2010–2019
"Senyè, mwen kwè"
Avril 2013


“Senyè, mwen kwè”

Rekonèt kesyon w yo ak preyokipasyon ou yo onètman men, anvan tout bagay e pou toujou, limen flanm lafwa ou, paske tout bagay posib pou moun ki kwè.

Yon lè Jezi te rankontre yon gwoup moun ki te nan yon gwo diskisyon avèk disip Li yo. Lè Sovè a te mande rezon k fè yo te nan diskisyon an, papa yon timoun ki te malad te avanse epi li te di li te vin bò kote disip Jezi yo pou l te mande yo yon benediksyon pou pitit gason l lan, mèn yo pat kapab ba li l. Pandan l te kenbe ti gason an ki tap manje dan l, bouch li te tonbe fè kim, epi li tap woule atè a, papa a te mande Jezi nan yon vwa dezespere:

“Si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou.

“Jezi di li: “Si w kapab kwè. ...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.

“Menm lè a, papa tibway la di byen fò: “Senyè, mwen kwè; Men, vin ede m pou m sa gen plis konfyans toujou.”1

Mesye sa a te rekonèt okòmansman, jan li menm li te di, ke konviksyon l te limite. Men li te gen yon dezi ijan, presan pou sèl pitit li a. Yo di nou ke sa sifi pou yon kòmansman. Alma deklare: “Menm si ou sèlman gen dezi pou kwè,” kite santiman sa a travay nan ou jistan ou vin kwè.”2 San li pat gen okenn lòt espwa, papa sa a te montre lafwa l te genyen e li te di Sovè mond lan: “Si ou kapab fè kichòy, tanpri gen pitye pou nou, tanpri ede nou.3 Mwen pa ka li mo sa yo san m pa kriye. Pwonon pliryèl nou an klèman itilize nan tout entansyon. Anreyalite, mesye sa a te di: “Tout fanmi mwen ap sipliye w. Pwoblèm nou pa janm sispann. Nou bouke. Pitit gason nou an tonbe nan dlo. Li tonbe nan dife. Li toujou andanje, e nou toujou pè. Nou pa konn kisa pou nou fè ankò. Èske oumenm ou ka ede nou? N ap rekonesan pou nenpòt bagay— yon moso benediksyon, yon ti reyon lespwa, yon ti koutmen pou soulaje fado manman tigason sa a ap pote chak jou nan lavi l la.”

Mo “Si ou ka fè nenpòt bagay,” la papa sa a te pwononse a te pwovoke repons “Si ou kapab kwè,” Mèt la te ba li a.4

Ekriti a di “Touswit”—pa lantman ni avèk tout, ni sinikman men “toutswit”—papa a, nan doulè reyèl li, te reponn: “Senyè, mwen kwè; men ede m ogmante lafwa mwen.” Kòm repons devan lafwa nouvo sa a ki te toujou toupiti a, Jezi te geri pitit gason l lan, li te pratikman leve li soti anba lanmò, jan Mak dekri bagay sa a.5

Pandan m ap apiye m sou resi emouvan sa a nan nan ekriti yo, mwen anvi pale dirèkteman avèk jèn yo nan Legliz la—jèn ki pi gran nan laj oubyen jèn ki gen plis tan nan Legliz la oubyen jèn gen pi gwo lafwa. Yon fason oubyen yon lòt, sa sipoze enkli nou tout alawonn.

Premye bagay nou remake konsènan istwa sa a sè ke lè li t ap afwonte defi pou l te gen lafwa a, papa a te afime fòs li dabò epi apre sa li te rekonèt limitasyon li. Premye deklarasyon l lan te afimativ e li te fèt san ezitasyon: “Senyè, mwen kwè.” M ta di tout moun ki swete gen plis lafwa yo, sonje nèg sa a! Nan moman laperèz oswa dout, oswa nan peryòd twoub, kenbe lafwa nou deja devlope a, menm si lafwa sa a limite. Nan eksperyans pwogresyon nou tout gen pou nou fè nan mòtalite a, nou tout gen pou nou rankontre yon bagay ki sanble avèk afliksyon tigason sa a oubyen dezespwa paran sa yo nan lavi nou. Lè moman sa yo rive e pwoblèm parèt, e pa gen solisyon touswit, se pou nou akwoche fèm nan sa nou konnen deja a epi kanpe djanm jiskaske nou resevwa konesans adisyonèl. Sete osijè menm ensidan sa a, mirak espesifik sa a, Jezi te di: “Si nou te gen lafwa gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas; anyen pa t ap enposib pou nou.”6 Se pa gwosè lafwa nou ni nivo konesans nou ki pwoblèm nan—se entegrite nou demontre nan lafwa nou genyen an ak verite nou deja konnen an.

The second observation is a variation of the first. When problems come and questions arise, do not start your quest for faith by saying how much you do pa gen lafwa, pa kòmanse avèk “enkredilite” nou. Se kòmsi nou vle eseye boure yon kodenn apati bèk li! Ban m eseye pi klè sou pwen sa a: mwen pa mande nou pou nou pran pòz nou gen lafwa san nou pa genyen l vre. Mwen ap mande nou pou nou fidèl nan lafwa nou deja genyen an. Pafwa nou aji kòm si yon deklarasyon dout onèt sete yon pi gwo manifestasyon kouraj moral pase yon deklarasyon lafwa onèt. Se pa sa l ye! Konsa, annou tout sonje mesaj klè ki nan ekriti sa a: “Se pou nou onèt konsènan dout nou yo. Nou tout gen bagay nou gen kesyon sou yo; lavi a plen yo sou yon sijè oswa yon lòt. Men si oumenm ak fanmi w vle geri, pa kite dout sa yo anpeche lafwa nou akonpli mirak li.

Yon lòt kote, ou gen plis lafwa ke ou panse ou genyen akozde sa Liv Mòmon an rele “gwo evidans yo.”7 “Jezi te di: “Ou ap rekonèt yo dapre fwi yo,8 e fwi viv levanjil yo evidan nan lavi Sen Dènye Jou yo toupatou. Jan Pyè ak Jan te di yon piblik nan tan ansyen yo, m ap di nou: “Nou pa ka pa pale sa nou wè ak sa nou tande,” e sa nou wè ak sa nou tande sèke “yon yo te sinyale te akonpli” nan lavi dè milyon manm nan Legliz sa a. Nou pa ka nye sa.9

Frè m ak sè m yo, se yon travay diven ki ap fèt, ki akonpaye pa manifestasyon ak benediksyon ki vizib nan tout direksyon, konsa, nou pa bezwen pè si detanzantan gen pwoblèm ki soulve e ki bezwen pou nou egzamine yo, konprann yo epi rezoud yo. Pwoblèm vini e y ap kontinye vini. Nan Legliz sa a, sa nou konnen ap toujou triyonfe sou sa nou pa konnen. E nou dwe toujou sonje ke nan mond sa a, tout moun dwe mache pa lafwa.

Donk pran pasyans avèk feblès imen yo–pwòp feblès pa nou ak feblès moun ki ap sèvi avèk nou nan yon Legliz ki dirije pa gason ak fi mòtèl ki se volontè. Esepte nan ka sèl Pitit pafè l la, se avèk moun ki pa pafè Bondye toujou fonksyone. Sa dwe trè fristran pou li, men li jere sa.E nou dwe fè menm bagay la tou. E lè nou wè enpèfeksyon, sonje ke limitasyon an se pa nan divinite travay sa a. Jan yon ekriven plen talan te sigjere, lè plenitid enfini an devèse, se pa fòt luil la si gen yon pati ki pèdi paske veso ki ize yo pa kapab pran tout.10 Veso ize sa yo enkli oumenm avèk mwen, konsa, fòk nou pasyan e aprann padone.

Dènye obsèvasyon an: lè dout oswa difikilte vini, pa pè mande èd. Si nou vle èd osi enbleman ak onètman ke papa sa a te vle a, nou kapab jwenn li. Ekriti yo dekri gwo dezi sa a kòm yon “entansyon reyèl” ke ou pousuiv “avèk tout kè w san fè ipokrizi ak desepsyon devan Bondye.”11 Mwen temwaye ke kòm repons pou yon kalite demann konsa, Bondye ap toujou voye èd ki soti toulède kote vwal la pou fòtifye lafwa nou.

M te di m t ap pale avèk jèn yo. M toujou ap pale avèk yo. Dènyèman, yon tigason katòzan te di m avèk ezitasyon: “Frè Holland, mwen poko ka di ke m konnen legliz la vrè, men mwen kwè ke l vrè.” M te anbrase tigason sa a jiskaske l te prèske toufe. M te di l avèk tout chalè kè mwen ke kwè a se yon mo presye, yon aksyon ki pi presye toujou e li pa dwe janm mande eskiz dèske li “sèlman kwè.” Mwen te di li ke Kris la limenm te di: “Pa pè, kwè sèlman,”12 yon fraz ki, an pasan, te voye jèn Gordon B. Hinckley al nan chan misyon.13 Mwen te di tigason sa a ke kwè se toujou premye pa ki mennen nan konviksyon epi atik ki defini lafwa kolektif yo repete avèk fòs: “Nou kwè.”14 Epi m te di l konbyen m te fyè de li poutèt li te onètman ap chèch bagay sa a.

Kounyeya, avèk avantaj m genyen ki soti nan prèske 60 ane depi m te yon jèn tigason katòzan ki te fèk kwè a, m ap deklare kèk bagay mwen konnen kounyeya. Mwen konnen ke Bondye se Papa eman ak padonan nou ki nan Syèl la, nan tout tan, nan tout fason, ak nan tout sikonstans. Mwen konnen Jezi se te sèl Pitit pafè li, ke lavi l te bay avèk amou, pa volonte ni Papa a ni Pitit la pou redanmsyon nou tout rès moun yo ki pa pafè yo. Mwen konnen li te leve soti anba lanmò pou l viv ankò epi gras ak sa l te fè a, ou menm avèk mwen ap fè sa tou. Mwen konnen ke Joseph Smith, ki te rekonèt ke l pa t pafè,15 te kanmèm moun Bondye te chwazi kòm enstriman nan men l pou retabli levanjil etènèl la sou tè a. Mwen konnen tou ke sa–patikilyèman pa tradiksyon Liv Mòmon an– anseye m plis sou lanmou Bondye, plis sou divinite Kris la, plis sou verite etènèl la ak bagay sou pouvwa prètriz la pase tout lòt pwofèt mwen te janm li, tande, ou konnen pandan tout yon lavi ap fè rechèch. Mwen konnen Prezidan Thomas S. Monson, k ap dirije l avèk devouman ak kè kontan vè senkantyèm anivèsè òdinasyon li kòm Apot, se siksesè lejitim ki abiye ak manto pwofèt la jodia. Mwen wè manto sa a sou li yon fwa ankò jodia nan konferans sa a. Mwen konnen katòz lòt gason nou soutni kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè yo soutni li avèk men yo, kè yo, ak pwòp kle apostolik pa yo.

Mwen deklare nou bagay sa yo avèk konviksyon Pyè te rele “pawòl pwofesi ki sèten an.”16 Sa ki te yon ti grenn lafwa pou mwen yon lè a grandi vin tounen yon pyebwa lavi a, konsa, si lafwa w yon tijan faya kounyeya oswa nenpòt lòt lè, mwen envite w pou w apiye w sou pa m nan. Mwen konnen travay sa a se vrè verite Bondye a, e mwen konnen n ap mete tèt nou andanje si nou pèmèt dout ak malen an elwaye nou de chemen an. Kontinye espere. Kontinye avanse. Rekonèt kesyon nou yo ak preyokipasyon nou yo onètman, men, anvan sa e pou tout tan, limen flanm lafwa nou paske, tout bagay posib pou moun ki kwè yo. Nan non Jezikri. Amèn.