Lapè pèsonèl: Rekonpans lajistis

Pa Èldè Quentin L. Cook

Nan Kolèj Douz Apot yo


Menm nan mitan eprèv lavi yo, Ekspyasyon Sovè a ak gras li pèmèt moun ki ap mennen yon lavi jis yo jwenn lapè pèsonèl pou rekonpans.

Kèk eksperyans resan te pòte m reflechi sou doktrin lapè a e espesyalman sou wòl Jezikri nan ede nou chak jwenn lapè pèsonèl dirab.

De evenman nan mwa k sot pase yo te touche m anpil. Premye a, mwen te pale nan antèman Emilie Parker, yon timoun sizan ki te pèdi lavi li ansanm avèk 25 lòt moun, ladan yo 19 jèn timoun, nan yon tire trajik nan Newtown, Connecticut. Mwen te kriye avèk fanmi an e m te konstate ke anpil te pèdi lapè. Mwen te jwenn fòs ak lafwa kay paran l yo, Robert ak Alissa Parker.

Dezyèmman, m te rankontre avèk dèmilye manm fidèl Legliz la nan vil Cote d’Ivoire nan Abidjan.1 Peyi frankofòn Lwès Afrik sa a te pase anba difikilte ekonomik, yon koudeta militè, ak de gè sivil resan ki te fini nan lane 2011 la. Malgre sa mwen te santi yon lapè espesyal nan prezans yo.

Gen evenman ki rive souvan ki retire lapè nou e fè nou santi nou pi ekspoze.

Kiyès ki ka bliye atak mechan 11 Septanm 2001 la, nan plizyè kote nan bilding Etazini yo? Evenman sa yo raple kijan santiman lapè ak sekirite nou kapab detwi byen vit.

Pigran pitit gason m nan ak madanm li, ki t ap tann premye pitit yo, t ap viv 3 blòk de World Trade Center a nan Vil Nouyòk lè premye avyon an te kraze nan Tou Nò a. Yo te kouri monte sou tèt kay yo a e yo te orifye lè te wè sa yo te panse k te yon terib aksidan. Lamenm, yo te wè dezyèm avyon an ki te antre nan Tou Sid la. Yo te imedyatman reyalize ke se pat aksidan eke Sid Manhatan te anba atak. Lè Tou Sid la te tonbe a, apatman yo a te kouvri anba nyaj pousyè ki t ap vide sou pati sa a nan Manhattan.

Preyokipe pa sa yo te fèk wè a e sousye pou pa gen pi plis atak toujou, yo te kouri al chèche yon kote ki te pi ansekirite epi apresa yo t ale nan bilding pye Manhattan nan nan Lincoln Center. Lè yo te rive, yo te jwenn dè douzèn manm anba Manhatann ki te prann menm desizyon an pou ransanble nan sant pye a. Yo te rele nou pou fè nou konnen kote yo te ye. Mwen te soulaje lè m te tande yo an sekirite men mwen pa t etone pou tande kote yo te ye. Revelasyon modèn yo ansenye nou ke pye Siyon yo se yon defans ak “yon refij kont siklòn epi kont kòlè ki pral vide san mezi sou tout tè a.”2

Yo pa t kapab retounen nan apatman yo a pandan plis pase yon semèn e yo te devaste pa pèt lavi inosan yo, men yo pa t sibi okenn domaj.

Lè m ap reflechi sou evenman sa yo, mwen te santi m enpresyone pa diferans doktrinal ki egziste ant lapè inivèsèl la oswa lapè mond lan ak lapè pèsonèl.3

Nan nesans Sovè a, yon foul zanj nan syèl la t ap fè louwanj Bondye e yo te pwoklame: “Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze, sou latè pou tout moun li renmen.”4

Sepandan, nou te note avèk tristès ke menm nan epòk ki te gen siyifikasyon etènèl ki te suiv nesans Pitit Pitit Gason Bondye a, wa Herod te fè touye timoun inosan yo nan Betleyèm.5

Libabit esansyèl pou plan bonè a. Li pèmèt lanmou, sakrifis, kwasans pèsonèl ak eksperyans ki nesesè pou pwogresyon etènèl nou an. Libabit sa a pèmèt tout lapenn ak soufrans n ap rankontre nan mòtalite a rive tou, men lè yo koze pa bagay nou pa konprannn ak chwa mechan devastan lòt moun. Lagè nan Syèl la li menm sete pou defann libète moral nou e li esansyèl pou nou kapab konprann ministè terès Sovè a.

Jan yo rapòte nan 10yèm chapit Matye a, Sovè a te enstwi Douz yo e li te di yo ke misyon l la pa t ap pote lapè univèsèl nan lavi mòtèl sa a. Li te di Apot yo pou te kite lapè sou kay moun yo te vizite yo, men li te avèti yo ke yo t apral “nan mitan lou ... [epi] moun pral rayi nou poutèt mwen; men moun ki kenbe fèm jiskalafen yo va sove.”6 Yon pawòl siyifikan te pwononse nan vèsè 34 la: “Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè.”7 Li klè ke lapè inivèsèl sa a pa t egziste sou tè a pandan ministè mòtèl Kris la, e li pa egziste kounyeya non plis.

Nan entwodiksyon Senyè a fè pou Doktrin ak Alyans yo, li anseye yon kantite prensip trè enpòtan. Konsènan moun ki pa repanti yo, Lespri Li (Lespri Kris la), ke l bay chak moun ki vini nan mond lan,8 “pap lite tout tan avèk lòm.”9 Epi tou, “p ap gen lapè sou tè a.”10 Pwofèt yo te deklare ke lapè sa a te reyèlman soti sou tè a.11 Lisifè poko mare e l ap egzèse pouvwa li nan mond sa a.12

Aspirasyon selès tout bon moun toupatou se toujou e se ap toujou lapè nan mond lan. Nou pa dwe janm renonse atenn bi sa a. Men, Prezidan Joseph F. Smith te ansenye “Espri lapè ak lanmou ki dwe egziste a pap janm kapab vini nan mond lan ... toutotan limanite pa resevwa verite Bondye a ak mesaj li ... e rekonèt pouvwa li ak otorite li ki divin.”13

Nou sensèman espere pou gen lapè inivèsèl e nou priye sensèman pou sa, men se endividyèlman e antanke fanmi nou ka atenn kalite lapè ki se rekonpans moun ki jis yo. Lapè sa a se yon kado misyon Sovè a ak sakrifis ekspyatwa l la pwomèt nou.

Yo deklare prensip sa a brèfman nan Doktrin ak Alyans yo: “Men raple nou, yon moun ki fè travay lajistis, li pral resevwa rekonpans li, sa vle di lapè nan mond sa a ak lavi etènèl nan mond k ap vini an.”14

Prezidan John Taylor te ansenye ke lapè sa a pa sèlman dezirab, men “li se don Bondye.”15

Lapè m ap pale a se pa jis yon trankilite tanporè. Se yon pwofon bonè e dirab ak yon kontantman espirityèl dirab.16

Prezidan Heper J. Grant te dekri lapè Sovè a nan fason sa a: “Lapè li a ap soulaje soufrans nou, panse kè brize nou, efase rayiman nou yo, mete nan kè nou yon lanmou pou pwochen nou ki ap ranpli kè nou avèk trankilite ak bonè.”17 Nan rankont m konn genyen avèk paran Emilie Parker yo, mwen wè lapè Sovè a apeze soufrans yo; li ede panse kè brize yo a. Sa ki remakab sèke, imedyatman apre tire a, Frè Parker te eksprime padon pou koupab la. Jan Prezidan Grant te di a, lapè Sovè a kapab “efase rayiman nou yo.”

Pandan epòk gè sivil la nan peyi yo a, Sen Cote d’Ivoire yo te jwenn lapè nan konsantre yo sou viv levanjil Jezikri a avèk aksan patikilye sou istwa familyal ak travay nan tanp pou zansèt yo.18

Nou tout anvi gen lapè. Lapè se pa senpleman sekirite oubyen absans lagè, vyolans, konfli, ak kontansyon. Lapè vini nan konnen ke Sovè a konnen kiyès nou ye, li konnen nou gen lafwa nan Li, nou renmen Li, e n ap respekte kòmandman l yo, menm e espesyalman nan mitan eprèv devastan ak trajedi lavi yo. Repons Senyè a te bay Pwofèt Joseph Smith nan prizon Libète a pote konsolasyon nan kè nou:

“Pitit gasonm nan lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman;

“Epi si apre sa, si out e sipòte yo byen, Bondye ap leve ou anlè.”19

Sonje, Bondye se pa papa konfizyon, men li se [papa] lapè.”20 Pou moun ki rejte Bondye yo, pa gen lapè. Nou tout te patisipe nan konsèy nan syèl la ki te garanti libabit moral la, avèk konesans ke t ap gen doulè nan mòtalite a e menm trajedi ineksplikab akoz moun t ap mal itilize libabit yo. Nou te konprann ke sa t ap kapab fè nou ankòlè, plen konfizyon, san defans, epi ekspoze. Men nou te konnen tou ke Sakrifis Ekspyatwa Sovè a t ap simonte e ranbouse pou tout enjistis lavi mòtèl yo epi pote lapè pou nou. Eldè Maryon D. Hanks te ankadre yon deklarasyon Ugo Betti mete sou mi lakay li: Kwè nan Bondye se konnen ke tout règ yo ap jis, e ap gen bèl sipriz.”21

Kisa ki sous lapè? Anpil moun ap chèche lapè nan fason mond lan, ki pa p janm pèmèt nou genyen l e ki pap janm reyisi genyen li. Nou pap jwenn lapè nan posede gwo richès, pouvwa, oubyen pozisyon.22 Nou pap jwenn lapè nan pouswit plezi, distraksyon oubyen amizman. Youn nan bagay sa yo, menm lè nou genyen yo an abondans, pa kapab kreye okenn bonè oswa lapè dirab.

Bèl kantik Emma Lou Thaynes nan poze kesyon apwopriye yo: “Où pourrais-je chercher / la paix de l’âme? / Quand je ne peux trouver nul réconfort? (Ki kote m ka chèche / lapè pou nanm mwen / Lè m pa ka jwenn okenn rekonfò?”23 Repons la se Sovè a, ki se sous ak papa lapè a. Li se “Prens Lapè.”24

Kijan nou kapab rete pwòch Sovè a? Bese tèt nou devan Bondye, toujou priye, repanti pou peche nou, antre nan dlo batèm yo avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, epi vin vrè disip Jezikri: se gwo kalite egzanp lajistis ki pote lapè dirab kòm rekonpans.25 Apre Wa Benjamen te fin delivre gwo mesaj li a sou sakrifis ekspyatwa Kris la, foul moun yo te tonbe atè. “Lespri Senyè a te vin sou yo e yo te ranpli ak lajwa paske yo te resevwa padon pou peche yo e paske yo te genlapè nan konsyans yo, poutèt gwo lafwa yo te genyen nan Jezikri.”26 Repantans ak viv nan lavi ki dwat pote lapè konsyans,ki esansyèl pou kontantman.27 Lè yon moun komèt yon transgresyon ki grav, konfesyon nesesè pou l ka jwenn lapè.28 Petèt pa gen anyen nou kapab konpare avèk lapè ki vini lè yon moun ki chaje ak peche lage fado li bay Senyè a e reklame benediksyon Ekspyasyon yo. Jan yon lòt kantik nan Legliz la eksprime li: “Mwen pral lage fadon m nan nan pye li pou m ka rejwenn bonè.”29

Kè m rejwi lè m reyalize ke nan epòk nou an, dè dizèn milye jènjan, jènfi ak koup grandèt aksepte apèl pou yo vin mesaje Senyè ak Sovè nou an, Jezikri a. Y ap pote levanjil lapè retabli a bay mond lan, yon moun, ak yon fanmi alafwa---yon travay jistis pou pote lapè sa a bay pitit Papa nou ki nan Syèl la.

Legliz la se yon refij kote disip Kris yo jwenn lapè. Gen kèk jèn moun nan mond lan ki di yo espirityèl men yo pa relijye. Santi yo espirityèl la se yon bon premye pa. Men, se nan Legliz la nou entegre, enstwi, epi nouri avèk bon pawòl Bondye a. Pi enpòtan toujou, se otorite prètriz la nan Legliz ki pèmèt nou akonpli òdonans sakre ak alyans ki lye fanmi yo ansanm epi kalifye nou chak pou retounen al jwenn Bondye Papa a ak Jezikri nan wayom selès la. Òdonans sa yo pote lapè paske yo se alyans avèk Senyè a.

Tanp yo se kote nou fè anpil nan òdonans sakre sa yo e yo se refij kote gen lapè, alabri mond lan. Moun ki vizite lakou tanp yo oubyen ki patisipe nan pòt ouvèt tanp yo santi lapè sa a tou. Yon eksperyans mwen sonje trè byen se eksperyans pòt ouvèt ak konsekrasyon tanp Fiji a. Te gen pwoblèm politik ki te dejenere kote rebèl yo te piye epi boule anba lavil Suva a, yo te anvayi bilding Paleman an epi yo te kenbe lejislatè yo an otaj. Fidji te anba lwa masyal. Militè yo te bay legliz la pèmisyon limite pou l te rasanble moun pou pòt ouvèt yo ak yon ti gwoup tou piti pou konsekrasyon an. Nou te oblije pa t envite manm yo poutèt rezon sekirite yo. Se sèl konsekrasyon tanp depi apre premye Tanp Novou a ki te fèt nan sitiyasyon trè difisil konsa.

Youn nan moun ki te envite nan pòt ouvèt la sete yon bèl fi Endou desandan Endyen, yon manm Palman an ke yo te pran an otaj men yo te lage l paske l te yon fi.

Nan sal selès la, lwen vakàm mond lan, li te literalman pran kriye pandan l t ap eksprime santiman lapè ki te anvayi l la. Li te santi Sentespri a rekonfòte li e rann ni temwayaj sou nati sakre tanp la.

Sovè a se sous vrè lapè a. Menm anba eprèv lavi sa yo, gras avèk Ekspyasyon Sovè a ak gras li, moun ki mennen lavi jis yo ap jwenn rekonpans lapè pèsonèl. Nan entimite sal kote yo te fè repa Pak la, Sovè a te pwomèt Apot Li yo ke yo t ap gen benediksyon pou jwenn “Konsolatè a, ki se Sentespri a” epi apresa li te pwononse pawòl enpòtan sa yo: “M ap ban nou kè poze. M ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn.”30 Epi, jis anvan Priyè Etèsesyon l la: “Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.”31

Eliza R. Snow te byen kaptire bagay sa a:

Toupatou se lit avèk touman;
Men annou pa janm pèdi lespwa,
Kris la repete nou, chak enstan,
“Nan mwen, nou va jwenn lapè.”32

Mwen temwanye konsènan sa nan non Jezikri, amèn.

Mostrar referencias

  1.  

    1. De konferans te fèt nan Abidjan jou dimanch 10 Fevriye 2013 la; 9.693 te asiste, pami yo—619 ki potko menm manm Legliz la. Kantite total manm nan Cote d’Ivoire se apeprè 19.000.

  2.  

    2. Doktrin ak Alyans 115:6.

  3.  

    3. Mo lapè a gen siyifikasyon diferan. Nan Grèk klasik la, li fè referans ak sesasyon, entèripsyon, oubyen absans ostilite ant fòs opoze. Nan Ebre, mo sa a gen yon pi gwo sans e pafwa li se jis yon fòm salitasyon. Lapè se “yon eta egzistans lan ke yo bay lòm sèlman sou tèm ak kondisyon ki defini pa Bondye” (Howard W. Hunter, nan Conference Report, Okt. 1966, 14–17).

  4.  

    4. Lik 2:14; italik ajoute.

  5.  

    5. Gade Matye 2:16; gade tou Ross Douthat, “The Loss of the Innocents,” New York Times, Des. 16, 2012, 12.

  6.  

    6. Matye 10:16, 22.

  7.  

    7. Matye 10:34.

  8.  

    8. Gade Doktrin ak Alyans 84:46.

  9.  

    9. Doktrin ak Alyans 1:33.

  10.  

    10. Doktrin ak Alyans 1:35.

  11.  

    11. Prezidan Woodruff te fè deklarasyon sa a an 1894 e an 1896 ankò. Gade The Discourses of Wilford Woodruff, ed. G. Homer Durham (1946), 251–52; gade tou Marion G. Romney, nan Conference Report, Avr. 1967, 79–82.

  12.  

    12. Gade Joseph Fielding Smith, The Predicted Judgments, Brigham Young University Speeches of the Year (Mar. 21, 1967), 5–6. Men, jan Eldè Neal A. Maxwell te deklare: “Nou ka gen lapè enteryè menmsi lapè anlve sou tè a … [epi] ‘tout bagay [an] boulvès’” (“Behold, the Enemy Is Combined,” Ensign, Me 1993, 79).

  13.  

    13. Enseignements des présidents de l’église: Joseph F. Smith (1998), 400.

  14.  

    14. Doktrin ak Alyans 59:23.

  15.  

    15. Enseignements des présidents de l’église: John Taylor (2001), 151.

  16.  

    16. Depi Grès antik la jiska epòk nou an, mo sa yo—bonè ak kontantman—te analize, diseke, e etidye, non sèlman sou ang siyifikasyon yo men tou sou ang sa y ap pote pou nou nan lavi nou. Gade David Malouf, The Happy Life: The Search for Contentment in the Modern World (2011). Gade tou yon kòmantè sou liv Mr. Malouf la, nan R. Jay Magill Jr., “How to Live Well,” Wall Street Journal, Jan. 26–27, 2013, C6.

  17.  

    17. Enseignements des présidents de l’église: Heber J. Grant (2002), 226.

  18.  

    18. “Twa nan senk pye nan Cote d’Ivoire yo pami vensenk premye pye nan legliz la nan pousantaj adilt ki ap voye non fanmi yo pou òdonans tanp,” epi pye Cocody a nan Cote d’Ivoire se premye a (C. Terry Warner and Susan Warner, “Apostle Visits Ivory Coast, Is ‘Impressed with Exceptional Spirit,’” Church News, Mas. 3, 2013, 4, 14). Nan apre gè sivil la ak tanp ki te pi pre a ki te a douzèdtan (nan bis) nan Accra, Gana, se yon gwo prèv lafwa, e sa pote lapè bay moun yo ak fanmi yo.

  19.  

    19. Doktrin ak Alyans 121:7–8. Prezidan Harold B. Lee te anseye, “Konsa, nou dwe pirifye; nou dwe pase aleprèv pou nou pwove fòs ak puisans ki nan nou an” (Enseignements des présidents de l’église: Harold B. Lee [2000], 208).

  20.  

    20. 1 Korentyen 14:33.

  21.  

    21. Nan Marion D. Hanks, “A Loving, Communicating God,” Ensign, Nov. 1992, 63.

  22.  

    22. Gade Jeffrey R. Holland, For Times of Trouble (2012), 79. Eldè Holland anseye ke “vrè pòvrete a kapab plis detwi lespri imen an pase nenpòt ki lòt kondisyon aleksepsyon peche li menm.” Men si nou itilize lajan nan fason jis, sa ka ranfòse lapè.

  23.  

    23. “Où pourrais-je chercher?” Cantiques, no. 129.

  24.  

    24. Ezayi 9:6.

  25.  

    25. John Greenleaf Whittier eksprime sa senpleman: “Veye ak fason w ap viv. Pa aji lajounen nan fason ki ka chase lapè ou lannuit” (“Conduct [From the Mahabharata],” nan The Complete Poetical Works of John Greenleaf Whittier [1802], 484).

  26.  

    26. Mozya 4:3; italik ajoute; gade tou Marion G. Romney, nan Conference Report, Avr. 1967, 79–82.

  27.  

    27. Konsyans se yon konpa moral ki dirije nou nan lapè. Li aktive pa omwen de sous: limyè Kris la, yon dwa nesans gloriye Pè selès la ba nou (gade Doktrin ak Alyans 88:6–13; 93:2), ak don Sentespri a (gade Doktrin ak Alyans 39:6).

  28.  

    28. “Gen de kalite padon ki ka pote lapè bay yon transgresè—youn nan men otorite apwopriye yo nan legliz la, e lòt la nan men Senyè a limenm (Gade Mozya 26:29.]” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 41).

  29.  

    29. “Oui, tes commmandements,” Cantiques, no. 66.

  30.  

    30. Jan 14:26–27.

  31.  

    31. Jan 16:33.

  32.  

    32. “Quand ton fardeau est lourd,” Cantiques, no. 63.