2010–2019
Fason Senyè a
Avril 2013


Fason Senyè a

Fason Senyè a se pou nou koute ansèyman dirijan nou yo, pou nou konprann prensip kòrèk yo epi pou nou gouvène tèt nou.

Swasanndis

Mwen se yon Swasanndis. Swasanndis yo aple pou yo se mesaje---pou anonse pawòl Bondye a jan nou resevwa li nan men apot yo ak pwofèt yo ak nan men Lespri a epi pou nou temwen espesyal non Kris la, nan preche levanjil la nan tout mond lan, nan bati Legliz la, ak regle zafè li (gade D&A 107:25, 34).

Yon ti peyizan

M te grandi nan yon fèm tou pre Burley, Idaho---m se yon veritab “peyizan Idaho”! Antanke sa, m te aprann:

  1. Travay---si nou pa plante, nou pap rekòlte.

  2. Travay avèk entèligans-si ou awoze epi ou met angrè, ou rekòlte plis.

  3. Enpòtans tan genyen---si ou pa plante nan tan apwopriye a, yon fredi kapab detwi rekòlt la anvan l rèk.

  4. Fè sa ki nesesè a oubyen sa ki dwe fèt la, menmsi l pa amizan, menmsi l pa preferab pou ou, oubyen konvnab pou ou—ou tire lèt bèf la lè bèf la bezwen w tire l, non pa lè lide w di ou.

  5. Pale dirèk----avèk bèt nan fèm yo ak machin ou itilize yo, pa gen tan pou “voye wòch kache men”, oubyen pou fè diplomasi poutèt ou pè ofanse moun. (Nan sans sa a, pandan m ap sèvi toupatou nan Legliz la, m konn mande, “Èske ou vle m pale dirèk, oubyen pou m mete gan?” Jeneralman, manm Legliz yo vle m pale dirèk! Jodi a m pral pale dirèk.)

  6. Finalman, antanke yon peyizan nan Idaho, m te aprann fokis sou bagay ki fondamantal yo.

Pa gen anyen ki pi fondamantal pou nou tout, ak pou doktrin nou an, pase verite ki nan premye Atik Lafwa nou yo: “Nou kwè nan Bondye, Papa Etènèl la, ak Pitit Gason Li a, Jezikri, ak Sentespri a” (Atik lafwa 1:1).

Plis ankò, Li se Papa nou ki nan syèl la, ki konnen nou, ki renmen nou, epi ki vle nou retounen al jwenn Li. Jezi se Sovè ak Redanmtè nou ki, pa mwayen Sakrifis Ekspyatwa li a, asire ke nou gen laviktwa sou lamò, pou nou viv ankò, e li rann posib pou nou egzalte epi pou nou gen lavi etènèl. Sentespri a se konsolatè, revelatè, enstriktè, ak gid nou.

Panse sou sa, frè m ak sè m yo---nou pa òfelen espirityèl! Nou pa poukont nou.

Ki avantaj nou genyen lè nou gen paran---lè nou pa òfelen? Nou ka aprann nan men yo, nou ka benefisye nan eksperyans yo, nou ka evite danje yo avèti nou yo, epi nou ka konprann pi byen gras ak sa yo deja konnen. Nou pa oblije pèdi, ni nan konfizyon, ni fè moun desevwa nou, ni mwens efikas. Sa se yon verite, espesyalman nan ka Papa nou ki nan syèl la, ki anseye nou e montre nou non pa sèlman yon fason pou nou viv men vrè fason an.

Bondye konn fason an

Annefè, Bondye konn fason pou nou viv,1 pou nou renmen,2 pou nou ede,3 pou nou priye,4 pou nou pale,5 pou nou aji youn avèk lòt,6 pou nou dirije,7 pou nou marye,8 pou nou elve timoun,9 pou nou aprann,10 pou nou konnen laverite,11 pou nou pataje levajil la,12 pou nou chwazi sa n ap manje avèk sajès,13 eksetera.

Anplis ekriti yo, gen gwo sous pou nou jwenn fason Senyè a ki se liv Ankre nan lafwa, Pou fòs Jèn yo, ak lòt ansèyman pwofèt ak apot vivan yo.

  1. Paregzanp, Senyè a anseye nou nan ekriti yo: “Paske, panse m pa panse ou, ni tou, fason mwen pa fason pa ou.“Paske menmjan syèl la pi wo pase latè a, se konsa fason pa mwen yo pi wo pase fason pa ou yo, ak panse m yo pase panse ou yo” (Ezayi 55:8–9).

  2. Yonn nan move bagay nan dènye jou sa yo sèke “chak moun mache nan pwòp chemen pa l” (D&A 1:16). Nan Pwovèb yo avèti nou “pa gade sou sa nou konnen” epi pou nou “pa mete nan tèt nou nou gen plis konprann pase sa” (gade Pwovèb 3:5–7).

  3. Yo anseye nou ke si nou aji nan fason Senyè a, li anba obligasyon pou l beni nou e nou gen dwa reklame pwomès Li yo; men lè nou pa fè s al di, nou pa gen pwomès (gade D&A 82:10).

  4. Senyè a diferansye fason pa li avèk fason pa nou nan fòmasyon li te bay pwofèt Samyèl, ke l te voye chèche yon nouvo wa a: “Men, Senyè a di Samyèl, pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li; paske mwen mete l sou kote: paske Senyè a pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou aparans, men Senyè a gade sa ki nan kè moun” (1 Samyèl 16:7).

  5. Menm lè nou vle adopte fason ki popilè yo pou nou ede moun ki pòv ak nan bezwen yo, Senyè a dakò avèk nou, men li avèti nou: “Men, sa dwe fèt nan fason pa m” (D&A 104:16). San sa, nan efò nou pou nou ede moun, nou kapab fè yo mal. Senyè a anseye nou ke nou bezwen ankouraje moun pou yo endepandan. Menm lè nou kapab ede, nou pa dwe bay moun oubyen fè yo jwenn sa yo ka fè e yo ta dwe fè poutèt pa yo. Tout kote sistèm sa a eksperimante, nou wè sa pa reyèlman ede moun. Reyèlman, Bondye konnen pi byen pase nou.

An nou konsidere kèk lòt egzanp. Senyè a gen fason pou l fè travay misyonè. Li eksplike sa nan ekriti yo, ak nan liv Preche Levanjil Mwen an e li enplante nan fason Lespri a gide nou.

Senyè a gen fason pa L, oswa vrè fason pou renmen an. Moun ki nan mond lan di sa ki reyèlman konte se pou de moun yo, youn renmen lòt. Papa nou ki nan syèl la anseye nou ke anfèt sa enpòtan, men, li anseye nou plis toujou: sèke gen yon fason ki otorize pou nou eksprime amou sa a.

Gouvène tèt nou

Depi nan anfans li, Joseph Smith te aprann fason Senyè a. Lè moun te mande l kouman l fè dirije Legliz la, li te eksplike yo ke li anseye prensip kòrèk yo epi manm yo dirije tèt yo.14Frè m ak sè m yo, pwofèt ak apot vivan nou yo kontinye ap anseye prensip kòrèk. Kesyon an se “Èske n ap itilize prensip sa yo pou gouvène tèt nou?”

Yon bagay yo anseye nou souvan se pou nou fleri kote nou plante a. Men, kèk fwa, nou gen tandans pou n imigre ale kèk lòt kote, paske nou panse pitit nou yo ap gen plis zanmi epi konsa yon pi bon pwogram pou jèn yo.

Frè ak sè m yo, èske nou reyèlman panse ke faktè enpòtan pou sove pitit nou yo se vwazinaj kote nou rete a? Apot yo ak pwofèt yo souvan anseye ke sa k ap pase andedan fwaye nou pi enpòtan anpil pase sa y ap rankontre deyò. Kijan nou elve pitit nou yo pi enpòtan pase kote n ap elve yo a.

Sètènman, gen lòt faktè ki antre an konsiderasyon lè n ap deside ki kote pou nou abite, e erezman, Senyè a ap gide nou si nou chèche konfimasyon nan men li.

Lòt kesyon an se: “Ki kote yo bezwen nou?” Pandan sèzan m te sèvi nan prezidans Pye Houston an nan Nò Texas. Anpil moun te bwote vin abite nan zòn nan pandan ane sa yo. Nou te konn souvan resevwa yon apèl telefonik pou anonse ke yon moun t ap bwote vini ki te bezwen konnen ki pawas ki te pi bon. Se yon fwa sèlman pandan sèzan sa yo, m te resevwa yon apèl telefonik ki te mande: “Ki pawas ki bezwen yon bon fanmi? Ki kote nou ka ede?”

Nan premye ane yo nan Legliz la, Prezidan Brigham Young ak lòt dirijan yo te konn aple manm legliz yo pou y al kèk kote pou yo bati Legliz la. Iwoni an sèke menm kounyeya nou gen manm Legliz fidèl toupatou ki ta renmen ale nenpòt kote pwofèt la ta mande yo pou yo ale. Èske nou reyèlman atann pou Prezidan Monson pral pèsonèlman di plis pase 14 milyon nan nou ki kote yo bezwen fanmi nou? Fason Senyè a se pou nou koute ansèyman dirijan nou yo, pou nou konprann prensip kòrèk yo, epi gouvène tèt nou.

Espesyalman Enpòtan

Avèk tout sa k ap pase nan Legliz la jodia, e pandan Senyè a ap fè travay li avanse nan tout kote a, li menm pi enpòtan toujou pou nou fè tout sa nap fè nan fason pa li!

Espesyalman nan travay sali a nou aprann ke “Bondye te pare yon chemen san parèy nan don Pitit Gason Li a”(Etè 12:11). Doktrin Kris la “se chemen an sa; e pa gen okenn lòt chemen ni okenn lòt non anba syèl la ki kapab sove lèzòm nan wayòm Bondye a” (2 Nefi 31:21).

Konklizyon

Lè n ap wè anpil moun nan mond lan jodia k ap viv nan konfizyon, oubyen pi mal, k ap mache nan chemen entèdi, e ki san nesesite ap peye konsekans move chwa yo fè, sa fè m anvi di tankou Alma:

“O, si m te yon zanj, m ta kapab fè sa ki nan kè m, m ta vle ale pou m pale avèk twonpèt Bondye a, avèk yon vwa pou souke tè a, m ta rele repantans nan zòrèy tout pèp!

“Wi, m ta deklare chak moun ... plan redanmsyon an, pou yo kapab repanti, vin jwenn Bondye nou an, pou kapab pa gen plis lapenn sou tout sifas tè a” (Alma 29:1–2).

Ankò, mwen temwaye ke Senyè a gen fason an! Papa nou ki nan syèl la konnen nou, Li renmen nou, epi l vle ede nou. Li konnen pi bon fason pou ede nou an. Nou pa òfelen espirityèl!

Sovè nou an, Jezikri se “chemen an, verite a, ak lavi a” (Jan 14:6; gade tou Alma 38:9). Chemen Li baze sou verite etènèl e l ap mennen nou nan “lapè nan mond sa a, ak lavi etènèl nan mond k ap vini an” (D&A 59:23). Mwen temwaye sa nan non Jezikri, amèn.