2010–2019
Maryaj: Gade epi aprann
Avril 2013


Maryaj: Gade epi aprann

Pwomès Senyè a adrese ak tout moun ki suiv modèl lavi ki pèmèt yon moun bati relasyon marital ki gen bonè e ki sakre.

Yon jou swa, sa gen kèk ane, madanm mwen avèk mwen tal vizite kay youn nan pitit gason nou yo ak mandanm li ak pitit yo pou nou te ka dine avèk yo. Se te yon sware tipik pou yon fanmi ki gen timoun piti: te gen anpil bri men te gen plis amizman toujou. Apre dine a, pitit-pitit fi 4 an nou an, Anna, avèk mwen, te rete chita bò tab la. Lè li te rann li kont ke li te gen tout atansyon mwen, li te leve kanpe dwat sou yon ban epi li te gade m fiks. Lè li te si ke m tap gade l, li te ban mwen yon lòd solanèl “gade epi aprann.” Epi, li te kòmanse danse ak chante yon chante pou mwen.

Lòd Anna te pase m pou m te “gade epi aprann” nan sete sajès ki te soti nan bouch yon timoun. Nou kapab aprann anpil bagay lè nou gade epi reflechi sou sa nou wè ak sa nou santi. Nan sans sa a, kite m pataje avèk nou kèk prensip mwen te obsève nan gade epi aprann epi tire leson nan kèk bèl maryaj fidèl. Prensip sa yo bati maryaj ki solid e satisfezan, ki konpatib avèk prensip selès yo. Mwen envite nou pou nou gade epi aprann avèk mwen.

Premyeman, m obsève ke nan maryaj ki pi ere yo mari ak madanm konsidere relasyon yo a tankou yo pèl gran pri, yon trezò ki vo yon kanti kòb moun pa ka fin konte. Toulède kite papa yo ak manman yo pou yo mete ansanm pou yo bati yon maryaj ki ap pwospere pou letènite. Yo konprann ke y ap avanse sou yon chemen Bondye bayo lòd pou yo suiv. Yo konnen okenn lòt kalite relasyon pa kapab pote otan lajwa, ni pote tout bon bagay sa yo, ni pwodui tout rafinman pèsonèl sa a. Gade epi aprann: meyè koup yo konsidere maryaj yo a kòm yon bagay ki gen valè inestimab.

Lòt bagay la, se lafwa. Maryaj etènèl ki reyisi yo bati sou fondasyon lafwa nan Senyè Jezikri ak obeyi ansèyman l yo.1 Mwen obsève ke koup ki debwouye yo pou fè maryaj yo ka satisfezan yo mete an pratik modèl lafwa yo: yo ale nan reyinyon Sentsèn ak lòt reyinyon yo chak semèn, yo fè sware familyal, yo priye ak etidye ekriti yo ansanm e pèsonèlman, e yo peye yon dim konplè. Yo chèche ansanm pou yo obeyisan epi pou yo bon. Yo pa konsidere kòmandman yo tankou yon bifè kote yo ka chwazi sèlman manje ki pi atiran yo.

Lafwa se fondayon tout vèti ki fòtifye maryaj la. Lè nou fòtifye lafwa, nou ranfòse maryaj la. Lafwa grandi lè nou respeke kòmandman yo, e amoni ak lajwa nan maryaj la grandi tou. Konsa, respeke kòmandman yo se yon bagay ki fondamantal pou moun tabli maryaj etènèl ki solid. Gade epi aprann: lafwa nan Senyè Jezikri se fondasyon yon maryaj etènèl plen bonè.

Twazyèmman, repantans. Mwen vin wè ke maryaj ki gen kontantman yo chita sou don repantans lan. Repantans se yon eleman endispansab nan tout bon relasyon marital. Mari ak madanm ki regilyèman fè yon egzamen konsyans e ki rapidman fè tout sa yo kapab pou yo repanti ak amelyore yo santi medikaman gerizon an aji nan maryaj yo. Repantans ede retabli ak mentni antant ak lapè.

Imilite se pati ki pi enpòtan nan repantans lan. Li pa ale nan sans pal sèlman ni pale avèk moun kòm si li moralman siperyè yo. Olyesa, imilite reponn avèk dousè2 epi li koute avèk jantiyès pou l ka konprann, non pa pou jistifye tèt li. Imilite rekonèt ke okenn moun pa kapab chanje yon lòt moun, men avèk lafwa, jefò, ak èd Bondye, nou kapab epwouvepwòp chanjman puisan nan kè pa nou.3 Lè nou fè eksperyans chanjman kè puisan an, nou trete lòt moun, espesyalman madanm nou oubyen mari nou avèk dousè.4 Imilite vle di pou mari ak madanm, yo toulède, chèche pou youn se benediksyon pou lòt, pou youn ede ak soutni lòt, pandan ke yo chak ap mete lòt la anpremye nan chak desizyon y ap pran. Gade epi aprann: repantans ak imilite bati maryaj ki gen kè kontan.

Katriyèmman, respè. Mwen remake ke nan maryaj ki gen kontantman yo, mari ak madanm trete youn lòt antanke patnè egal ego. Pratik, kèlkeswa lye a ak epòk la, ki di ke yon mari gen dwa domine madanm ni oubyen trete l yon fason kèlkonk kòm patnè ki pi ba nan maryaj la, pa konfòm avèk lwa divin nan e yo ta dwe ranplase pratik sa yo pa prensip ak modèl konpòtman ki kòrèk.

Mari ak madanm ki nan maryaj k ap mache yo pran desizyon yo ansanm, yo chak patisipe totalman e yo gen menm dwa lapawòl ak vòt la.5 Yo konsantre yo dabò sou fwaye a ak sou èd youn ka bay lòt nan responsablite yo pataje yo ansanm yo.6 Maryaj yo a chita sou potekole, pa sou negosyasyon. Lè manje a ansanm ak tan yo rezève pou fanmi an vin tounen moman ki pi enpòtan nan jounen an ak bagay yo bay plis valè. Yo etenn tout aparèy elektwonik epi yo abandone tout amizman pèsonèl yo pou yo ka ede nan travay nan kay la. Nan mezi sa posib pou yo, yo li avèk timoun yo chak swa e toulède patisipe nan mete timoun yo kouche. Yo al dòmi ansanm. Selon jan travay yo ak sikonstans yo pèmèt sa, madanm yo ak mari yo travay kòtakòt nan travay ki pi enpòtan ki egziste a---travay nou fè nan fwaye nou an.

Kote ki gen respè, gen transparans tou, ki se yon eleman kle nan maryaj kè kontan yo. Konjwen yo pa gen okenn sekrè youn pou lòt nan bagay ki konsène maryaj yo nan yon maryaj ki chita sou respè youn pou lòt ak transparans. Mari yo ak madanm yo pran tout desizyon sou zafè lajan ansanm e mari tankou madanm gen aksè a tout enfòmayon yo.

Lwayote se yon fòm respè. Pwofèt yo anseye nou ke konjwen nan maryaj ki reyisi yo trè lwayal antre yo.7 Yo asire yo ke yo rete diy nan tout sans pandan yo ap sèvi ak medya sosyal yo. Yo pa pèmèt yo gen okenn eksperyans sekrè sou entènèt. Youn pataje modpas li avèk lòt san pwoblèm. Yo pa gade pwofil vityèl okenn moun nan yon fason ki ta ka trayi konfyans sakre konjwen yo. Yo pa fè ni di okenn bagay ki ta sanble avèk yon bagay ki pa apwopriye, ni vityèlman ni fizikman. Gade epi aprann: maryaj ki reyisi yo baze totalman sou respè, transparans, ak lwayote.

Senkyèm bagay la, se lanmou. Maryaj ki pi ere mwen wè yo montre obeyisans nan youn nan pi gwo kòmandman yo -– sa ki di pou nou “viv ansanm nan lanmou” an.”8 Pandan li tap pale avèk mari yo, Senyè a te kòmande: “Ou dwe renmen madanm ou avèk tout kè w epi ou dwe attache a limenn e okenn lòt moun.”9 Yon manyèl Legliz la anseye: “Mo atache a vle di devwe ak fidèl konplètman anvè yon moun. Koup ki marye yo atache a Bondye e youn atache a lòt pandan youn ap sèvi ak renmen lòt epi respekte alyans yo nan fidelite konplè youn pou lòt ak pou Bondye…. [Toulède, mari ak madanm] kite dèyè vi selibatè yo epi yo tabli maryaj yo kòm premye priyorite [yo]…. Yo pa pèmèt okenn lòt moun oswa lòt enterè gen pi gwo priyorite… ke respekte alyans yo te fè avèk Bondye ak entre yo a.”10 Gade epi aprann: nan koup ki reyisi yo, youn remnen lòt avèk yon devouman total.

Gen kèk moun ki pa osi kontan nan maryaj yo jan yo ta swete, genyen ki pa janm marye, ki divòse, ki se paran selibatè, oswa ki pa nan pozisyon pou yo marye pou divès rezon. Sitiyasyon sa yo kapab chaje ak pwoblèm ak gwo chagren, men yo pa oblije etènèl. Se pou syèl la grandman beni tout sila pami nou yo ki nan sitiyasyon sa yo e ki malgre sa “avèk kè kontan, ap fè tout sa ki nan pouvwa yo” pou yo pèsevere”11 Toujou kenbe ideyal pou fòme yon maryaj etènèl, pandan w ap fè efò oswa prepare nou pou w vin yon konjwen ki diy. Respekte kòmandman yo, epi mete konfyans nan Senyè a ak nan amou pafè li pou ou. Yon jou, tout benediksyon li pwomèt konsènan maryaj yo ap pou ou.12

Youn nan vèsè ki pi bèl nan Liv Mòman an di senpleman: “E yo te marye, e yo te marye pitit yo, yo te beni dapre bann pwomès Senyè a te fè yo.”13 Pwomès Senyè a adrese pou tout moun ki suiv modèl lavi ki pèmèt nou bati relasyon maryaj ki sen e ki gen bonè. Benediksyon sa yo vini kòm konsekans ere ak previzib pou moun ki viv levanjil Jezikri a fidèlman yo.

Mwen rekonesan pou madanm mèveye m nan, Kathy, ki se moun mwen pi renmen nan lavi m.

Maryaj se yon kado Bondye ba nou; kalite maryaj nou an se yon kado nou ba Li. Mwen rann temwayaj sou plan mèveye Pè Selès ki renmen nou an, ki ba nou posiblite pou nou gen yon maryaj etènèl ak mèveye. Nan non Jezikri, amèn.