Redanmsyon

Pa Èldè D. Todd Christofferson

Nan Kolèj Douz Apot yo


Lè nou suiv Kris la, nou chèche patisipe nan travay redanmsyon l lan e nou chèche fè l avanse.

Nan epòk kolonyal la, te gen gwo bezwen travayè nan Amerik la. Pandan 18tyèm syèk la ak nan kòmansman 19vyèm syèk la, yo te konn al chèche travayè imigran ki te vle vin travay nan Grande Bretagne, Almay, ak lòt peyi Ewopeyen yo, men, gen anpil nan yo, te dispoze pati men yo pa t gen mwayen pou yo te peye pou vwayaj la. Sa te komen pou yo te fè moun sa yo vwayaje sou yon sistèm kontra, kote yo te pwomèt ke lè yo rive yo pral travay pandan yon sèten tan san yo pa resevwa salè kòm mwayen pou yo peye vwayaj la. Gen lòt moun ki te vini avèk pwomès ke lòt manm fanmi yo ki deja an Amerik yo t ap peye pou yo lè yo rive, men si sa pa t fèt, moun sa yo t ap oblije travay san resevwa peman pou yo te ka peye. Tèm yo te itilize pou dekri imigran sou kontra sa yo sete “redanmsyonè (rachetè).” Yo te oblije rachte pri pasaj yo a, nan yon sans, achte libète yo, pa mwayen travay yo.1

Pami tit ki pi siyifikan pou dekri Jezikri yo nou gen sa nou rele Redanmtè a. Jan m te di nan brèf resi m nan sou imigran “redanmsyonè (rachetè)” yo, mo rachte a vledi peye yon obligasyon oswa yon dèt. Rachte kapab vle di sekouri oubyen libere nan sans peye yon ranson. Si yon moun komèt yon fot, epi apresa li korije l oubyen li rektifye li, nou di li rachtè tèt li. Chak nan sigjesyon sa yo sigjere plizyè pati diferan sou gwo Redanmsyon Jezikri te akonpli atravè Ekspyasyon L lan, ki enkli, selon diksyonè a: “delivre anba peche ak pinisyon l yo, pa mwayen yon sakrifis ki fèt pou moun ki peche a.”2

Redanmsyon Sovè a gen de pati. Premyèman, li ekspye pou transgresyon Adan an ak Chit lòm nan ki te suiv li a, nan simonte sa nou ta ka rele efè dirèk Chit la---lanmò fizik ak lanmò espirityèl. Lanmò fizik la nou byen konprann ni; lanmò espirityèl la se separasyon lòm avèk Bondye. Nan pawòl Pòl yo: “Menmjan tout moun gen pou mouri paske yo fè youn ak Adan, konsa tou, moun ki fè youn ak Kris la ap gen lavi ankò” (1 Korentyen 15:22). Redanmsyon sa a anba lanmò fizik ak espirityèl la inivèsèl e l san kondisyon.3

Dezyèm aspè Ekspyasyon Sovè a se redanmsyon anba sa nou ta ka rele konsekans endirèk Chit la---pwòp peche nou yo pa opozisyon ak transgresyon Adan an. Akoz Chit la nou antre nan yon mond mòtèl kote peche, ki se, dezobeyisans anvè lwa divinman enstitiye, se yon bagay ki toujou prezan. An palan de nou tout, Senyè a di:

“Se menm jan an tou, lè yo kòmanse grandi, peche fèt nan kè yo, epi yo goute sa ki anmè, pou yo kapab konnen pri bagay ki bon.

“Epi yo gen kapasite pou yo konnen diferans ant byen ak mal; se sa ki fè, yo endepandan pou tèt pa yo” (Moyiz 6:55–56).

Paske nou tout responsab e nou fè chwa, redanmsyon anba pwòp peche nou yo se sou kondisyon---kondisyon pou nou konfese peche a epi abandone l epi tounen nan yon bon lavi, oubyen , otremandi, sou kondisyon repantans (gade D&A 58:43). Senyè a kòmande “Se sa ki fè, ansenye pitit ou yo sa, pou yo konnen tout moun ki tout kote dwe repanti, san sa yo p ap kapab eritye wayòm Bondye a nan okenn fason, paske okenn bagay ki pa pwòp pa kapab rete, oubyen rete nan prezans li” (Moyiz 6:57).

Soufrans Sovè a nan Jetsemani an ak agoni li sou kwa a rachte nou anba peche paske li satisfè egzijans lajistis gen sou nou yo. Li padone ak sanktifye moun ki repanti. Ekspyasyon an satisfè egzijans dèt lajistis dwe nou an tou paske li geri nou e li dedomaje nou pou tout soufrans nou te andire inosamman. “Paske gade, li soufri doulè tout moun, wi, doulè tout kreyati vivan, ni gason, ni fi, ak timoun ki fè pati fanmi Adan an” (2 Nefi 9:21; gade tou Alma 7:11–12).4

Lè nou suiv Kris la, nou chèche patisipe ak ede travay redansyon l lan. Pi gwo sèvis nou kapab rann lòt moun nan lavi sa a, kòmanse pa pwòp fanmi nou, se mennen yo vin jwenn Kris la atravè lafwa ak repantans pou yo kapab pwofite Redanmsyon l lan---lapè ak lajwa kounyeya, ak imòtalite ak lavi etènèl nan mond ki gen pou vini an. Travay misyonè nou yo se yon ekspresyon mayifik sou lanmou redanmtè Senyè a. Antanke mesaje otorize Li, yo ofri benediksyon enkonparab lafwa nan Jezikri, repantans, batèm ak don Sentespri a, pou louvri chemen renesans espirityèl ak redanmsyon an.

Nou kapab ede nan redanmsyon Senyè a pou moun ki deja mouri yo tou. “Ansyen yo ki fidèl nan dispansasyon sa a, lè yo kite lavi mòtèl la, yo kontinye travay yo nan preche levanjil repantans ak redanmsyon an, pa mwayen sakrifis Sèl Pitit Gason Literal Bondye a, pami moun ki nan tenèb ak anba esklavaj peche yo, nan gran mond dèzespri mò yo” (D&A 138:57). Gras ak benefis òdonans nou fè pou yo pa pwokirasyon nan tanp Bondye yo, menm moun ki te mouri nan esklavaj peche yo kapab libere.5

Pandan ke aspè ki pi enpòtan redanmsyon an gen pou wè ak repantans ak padon, gen yon aspè tanporèl ladan ki trè siyifikan tou. Yo di Jezi te mache toupatou ap fè byen (gade Travay 10:38), sa ki enkli geri moun malad ak enfim, bay foul moun ki grangou manje, ak anseye yon pi bon chemen. Pitit Gason Lòm nan te vini non pa pou moun te sèvi li, men pou l te sèvi moun, epi pou l te bay lavi li kòm ranson pou anpil moun” (Matye 20:28) Nou menm tou, pa mwayen Prètriz Li a e pa gras Li ak enfliyans Sentespri a, nou kapab ale toupatou ap fè byen tou nan modèl redanmsyon ki etabli pa Mèt la.

Kalite travay redanmsyon sa a vle di ede moun nan pwoblèm yo. Sa vle di fè zanmi ak pòv yo ak moun fèb yo, soulaje soufrans, rektifye sa k pa bon, defann laverite, fòtifye jenerasyon k ap grandi a, e akonpli sekirite ak bonè nan fwaye a. Anpil nan travay redanmsyon nou sou tè a se pou ede lòt moun pwogrese e akonpli espwa ak aspirasyon jis yo genyen.

Malgre ke l se yon istwa, gen yon egzanp ki woman Victor Hugo a ki rele Les Misérables la, ki toujou touche m ak enspire mwen. Prèske apre kòmansman istwa a, Evèk Bienvenu te nouri yon sanzabri ki te rele Jean Valjean e li te ba l kote pou l te dòmi pou nuit la, apre ke l te fèk soti nan prizon kote l te pase diznevan travofòse paske li te vòlè yon moso pen pou l te ka nouri pitit sèl yo ki te grangou. Paske l te andisi ak egri, Valjan rekonpanse jantiyès Evèk Bienvenu an nan vòlè ajantri li te genyen yo. Nan apre, lè jandàm yo ki te sispèk li, te arete l, Valjean te fosman deklare ke ajantri yo sete yon kado yo te ba li. Lè jandàm yo te rale l mennen tounen lakay evèk la, Valjan te sezi paske, Evèk Bienvenu te konfime sa l te di a e pou l te pi konvenkan, li te di: “Men! M te ba w chandelye yo tou, ki an ajan menmjan ak rès yo, e ki ka byen rapòte w desan dola. Poukisa ou pa t pran yo ansanm avèk kouvè yo?’ ...

“Evèk la te pwoche bò kote l epi l te di, tou ba:

“‘‘Pa bliye, pa janm bliye ou pwomèt mwen pou w itilize lajan sa a pou w vin yon moun onèt.’

“Jean Valjean, ki pa t sonje ditou kilè l te fè pwomès sa a, te plen konfizyon. Evèk la te kontinye ... solanèlman:

“‘Jean Valjean, frè mwen: ou pa apatni ak mal ankò, men ak byen. Se nanm ou m ap achte pou ou la a. Mwen retire l anba move panse ak espri pèdisyon an e m remèt li bay Bondye!’”

Jean Valjean te anfèt vin tounen yon moun nouvo, yon moun onèt e li te ede anpil moun. Pandan tout lavi li li te kenbe de chandelye an ajan yo, ki te raple ke nanm ni te rachte pou Bondye.6

Gen kèk fòm redanmsyon tanporèl ki vini nan efò potekole. Se youn nan rezon k fè Sovè a te kreye yon legliz. Paske nou òganize an kowòm ak òganizasyon oksilyè epi an pye, pawas, ak branch, nou ka, non sèlman anseye ak ankouraje youn lòt nan levanjil la; men, nou ka mobilize moun ak resous pou nou fè fas ak egzijans lavi yo tou. Moun k ap aji poukont yo oubyen an gwoup pa okazyon yo pa kapab founi ase èd pou fè fas ak pi gwo pwoblèm yo. Antanke disip Jezikri, nou se yon kominote Sen ki òganize pou ede reponn bezwen lòt Sen parèy nou yo ak bezwen otan lòt moun nou ka rive ede atravè tout tè a.

Gras ak travay imanitè nou yo, ki te mansyone pa Dallin H. Oaks la, espesifikman ane k sot pase a, 890.000 moun nan 36 peyi gen dlo pwòp, 70.000 moun nan 57 peyi gen chèz woulant, 75.000 moun nan 25 peyi wè pi byen, e moun nan 52 peyi te resevwa sekou yo te sitèlman bezwen apre dezas natirèl yo. Ansanm avèk lòt moun, Legliz la ede nan bay vaksen pou apeprè 18 milyon timoun e l te ede Siryen nan kan refijye yo nan Turkey, Lebanon, ak Jordan, jwenn nesesite lavi yo. An 2012, manm Legliz yo te bay prèske sèt milyon èdtan kòm volontè pou antrèd ak travay imanitè. An menm tan an, manm Legliz ki te nan bezwen yo te resevwa plis pase $150 milyon dola Ameriken an byen ak sèvis antrèd. Mèsi pou jenewozite nou.

Tout sa pa menm kòmanse enkli aksyon bonte ak sipò endividyèl yo---don manje, rad, lajan, swen, ak milye lòt fòm rekonfò ak konpasyon kote nou ka patisipe nan travay kretyen redanmsyon an. Lè m te piti, mwen te wè aksyon pwòp manman pa m pou rachte yon fi ki te nan bezwen. Sa gen dèzane, lè pitit li yo te jèn, manman m te sibi yon gwo operasyon ki te prèske touye li e ki te kite l kouche pandan prèske ennan. Pandan tan sa a, fanmi ak manm pawas yo te ede manman m ak fanmi nou. Kòm èd anplis, prezidans Sosyete Sekou pawas la, Sè Abraham, te rekòmande pou paran m anplwaye yon fi nan pawas la ki te bezwen travay anpil anpil. Pandan m rakonte istwa sa a, m ap itilize fo non Sara ak Annie pou fi sa a ak pitit fi l la. Sa se resi manman m:

“Mwen ka sonje sa osi klè ke si sa te pase yè sèlman. Men mwen kouche nan kabann mwen, epi Sè Abraram ki mennen Sara nan pòt chanm nan. Mwen te santi m desi. La devan pòt la te gen moun ki te mwens atiran ke m te janm rankontre---si frèl; pa pwòp an aparans, cheve gaye, zepòl tonbe; tèt bese k ap gade atè a. Li te abiye avèk yon vye rad kat fwa twò gwo pou li. Li pa t leve tèt li e l te pale si dousman ke m pa t ka tande li. Te gen yon tifi apeprè twazan ki te kache dèyè li. Kisa m pral fè avèk kreyati sa a? Lè yo te soti nan chanm nan, mwen te kriye e m te kriye. M te bezwen èd, pa plis pwoblèm. Sè Abraram te rete yon ti moman avèk li epi byen vit yo te netwaye kay la e prepare kèk bon manje. Sè Abraham te mande m pou eseye l pandan kèlkejou, paske tifi sa a t ap pase yon moman trè difisil e li te bezwen èd.

“Nan demen maten lè Sara te vini, mwen te finalman fè l avanse vin bò kot kabann nan kote m ta ka tande li. Li te mande m kisa m te vle l fè. M te di li epi apresa mwen te di ‘men sa ki pi enpòtan an se pitit gason m yo; pase tan avèk yo, li pou yo---yo pi enpòtan pase kay la.’ Li sete yon bon kuizinyè e li te kenbe kay la pwòp, li te lave, e li te bon pou ti mesye yo.

“Semèn te pase e m te vin aprann istwa Sara. [Paske li pa t tande byen, li pa t travay byen lekòl e l te finalman kite sa. Li te marye jèn avèk yon move gason. Annie te fèt e li te vin lajwa nan lavi Sara. Yon jou swa ivè mari l te vin nan kay la tou sou, li te fòse Sara ak Annie antre nan machin nan nan chemiz denui yo e li te lage yo bò gran wout la. Yo pa t janm wè l ankò. San soulye nan mitan fredi, Sara ak Annie te oblije mache sou plizyè kilomèt pou yo t al kay manman Sara.] Manman a te dakò pou l te kite yo rete akondisyon pou yo te fè tout travay nan kay la ak kuit manje, ak pran swen sèl ak frè l la ki te nan lekòl segondè.

““Nou te mennen Sara kay yon doktè zòrèy, e yo te ba l yon aparèy pou l tande. ... Nou te fè l al nan lekòl granmoun, epi li te pran diplòm lekòl segondè li. Li t al nan lekòl aswè epi apresa li te diplome nan kolèj epi li te anseye edikasyon espesyal. Li te achte yon ti kay. Annie te marye nan tanp e li te fè de pitit. Sara te finalman fè operasyon nan zòrèy li e li te finalman vin kapab tande byen. Dèzane apre, li te pran retrèt li e li te sèvi yon misyon. ... Sara te remèsye nou souvan e li te di li te aprann si anpil nan men mwen, espesyalman lè m te di l ke pitit gason m yo te pi enpòtan pase kay la. Li te di sa te anseye l pou l fè menm bagay la avèk Annie. ... Sete yon gwo leson pou mwen pou m pa kouri pote jijman sou moun. Sara sete yon fi trè espesyal.”

Antanke disip Jezikri, nou dwe fè tout sa nou kapab pou retire lòt moun anba soufrans ak fado. Menmjan tou, pi gwo sèvis redanmsyon nou ka ba yo se mennen yo jwenn Kris la. San redanmsyon sa a anba lanmò ak peche a, nou gen sèlman yon levanjil jistis sosyal. Sa ka pote yon sèten èd ak rekonsilyasyon pou leprezan, men li pa gen okenn pouvwa pou rale jistis pafè ak mizèrikòd enfini desann soti nan syèl la. Redanmsyon siprèm nan se nan Jezikri e nan Li menm sèlman. Avèk rekonesans, mwen enbleman rekonèt li kòm Redanmtè a, nan non Jezikri, amèn.

Show References

  1.  

    1. Gade Merriam-Webster’s Collegiate Dictionary, 10th ed. (1993), “redemptioner.”

  2.  

    2. Webster’s New World College Dictionary, 3rd ed. (1988), “redeem.”

  3.  

    3. “Pitit Gason Bondye a te ekspye fot orijinèl la, poutèt sa peche paran yo pa kapab tonbe sou tèt pitit yo, paske yo pi depi nan fondasyon mond lan” (Moyiz 6:54). Redanmsyon Kris la pèmèt tout moun venk tonb lan e resisite pou al nan imòtalite. Anplis, tout moun simonte lanmò espirityèl paske yo ramne nan prezans Bondye pou yo jije. Jezi te di: “Pou menmjan lèzòm te leve m sou kwa a, menm jan an tou pou Papa m leve yo pou yo kanpe devan m, pou yo jije pou zèv yo” (3 Nefi 27:14). Moun ki pwòpte anba peche yo ap rete avèk Bondye nan wayòm selès la, men sa ki pa repanti yo e ki pa pi yo pa p kapab demere avèk yon Bondye ki sen, e apre jijman an, y ap oblije ale e konsa sibi lanmò espirityèl ankò. Se sa nou pafwa rele dezyèm lanmò a oubyen sibi lanmò espirityèl yon dezyèm fwa a. (Gade Elaman 14:15–18.)

  4.  

    4. Se apwopo peche nou yo ke ekriti yo di gen moun ki pap resevwa benefis redanmsyon an: “Pou mechan yo se kòmsi pa t gen okenn redanmsyon ki te fèt; eksepte kòd lanmò pral lage” (Alma 11:41). “Moun ki pa gen lafwa pou repantans, li ekspoze anba tout lalwa ki reklame lajistis; se poutèt sa, se sèlman pou moun ki gen lafwa pou repantans, gran plan redanmsyon etènèl la te akonpli” (Alma 34:16). Si yon moun rejte Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, li dwe rachte dèt li li menm nan men lajistis. Jezi te di: “Paske, mwen menm Bondye, m te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti; men si yo pa vle repanti yo dwe soufri tankou m” (Doktrin ak Alyans 19:16–17). Soufrans pou peche yon moun ki pa rachte rele lanfè. Sa vle di tonbe anba men dyab la, e ekriti yo, nan langaj pa yo, di se tankou ou nan chenn oubyen nan yon lak dife ak soufre. Leyi te sipliye pitit gason l yo pou yo te chwazi Redanmsyon Kris la “pou yo pa chwazi lanmò etènèl, dapre volonte kò fizik la ak mal ki ladan l, ki bay lespri dyab la pouvwa pou l kaptire, pou l mennen nou desann nan lanfè, pou l kapab gouvène sou nou nan wayòm pa l” (2 Nefi 2:29). Men, gras ak Ekspyasyon Jezikri a, lanfè a gen yon fen e moun ki oblije pase pa li yo “rachte anba men dyab la [nan] dènye rezirèksyon an” (Doktrin ak Alyans 76:85). Kèlke ra “pitit pèdisyon” yo se “se sèl moun dezyèm lanmò a pral gen pouvwa sou yo; wi, an verite, se sèl moun ki p ap rachte lè tan Senyè a rive, apre yo fin soufri kòlè l” (Doktrin ak Alyans 76:32, 37–38).

  5.  

    5. Pwofèt Joseph Smith te rejwi konsa, “Se pou mo chante kantik louwanj etènèl bay Wa Emanyèl la, ki te òdone anvan mond lan te egziste, bagay ki pou te fè l posib pou nou kapab rachte yo soti nan prizon yo; paske prizonye yo dwa libere” (Doktrin ak Alyans 128:22).

  6.  

    6. Gade Victor Hugo, Les Misérables (1992), 91–92.