Fwaye a: Lekòl lavi a

Pa Èldè Enrique R. Falabella

Nan Swasanndis yo


Se nan fwaye a nou aprann leson---lye sa a ki ka vin tounen yon kwen syèl la sou tè a.

Kèk paran bay tèt yo eskiz pou erè yo komèt nan fwaye yo, yo di konsa rezon k fè yo komèt erè yo se paske pa gen lekòl pou moun aprann kijan pou yo vin paran.

An reyalite, lekòl sa a egziste e li kapab pi bon lekòl pase tout lòt. Lekòl sa a rele fwaye.

Lè m ap fè yon retou nan lepase pou m sonje tan lontan yo nan lavi mwen, mwen raple m bèl moman m te pase avèk madanm mwen. Pandan map pataje souvni sa yo yo avèk nou an, nou ka petèt raple nou kèk eksperyans pa nou ---ni bon ni move; nou aprann nan yo tout.

1. Tanp la se kote a

Lè m te retounen sòt nan misyon, m te rankontre yon bèl jènfi ki gen cheve nwa long jis sou do l. Li te gen bèl je koulè myèl ak yon souri kontajye. Li te kaptive m menm moman m te renkontre l la.

Madanm mwen te fikse bi pou l te marye nan tanp, malgre nan epòk sa a, tanp ki te pi pre nou an te mande pou n te fè yon vwayaj ki te pran plis pase (6,400 km).

Seremoni maryaj sivil nou an te bèl men tou, li te gen tristès, paske l te gen yon dat ekspirasyon. Ofisye eta sivil la te pwononse pawòl sa yo: “Epi kounyeya, m deklare nou mari ak mandanm,” men imedyatman apre sa, li te di, “jiskaske lanmò separe nou.”

Konsa, nou te fè sakrifis pou n te achte yon biyè avyon ale san retou pou n t al nan Tanp Mesa a nan Arizona.

Nan tanp la, nou te ajenou devan lotèl la, yon sèvitè ki otorize te pwononse pawòl m te espere tande depi lontan yo, ki te deklare nou mari ak madanm pou letan ak pou tout letènite.

Yon zanmi te mennen nou nan lekòldidimanch. Pandan reyinyon an, li te kanpe epi l te prezante nou bay klas la. Lè reyinyon an te fini, yon frè te apwoche bò kote m, li te ban m lamen, epi l te mete yon biyè ven dola nan men mwen. Tousuit apre sa, yon lòt frè te vin ban m lamen tou epi m te etone, li menm tou li te mete yon biyè lajan nan men mwen. Rapidman, m t al chèche madanm mwen ki te devan nan sal la, epi m te di l, “Blanquy, bay tout moun lamen!”

Byenvit, nou te rasanble ase lajan pou nou te retounen Guatemala.

“Nan laglwa selès la gen twa syèl oubyen degre;

“Pou jwenn piwo degre a, yon nonm dwe antre nan lòd sa a ki nan prètriz la.”1

2. Pou fè kontansyon, nou bezwen de moun

Yonn nan deviz madanm te genyen sete: “Pou fè kontansyon, nou bezwen de moun, e m pap janm yonn ladan yo.”

Senyè a klèman dekri kalite ki dwe gide nou nan relasyon nou avèk lòt moun. Nou dwe pèsyade moun, nou dwe gen pasyans, jantiyès, dousè, epi nou dwe gen amou sensè.2

Abi fizik nan yon fanmi se yon pratik ki ap disparèt plis anplis nan kèk sosyete, e nou kontan pou sa. Sepandan, gen anpil chemen pou nou fè toujou anvan nou elimine abi emosyonèl. Domaj kalite abi sa a koze yo rete nan memwa nou, li blese pèsonalite nou, li plante rayiman nan kè nou, li fè nou pa gen okenn estim pou tèt nou, epi li ranpli nou avèk krent.

Patisipe nan seremoni maryaj selès la pa sifizan. Nou dwe mennen yon lavi selès tou.

3. Yon timoun ki chante se yon timoun ki kontan

Sa se yon lòt deviz madanm mwen mansyone souvan.

Sovè a te konprann enpòtans mizik sakre. Ekriti yo di nou ke apre li te fin fete Pak la avèk disip li yo, “yo te chante epi yo te ale sou mòn Olivye a.”3

Epi pandan l t ap pale avèk Pwofèt Joseph, Senyè a te di: “Paske nanm mwen pran plèzi nan chan ki soti nan kè moun yo; wi, chan moun ki jis yo se yon priyè devan m, epi m ap reponn li avèk yon benediksyon sou tèt yo.”4

Ala touchan sa touchan pou nou tande chante yon timoun piti paran l te aprann ni chante “M se pitit Bondye.”5

4. M bezwen w anbrase m

Ekspresyon tankou: “Mwen renmen ou” “Mèsi anpil” ak “padone mwen” se tankou yon remèd pou nanm nou. Yo transfòme dlo nan je fè l tounen lajwa. Yo rekonfòte moun ki dekouraje, epi yo konfime bon santiman tandrès ki nan kè nou. Menmjan plant yo seche lè yo pa jwenn dlo a, se konsa amou nou fennen e li mouri lè nou pa pale pawòl lanmou e nou pa fè aksyon lanmou.

M sonje epòk kote nou te konn voye lèt damou pa lapòs oubyen kijan nou te konn ap ranmase pyès monnen pou fè kout telefòn nan telefòn publik pou nou telefone moun nou renmen ak kijan nou te kojnn fè desen ak ekri powèm damou sou fèy papye.

Jodi a tout bagay sa yo sonnen tankou bagay pou yo met nan yon mize!

Nan epòk nou an, teknoloji pèmèt nou fè mèvèy. Li fasil anpil pou nou voye yon mesaj tèks damou ak gratitid! Jèn yo fè sa tout tan. M ap mande m si abitid sa a ak lòt bèl abitid toujou kontinye apre moun yo fin marye. Yonn nan mesaj tèks m te resevwa resamman nan men madanm mwen di konsa: “Yon anbrase tankou syèl la, yon beze tankou solèy la, ak yon sware tankou lalin nan. Bòn joune, mwen renmen ou.”

M pa ka anpeche m santi m nan syèl lè m resevwa yon mesaj konsa.

Papa nou ki nan syèl la se yon egzanp pafè nan eksprime lanmou. Lè l t ap prezante Pitit Gason l la, li te itilize mo sa yo: “Men Pitit Gason Byenneme m nan, se nan li m pran plèzi.”6

5. Mwen renmen Liv Mòmon an ak Sovè m nan, Jezikri.

Mwen chaje ak emosyon lè m wè madanm mwen ap li Liv Mòmon an chak jou. Lè l fè sa, m ka santi temwayaj li sèlman nan wè lajwa ki sou figi li lè l ap li pasaj yo ki temwaye konsènan misyon Sovè a.

Pawòl Sovè a di yo saj anpil. Li di: “Nou sonde ekriti yo; paske nan yo nou panse n ap jwenn lavi etènèl: e se yo menm ki temwaye de mwen.”7

Enspire pa bagay sa a, mwen te di Raquel, pitit pitit fi m nan, ki te fèk sot aprann li: “Èske ou ta renmen fikse bi pou w li Liv Mòmon an?”

Li te reponn: “Men, granpa, sa difisil. Se yon gwo liv.”

Apre sa m te mande l pou l li yon paj pou mwen. M te rale yon revèy epi m te kontwole lè a pou li. M te di: “Ou pran twa minit sèlman, e vèsyon espanyòl Liv Mòmon an gen 642 paj, konsa, wap sèlman bezwen 1.926 minit.”

Sa ta kapab fè l pi pè toujou. Pou evite sa, m te divize 1926 minit la pa 60 minit epi m te di l li tap sèlman bezwen 32 zèdtan pou l li l---mwens pase yon jou edmi!

Lè sa a, li te di m, “Sa si fasil, Granpa.”

Alafen, Raquel, frè li a, Esteban, ak lòt pitit pitit nou yo te pase plis tan pase sa, paske se yon liv nou bezwen li avèk yon espri lapriyè ak meditasyon.

Avèk letan, pandan n ap aprann plan plezi nan ekriti yo, n apral eksklame tankou Salmis la: “Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Wi, yo dous pase siwo myèl nan bouch mwen!”8

6. Li pa ase pou nou konnen ekriti yo; nou dwe aplike yo

M sonje lè m te sòt fè misyon, paske m te konn li ekriti yo avèk dilijans, m te panse m te konn tout bagay. Pandan m tap koutize Blanquy, nou te konn etidye ekriti yo ansanm. M te konn itilize anpil nan nòt mwen yo ak referans mwen yo pou m pataje konesans mwen sou levanjil la avèk li. Lè nou te fin marye, m te vin fè yon gwo dekouvèt kote m te aprann yon gwo leson nan men li: m gen t ap eseye anseye li levanjil la, men, li te anseye m kijan pou m viv li.

Lè Sovè a te fini Diskou sou Mòn nan, Li te bay konsèy saj sa a: “Se poutèt sa, nenpòt moun ki tande pawòl sa yo m sot di a, epi ki mete yo an pratik, m ap konpare l avèk yon moun saj, ki bati kay li sou wòch.”9

Moun ki viv prensip selès yo nou jwenn nan ekriti yo ap pote rekonfò bay moun k ap soufri. Y ap pote lajwa bay moun ki dekouraje, direksyon pou ki pèdi, lapè pou moun ki nan detrès, ak yon gidans asire pou moun kap chèche laverite.

An rezime:

  1. 1.

    Tanp lan se kote a

  2. 2.

    Pou fè kontansyon, nou bezwen de moun

  3. 3.

    Yon timoun ki chante se yon timoun ki kontan

  4. 4.

    M vle w anbrase m

  5. 5.

    Mwen renmen Liv Mòmon an ak Sovè m nan, Jezikri

  6. 6.

    Li pa ase pou moun konnen ekriti yo; nou dwe aplike yo

Sa yo an anpil lòt leson, se nan yon fwaye nou aprann yo---yon lye ki kapab tounen yon moso syèl la sou tè a.10 Mwen temwaye ke levanjil Jezikri a ak plan Papa nou ki nan syèl la ba nou direksyon asire nan lavi sa a ak pwomès lavi etènèl, nan non Jezikri, amèn

Show References

  1.  

    1. Doktrin ak Alyans 131:1–2.

  2.  

    2. Gade Doktrin ak Alyans 121:41.

  3.  

    3. Mak 14:26.

  4.  

    4.  Doktrin ak Alyans 25:12.

  5.  

    5. “Je suis enfant de Dieu,” Cantiques, no. 193.

  6.  

    6. Matye 3:17; gade tou Mak 1:11; 3 Nefi 11:7.

  7.  

    7. Jan 5:39.

  8.  

    8. Som 119:103.

  9.  

    9. Matye 7:24.

  10.  

    10. Gade Enseignements des présidents de l’église: David O. McKay (2003), 43, 150.