Obeyisans pote benediksyon

Pa Prezidan Thomas S. Monson


Nou jwenn konesans sou laverite a ak repons pou pi gwo kesyon nou yo lè nou obeyi kòmandman Bondye yo.

Frè ak sè byeneme m yo, mwen rekonesan anpil pou m avèk nou maten an. M ap mande nou pou nou egzèse lafwa nou ak priyè nou pandan m ap reponn ak privilèj pou m pale avèk nou an.

Nan tout syèk yo, gason ak fi te toujou chèche konesans ak konprann sou egzistans mòtèl la ak plas yo ak rezondèt yo nan tout bagay sa yo, ansanm ak chemen ki mennen nan lapè ak bonè a tou. Se yon kalite rechèch ke nou tout antreprann.

Konesans ak konpreyansyon sa a aksesib pou tout limanite. Yo chita nan verite ki etènèl. Nan Doktrin ak Alyans, seksyon 1, vèsè 39, nou li: “Paske gade, gade, Senyè a se Bondye, epi Lespri a rann temwayaj, epi temwayaj la vrè, epi verite a rete pou tout tan.”

Yon powèt te ekri:

Menmsi syèl la ak tè a ta gen pou yo disparèt,
Verite, sòm egzistans lan, ap triyonfe sou tout,
Etènèl, enchanjab, ajamè.1

Yon moun gen dwa mande: “Ki kote nou ka jwenn verite sa a, e kijan nou ka rekonèt li?” Nan yon revelasyon Pwofèt Joseph Smith te resevwa nan Kirtland, Ohio, an Me 1833, Senyè a te deklare:

“Verite se konesans bagay jan yo ye, epi jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye. …

“Lespri verite a se pou Bondye. …

“Epi pèsonn pa resevwa toutnèt san li pa respekte kòmandman l yo.

“Yon moun ki respekte kòmandman l yo li resevwa verite ak limyè, jistan l glorifye nan verite epi l konnen tout bagay.”2

Ala yon bèl pwomès! “Yon moun ki respekte kòmandman [Bondye] yo li resevwa verite ak limyè, jistan l glorifye nan verite epi l konnen tout bagay.”

Nan epòk plen limyè sa a kote plenitid levanjil la retabli a, pa gen okenn nesesite pou nou menm avèk mwen navige sou lanmè enkoni ni vwayaje sou wout enkoni pou n al chèche laverite. Yon Papa eman ki nan Syèl la trase chemen an pou nou e li ba nou yon gid enfayib—ki se obeyisans. Nou resevwa yon konesans sou laverite ak repons pou pi gwo kesyon nou yo lè nou obeyi kòmandman Bondye yo.

Nou aprann obeyisans pandan tout lavi nou. Depi nou tou piti, moun ki responsab nou yo etabli direksyon ak règ pou asire sekirite nou. Lavi a t ap pi senp pou nou tout si nou ta totalman obeyi règ sa yo. Men, anpil nan nou aprann sajès ki genyen nan obeyisans lan atravè eksperyans.

Lè m t ap grandi, chak ete depi kòmansman Jiyè rive jis nan kòmansman Septanm, fanmi m te konn ale nan yon kabin nou te genyen nan Vivian Park, nan Canyon Provo a, nan Utah.

Youn nan pi bon zanmi mwen pandan epòk ensousyan sa yo nan kanyon nan sete Danny Larsen, fanmi li te gen yon kabin nan Vivian Park tou. Chak jou li menm avèk mwen te konn al pwomne nan paradi sa a, ap peche nan ti kannal la oubyen nan larivyè a, ap koleksyone wòch ak lòt trezò, monte mòn, e tou senpleman pwofite chak minit nan jounen an chak jou.

Yon jou maten, Danny avèk mwen te deside pou nou te fè yon ‘feu de camp’ nan aswè avèk tout zanmi nou yo nan kanyon an. Nou te jis bezwen pwòpte yon zòn nan yon jaden tou pre a pou nou tout te ka reyini. Zèb mwa Jen an ki te kouvri jaden an te vin sèch epi l te pike, sa k te fè l pa t twò konvnab pou sa nou te bezwen fè a. Nou te kòmanse rache zèb yo nan bi pou nou te ka fè yon gwo espas anwon. Nou te tire e rale ak tout fòs nou men, tout sa nou te ka rache sete ti ponyen movèzèb tenas. Nou te konnen tach sa a t ap pran tout jounen an, e enèji nou ak antouzyas nou te deja kòmanse febli.

Epi lè sa a, sa m te panse ki te solisyon pafè a te vini nan lespri uitan m nan. M te di Danny: “Tout sa nou bezwen fè se brile zèb sa yo. N ap jisboule yon sèk nan zèb la!” Li te dakò san ezite, epi m te kouri al chèche alimèt nan kabin nan.

Si nou youn la a ta panse ke, nan laj uitan, nou te gen pèmisyon pou n te itilize alimèt, m vle di nou klè ke yo te entèdi Danny avèk mwen itilize alimèt san granmou pa la. San rete, yo te konn bay nou toulède mizangad sou danje dife. Men, m te konn ki kote fanmi m te konn mete alimèt yo, e nou te bezwen netwaye jaden sa a. San menm reflechi yon dezyèm fwa, m te kouri al nan kabin nan epi m te pran kèk bwa alimèt, pandan m te asire m ke okenn moun pa t ap gade. M te prese mete yo nan pòch mwen.

M te retounen al jwenn Danny, eksite dèske nan pòch mwen m te gen solisyon pwoblèm nou an. Mwen raple m ke m te panse dife a t ap boule sèlman zòn nou te vle a epi apresa, yon fason kèlkonk, li li t ap etenn majikman.

Mwen te pase yon alimèt sou yon wòch epi m te anflame zèb sèch mwa Jen an. Li te flanbe kòmsi l te tranpe nan gazolin. Okòmansman, Danny avèk mwen te kontan lè nou te wè movezèb yo ap disparèt la, men byen vit, nou te vin reyalize ke dife a pa ta pral etenn poukont li. Nou te panike lè nou te reyalize pa t gen anyen nou t ap kapab fè pou rete li. Flanm menasan yo te kòmanse brile movezèb yo rive jis anlè mòn nan, sa ki te mete pye sapen yo andanje ak tout lòt sa k te sou wout yo.

Finalman, nou pa t gen okenn lòt chwa ke kouri al chèche èd. Byenvit, tout gason ak tout fi ki te disponib nan Vivian Park t ap kouri pasipala avèk twal sak mouye, pou yo te bat flanm dife yo pou eseye etenn yo. Apre plizyè èdtan, yo te finalman etenn dènye rès flanm yo. Pye sapen santenè yo te sove, ansanm avèk kay yo ke flanm yo t ap finalman atenn.

Danny Danny avèk mwen te aprann plizyè leson difisil men enpòtan jou sa a—yon gran pati ladan yo sete enpòtans obeyisans.

Gen règ ak lwa pou asire sekirite fizik nou. Menmjan tou, Senyè a bay direksyon ak kòmandman pou asire sekirite espirityèl nou pou nou kapab reyisi navige nan egzistans mòtèl ki souvan danjere sa a epi pou n finalman retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Dè syèk pase, pou yon jenerasyon moun ki te grandman ankre nan tradisyon pou yo te fè sakrifis bèt, Samyèl te kareman deklare: “Pito yon moun obeyi pase l fè sakrifis, pito l soumèt devan Bondye pase l ofri grès belye.”3

Nan dispansasyon sa a, Senyè a te revele bay Pwofèt Joseph Smith sa li mande: “Yon kè ak yon panse ki gen bon volonte; epi moun ki gen bon volonte epi ki obeyisan pral manje bon bagay ki nan tè Siyon an nan dènye jou sa yo.”4

Tout pwofèt, ansyen ak modèn, toujou konnen ke obeyisans endispansab pou sali nou. Nefi te deklare: “M prale e m ap fè bagay Senyè a te kòmande yo.”5 Malgre lòt yo te febli nan lafwa yo ak obeyisans yo, pa yon fwa Nefi pa t febli nan fè sa Senyè a te mande li. Kòm rezilta, anpil jenerasyon te beni.

Istwa Abraram ak Isaac la se yon istwa emouvan sou obeyisans. Ala sa dwe te penib ak difisil pou Abraram, pou l te obeyi kòmandman Bondye te ba li a, pou pran Isaac, pitit gason byeneme l la, pou mennen l nan peyi Moria pou al ofri l an sakrifis la. Èske nou ka imajine tristès nan kè Abraram pandan l t ap vwayaje ale nan kote yo te di l la? Siman doulè te nan tout kò li e t ap tòtire lespri li pandan l t ap mare Isaac, mete l kouche sou lotèl la, epi pran kouto li pou touye l la. Avèk yon lafwa inebranlab ak konfyans total nan Senyè a, li te obeyi kòmandman Senyè a te ba li a. Ala bèl deklarasyon gloriye sa a te bèl, e siman Abraram te ekstrèmman kontan, lè l te tande: “Pa leve men ou sou tigason an. Pa fè l anyen. Koulyea mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t refize touye sèl pitit gason w lan pou mwen.”6

Yo te teste Abraram epi mete l aleprèv, epi, poutèt fidelite li ak obeyisans li, Senyè a te fè l pwomès mayifik sa a: “Granmesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon, paske ou te fè sa m te mande w fè a.”7

Byenke yo pa mande nou pou nou demontre obeyisans nou nan yon fason osi dramatik ak penib, yo mande nou pou nou obeyisan tou.

Prezidan Joseph F. Smith te deklare an Oktòb 1873: “Obeyisans se premye lwa syèl la.”8

Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Bonè Sen Dènye Jou yo, lapè Sen Dènye Jou yo, pwogresyon Sen Dènye Jou yo, pwosperite Sen Dènye Jou yo, ak sali etènèl ak egzaltasyon pèp sa a chita nan lefèt ke yo mache nan obeyi konsèy … Bondye yo.”9

Obeyisans se karakteristik prensipal pwofèt yo; li pote fòs ak konesans pou yo atravè tout syèk. Li enpòtan pou nou pran konsyans ke nou menm tou, nou gen dwa gen aksè a sous fòs ak konesans sa a. Li fasilman aksesib pou nou chak jodia si nou obeyi kòmandman Bondye yo.

Atravè ane yo, mwen vin konn anpil moun ki te patikilyèman fidèl ak obeyisan. Mwen beni e enspire pa yo menm. Kite m pataje avèk nou yon istwa sou de nan moun sa yo.

Walter Krause sete yon manm fèm Legliz la ki, avèk fanmi li, te abite nan sa ki te vin tounen Almay de Lès la apre Dezyèm Gè Mondyal la. Malgre difikilte li te rankontre akoz mank libète nan zòn sa a nan mond lan alepòk, Frè Krause sete yon moun ki te renmen Senyè a e ki t ap sèvi li. Li te fidèlman ranpli chak tach yo te ba li avèk konsyans.

Lòt moun nan, Johann Denndorfer, ki soti nan Hongrie, te konvèti nan Legliz la an Almay e li te batize nan kote sa a nan lane 1911 nan laj 17 an. Pa twò lontan apresa, li te retounen Hongrie. Apre Dezyèm Gè Mondyal la, li te twouve l pratikman prizonye nan pwòp peyi natal li, nan vil Debrecen. Yo te retire libète nan men pèp Hongrie a tou.

Frè Walter Krause, ki pa t konnen Frè Denndofer, te resevwa tach pou l te enstriktè nan fwaye li e vizite l regilyèman. Frè Krause te rele konpayon vizit li epi l te di l: “Nou resevwa tach pou nou vizite Frè Johann Denndorfer. Èske w ap disponib pou w ale avèk mwen semèn sa a pou n al wè li pou pote mesaj levanjil la ba li? Epi apre, li te ajoute: “Frè Denndorfer ap viv nan Hongrie.”

Trè etone, konpayon l te mande: “Kilè nou prale?”

Frè Krause te reponn: “Demen.

“Konpayon l te mande: “Kilè n ap retounen.

Frè Krause te reponn: “O, nan apeprè yon semèn — si nou ka retounen.”

De enstriktè nan fwaye yo te pati pou al rann Frè Denndorfer vizit, yo te vwayaje nan tren ak bis soti nan nòdès peyi Almay pou ale Debrecen, an Hongrie—yon vwayaj byen long. Frè Denndorfer pa t gen enstriktè nan fwaye depi anvan lagè a. Konsa, lè l te wè de sèvitè Senyè sa yo, li te ranpli ak rekonesans dèske yo te vini. Toudabò li te refize ba yo lamen. Olyesa, li t ale nan chanm ni epi, nan yon ti bifèt, li te retire yon bwat ki te gen dim ni ke l te sere pandan dèzane. Li te remèt enstriktè nan fwaye yo dim nan epi l te di: “Kounyeya mwen anrèg avèk Senyè a. Kounyeya M santi m diy pou bay sèvitè Senyè a lamen!” Frè Krause te di m nan apre ke li te pwofondeman touche pou wè frè fidèl sa a, ki avèk obeyisans e dosilman, san l pa t gen okenn kontak avèk legliz la pandan dèzane, te retire 10 pousan nan salè mèg li te genyen an pou peye dim ni. Li te sere l, san l pa t menm konnen kilè ni ki jou li t ap janm gen privilèj pou peye li.

Frè Walter Krause te mouri sa gen nevan, nan laj katrevenkatòzan. Li te sèvi fidèlman ak obeyisans pandan tout lavi li e li sete yon sous enspirasyon pou mwen menm ak pou tout moun ki te konnen li. Lè yo te konn mande l pou l te ranpli yon tach, li pa t janm poze kesyon, li pa t janm mimire, ni li pa t janm chèche ekskiz.

Frè m ak sè m yo, gwo tès lavi a se obeyisans. Senyè a di: “Epi nou pral pase yo anba eprèv, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo.”10

Sovè a te deklare: “Paske, tout moun ki resevwa yon benediksyon nan men m dwe obeyi lalwa ki gen rapò avèk benediksyon sa a, ak kondisyon yo jan sa te tabli anvan fondasyon mond lan.”11

Pa gen pi gwo egzanp obeyisans ki egziste pase obeyisans Sovè nou an. Konsènan li menm, Pòl te di:

“Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li yo;

“Epi etandone li te vin pafè, li te vin tounen delivrans etènèl pou tout limanite pou tout moun ki obeyi li.”12

Sovè a te manifeste yon amou sensè pou Bondye nan mennen yon lavi pafè, nan onore misyon sakre li te genyen an. Li pa t janm awogan. Li pa t janm ranpli ak ògèy. Li pa t janm dezonèt. Li te toujou enb. Li te toujou sensè. Li te toujou obeyisan.

Malgre ke l te tante pa mèt twonpri a, ki se dyab la; malgre li te febli fizikman paske l te jene pandan 40 jou ak 40 nuit epi li te grangou, lè malen an te fè Jezi pwopozisyon ki te pi atiran ak pi tantan yo, li te banou yon egzanp obeyisans divin kote l te refize devye soti nan sa li te konnen ki te dwat.13

Lè l t ap fè fas ak agoni Jetsemane a, kote li te andire kalite doulè ki te fè syè nan kò li te vide tankou gwo degout san ap tonbe atè,”14 li te montre egzanp yon Pitit obeyisan kote l te di: “Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt, se volonte pa ou.”15

Jan Sovè a te bay premye Apot li yo enstriksyon an, se konsa li bay ou menm avèk mwen enstriksyon tou: “Suiv mwen.”16 Èske nou dispoze pou nou obeyi?

Konesans n ap chèche a, repons nou anvi jwenn yo, ak fòs nou vle genyen jodia pou nou afwonte difikilte yon mond chanjan ak konplèks yo, nou ka jwenn yo si nou dispoze pou nou obeyi kòmandman Bondye yo. M ap site pawòl Senyè a te di yo ankò: “Yon moun ki respekte kòmandman [Bondye] yo li resevwa verite ak limyè, jistan l glorifye nan verite epi l konnen tout bagay.”17

Mwen priye enbleman pou nou ka resevwa bèl rekonpans yo pwomèt moun ki obeyisan yo. Nan non Jezikri, Senyè nou epi Sovè nou an, amèn.

Show References

  1.  

    1. “O toi vérité?” Cantiques, no. 175.

  2.  

    2. Doktrin ak Alyans 93:24, 26–28.

  3.  

    3. 1 Samyèl 15:22.

  4.  

    4.  Doktrin ak Alyans 64:34.

  5.  

    5. 1 Nefi 3:7.

  6.  

    6. Jenèz 22:12.

  7.  

    7. Jenèz 22:18.

  8.  

    8. Joseph F. Smith, “Discourse,” Deseret News, Nov. 12, 1873, 644.

  9.  

    9. Gordon B. Hinckley, “If Ye Be Willing and Obedient,” Ensign, Des. 1971, 125.

  10.  

    10. Abraham 3:25.

  11.  

    11.  Doktrin ak Alyans 132:5.

  12.  

    12. Ebre 5:8–9.

  13.  

    13. Gade Matye 4:1–11.

  14.  

    14. Lik 22:44.

  15.  

    15. Lik 22:42.

  16.  

    16. Jan 21:22.

  17.  

    17.  Doktrin ak Alyans 93:28.