2010–2019
Papa a ak Pitit la
Avril 2013


Papa a ak Pitit Gason an

Andedan levanjil Jezikri a ak pouvwa li genyen pou sove a gen konpreyansyon kòrèk sou Papa a ak Pitit Gason an.

Chè frè ak sè byeneme m yo, mwen rekonesan pou chans mwen genyen pou m pale avèk nou aprèmidi sa a nan asanble konferans jeneral enspiran sa a.

Pandan m ap abòde yon sijè ki sakre anpil pou mwen, mwen ta renmen toudabò rann omaj pou gratitid ak devosyon si anpil kretyen atravè syèk yo, enkli zansèt mwen, Pwotestan Fransè ak Katolik Irlandais yo. Akoz lafwa yo ak kwayans yo nan Bondye, anpil nan yo te sakrifye pozisyon sosyal yo, byen yo e menm lavi yo pou defann Bondye yo a ak relijyon yo a.1

Antanke Sen Dènye jou e antanke kretyen, nou gen yon lafwa egalman solid e pwofon nan Bondye Papa Etènèl la ak Pitit Gason l la, Jezikri. Devosyon anvè Bondye toujou rete yon bagay sakre ak pèsonèl ant nou chak avèk Kreyatè nou an.

Rechèch nou pou lavi etènèl pa lòt bagay pase yon rechèch pou konprann kiyès Bondye ye epi pou retounen al viv avèk Li. Sovè a te priye Papa li konsa: “Lavi etènèl se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.”2

Menm nan limyè deklarasyon sa a pa Sovè nou an Limenm, konsepsyon tout moun genyen sou nati Papa a ak Pitit Gason an atravè tout syèk yo e pami yon gwo pati nan kretyen vivan yo klèman kontrè avèk ansèyman ekriti sent yo.

Nou deklare avèk respè ke nan kè levanjil Jezikri a ak pouvwa li pou sove a gen yon konpreyans kòrèk sou Papa a ak Pitit Gason an.3

Enpotans prensip ki pi fondamantal sa a nan levanjil Jezikri a konfime pa Premye Vizyon Pwofèt Joseph Smith la an 1820. Pwofèt la ekri: “M te wè de pèsonaj, ekls y oak laglwa yo te depase tout deskripsyon, kit e kanpe sispandi anlè devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen epi l te di, pandan l te lonje dwèt li sou lòt la—Se Pitit Gason Byeneme m nan. Koute l!4

Eksperyans sa a ti gason an, Joseph te fè a, te swiv pa anpil lòt vizyon ak revelasyon, ki revele ke Bondye vrèman egziste; Papa a ak Pitit Gason an, Jezikri se de moun separe epi de moun diferan; lòm kreye dapre imaj Bondye; Papa nou ki nan Syèl la se Papa Jezikri nan lachè; Bondye kontinye revele tèt li bay lòm; Bondye toujou prezan e li enterese nan nou; e li reponn priyè nou yo.

Menmsi aparans konsa de Papa ak Pitit Gason an nan ekri sen yo konparativman pa anpil, aksyon remakab Premye vizyon sèke li sibyen annakò avèk lòt evènman ki rapòte nan ekriti sent yo.

Nan nouvo Testaman an, paregzanp, nou li pawòl Etienne yo lè l t ap mouri mati a: “Li di: Gade, men mwen wè syèl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachè a kanpe sou bò dwat Bondye.”5

Pandan li te nan gwo vizyon sou zile Patmos la, Apot Jan te wè “Senyè a Bondye ki gen tout Pouvwa a”6 menmjan ak Mouton Bondye a, ki “rachte nou … avek san Li a.”7

Nan Liv Momon an, doktrin Papa a ak Pitit Gason an kanpe an kòm gwo temwanyaj akote Sent Bib la. Liv Momon an rapòte vizit Sovè nou an te fè Nefit yo, kote vwa Papa a, nan prezans apeprè 2500 Nefit, te entwodwi Kris resisite a: “Men Pitit Gason Byenneme m nan, se nan li m pran pèzi, e se nan li m glorifye non m --- koute l.”8

Nan kat levanjil yo, Kris Limenm fè referans a Papa Li ki nan Syèl la 160 fwa, pandan ke nan brèf twa jou ministè li pami Nefit yo, jan sa rapòte nan Liv Momon an, Li mansyone Papa Li 122 fwa.

Paregzanm, nan Matye, Jezi di, “Se pa tout moun k’ap plede di m’: Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papap m ki nan syèl la.”9

Nan Jan, Li temwaye: “Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li, men li fè sèlman sa li wè Papa a fè.”10

Epi nan Lik, Li di “Papa, mwen remèt lespri mwen nan men ou.”11

Chak fwa Jezikri refere a Papa nou ki nan Syèl la, Li fe sa avèk gwo reverans ak soumisyon.

Lè m di sa a, mwen espere nou tout ap konprann. Jezikri se gran Jewova a, Bondye Izrayèl la, Mesi pwomi an, a akoz Ekspyasyon Enfini l la, Li se Sovè ak Redanmtè mond lan. Konsènan Li Apot Pòl te deklare: “Apresa se va lafen, kote Kris la li menm pral remèt wayòm nan bay Bondye, Papa a; apre l [Kris la] fin kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa.”12

Lavèy Ekspyasyon Sovè a, Li te ofri gran priyè Entèsesyon an bay Papa a. Li te priye konsa:

“Se pa pou yo sèlman m’ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y’a tande mesaj la.

“M’ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl; ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl nan nou: pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen.

“Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m’ tou.”13

Papa a avèk Pitit Gason an se de moun ki distenkteman separe, men yo pafètman ini e you fè youn nan pouvwa yo ak objektif yo. Inite yo a pa rezève pou yo menm sèlman, men, yo vle menm inite sa a pou tout moun ki, avèk devosyon, va suiv yo e obeyi kòmandman yo bay yo.

Kijan moun sensè k ap chèche Bondye toutbon an kapab vin konnen Papa ak Pitit Gason an? Sovè a pwomèt: “Konsolatè a, ki se Sentespri a ... va anseye nou tout bagay.”14

Nan Liv Momon an, lè li t ap pale sou doktrin Kris la, Nefi te deklare ke Sentespri a, “bay temwayaj Papa a ak Pitit Gason an.”15

Se vre ke tout moun, kèlkeswa relijyon li, kapab santi pouvwa oswa enfliyans Sentespri a pafwa, selon volonte Senyè a. Men, mezi total la, don an, ki se don Sentespri a vini sèlman apre yon moun fin resevwa, avèk “yon kè brize ak yon lespri kontri,”16 òdonans batèm ak don Sentespri a17 pa enpozisyon men. Òdonans sa yo ak lòt òdonans sakre yo kapab akonpli sèlman sou direksyon ak pouvwa pretriz Bondye a. Sou bagay sa a, yo anseye nou:

“Epi pi gran prètriz sa a administer levanjil la epi l detni kle mistè wayòm nan yo, kle konesans Bondye a menm.

“Se poutèt sa, pouvwa Bondye a manifeste nan òdonans prètriz la.”18

Lè n ap gade l nan vrè sans li, doktrin Papa a ak Pitit Gason an se doktrin fanmi etènèl la. Chak kretyen vivan te egziste anvansa antanke pitit lespri avèk paran selès,19 avèk Kris la kòm Premyene Papa nan fanmi selès sa a.20

Se konsa sa ye pou nou tout. Nou se pitit Papa nou ki nan Syèl la.

Prezidan Ezra Taft Benson avèk enspirasyon pwofetik te di konsa, “Pa gen anyen ki pral siprann nou plis lè nou travèse vwal la pou nou ale sou lòtbò a pase reyalize jan nou byen konnen Papa nou ki nan Syèl la ak konbyen vizaj li familye pou nou.”21

Mwen fini pa aprann ke, bagay sa yo, ke nou konnen parapò ak Sentespri a ak pouvwa Bondye a sèlman an, li pa posib pou nou transmèt yo nan langaj lèzòm. Se nan espri sa a ke mwen rann temwayaj solanèl mwen sou reyalite, ak bonte Papa Etènèl nou an ak Pitit Gason Sen l lan, Jezikri. Nan Non Jezikri, amèn.