2010–2019
Kanpe djanm nan kote ki sen
Avril 2013


Kanpe Djanm nan Kote ki Sen yo

Si nou rete obeyisan ak solid nan doktrin Bondye nou an, nou kanpe nan kote ki sen, paske doktrin ni a sakre e li pap chanje.

Frè m yo, se yon onè pou m avèk detantè prètriz wayal Bondye a. Nap viv nan dènye jou yo, nan “yon tan ki difisil anpil.”1 Antanke detantè prètriz la, nou gen responsablite pou n kenbe djanm ak boukliye lafwa devan bwa dife advèsè a. Nou se egzanp pou mond lan, n ap pwoteje dwa ak libète inalyenab ke Bondye ba nou yo. Nou ap defann kay nou ak fanmi nou.

Lè m te nan premye ane nan segondè, mwen te patisipe nan premye match bezbòl mwen avèk ekip lekòl mwen an nan yon lòt vil. Papa m te remake ke pandan vwayaj long nan bis ki tap mennen nou retounen an, m te tande kèk mo e wè kèk konpòtman ki pa an akò avèk sa levanjil la mande. Kòm papa m se te yon atis pwofesyonèl, li te chita avèk mwen epi li fè desen yon chevalye -- yon gèrye ki te kapab defann chato ak wayòm.

Pandan l t ap desine epi li nan ekriti yo, mwen te aprann kijan pou m vin yon detantè prètriz fidèl – pou m pwoteje ak defann wayòm Bondye a. Pawòl Apot Pòl yo te sèvi kòm gid mwen:

“Se poutèt sa, depi koulyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, na kanpe byen fèm nan pozisyon nou toujou.

Kanpe fèm Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo;

“Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k ap fè moun viv ak kè poze a;

“Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.

“Resevwa pouvwa Bondye k ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.”2

Frè m yo, si nou fidèl nan Prètriz la, nou ap resevwa pwotèj sa a kòm kado Bondye. Nou bezwen pwotèj sa a!

Jènjan yo, papa nou ak granpapa nou pat janm rankontre tantasyon nap rankontre chak jou yo. Nou ap viv nan dènye jou yo. Si papa nou te bezwen traka, se chèche pou l te al chèche l. Pa gen sa ankò. Kounyeya tantasyon mache vin jwenn nou. Tanpri sonje sa! Satan ta renmen pou l genyen nou, e “peche kouche nan pa pòt nou.”3 Kijan nou ka reziste anba move taktik li yo? Abiye nou avèk tout kalite zam Bondye ban nou yo.

Kite m anseye nou dapre yon lòt eksperyans nan lavi m:

An janvye 1982, mwen te pale nan yon devosyon yo tap fe nan sou kanmpous Inivèsite Brigham Young nan, nan Provo, Utah. Mwen te mande etidyan yo pou yo te imajine Legliz la se yon bò nan podyòm lan, tou pre, epi mond lan te sou lòtbò a, a sèlman youn ou de pye distans. Sa te reprezante “distans trè kout ki genyen ant kote mond lan te ye a ak kote prensip Legliz yo te ye” lè m te nan inivèsite. Epi, trantan apre, m te leve men m menmjan an e devan etidyan yo nan menm inivèsite sa a, m te eksplike: “Mond lan konsiderabman ekate; [li vwayaje, yon pa wè l okenn kote;] li pati ale byen lwen, lwen je nou, lwen [bilding sa a e l ale nan lòtbò mond lan]…. Sa noumenm ak pitit nou yo ak pitit-pitit nou yo dwe sonje sè ke Legliz la rete menm nan, [li toujou la a; tandiske] mond lan kontinye ap bouje--- distans lan kontinye ap vin pi gwo. Pou rezon sa a, nou dwe trè pridan. Si nou jije aksyon nou yo ak prensip Legliz yo parapò avèk pozisyon aktyèl mond lan ak pozisyon ki gen pou vini yo, na va rann nou kont ke nou pa kote nou ta dwe ye a.”4

Nan epòk sa a, mwen pa tap janm imajine nan ki pwen mond lan ta pral elwaye l de Bondye. Sa te enposib pou konprann poutèt doktrin nan, prensip yo ak kòmandman yo. Epoutan prensip Kris yo ak Legliz Li a pa chanje. Jan l te di a: “Laverite ap rete la poutoutan gen tan.”5 Lè nou konprann sa epi aksepte sa, nou pare pou nou fè fas a presyon sosyal la, ak mokri, e menm diskriminasyon ki vini soti nan mond lan ak nan kèk moun ki di yo se zanmi nou.

Pifò nan nou konn yon moun ki ta di: “Si ou vle zanmi m, ou dwe aksepte valè m yo.” Yon vrè zanmi pap janm mande nou pou chwazi ant levanjil la ak amitye li. Pou m prete pawòl Pòl yo: “Pa mele ak moun konsa menm.”6 Yon vrè zanmi ap toujou ankouraje nou rete sou chemen etwat epi kwense a.

Rete sou chemen alyans yo, kòmandman yo, ak òdonans yo pwoteje nou epi prepare nou pou nou fè travay Bondye a nan mond sa a. Lè nou obeyi Pawòl Sajès la, libabit nou resevwa pwoteksyon kont devlopman vye abitid moun pa ka kite tankou pran dwòg, alkòl ak tabak. Lè nou peye dim nou, lè nou etidye ekriti yo, resevwa batèm ak konfimasyon, viv yon fason pou Sentespri ka toujou avèk nou, pran sentsèn diyman, obeyi lwa chastete a, prepare nou pou nou resevwa Prètriz Mèlkisedèk la ak fè òdonans tanp sakre yo, nou pare pou nou sèvi.

Nan tanp lan nou prepare nou pou nou viv lwa konsekrasyon an e nou pwomèt sa. Jènjan ki kapab yo kòmanse viv lwa sa a lè yo chèche pou ale nan misyon--- se yon dim premye ane nan lavi yo pou sèvi Senyè a aplentan. Sakrifis sa a ba yo fòs pou yo pwogrese ale nan alyans ki pi wo a nan lavi a---pou anpil, se pral sele nan tanp epi kòmanse yon fanmi etènèl.

Pandan nou ap avanse sou wout dwat ak kwense a, n ap bati fòs espirityèl---fòs pou nou itilize lib abit nou pou nou aji pou tèt pa nou. Pou jènjan yo ak jènfi yo, kwasans sa a ap fèt pandan y ap aprann doktrin nan epi pataje temwayaj yo atravè nouvo pwogram etid, Vini, Suiv mwen. an ke y ap jwenn sou entènèt.

Anplis de sa, itilize lib abit nou pou devlope tèt nou. Lè nou dekouvri don nou yo ak talan nou yo, sonje paran nou ak enstriktè nou yo kapab ede nou, men sonje nou dwe kite Lespri a gide nou. Chwazi ak aji poutèt pa nou. Se pou nou motive andedan nou. Fè yon plan pou lavi nou, epi enkli etid ak fòmasyon pwofesyonèl ladan. Chèche dekouvri sant enterè nou ak talan nou. Travay pou nou vin otonòm. Fikse bi, korije erè nou yo, chèche gen eksperyans, epi fini sa nou kòmanse.

Sou chemen an, asire nou ke nou patisipe nan aktivite fanmi an, kolèj la, klas nou ak nan aktivite mityèl konbine yo. Pase bon moman ansanm. Gras a eksperyans sa yo, nou youn ap vin aprann respekte ak apresye don espirityèl lòt, ansanm avèk karakteristik etènèl pitit gason ak pitit fi Bondye yo ak jan youn konplete lòt.

Plis pase tout bagay, se pou nou gen lafwa nan Sovè a! Pinga nou pè! Pandan nou ap viv levanjil la avèk dilijans, nou ap vin fò nan Senyè a. Avèk fòs Li, nou ap kapab rejte anti-Kris la ki di: “Manje, bwè, epi fè kè w kontan,” paske Bondye “pral kite yon ti peche pase;…..pa gen anyen mal nan sa…paske demen nou pral mouri.”7 Ak pouvwa Bondye nou ka kanpe devan tout filozofi oubyen kwayans ki renye Sovè nou an e ki an kontradiksyon ak gwo plan bonè etènèl la pou tout pitit Bondye yo.

Nou pa otorize pou nou negosye kondisyon plan etènèl sa a. Sonje Neemi ki te gen misyon pou l te bati yon mi pou pwoteje Jerizalèm. Gen kèk moun ki te vle pou l desann epi konpwomèt pozisyon l lan, men Neemi te refize. Li pa t entoleran avèk lòt yo; li te eksplike yo tou senpleman: “Mwen ap fè yon gwo travay, mwen pa ka desann, pou kisa pou travay la ta kanpe … ?”8

Pafwa nou vin tounen pwen santral la e nou dwe ankese “mokri ak mepri” paske n ap viv selon kòmandman Bondye ba nou epi fè travay Li. M ap temwaye nou ke nou pa bezwen pè si nou ankre nan doktrin ni an. Yo gen dwa mal konprann nou, kritike nou, e yo ka menm fè fo akizasyon kont nou, men nou pap janm pou kont nou. Menm Sovè nou an te fè eksperyans sa yo “lèzòm rejte l, yo meprize l.”9 Se yon privilèj sakre pou nou kanpe bò kote L!

Iwonikman, kanpe djanm vle di pafwa evite oubyen menm kouri pou mond lan. Sovè a te di: “Wete kò ou sou mwen, Satan.”10 Joseph an Ejip te kouri devan tantasyon madan Potifa yo,11 epi Leyi te pati kite Jerizalem, li te mennen fanmi l nan dezè a.12

Nou mèt sèten tout pwofèt ki te la nan tan avan yo te kanpe djanm nan epòk pa yo a:

Nefi te fè yon travay remakab pou Senyè a malgre atak Satan yo ak pèsekisyon Laman ak Lemyèl, frè l yo.13

Abinadi te rann temwayaj sou Jezikri devan tout soupson, mepri, ak lanmò sèten.14

2,000 jèn sòlda yo te defann fanmi yo kont moun ki te meprize valè levanjil yo.15

Mowoni te brandi etanda libète a pou l te ka prezève fanmi yo ak libète relijyon pèp li a.16

Samyèl te kanpe sou yon mi an epi li te pwofetize ke Kris te gen pou l vini, menm lè yo tap voye wòch ak flèch sou li.17

Pwofèt Joseph Smith retabli levanjil Sovè a e li sele temwayaj li a avèk san l.18

E pyonye mòmon yo te kanpe djanm devan lopozisyion ak tou difikilte yo te jwenn pou yo te suiv yon pwofèt nan gwo mach yo a ak enstalasyon yo nan Lwès la.

Gwo sèvitè ak sen Bondye sa yo te kapab kanpe djanm paske yo te kanpe bòkot Sovè a. Gade kijan Sovè a kanpe djanm:

Lè l te yon jèn gason, Jezi te okipe zafè Papa L fidèlmann, li te anseye mesye save yo levanjil la nan tanp lan.19 Pandan tout ministè Li, Li te akonpli travay prètriz la – anseye, geri, sèvi, epi beni lòt yo. Lè sa te nesesè, Li te kanpe fèm kont mal, li te menm netwaye tanp lan.20 E li te toujou kanpe pou defann laverite – swa avèk mo swa avèk yon silans plen diyite. Lè chèf prèt yo te akize L devan Kayif, avèk anpil kouraj ak sajès, Jezi te refize reponn manti yo e li fèmen bouch li.21

Nan jaden Jetsemani an, Sovè ak Redanmtè nou an pat fè bak devan koup anmè Sakrifis Ekspyatwa a.22 E sou kwa a Li te soufri ankò pou L te ka fè volonte Papa L jiskaske li te di finalman: “Tout bagay fini.”23 Li te pèsevere jiskalafen. Kòm repons pou obeyisans pafè Sovè a ki te kanpe janm nan, Papa nou ki nan Syèl la te deklare: “Men Pitit Gasonm Byenneme m nan, ki fè m plezi a epi m glorifye nonm nan li a.”24

Frè byeneme m yo nan prètriz la, granmoun kou timoun, an nou glorifye non Bondye pandan nap kanpe djanm ak Sovè nou an, Jezikri. Mwen rann nou temwayaj espesyal mwen ke Li vivan e nou “resevwa yon apèl ki sen”25 pou nou patisipe nan travay Li a. “Se poutèt sa, rete kote ki sen yo e nou pa dwe kite moun deplase nou.”26 Rete obeyisan ak djanm nan doktrin Bondye nou an, rete nan kote ki sen yo, paske doktrin Li a sakre e li pap chanje nan mitan van sosyal ak politik epòk nou an. M ap deklare, menm jan ak Apot Pòl: “Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.”27 Se priyè fèvan m pou nou, nan non sakre Jezikri, amèn.