santre fwaye nou ak lavi nou sou Senyè Jezikri, paske Li se vrè sous lapè a nan lavi sa a.

Nou dwe asire nou ke chak desizyon nou pran, keseswa tanporèl oubyen espirityèl, baze sou sa Sovè a ta renmen nou fè. Lè Li se santral fwaye nou, fwaye a ranpli ak lapè ak serenite. Gen yon lespri asirans ki ranpli kay la, epi tout moun ki abite ladan l yo santi li.

Akonplisman konsèy sa a pa repoze sou paran yo sèlman, byenke se wòl yo pou yo dirije. Timoun kapab responsab pou amelyore efò ki santre sou Kris la nan fwaye a tou. Li enpòtan pou paran yo anseye pitit pou yo rekonèt kijan aksyon yo afekte chak moun k ap viv nan fwaye a. Timoun ki aprann pou yo responsab pou aksyon yo, keseswa bon oubyen move aksyon, yo grandi vin tounen sitwayen fyab nan wayòm Bondye a.

Mwen sèten ke nou kapab jwenn prensip fondamantal ki pou santre fwaye nou sou Sovè a. Konsèy pwofèt yo ki mande pou nou fè priyè pèsonèl ak priyè familyal chak jou, pou nou li ekriti yo pèsonèlman epi avèk fanmi nou, ak fè sware familyal chak semèn nan se eleman fondamantal ak esansyèl nan bati yon fwaye ki santre sou Kris la. San pratik regilye sa yo, l ap difisil pou nou jwenn lapè sa a nou anvi a, ak yon refij kont mond lan.

Nou dwe obeyi ansèyman pwofèt yo Kris la vle nou swiv yo. Pa konpwomèt bonè fiti nou nan pran rakousi olye nou aplike prensip fyab levanjil yo. Sonje: ti bagay piti mennen nan gwo bagay. Ti enpridans oubyen ti neglijans ki parèt ensiyifyan kapab mennen gwo pwoblèm. Sa ki pi enpòtan ankò, bon abitid senp ak regilye mennen nan yon lavi chaje avèk benediksyon an abondans.

Nou menm timoun nan Primè yo, nou menm jènjan ak jènfi nan pwogram pou jèn yo, ak nou menm misyonè fidèl k ap sèvi kounyeya, nou fè anpil bagay ki pi efikas pase m ta kapab fè lè m te nan laj nou. Nan lavi premòtèl la, nou te pwouve ke nou te vanyan, obeyisan, epi san tach. Nan kote sa a, nou te travay di pou nou te devlope talan ak kapasite pou prepare tèt nou pou nou vin afwonte mòtalite a avèk kouraj, diyite, onè, ak siksè.

Sa pa gen lontan depi nou te vini nan mòtalite a avèk tout kapasite mayifik ak posibilite enfini sa yo. Men, gen yon danje ki reyèl nan anviwònman ki antoure nou an. Gwo potansyèl ak abilite nou yo kapab limite oubyen detwi si nou tonbe anba kontaminasyon enspire pa dyab la ki antoure nou yo. Men, Satan pa kapab mezire l avèk Sovè a. Destine Satan dejà deside. Li konnen li déjà pèdi batay la, men li vle pran otan moun li kapab avèk li. L ap eksplwate feblès nou pou eseye detwi bonte nou ak kapasite nou yo. Rete bò kote Senyè a, e n ap gen laviktwa tout tan.

Nap viv nan yon mond kote pwogrè teknoloji ap avanse avèk gran pa ekstraòdinè. Li difisil pou anpil moun nan jenerasyon pa m nan kenbe pwotokòl posibilite sa yo. Selon jan nou itilize teknoloji a, pwogrè sa yo kapab yon benediksyon oubyen yon obstak. Lè nou konprann teknoloji epi nou itilize l nan bon objektif la, li pa nesesèman yon menas men yon amelyorasyon pou kominikasyon espirityèl.

Parekzanp: anpil nan nou posede yon aparèy elektwonik pèsonèl nou kapab foure nan pòch nou. Nou raman mache san li; souvan, nou itilize l plizyè fwa pa jou. Malerezman, aparèy sa yo kapab tounen yon sous fatra ak tan pèdi. Men, si nou itilize yo avèk disiplin, teknoloji sa a kabap vin yon zouti pou pwoteje nou kont bagay ki pi move nan sosyete a.

Ki moun ki ta ka imajine, sa pa gen twò lontan, ke tout ekriti yo ak mesaj pakèt ane konferans jeneral yo ta kapab chita nan pòch nou? Jis mete yo nan pòch nou an pap pwoteje nou, men, si nou etidye yo, reflechi sou yo, epi koute yo nan moman trankil nou genyen chak jou yo, sa ap amelyore kominikasyon nou atravè Lespri a.

Anplwaye sajès lè n ap itilize teknoloji a. Make ekriti enpòtan yo sou aparèy elektwonik nou an epi retounen ladan yo souvan. Si nou menm, jèn yo, nou ta reli yon vèsè ekriti osi souvan kèk nan nou voye mesaj tèks, byen vit nou t ap kapab vin gen dè santèn pasaj ekriti nou memorize. Pasaj sa yo t ap vin tounen yon gwo sous enspirasyon ak gidans pa Sentespri a lè nou bezwen.

Fè tout sa nou kapab pou nou envite enfliyans diskrè Sentespri a pou gide nou nan lavi nou, se yon bagay enpòtan lè n ap eseye santre fwaye nou sou Sovè a. Lè nou aji sou santiman sa yo avèk obeyisans, sa fòtifye nou ankò plis.

Nap jwenn pi gwo lapè toujou si nou ajoute sèvis nou rann moun ki bòkote nou sou efò nou fè pou nou obeyi yo. Gen anpil moun ki gen sa yo konsidere kòm ti talan piti, ki enbleman itilize talan sa yo avèk jenewozite, pou beni lavi moun ki bòkote yo. Egoyis se rasin gwo mal. Remèd pou mal sa a demontre nan lavi Sovè a. Li montre nou kijan pou nou santre lavi nou sou rann lòt moun sèvis dezenterese.

Mwen te aprann yon verite ki te repete si souvan nan lavi m, ke m vin rekonèt li kòm yon lwa fondamantal. Li defini fason obeyisans ak sèvis gen rapò avèk pouvwa Bondye. Lè nou obeyi kòmandman Senyè a bay yo epi nou sèvi pitit li yo san egoyis, konsekans natirèl la se pouvwa nou resevwa nan men Bondye: pouvwa pou nou fè plis pase sa nou ta ka fè poukont nou. Ide nou, talan nou, ak kapasite nou devlope paske nou resevwa fòs ak pouvwa nan men Senyè a. Pouvwa li se yon zouti fondamantal nan etabli yon fwaye ki ranpli avèk lapè.

Lè nou santre fwaye nou sou Sovè a, l ap tou natirèlman vin tounen yon refij non sèlman pou fanmi nou, men pou zanmi nou yo kap viv nan kondisyon pi difisil yo. Y ap atire pa serenite yo santi nan fwaye nou an. Resevwa zanmi sa yo nan fwaye nou. Y ap epanouwi nan anviwònman santre sou Kris sa a. Fè zanmi avèk zanmi pitit nou yo. Tounen yon egzanp diy pou yo.

Yonn nan pi gwo benediksyon nou kapab ofri mond lan se pouvwa yon fwaye santre sou Kris la, kote nou anseye levanjil la, nou respekte alyans yo, epi amou fè abondans.

Sa gen kèk ane, apre nou te fin vizite yon misyon, madanm mwen, Jeanene, te pale m de yon misyonè li te rankontre. Jeanene te mande l nouvèl fanmi li. Li te etone lè misyonè a te reponn ke l pa gen fanmi. Apresa li te eksplike ke, lè l te fèt, manman l te bay gouvènman an li, pou yo te elve l. Li te pase tout anfans li soti nan yon òfelina al nan yon lòt. Li te jwenn benediksyon resevwa levanjil la pandan adolesans li. Yon fanmi emab nan pawas la te ede l jwenn opòtinite pou sèvi yon misyon.

Nan apre, Jeanene te mande madanm prezidan misyon an nouvèl sou bon misyonè sa a. Li te aprann ke èldè sa a te pase kèk jou nan kay misyon an, paske li te malad. Pandan tan sa a, li te patisipe nan yon sware familyal avèk yo. Anvan l te retounen al nan chan misyon an, li te mande prezidan misyon an si l te kapab pase de oubyen twa jou nan kay misyon an lè misyon l fini. Li te vle obsève kouman yon fwaye ki santre sou Kris la fonksyone. Li te vle kapab fè modèl fanmi li daprè modèl pa yo a.

Fè tout sa nou kapab pou nou genyen yon fwaye konsa. Lonje lamen bay moun k ap viv nan kondisyon defavorab yo. Tounen yon bon zanmi pou yo. Kalite amitye dirab sa a se tankou asfalt ki ranpli twou lavi a pou rann vwayaj nou vin pi dous ak pi agreyab. Li pa dwe yon mwayen pou nou itilize pou nou jwenn avantaj pèsonèl, men yon trezò pou nou apresye ak pataje. Envite lòt moun ki bezwen fòtifye pa yon fwaye konsa yo nan fwaye nou.

M ap ofri kèk panse final pou moun ki renmen yon manm fanmi yo ki pa fè bon chwa. Sa kapab mete pasyans nou ak pèseverans nou aleprèv. Nou bezwen mete konfyans nou nan Senyè a e kwè ke, nan tan li chwazi, n ap resevwa yon repons pozitif pou priyè nou yo ak pou efò pou nou pote sekou yo. Nou fè tout sa nou kapab pou nou rann sèvis, pou nou fè byen, epi pou nou soumèt nou anba volonte Bondye nan tout bagay. Nou egzèse lafwa epi nou sonje gen kèk bagay ki dwe rete nan men Senyè a. Li envite nou pou nou depoze fado nou yo nan pye li. Avèk lafwa, nou kapab konnen ke moun nou an ki dezobeyi a pa abandone, men yon Sovè eman ap voye je sou li.

Nou dwe pote atansyon ak kalite lakay lòt moun, non pa ak tach yo genyen. Kèk fwa, yon tach mande atansyon apwopriye pou l netwaye, men, toujou pote atansyon sou kalite lakay moun.

Lè nou santi se sèlman yon ti fil espwa ki genyen, li pa vrèman yon ti fil men yon gwo kòd koneksyon, tankou yon aparèy sovtaj pou fòtifye nou ak rale nou monte. L ap ban nou rekonfò pou nou ka sispann pè. Fè efò pou nou viv diy epi mete konfyans nou nan Senyè a.

Nou pa dwe enkyete si nou pa kapab fè tout bagay Senyè a konseye nou pou fè yo yon sèl kou. Li te di ke gen yon tan ak yon sezon pou tout bagay tou. Kòm repons priyè sensè nou pou nou jwenn direksyon yo, l ap dirije nou nan sa ki dwe gen priyorite nan chak faz lavi nou. Nou ka aprann, pwogrese, epi vin tankou li, pazapa.

Mwen rann temwayaj mwen ke mennen yon lavi obeyisan, ki byen anrasinen nan levanjil Jezikri a, ap ban nou pi gwo garanti lapè ak pi bon refij la nan fwaye nou. Ap toujou gen anpil difikilte ak chagren, men, menm nan mitan toumant, nou kapab jwi bonjan lapè enteryè ak bonè pwofon. Mwen temwaye ke Ekspyasyon Jezikri a se sous lapè abondan sa a, nan non Jezikri, amèn.