2010–2019
Kat tit
Avril 2013


Kat tit

Mwen ta renmen pale nou de kat tit ... ki kapab ede nou rekonèt wòl pèsonèl nou nan plan etènèl Bondye a ak potansyèl nou kòm detantè prètriz la.

Chè frè mwen ak chè zanmi mwen, sa ranpli kè m ak gratitid ak lajwa pou m avèk nou la a. Mwen konplimante papa yo ak granpapa yo ki mennen pitit gason yo ak pitit pitit gason yo la a. Mwen konplimante nou menm jènjan yo dèske nou chwazi pou nou la a jodia. Sa se bon kote nou dwe ye a. Mwen espere n ap kapab santi fratènite ki ini nou an, e mwen priye pou isit la, pami frè nou yo, nou va jwenn plas nou, ansanm avèk sipò ak amitye.

Nou menm gason yo nou pafwa idantifye tèt nou pa tit. Anpil nan nou gen plizyè tit, e yo chak di yon bagay enpòtan sou idantite nou. Paregzanp, gen kèk tit tankou pitit, frè, mari, ak papa ki dekri wòl nou nan fanmi nou. Gen lòt tit tankou doktè, sòlda, oswa atizan ki dekri okipasyon nou nan mond lan, E gen lòt ankò ki dekri pozisyon nou andedan Legliz la.

Jodia mwen ta renmen sigjere kat tit mwen panse ki aplike pou tout detantè Prètriz nan mond lan---tit ki ka ede nou rekonèt wòl pèsonèl nou nan plan etènèl Bondye a ak potansyèl nou kòm detantè prètriz nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Pitit Gason Papa nou ki nan Syèl la

Yon tit ki defini nou tout, nan fason ki pi fondamantal la, se pitit gason Papa nou ki nan syèl la. Kèlkeswa lòt tit nou genyen oubyen lòt bagay n ap fè nan lavi a, nou pa dwe janm bliye ke nou se literalman pitit lespri Bondye. Nou te pitit Li anvan nou te vini nan mond sa a, e n ap rete pitit Li pou tout tan gen tan. Verite fondamantal sa a dwe chanje fason nou wè tèt nou, frè nou yo ak sè nou yo, ak lavi limenm.

Malerezman, okenn nan nou pa janm toutafè alawotè tout sa tit sa a enplike, “paske nou tout peche, e nou tout prive de laglwa Bondye.”1

Sa ka dekourajan pafwa pou n konnen kisa sa vle di pou yon moun se yon pitit gason Bondye e malgre konesans sa a li pa rive ranpli potansyèl li. Advèsè a renmen pran avantaj sou santiman sa yo. Satan ta prefere pou nou defini tèt nou selon peche nou olye de potansyèl divin nou. Frè m yo, pa koute li.

Nou tout konn wè yon timoun k ap aprann mache. Li fè yon ti pa e li trebiche. Li tonbe. Li gen dwa menm kriye. Èske nou reprimande l poutèt sa? Sètènman non. Ki kalite papa ki t ap pini yon timoun paske li trebiche? Nou ankouraje li, nou aplodi li, e nou konplimante li paske avèk chak ti pa, timoun nan ap vin plis tankou paran li.

Kounyeya, frè m yo, konpare pèfeksyon Bondye, nou menm mòtèl nou apèn plis pase timoun maladwa ak ezitan. Men Papa eman nou ki nan Syèl la vle nou vin plis menmjan avèk Li, epi, chè frè m yo, sa dwe rete objektif etènèl nou tou. Bondye konprann ke nou pa ka vin tankou Li nan toudenkou men nan fè yon pa plen kouraj, menm ezitan, yon pa alafwa.

Mwen pa kwè nan yon Bondye ki t ap tabli règ ak kòmandman sèlman pou tann nou echwe pou l ka pini nou. Mwen kwè nan yon Papa nan Syèl la ki eman e ki sousye e ki rejwi nan chak efò nou fè pou nou kanpe fèm e mache al jwenn ni. Lè nou trebiche, Li mande nou pou nou pa dekouraje---pa janm abandone ni kouri pou responsablite nou---men pou nou pran kouraj, jwenn lafwa, epi kontinye eseye.

Papa nou ki nan Syèl la gide pitit Li epi souvan li voye èd nou pa wè soti nan syèl la bay moun ki, avèk lafwa, vle suiv li.

Disip Jezikri

Epi sa mennen nou nan pwochen tit la nou tout gen an komen an: tout moun ki ap eseye onètman pou yo suiv Kris la rele disip Li. Malgre nou rekonèt ke nou youn pa pafè, nou pa itilize sa kòm eskiz pou bese esperans nou, pou viv anba privilèj nou, pou ranvwaye jou repantans nou, oubyen refize pwogrese pou nou vin sèvitè Mèt nou ak Wa nou an, pi bon, pi pafè, pi rafine.

Sonje ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo bati non pa pou gason ak fi ki pafè oubyen ki pa afekte pa tantasyon mond lan, men olyesa, li bati pou moun egzakteman tankou ou menm ak mwen menm. Epi li bati sou wòch Redanmtè nou an, Senyè a, Jezikri,2 e gras avèk Ekspyasyon Li a nou kapab pwòpte e vin tounen “sitwayen ... moun kay Bondye.”3

San Ekspyasyon Jezikri a, lavi t ap tankou yon wout san sòti, san espwa ni fiti. Avèk Ekspyasyon an, lavi a se yon vwayaj kwasans ak devlopman elvan e enspiran ki mennen nan lavi etènèl nan prezans Papa nou ki nan syèl la.

Men pandan ke Ekspyasyon an te fèt pou ede nou tout vin plis tankou Kris la, sa pa vle di pou fè nou tout se menm. Pafwa nou konfonn diferans nan pèsonalite avèk peche. Nou ka menm fè erè panse paske moun diferan de nou, sa dwe vle di yo pa fè Bondye plezi. Kalite panse sa a fè nou kwè ke Legliz la vle kreye chak manm apati yon sèl moun la---ke chak moun dwe parèt, santi, panse, ak konpòte yo menmjan ak lòt moun nan. Sa t ap an kontradiksyon avèk sajès Bondye, ki kreye chak gason diferan ak frè li, chak pitit gason diferan ak papa li. Menm jimo ki idantik yo pa idantik nan pèsonalite yo ak idantite espirityèl yo.

Epitou, sa an kontradiksyon avèk objektif ak entansyon Legliz Jezikri a, ki rekonèt e pwoteje libète moral chak grenn pitit Bondye, avèk tout konsekans li. Antanke disip Jezikri, nou ini nan temwayaj nou sou levanjil retabli a ak angajman nou pou respekte kòmandman Bondye yo. Men nou diferan nan preferans kiltirèl, sosyal, ak politik nou.

Legliz la fòtifye lè nou pwofite de divèsite sa a e lè chak ankouraje lòt pou devlope ak itilize talan nou pou edifye ak fòtifye konpayon disip nou yo.

Frè m yo, vin disip se yon vwayaj tout yon lavi ap suiv Sovè a. Sou wout figiratif nou soti Betleyèm pou al Gòlgota a, n ap jwenn anpil okazyon pou n abandone vwayaj nou an. Pafwa se ap kòmsi chemen an mande plis ke nou te panse. Men antanke gason nan prètriz la, nou dwe gen kouraj pou nou suiv Redanmtè nou an, menm lè kwa nou sanble l twò lou pou nou pote.

Avèk chak pa nou fè nan suiv Pitit Gason Bondye a, nou gen dwa raple nou ke nou poko pafè. Men annou rete disip fèm ak konstan. Annou pa abandone. Annou rete vrè nan alyans nou yo. Annou pa janm bliye gade Avoka nou ak Redanmtè nou an pandan n ap mache al jwenn ni an, yon pa enpafè apre yon lòt.

Gerisè nanm

Frè m yo, si nou vrèman suiv Senyè nou an, Jezikri, nou dwe totalman aksepte yon twazyèm tit: gerisè nanm. Nou menm ki te òdone nan prètriz Bondye a yo aple nou pou nou pratike “talan gerizon.”4

Travay nou se pou bati, repare, fòtifye, edifye, ak rann antye. Tach nou se suiv egzanp Sovè a e lonje lamen bay moun k ap soufri. Nou “kriye ak moun k ap kriye yo ... konsole moun ki bezwen konsolasyon.”5 Nou panse blesi moun ki blese yo. Nou “pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo.”6

Antanke enstriktè nan fwaye, nou se gerisè. Antanke detantè prètriz, nou se gerisè. Antanke papa, pitit gason, frè, ak mari, nou ta dwe gerisè angaje ak devwe. Nou pote nan yon men yon fyòl luil konsakre pou nou beni moun malad; nan lòt men an nou pote yon moso pen pou bay moun grangou manje; e nan kò nou nou gen pawòl pezib Bondye yo, “ki geri nanm ki blese.”7

Sa se premye ak pi gwo responsablite nou antanke detantè prètriz---epi li aplike pou ni detantè Prètriz Aawon ni detantè Prètriz Mèlkisedèk. Levanjil retabli Jezikri a beni lavi non pa jis lè nou kwè li---men pifò lè nou viv li. Se nan aplikasyon prensip levanjil yo moun ka edifye epi fanmi fòtifye. Se privilèj nou ak responsablite nou pou nou non sèlman pale bon pawòl la men mache bon chemen an tou.

Sovè a se moun ki fè mirak. Li se gran Gerisè a. Li se egzanp nou, limyè nou, menm nan moman ki pi fènwa yo, e Li montre nou bon chemen an.

Annou suiv li. Annou ranpli wòl nou e vin gerisè nan sèvi Bondye ak frè nou yo.

Eritye lavi etènèl

Katriyèm tit la nou tout pataje a retounen nou nan premye tit ki nan lis nou an---antanke pitit gason Papa nou ki nan Syèl la, nou se eritye nan tout sa L genyen.

“Lespri a limen rann lespri nou temwayaj, ke nou se pitit Bondye:

“E se pitit Bondye nou ye, nou se eritye; eritye Bondye, ansanm ak Kris la; paske si nou soufri ansanm avèk li, na resevwa lwanj nan men Bondye ansanm avèk Li tou.”8

Panse sou sa, chè frè m yo. Nou se eritye avèk Kris la!

Konsa, èske l fè sans pou anpil nan nou konsakre si anpil nan tan enpòtan nou, panse nou, mwayen nou, ak enèji nou ap chèche prestij oswa byen materyèl konsa oubyen ap amize nou avèk dènye modèl aparèy elektwonik ki pi “koul” la?

Senyè a mete devan nou pwomès divin ke “nenpòt moun ki fidèl pou jwenn de prètriz sa yo, ... ki mayifye apèl yo, ... Senyè a di [l ap] resevwa m; ... epi yon moun ki resevwa m, li resevwa Papa m; ... se poutèt sa l ap resevwa tout sa Papa m genyen.”9

Mwen pa ka rive imajine tout sa pwomès sa a gen ladan. Men mwen konnen li gran, li divin, li etènèl, e li vo tout efò nou fè nan lavi a.

Konesan sa, kijan nou ka fè pa dispoze ak totalman angaje pou nou sèvi Senyè a ak pwochen nou ak viv alawotè responsablite nou nan prètriz Bondye a?

Sa se travay ki pi nòb ki pral defye nou nan tout sans e mande pou nou itilize tout kapasite nou. Èske nou anvi wè syèl la louvri e temwen enspirasyon Sentespri a k ap montre nou chemen an? Enben, annou kòmanse travay e mete efò nou nan gwo travay sa a, koz sa a ki pi gran pase nou menm nan!

Sèvi Bondye ak pwochen nou ap mande tout efò nou e transfòme nou vin tounen yon bagay pi gwo pase nou ta janm kwè posib.

Petèt nou gen dwa panse ke yo pa bezwen nou---ke nou ensiyifyan oswa endezirab, ke nou pa anyen.

Mwen sensèman dezole si yon detantè prètriz santi l fason sa a. Sètènman, nou pa ensiyifyan ni endezirab pou Papa nou ki nan Syèl la. Li renmen nou. E m ap di nou avèk sètitid ke Legliz la bezwen nou.

Èske nou pa konnen ke “Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l fè moun ki gen bon konprann yo wont; epi Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l fè grannèg yo wont”?10

Petèt se vre ke nou fèb. Petèt nou pa save ni puisan. Men lè Bondye travay atravè nou, okenn moun e anyen pa ka kanpe kont nou.11

Se poutèt sa yo bezwen nou. Nou gen pwòp kontribisyon pa nou pou nou pote, e Bondye ka mayifye kontribisyon sa a nan yon fason puisan. Kapasite nou pou kontribye a pa depann sou apèl nou nan Legliz la. Opòtinite pou sèvi yo san fen. Si nou rete ap tann sou bò wout la, mwen ankouraje nou pou nou antre nan jwèt la.

Pa tann yon apèl byen patikilye pou nou vin totalman angaje nan bati wayòm Bondye a. Antanke yon detantè prètriz, nou deja aple pou travay la. Etidye pawòl Bondye a chak jou, priye Papa nou ki nan Syèl la chak jou, antre prensip levanjil retabli yo andedan nou, remèsye Bondye, e mande l gidans. Apresa viv sa nou aprann nan, nan fanmi nou toudabò ak nan tout sitiyasyon nan lavi nou.

Nan senfoni gwo Konpozitè a, nou gen pwòp pati pa nou pou nou jwe---pwòp nòt pa nou pou nou chante. Si nou pa jwe yo, asireman senfoni a ap kontinye jwe. Men si nou fè patisyon pa nou an epi nou antre nan mizik la e nou pèmèt pouvwa Bondye travay atravè nou, n ap wè “fenèt syèl yo ap louvri” epi L ap “vide benediksyon sou nou an kantite.”12 Ranpli potansyèl nou antanke pitit gason Bondye, e nou ka vin yon sous pou sa ki byen nan fanmi nou, nan fwaye nou, kominote nou, peyi nou, e anfèt, nan mond lan.

Epi nan pwosesis la, si nou “pèdi lavi [nou]” nan sèvis lòt moun,13 n ap grandi e devlope jiskaske nou rive “fè yon sèl kò avèk Kris la.”14 Lè sa a, n ap prepare pou nou eritye, avèk Kris la, tout sa Papa a genyen.

Nou enpòtan pou Bondye

Chè frè m yo, chè zanmi mwen, nou enpòtan. Yo renmen nou. Yo bezwen nou. Travay sa a vrè. Prètriz la nou gen privilèj posede a se anfèt prètriz Bondye.

Mwen priye pou nou medite sou pil tit yon detantè prètriz ki diy genyen yo, na va dekouvri ke nou gen yon asistans divin, k ap toujou ede nou pwogrese ale nan gwo eritaj Papa nou ki nan Syèl la rezève pou nou an. M ap kite benediksyon sa a ak temwayaj mwen avèk nou, nan non sakre Jezikri, amèn.