2010–2019
Se yon mirak
Avril 2013


Se yon Mirak

Si nou pa misyonè aplentan avèk yon badj tache nan chemiz nou, kounyeya se moman pou nou pentire youn sou kè nou; ekri jan Pòl te di a, “non pa avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an.”

Lavi Jezikri nan mòtalite a te chaje avèk mirak: yon manman vyèj, yon nouvo zetwal, zanj ki te parèt devan bèje yo, moun avèg ki te wè, moun paralyze ki te mache, zanj nan Jetsemani ak devan tonb la, epi pi gwo mirak la: Rezirèksyon glorye l la.

Èske nou ka imajine sèn onz Apot yo sou mòn prè Galile a, lè Senyè resisite a te parèt devan yo epi l te di yo: “Ale, fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la ak Sentespri a”?1 “Ale toupatou sou latè, preche levanjil mwen an bay tout kreyati.”2

“Tout nasyon? Tout mond la? Tout kreyati?” Èske sa te posib? Malgre Jezi te rasire yo, san dout, yo dwe te mande tèt yo si reyèlman mirak t ap akonpaye yo lè y ap simaye levanjil la.3

Lafwa te ranplase dout, epi Pyè te leve vwa li, pou l te di:

“Tout moun ki abite Jerizalèm, …tande pawòl mwen yo: …

“…Jezi, moun Nazarèt la, … [ke] nou te pran an, epi nou te fè yon bann mechan kloure l sou yon kwa a: …

“Jezi sa a  … Bondye fè l monte, e nou tout temwen.”4

Te gen yon definitivman yon pakèt manifestasyon espirityèl jou sa a, epi 3,000 moun te batize. Jan Jezi te pwomèt la, siy ak mirak te akonpaye lafwa kwayan yo.

Lè Legliz Jezikri a te retabli sou tè a, sa gen 183 zan an, misyon Senyè a te bay ti gwoup disip li yo fè eko pawòl Li te pale sa gen plizyè syèk anvan yo: “Vwa avètisman an pral jwenn tout moun.”5 “Paske, an verite, son bri a dwe soti nan kote sa a ... pou ale nan tout mond lan, epi pou ale nan kote ki pi kache sou tè a.”6

“Tout pèp”? “Tout mond lan”? “Kote ki pi kache sou tè a?” Èske sa te posib?

Senyè a te rasire Sen Dènye Jou l yo,7 men, èske yo te ka predi gwosè ak destine travay mèveye sa a? Siman yo dwe te mande tèt yo si mirak t ap reyèlman akonpaye yo lè y ap preche levanjil la.

Epi ankò, lafwa te ranplase dout, epi dè moun te batize. An Angletè, Èldè Wilford Woodruff te jwenn yon kominote annantye ki t ap tann ni rive. Lespri Senyè a te desann sou yo, epi l te batize 45 predikatè ak plizyè santèn manm pandan premye mwa li a nan fèm Benbow a.8

Epòk nou an pa diferan. Lè Èldè David A. Bednar avèk mwen te misyonè sa gen anviwon 40 an (e m ka asire nou ke se pa nou menm ki pi gran nan ansyen misyonè ki chita sou chèz wouj yo la a), te gen 16.000 misyonè. Jan Prezidan Thomas S. Monson te di nou yè a, kounyeya nou gen 65.000---plis pase nou te janm genyen. Lè sa a te gen 562 pye. Jodi a, nou gen plis pase 3.000. Lè sa a, pawas ak branch nou yo te nan 59 peyi. Jodi a, nou gen kongregasyon nan 189 nan pami 224 nasyon ak teritwa yo ki nan mond la. Nou pa anpil, jan Nefi te predi a.9 Men, an menm tan, ou menm avèk mwen ap viv reyalizasyon pwofesi Danyèl la: “Wòch la … ki te kase … san okenn men pa pouse l la … [ap ranpli] tout tè a.”10

Se yon tan remakab plen mirak. Sa gen sis mwa lè Prezidan Monson te anonse ke laj la te chanje pou jènjan ak jènfi ki vle sèvi misyon yo, te gen yon devèsman espirityèl nou pa ka nye. Lafwa te ranplase dout, e jènjan yo ak jènfi yo te avanse devan. Jou Jedi apre konferans la, kote m te gen tach pou m te transfere demann misyon yo bay Premye Prezidans la, m te etone wè aplikasyon jènjan 18 tan ak jènfi 19 van ki te dejà ajiste plan yo, ki te deja konsilte doktè yo, ki te deja fè entèvyou avèk evèk yo ak prezidan pye yo, epi ki te gen tan soumèt aplikasyon misyonè yo --- tout sa te fèt nan senk grenn jou sèlman. Dè milye lòt ajoute sou yo kounyeya.Se yon mirak.

Nou rekonesan pou lafwa enèjik sè nou yo, pou kantite misyonè k ap ogmante soti nan peyi atravè tout mond lan, ak kantite koup moun marye anplis ki pare pou sèvi. Nou te anonse senkantuit nouvo misyon, epi sant fòmasyon misyonè konplè nou an nan Provo a jwenn yon nouvo konpayon nan vil Meksik.

Prezidan Thomas. S Monson te di: “Nou trè seryezman pran kòmandman Senyè a ba nou pou nou … ‘Ale, fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la ak Sentespri a.’”11 “Travay … sa a … ap kontinye avanse, pou l chanje ak beni lavi moun … Pa gen okenn fòs nan mond lan ki kapab anpeche travay Bondye a fèt.”12

Nou temwen mirak Senyè a fè yo pandan levanjil li a ap simaye atravè mond la.

Frè m ak sè m yo, osi sèten nou sèten ke Senyè a enspire plis misyonè pou sèvi a, se konsa tou l ap reveye lespri e l ap louvri kè plis bon moun onèt pou resevwa misyonè yo. Nou dejan konnen yo oubyen nou pral fè konesans yo. Yo nan fanmi nou e y ap viv nan vwazinaj nou. Yo pase devan nou chak jou nan lari a, yo chita bò kote nou nan lekòl, e nou konekte sou entènèt avèk nou. Nou menm tout nou se yon pati nan mirak k ap dewoule sa a.

Si w pa yon misyonè aplentan, avèk yon plak misyonè sou chemiz ou, kounyeya se moman pou ou pentire yon plak misyonè sou kè ou --- ekri l jan Pòl te di a: “non pa avèk lank, men avèk Lespri Bondye ki vivan an.”13 Epi oumenm ki sòt fè misyon, chèche ansyen plak misyonè ou la. Pa tache l sou chemiz ou, men mete l kote ou ka wè li. Senyè a bezwen ou kounyeya plis pase tout lòt lè pou ou ka yon zouti nan men Li. Ou gen yon patisipasyon pa w pou w bay nan mirak sa a.

Chak manm ki jis nan Legliz la konn panse sou fason pou yo pataje levanjil la. Genyen ki pataje levanjil la tou natirèl, e nou ka aprann anpil nan men yo.14 Gen lòt moun k ap lite e k ap mande kijan pou yo ta fè, pandan y ap swete ke santiman kilpablite nou santi pafwa a ap fini pa ale.

Dezi nou genyen pou nou pataje levanjil la fè nou mete n sou jenou nou, e se nòmal, paske nou bezwen èd Senyè a.

Prezidan Monson mande pou nou priye pou “zòn kote enfliyans nou limite yo, ak kote nou pa gen pèmisyon pou nou pataje levanjil la libreman yo.”15 Si nou sensèman ini nou pou nou mande Papa nou ki nan Syèl la, Senyè a ap kontinye louvri pòt enpòtan pou nou.

Epitou, nou dwe priye pou nou jwenn opòtinite pa nou pou n pataje levanjil la. Apot Pyè te di: “Se pou nou toujou pare pou reponn kesyon chak fwa yon moun mande nou … eksplikasyon sou esperans ki nan nou an.”16

Avèk tout konfizyon17 ak boulvès18 ki nan mond lan jodia, sa pa etonan ke pa gen anpil moun ki ale nan lye adorasyon yo. Malgre anpil nan yo anvi vin pi pre Bondye ak pi byen konprann bi lavi a, yo gen kesyon ki rete san repons. Gen anpil moun ki gen kè yo pare pou resevwa verite a, men jan pwofèt Amòs dekri a: “y ap [kouri] toupatou ap [chèche] pawòl Senyè a, men, yo [pa kapab] jwenn ni.”19 Ou kapab ede reponn kesyon moun sa yo. Nan konvèsasyon nou fè chak jou yo, ou kapab ajoute sou lafwa yo nan Kris la.20

Sovè a te di: “Leve limyè nou an anlè pou l kapab klere mond lan. Gade, m se limyè nou dwe leve anlè a.”21

M pwomèt nou, si nou priye pou nou konnen avèk kiyès pou nou pale, non moun ak figi moun ap vini nan panse nou. N ap resevwa nan menm lè a pòsyon nou bezwen yo.22 Opòtinite yo ap louvri pou nou. Lafwa ap ranplase dout, epi Senyè a ap beni nou avèk pwòp mirak pa nou.

Sovè a te anseye nou kouman pou nou pataje levanjil la. Mwen renmen istwa Andre a, ki te mande: “Mèt, ki kote ou rete?”23 Jezi te ka reponn pou di l nan ki lokalite l te rete. Men, li te prefere di Andre: “Vin wè.”24 Mwen ta vle panse Sovè a te vle di: “Vini pou w wè non sèlman kote m rete men kijan m ap viv tou. Vini pou w wè kiyès mwen ye. Vini pou w santi Lespri a.” Nou pa konnen tout sa k te pase jou sa a, men, nou konnen ke lè Andre te jwenn Simon, frè l la, li te deklare: “Nou jwenn … Kris la.”25

Pou moun ki enterese nan konvèsasyon nou yo, nou ka swiv egzanp Kris la kote n ap envite yo pou yo “vin wè.” Gen moun k ap aksepte envitasyon nou an, gen lòt ki pap aksepte. Nou tout konn yon moun ki te resevwa envitasyon plizyè fwa anvan l te fini pa aksepte pou l “vin wè” a. An nou panse ak moun ki te konn avèk nou yo ke nou raman wè kounyeya tou, ann envite yo pou yo retounen vin wè ankò.

Nou respekte chwa ak kalandriye chak moun. Senyè a te di: “Kite chak moun chwazi pou tèt pa yo.”26 Si yon moun pa enterese, sa pa dwe diminye lyen amitye ak lanmou nou gen avèk moun sa a. Lè nou envite lòt moun pou yo “vin wè”, keseswa yo aksepte envitasyon nou an ou pa, n ap santi apwobasyon Senyè a epi, avèk apwobasyon sa a, n ap santi yon pi gwo lafwa pou nou pataje kwayans nou yon fwa ankò avèk yo.

Pou moun k ap itilize Entènèt ak telefòn selilè yo, gen nouvo mwayen pou nou envite lòt moun pou yo “vin wè”. Annou pwofite entènèt la pou nou plis pataje lafwa nou chak jou. . LDS.org, Mormon.org, Facebook, Twitter—tout bay opòtinite.

Pou yo pataje levanjil la, jèn manm nan Boston yo te kòmanse plizyè blòg.27 Moun ki antre nan Legliz la yo te kòmanse aprantisaj yo sou entènèt, sa ki te suiv pa leson avèk misyonè yo. Eksperyans sa a te ede jèn yo gen pi gwo lafwa nan pale sou levanjil la an pèsòm. Youn nan yo te di: “Se pa travay misyonè. Se amizman misyonè.”28

Nou tout nan travay la ansanm. Avèk manm nan pawas nou yo ak misyonè yo, nou planifye e nou priye pou youn ede lòt. Kenbe misyonè aplentan yo nan panse nou ak nan priyè nou tou. Konfye yo fanmi nou ak zanmi nou yo. Senyè a fè yo konfyans e li aple yo pou yo anseye ak beni moun kap chechè L yo.

Prezidan Paulo Kretly ki nan Misyon Maputo nan peyi Mozambik te pataje eksperyans sa a: “Nan Mozanbique, se yon bagay ki kouran pou yon koup konpoze pa yon gason ak yon fi viv ansanm tout vi yo [san yo pa marye paske] tradisyon Afriken an egzije yo peye yon gwo montan lajan pou yo marye, yon montan majorite moun yo pa gen mwayen pou yo peye.”29

Manm legliz yo ak misyonè yo te reflechi sou sa epi yo te priye pou yo te konnen kouman pou yo te ede.

Repons pou priyè yo te fè yo konnen pou yo souliye lwa chastete a ak enpòtans maryaj ak fanmi etènèl. Epi pandan yo t ap ede koup yo repanti epi vin marye legalman, yo t ap anseye yo bonè moun jwenn sèlman nan swiv Jezikri a.

Men foto koup ki soti nan de vil diferan nan Mozambik. Yo te marye Vandredi, yo te batize avèk pi gran pitit yo nan Samdi.30 Yo te envite zanmi ak fanmi pou “vin wè” e dè santèn te reyèlman “vin wè.”

Apre batèm nan, yonn nan sè yo te di: “Nou te oblije chwazi si n t ap suiv tradisyon zansèt nou yo oubyen si n t ap suiv Jezikri. Nou chwazi pou n suiv Kris la.”31

Ou gen dwa pap viv nan peyi Mozambik, men, nan fason pa ou, nan kilti pa ou, ou ka pataje levanjil retabli Jezikri a.

Priye Papa nou ki nan Syèl la. Sa a se travay sakre Li. L ap gide nou nan sa pou nou fè. L ap louvri pòt, kraze fwontyè, e l ap ede nou simonte obstak yo. Senyè a te deklare: “Vwa avètisman an pral jwenn tout moun, nan bouch disip mwen yo, ... e pèsòn p ap kapab anpeche yo.”32

Mwen temwaye ke “vwa Senyè a [aprale] jis nan bout tè a, pou tout moun ki vle tande kapab tande.”33 It’s a Se yon mirak. Se yon mirak. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Matye 28:19.

  2. Mak 16:15.

  3. Gade Matye 28:20Mak 16:17–18.

  4. Ak 2:14, 22–23, 32.

  5. Doktrin ak Alyans 1:4.

  6. Doktrin ak Alyans 58:64.

  7. Gade Doktrin ak Alyans 1:5.

  8. Gade Enseignements des présidents de l’église: Wilford Woodruff (2004), 89–92.

  9. Gade 1 Nefi 14:12.

  10. Danyèl 2:34–35.

  11. Thomas S. Monson, “Welcome to Conference,” Ensign oswa Liahona, Me 2009, 5.

  12. Thomas S. Monson, “As We Gather Once Again,” Ensign oswa Liahona, Me 2012, 4.

  13. 2 Korentyen 3:3.

  14. Gade Clayton M. Christensen, The Power of Everyday Missionaries: The What and How of Sharing the Gospel (2013).

  15. Thomas S. Monson, “Welcome to Conference,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 6.

  16. 1 Pyè 3:15.

  17. Yo obsève verite ki epwove pa letan oubyen inyore; gade Doktrin ak Alyans 1:16; gade tou Doktrin ak Alyans 132:8.

  18. Gade Doktrin ak Alyans 45:26; 88:91.

  19. Amos 8:12.

  20. Pwofèt Joseph Smith te di: “Èske Prebisteryen yo gen yon pati verite a? Wi. Èske Batis, Metodis, elatriye, gen yon pati verite a? Wi ... Nou dwe rasanble tout prensip ki bon ak vrè yo nan mond lan epi apresye yo” (History of the Church, 5:517). “Nou pa mande pèsonn pou yo abandone sa yo genyen ...; nou sèlman mande moun yo pou yo vin chèche jwenn plis toujou. Kisa k t ap pase si tout mond lan te aksepte levanjil sa a? Tout moun t ap konprann lòt epi benediksyon Bondye yo t ap devèse sou yo, e se sa ki dezi kè mwen” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 155). Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Kite m di nou ke nou apresye laverite nan tout legliz ak tout byen y ap fè. Sa nou di moun yo, se pou yo pote avèk yo tout byen yo genyen an e annou wè si nou ka ajoute sou li. Sa se espri travay sa a. Se esans sèvis misyonè nou an.” (“Excerpts from Recent Addresses of President Gordon B. Hinckley,” Ensign, Out. 1998, 72; “Words of the Living Prophet,” Liahona, Avr. 1999, 19). “Nou dwe yon pèp ki amikal. Nou dwe rekonèt sa ki byen nan tout moun. Nou pa pase tan nou ap demoli lòt legliz yo. Nou preche epi nou anseye nan fason klè ak pozitif. Nou di moun nan lòt legliz yo pou yo pote avèk yo tout sa ki byen yo genyen e na wè si nou ka ajoute sou li. Sa se esansyèlman nati gwo pwogram misyonè nou an e li pote rezilta” (“Messages of Inspiration from President Hinckley,” Church News, Nov. 7, 1998, 2; gade ldschurchnews.com).

  21. 3 Nefi 18:24.

  22. Gade Doktrin ak Alyans 84:85; 100:6.

  23. Jan 1:38.

  24. Jan 1:39.

  25. Jan 1:41.

  26. Doktrin ak Alyans 37:4.

  27. Gade, pa egzanp, youngandmormon.com.

  28. Konvèsasyon telefonik avèk Jackson Haight jou 22 Mas 2013.

  29. Kourye pèsonèl Prezidan Paulo V. Kretly, 6 Mas 2013.

  30. Foto founi pa Prezidan Paulo V. Kretly. Premye gwoup la soti Maputo; yo te marye 30 Novanm 2012, epi yo te batize 1 Desanm 2012. Dezyèm gwoup la soti Beira; yo te marye 1 Mas 2013, epi yo te batize 2 Mas 2013.

  31. Kourye pèsonèl Prezidan Paulo V. Kretly, March 6, 2013.

  32. Doktrin ak Alyans 1:4–5.

  33. Doktrin ak Alyans 1:11.