2010–2019
Pote levanjil la nan tout mond lan
Avril 2013


Pote levanjil la nan tout mond lan

Legliz la repann nan yon fason konstan soti nan yon peyi al nan yon lòt, yon kilti al nan yon lòt, selon kalandriye ak vitès Senyè a.

Ministè terès Sovè a te fini. Soufrans li nan Jetsemani ak sou kwa a te tèmine. Nou aprann nan Travay chapit premye ke: Li ministre pandan karant jou apre rezirèksyon l la, “Li te fè Apot yo wèl epi li “Li te pale yo sou ... bagay ki konsène wayòm Bondye a” (Travay 1:3).

Li te di yo “Lè Sentespri a va desann sou nou, na resevwa yon pouvwa. Lè sa a, na sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide, ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout tè ya” (Travay 1:8).

Yon ti tan apre sa, “li te monte nan syèl la; epi yon nwaj te vin bouche l devan je yo.

“Epi pandan yo te gen je yo fikse nan syèl la kote li t ap monte a, dezòm, abiye tout an blan, te parèt konsa bò kote yo;

“Epi yo te di, Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Menm Jezi sa a, ki fèk sot nan mitan nou an pou monte nan syèl la, li gen pou l tounen menm jan nou wè l monte nan syèl la” (Travay 1:9–11).

Annefè, Sovè a t ap retounen ankò nan Dezyèm Vini l la, men antretan, levanjil Jezikri a te dwe ale nan “dènye bout tè a.”

Nan Matye nou aprann ke Apot you te resevwa yon misyon espesyal pou pote levanjil la nan tout nasyon:

“Epi Jezi te pwoche bò kote yo, li te di yo konsa : Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.

“Se poutèt sa, ale, fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la ak Sentespri a” (Matye 28:18–19).

Pandan premye jou Legliz la, nan midi tan yo, yo te pote levanjil la nan kay Izrayèl la sèlman; apre sa Pyè, Apot prezidan an, te resevwa revelasyon ke tan an te rive pou levanjil la te ale pi lwen Israyèl rive jwenn Janti yo. Chapit 10 ak chapit 11 nan liv Travay la ede nou konprann pwosesis ak mwayen yo te itilize pou enfòme dirijan yo ak manm yo an jeneral sou nesesite pou etann Legliz la rive jwenn yon pi gwo kantite nan pitit Bondye yo

Pandan ke l te itilize Kònèy, ki sete yon janti, yo sòlda women, epi yon bon moun, Senyè a te ede Pyè konprann ke levanjil la te dwe ale jwenn Janti yo, sete yon konsèp nouvo e etranje pou Sen yo nan epok sa a. Pyè, Apot Prezidan an, te resevwa revelasyon ki te pote chanjman sa a nan zafè legliz la. Nou konnen ke apre sa, levanjil la te ale rapidman nan tout nasyon Janti yo

Yon egzanp sou ekspansyon legliz la nan epok sa a sete konvèsyon Pòl, ki te vin tounen gwo Apot Janti yo. Li te fè yon vizyon pandan l te sou wout pou ale Damas la, nan vizion an, li te wè yon limyè epi l te tande yon vwa, li te repanti pou peche l yo, epi Bondye te aple li (gade Travay 22:6–18) epi apresa li te vin tounen yon gwo fòs nan simaye levanjil Jezikri a.

Kounyeya annou avanse al nan 1800 zan apre sa pou rive nan epòk Retablisman levanjil la, oswa epok restitisyon tout bagay la anvan Dezyèm Vini an. Mwen temwaye ke palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith legliz la te retabli epi li kontinye avanse devan sou direksyon Premye Prezidans lan e Kolèj Douz Apot yo. Misyon yo genyen pou pote levanjil la nan tout mond la se menm misyon ansyen Apot yo te genyen an

Depi epok òganization Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan ane 1830 lan, legliz la ap avanse regilyèman atravè mond la nan tout nasyon, tout kilti, tout pèp selon kalandriye Senyè a ak nan vitès pa li.

Se konsa nan ane 1978 la, selon pwosesis ki etabli pou revelasyon an palentèmedyè Apot Prezidan an, fwa sa a Prezidan Spencer W. Kimball te resevwa yon revelasyon sou prètriz la ki pèmèt tout gason ki diy atravè tout mond la resevwa prètriz la ak tout benediksyon levanjil retabli a. Fwa sa a, non sèlman plis, men tout pitit Papa nou ki nan syèl nan tout mond la te kapab patisipe nan tout benediksyon levanjil yo. Se yon bagay trè apwopriye pou wayòm Bondye a sou tè a nan jou sa yo k ap apwoche nan Dezyèm Vini Kris la.

Sou yon nòt pèsonèl, mwen te fèk aple kòm prezidan misyon epi Sè Dickson avèk mwen t ap prepare pou mennen fanmi nou al Meksik lè Èldè Richard G. Scott, ki te yon manm Swasanndis yo lè sa a, te pale m de revelasyon espesyal sa a. Mwen sonje dlo te koule nan je m lè l l t ap eksplike m sa k te pase a. Pa t gen mo pou m te eksprime jan m te kontan paske m te konnen sa te bon e moman an te rive pou tout limanite te gen aksè nan tout òdonans, alyans, ak benediksyon levanjil yo.

Sa fè prèske 34 an, e lè sa a mwen pa t reyalize ke m tapral pase plizyè ane ap sèvi nan Swasanndis yo nan Zòn Lwès Afrik pou Legliz la pami yon pèp fidèl e kwayan ke lavi yo te si pwofondeman afekte pa revelasyon 1978 la sou prètriz la. Sè Dickson avèk mwen te viv laba a pandan katran, e eksperyans lan te ekstraòdinè e li te chanje lavi nou.

Antanke pèp, Afriken nan Lwès yo kwè nan Bondye, yo pa gen okenn wont pou deklare ak pataje kwayans yo avèk lòt moun, e yo gen kapasite ekstraòdinè pou dirije. Yo antre nan legliz la pa santèn, e apeprè chak semèn gen de ou twa pawas oswa branch ki kreye yon kote nan Zòn Afrik Lwès la epi, nan prèske chak ka, tout dirijan Prètriz ak Oksilyè yo se Afriken.

Mwen ta renmen pou nou ta ale avèk Sen yo nan tanp Aba a, nan Nijeria, oubyen tanp Akra a, nan Ghana, kote nou t ap santi angajman yo e fè konesans prezidans tanp yo ki tout se Afriken! Oubyen m ta renmen nou fè konesans avèk Swasanndis Entèrejyon yo, ki reyini la a avèk nou nan Sant Konferans lan jodia! Yo se avoka, pwofesè, epi chèf antrepriz, M ta renmen nou rankontre dirijan Afriken pye yo ak pawas yo avèk fanmi yo.

Nan tout Afrik la, asiste klas lekoldidimanch, oksiliè yo oubyen prètiz la se yon eksperyans sakre kote yo swiv pwogram legliz yo epi nou wè Lespri a ede yo konprann, anseye, ak aprann levanjil la anpil.

Levanjil la an Afrik al jwenn yon pèp ki gen kè kontan, yon pèp ki pa twò ankonbre yo nan aparans eksteryè ki konplike lavi anpil moun nan Emisfè Lwès la. Yo pa sousye yo de akimile byen materyèl.

Yo di ke Afriken yo “gen ti kras nan sa ki mwens konte yo e yo gen anpil nan sa ki pi konte yo”. Yo pa enterese nan posede gwo kay ak bèl machin men yo pi enterese nan konnen Papa nou ki nan syèl la ak Pitit li a, Jezikri, ak nan kreye fanmi etènèl. Kòm rezilta natirèl lafwa yo, Senyè a soutni yo nan plizyè fason.

Jan nou konnen yo a, nou pa etone ke yo jwe yon pati si enpòtan nan elajisman Legliz Jezikri a nan dènye jou yo. Etandone Daniel, pwofèt Ansyen Testaman an, te wè wayòm Bondye a nan dènye jou yo “ta pral [dewoule] pou ale nan tout kwen tè a, tankou [yon] wòch ki dekole soti sou mòn nan san okenn men pa pouse l woule desann, jistan l ranpli tout tè a” (D&A 65:2), li toutafè apwopriye ke bèl frè ak sè Afriken nou yo reprezante yon pati enpòtan nan akomplisman pwofesi sa a epi revelasyon ki fè sa possib yo suiv pwosesis ki etabli pa Senyè a.

Mwen temwaye ke Papa nou ki nan syèl la remen tout pitit Li, Jezikri se Kris la, levanjil la disponib pou tout moun, ni vivan yo ni mò yo, nan non sakre Jezikri, amèn.