2010–2019
Obeyi lalwa, se libète
Avril 2013


Obeyi lalwa se libète

Bondye ofri gason ak fi libabit, men libète yo, e apresa, bonè etènèl yo soti nan obeyi kòmandman yo.

Pou Nwèl ane pase a, mwen te resevwa yon kado espesyal ki te raple m anpil souvni. Se nyès mwen an ki te banmwen l. Li te pami sa m te kite nan ansyen mezon familyal nou an lè m te demenaje apre m te fin marye. Kado a sete ti liv mawon sa a mwen kenbe nan menm nan. Se yon liv yo te konn bay sòlda mòmon yo lè yo te antre nan lame pandan Dezyèm Gè Mondyal la. Mwen menm pèsonèlman, mwen te konsidere liv sa a kòm kado Prezidan Heber J. Grant ak konseye l yo, J. Reuben Clark Jr. ak David O. McKay te ban mwen.

Nan kòmansman liv la, twa pwofèt Bondye sa yo te ekri: “Depa ou pou w al nan sèvis lame a pap pèmèt nou toujou kenbe kontak pèmanan avèk ou, keseswa dirèkteman oubyen pa reprezantasyon pèsonèl. Konsa, pi bon opsyon nou genyen, se mete nan men ou kèk pasaj nan revelasyon modèn nan ak kèk eksplikasyon sou prensip levanjil yo ki ka pote pou ou, kèlkeswa kote ou ye, yon esperans ak yon lafwa renouvle, osibyen ke rekonfò, konsolasyon, ak lapè nan lespri ou.”1

Jodia n ap viv yon lòt lagè. Se pa yon lagè k ap fèt ak zam. Se yon lagè panse, pawòl ak aksyon. Se yon lagè kont peche, e jodia plis pase jamè, nou bezwen yo raple nou kòmandman yo. Bagay pwofàn vin tounen bagay nòmal, epi anpil nan kwayans ak pratik pwofàn yo an konfli dirèk avèk sa Senyè a Li menm te enstitiye pou benefis pitit Li yo.

Nan ti liv mawon an, imedyatman apre lèt Premyè Prezidans la, gen yon “Nòt preparatwa pou gason ki nan lame yo,” ki rele “Obeyi lalwa se libète.” Nòt sa a trase paralèl ant lwa militè yo, ki “se pou byen tout moun ki nan lame yo,”ak lalwa divin nan.

Not la deklare: “Nan inivè a tou, kote Bondye ap kòmande a, gen lwa--- lwa inivèsèl, lwa etènèl---ki mache sètèn benediksyon ak pinisyon endiskitab.

Dènye mo yo nan not sa a ensiste sou obeyi lwa Bondye yo: “Si ou vle retounen al jwenn moun ou renmen yo avèk tèt ou byen wo … si ou ta vle vin yon bon gason epi viv an abondans---enben, obsève lwa Bondye yo. Lè w fè sa, sou libète presye sa yo w ap goumen pou prezève a, ou ka ajoute yon lòt ankò ke tout moun kapab depann sou li, libète parapò ak peche a, paske, reyèlman ‘obeyi lalwa se libète’”2

Poukisa fraz “obeyi lalwa se libète” a sonnen tèlman vrè pou mwen nan epòk la? Poukisa li sonnen si vrè pou nou tout kounyea?

Petèt se paske yo te revele nou yon bagay sou istwa premòtèl nou. Nou konnen ke lè Bondye Papa Etènèl la te prezante nou plan l la nan kòmansman tan yo, Satan te vle modifye plan an. Li te di li t ap rachte tout limanite. Okenn moun pa t ap pèdi, epi Satan te konfyan ke li t ap kapab rachte tout limanite selon pa li. Men te gen yon pri ki te inakseptab---destriksyon libabit lòm, ki te e ki toujou rete yon kado Bondye (gade Moyiz 4:1–3). Apwopo kado sa a, Prezidan Harold B. Lee te di: “Apre lavi limenm, libabit se pigwo kado Bondye bay limanite.”3 Konsa, pwojè Satan an pou pa respekte libabit lòm nan, se pat yon ti bagay piti sa te ye. Anfèt, sa te vin tounen koz prensipal ki fè Gè a te fèt nan Syèl la. Viktwa nan Gè nan Syèl la sete yon viktwa pou libabit lòm.

Men, Satan pat fini. Plan l te gen anrezèv la---plan l ap egzekite depi epòk Adan ak Eve la--- sete pou tante gason ak fi, esansyèlman pou pwouve ke nou pa merite don libabit la Bondye banou an. Satan gen anpil rezon pou l fè sa l ap fè yo, petèt pi gwo rezon an se revanj, men li vle rann gason ak fi mizerab tankou limenm tou. Okenn nan nou pata dwe janm souzestime kijan Satan detèmine pou l reyisi. Wòl li nan plan etènèl Bondye a se kreye “lopozisyon nan tout bagay (2 Nefi 2:11) ak teste libabit nou. Chak chwa noumenm avèk mwen fè se yon tès sou libabit nou---keseswa nou chwazi pou nou obeyi oubyen dezobeyi kòmandman Bondye yo se aktyèlman yon chwa ant “libète ak lavi etènèl” epi ant “kabtivite ak lanmò.”

Yo anseye doktrin fondamantal sa a klèman nan 2 Nefi 2: 27: “Se poutèt sa, lèzòm lib dapre kò fizik la; e yo resevwa tout bagay ki nesesè pou moun. Epi yo lib pou chwazi libète ak lavii etènèl pa mwayen gran Medyatè a ki pou tout moun nan, oubyen yo kapab chwazi kaptivite ak lanmò, dapre kaptivite ak pouvwa dyab la; paske li chèche pou l fè tout moun mizerab tankou tèt pa l” (2 Nefi 2:27).

Nan plizyè aspè, mond sa a te toujou nan lagè. Mwen kwè lè Premyè Prezidans la te voye ti liv mawon sa a ban mwen an, yo te plis sousye de yon pi gwo lagè pase dezyèm Gè Mondyal la. Mwen panse tou ke yo te espere liv sa a t ap tounen yon boukliye lafwa kont Satan ak lame l yo nan pi gwo batay sa a---batay kont peche a---epi l t ap sèvi kòm yon rapèl pou mwen pou m viv kòmandman Bondye yo.

Yon fason pou nou evalye tèt nou epi konpare nou avèk jenerasyon anvan yo, se fè l parapò ak youn nan echèl evalyasyon ki pi ansyen lèzòm konnen an---Dis kòmandman yo. Pou yon gwo pati nan mond sivilize a, patikilyèman mond Judeo Kretyen an, Dis Kòmandman yo sete e yo toujou rete delimitasyon ki pi aksepte ak pi dirab ant byen ak mal la.

Pou mwen menm, gen kat nan Dis kòmandman yo ke yo pran osi oserye jodia ke jan l te ye anvan. Kiltirèlman, nou meprize e nou kondane krim, vòl, ak mansonj, e nou toujou kwè nan responsablite timoun anvè paran yo.

Men, sou yon pi gwo echèl, antanke sosyete, nou sistematikman rejte lòt sis kòmandman yo:

  • Si n ap swiv priyorite ki nan mond lan, nou sètènman gen “lòt Bondye” nou mete anvan vrè Bondye a.

  • Nou adore moun ki selèb, fason kèk moun viv, richès, e wi, pafwa imaj oubyen objè taye.

  • Nou pwofane non Bondye nan tout kalite fason, kote nou anplwaye l espesyalman nan ekslamasyon ak sèman.

  • Nou itilize jou Saba a pou pi gwo jwèt espò nou yo, kòm jou nou plis pran plezi nou, kòm pi gwo jou pou nou al nan magazen, e pratikman fè tout lòt bagay sof adorasyon.

  • Nou konsidere relasyon seksyèl andeyò maryaj tankou pastan ak amizman.

  • Epi konvwatiz (lanvi) vin tounen yon mòd devi twò komen. (Gade Egzòd 20:3–17.)

Pwofèt nan tout dispensasyon yo te toujou ap avèti moun kont vyolasyon de nan pi gwo kòmandman yo---sa ki gen rapò ak krim ak adiltè yo. Mwen wè yon baz komen pou de kòmandman enpòtan sa yo--- kwayans ke lavi limenm se privilèj Bondye epi kò fizik nou, ki se tanp lavi mòtèl nou, ta dwe kreye andedan lyen Bondye tabli yo. Se t ap pi gwo pretansyon ak pi gwo peche si lòm ta fè pwòp lwa pa yo ranplase lwa Bondye yo nan kreye oswa pran yon lavi.

Efè prensipal atitid devalorizan sa yo sou sentete maryaj la se konsekans yo genyen sou fanmi yo---fòs fanmi yo ap deteryore nan yon vitès enkyetan, e deteryorasyon sa a ap lakoz bonjan dega nan sosyete a. Mwen wè koz ak efè dirèk li. Si nou abandone angajman ak fidelite anvè konjwen nou nan maryaj la, nou retire lakòl ki kenbe sosyete nou an ansanm nan.

Yon fason itil pou nou panse sou kòmadman yo se panse ke yo se konsèy eman yon Papa nou ki nan Syèl saj nou tout konnen. Objektif Li se bonè etènèl nou, e kòmandman Li yo se chemen trase li bannou pou nou retounen al jwenn ni, ki se sèl fason pou nou etènèlman kontan. Nan ki pwen fwaye a ak fanmi enpòtan pou bonè etènèl nou? Nan paj 141 nan ti liv mawon m nan, yo di: “Annefè, syèl nou yon tikras plis yon pwojeksyon fwaye nou nan letènite a.”4

Sa pa gen lontan, yo te repete doktrin fanmi ak fwaye a avèk gwo klate ak fòs nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.” Li deklare nati etènèl fanmi yo epi apresa li eksplike koneksyon li avèk adorasyon tanp. Pwoklamasyon an deklare lwa bonè etènèl fanmi yo repoze a tou, ki se, “Pouvwa sakre pwokreyasyon yo sèvi sèlman ant yon gason ak yon fi ki marye legalman.”5

Bondye revele bay pwofèt Li yo ke gen absoli nan prensip moral yo. Peche ap toujou rete peche. Dezobeyi kòmandman Senyè a ap toujou anpeche nou jwenn benediksyon Li yo. Mond lan ap chanje toutan e nan fason dramatik, men Bondye, kòmandman Li yo, ak benediksyon l pwomèt yo pap chanje. Yo final e yo enchanjab. Gason ak fi resevwa libabit yo kòm yon kado nan men Bondye, men libète yo, epi anretou, bonè etènèl yo soti nan obeyi lwa L yo. Jan Alma te konseye pitit gason eran l lan Koryanton, “inikite pa janm bay bonè” (Alma 41:10).

Nan epòk sa a kote gen Retablisman plenitid levanjil la, Senyè a revele nou ankò benediksyon li pwomèt moun ki obeyi kòmandman Li yo:

Nan Doktrin ak Alyans 130 nou li:

“Gen yon lalwa oubyen yon règ irevokab ki dekrete nan syèl la anvan fondasyon mond sa a, sou lalwa sa a, tout benediksyon tabli.

“E”pi lè nou resevwa nenpòt benediksyon nan men Bondye se nan obeyisans lalwa sa a kote benediksyon an tabli a” (D&A 130:20–21).

Asireman pa t ap ka gen okenn pwen doktrin ki pi byen eksprime nan ekriti yo pase karaktè enchanjab kòmandman Senyè a bay yo ak lyen yo avèk bonè nou ak byennèt nou, antanke endividi, antanke fanmi, e antanke sosyete. Yo se prensip moral absolu. Dezobeyi kòmandman Senyè a yo ap toujou anpeche nou jwenn benediksyon L yo. Bagay sa yo pap chanje.

Nan yon mond kote nivo moral sosyete a ap bese, levanjil retabli Jezikri a pa janm febli, ni pye ak pawas li yo, fanmi l yo, ni manm li yo pa ta dwe febli tou. Nou pa dwe seleksyone epi chwazi ki kòmandman nou panse ki pi enpòtan pou nou respekte men nou dwe aksepte tout komandman Bondye yo. Nou dwe kanpe fèm ak inebranlab, avèk yon konfyans pafè nan konstans Senyè a ak yon konfyans pafè nan pwomès Li yo.

Se pou nou toujou rete yon limyè sou kolin nan, yon egzanp nan respekte komandman yo, ki pa janm chanje e ki pap janm chanje. Menmjan ti liv sa a te ankouraje sòlda mòmon yo pou yo te rete moralman fèm ak inebranlab nan tan lagè a, se pou noumenm tou, nan batay dènye jou sa yo, nou tounen yon limyè pou tout tè a e patikilyèman pou pitit Bondye yo k ap cheche benediksyon Senyè a. Konsènan sa mwen temwanye, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Premye Prezidans, nan Principles of the Gospel (1943), i.

  2. Principles of the Gospel, v, vii, viii.

  3. Enseignements des présidents de l’église: Harold B. Lee (2000), 4.

  4. Stephen L Richards, nan Principles of the Gospel, 141.

  5. “The Family: A Proclamation to the World,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129.