2010–2019
Pouvwa Prètriz la nan yon tigason
Avril 2013


Pouvwa Prètriz la nan yon ti gason

Prètriz la lakay yon tigason tout osi puisan ke l ye lakay yon gran gason lè l egzèse avèk jistis.

An 1878 gran-granpapa m, George F. Richards te gen 17 tan. Jan sa te ye kèk fwa nan epòk sa a, yo te deja òdone l kòm yon ansyen. Yon jou dimanch, manman l t ap jemi anba yon gwo doulè. Kòm papa l pat disponib, yo te envite evèk la ak plizyè lòt frè pou vin bay manman l yon benediksyon, men manman l pa t jwenn soulajman. Konsa, li te mande pitit gason li a, George, pou poze men sou tèt li pou ba l yon benediksyon. George te ekri nan jounal li: “Nan mitan dlo nan je m devan soufrans manman m yo, ak tach m te genyen pou m te ba l yon benediksyon an, yon bagay m p at ko janm konn fè, m te ale nan yon lòt chanm kote m te kriye epi m te priye.”

Apre l te fin kalme l, li te mete men sou tèt manman l epi l te ba l yon benediksyon tou senp. Pita, li te ekri yon nòt: “Manman m te sispann jemi epi l te soulaje anba doulè a pandan ke men m te ankò sou tèt li.” Apre sa li te ekri yon gwo bagay enspire nan jounal li. Li di konsa, li te santi rezon ki fè manmman l pat jwenn soulajman apre benediksyon evèk la te ba li a, se pa paske Senyè a pat onore benediksyon evèk la, men, paske Senyè a te rezève benediksyon sa a pou yon tigason, pou anseye li yon leson pou l konnen prètriz la tou osi puisan lakay yon tigason ke l ye lakay yon gran gason lè yo egzèse l avèk jistis.

Aswè a, m ta renmen pale konsènan pouvwa sa a. Byenke, m ap adrese prezidan kowòm dyak yo, prensip m pral pale yo aplike pou tout jènjan nan Prètriz Aawon an ak dirijan yo, ansanm avèk prezidan kowòm enstriktè nou yo ak asistan prezidan kolèj prèt yo.

Pandan m tap sèvi kòm prezidan misyon, m te remake yon gwo ogmantasyon espirityalite nan jènjan yo ak nan kapasite yo pou dirije pandan ane misyon yo. Si nou ta kapab kalkile kapasite sa yo pandan ane yo nan prètriz Arawon an an konparezon avèk ane yo nan misyon yo, petèt, kalkil la tap sanble avèk liy sa yo ki nan grafik sa a. M panse gen omwen twa faktè remakab ki kontribye nan yon gwo pwogresyon konsa pandan ane misyon jènjan sa yo: (1) nou fè jènjan sa yo plis konfyans pase jan nou te konn fè anvan, (2) avèk amou, nou atann anpil nan men yo, epi (3) nou antrene ak reantrene yo pou yo kapab akonpli obligasyon sa yo avèk ekselans.

Yon moun ta ka mande tèt li, “Poukisa menm prensip sa yo pa kapab aplike avèk prezidan kowòm dyak yo?” Si sa ta fèt, petèt, pwogresyon an ta kòmanse pi bonè epi li tap plis sanble avèk tablo sa a. M pral pale pandan yon moman sou fason prensip sa yo kapab aplike pou yon prezidan kowòm dyak.

Premyeman---Konfyans. Nou kapab konfye prezidan kowòm dyak yo gwo responsablite. Senyè a fè sa---jan sa demontre nan desizyon Li pou ba yo kle a, ki vle di, dwa pou yo prezide ak dirije zafè kowòm yo a. Kòm prèv konfyans sa a, nou aple prezidan kowòm dyak yo pa revelasyon, pa sèlman baze sou kiyès ki gen plis tan nan kowòm nan ni lòt faktè konsa. Chak dirijan nan Legliz sa a, enkli prezidan kowòm dyak yo, gen dwa pou yo konnen, e yo ta dwe konnen, ke yo aple pa revelasyon. Asirans sa a ap ede l konnen Bondye fè l konfyans epi li soutni li.

Dezyèm ak twazyèm kalite yo konekte ansanm---gwo obligasyon ak fòmasyon pou ede akonpli obligasyon yo. M te aprann yon gwo leson nan chan misyon an: misyonè yo jeneralman leve wo oubyen yo bese selon sa prezidan misyon atann nan men yo, epi se menmjan tou pou preszidan kowòm dyak yo. Si sèl bagay yo atann nan men yo se dirije reyinyon kowòm ak patisipe nan reyinyon jènjan avèk evèk yo, se sa sèlman yap fè. Men, noumenm dirijan yo, nou kapab ba yo yon pi gwo vizyon---vizyon Senyè a. E, poukisa vizyon se yon bagay si enpòtan? Paske lè vizyon ogmante, motivasyon ogmante tou.

Yon bagay enpòtan nan chak apèl nan Legliz sa a se dwa pou resevwa revelasyon an. Poutèt sa, prezidan kowòm dyak sa yo dwe konnen yo gen dwa resevwa revelasyon pou rekòmande konseye yo, dwa pou yo resevwa revelasyon sou fason pou yo pote moun ki pèdi yo sekou, ak dwa pou yo resevwa revelasyon pou yo fòme manm kowòm yon nan devwa yo.

Yon dirijan ki saj ap anseye prezidan kowòm dyak la prensip ki pral ede l resevwa revelasyon. Dirijan an gen dwa anseye prezidan kowòm dyak la pwomès klè Senyè a te fè a: “Si nou mande, nap resevwa revelasyon sou revelasyon” (D&A 42:61). Senyè a gen anpil jenewozite nan bay revelasyon. Èske L pat raple Joseph ak Oliver, “Toutotan ou te mande, ou te resevwa enstriksyon nan men Lespri m” (D&A 6:14)? Se kabap menmjan pou nou tou, prezidan kowòm dyak yo. Senyè a renmen nou epi Li vle revele nou panse L ak volonte L. Èske nou ta kapab janm imajine Senyè a gen yon pwoblèm Li pa kapab rezoud? M pa ka imajine sa. Paske ou gen dwa pou resevwa revelasyon, Li kapab eded ou rezoub nenpòt pwoblèm ou genyen kòm prezidan koyòm ou a, si ou mande èd Li.

Noumenm dirijan ekselan sa yo, nou ta dwe anseye prezidan kowòm dyak yo ke revelasyon pa ranplase travay di ak devwa. Yon fwa, Prezidan Henry B. Eyring te mande Prezidan Harold B. Lee: “Kouman pou m resevwa revelasyon?” Prezidan Lee te reponn: “Si ou vle resevwa revelasyon, fè devwa ou.”1 Yon dirijan saj ta dwe diskite avèk prezidan kowòm dyak li sou kèk devwa li ta dwe fè lè lap prepare pou rekòmande konseye li. Li ta bezwen poze epi reponn kesyon tankou: Kiyès ki ta kapab yon bon egzanp pou motive lòt tigason yo? Oubyen kiyès ki ta kapab gen sansiblite pou bezwen moun ki gen difikilte espesyal yo?

Epi finalman, dirijan saj sa a ta ka anseye prezidan kowòm nan kouman pou l rekonèt revelasyon epi l aji sou li lè revelasyon an vini. Nap viv nan yon mond plen aksyon, kote tout bagay fèt byen vit e kote limyè klere ak bri ‘haut-parleur’ tout volim vin yon bagay nòmal. Men, jènjan sa a bezwen dwe konnen ke sa se fason mond lan fonksyone, se pa fason Senyè a. Sovè a te fèt nan anonima yon ti patiraj bèt ki pat popilè; Li te akonpli aksyon ki pi mayifik ak pi enkonparab nan tout la nan yon jaden diskrè; epi Joseph te resevwa Premye Vizyon li a nan yon boskè kache. Repons Bondye yo vini avèk yon ti vwa dousman---santiman lapè oswa rekonfò, enpresyon pou nou fè sa ki byen, yon iliminasyon---pafwa sou fòm ti grenn semans tou piti nan panse nou, ki, si nou respekte yo epi nouri yo, kapab grandi vin tounen gwo pyebwa espirityèl. Pafwa, enpresyon sa yo oubyen panse sa yo kapab menm pouse noumenm prezidan kowòm dyak sa yo pou nou rekòmande yon konseye oubyen bay yon jènjan ki inaktif yon tach.

Sa gen kèk ane, antanke yon prezidan pye, nou te santi enspirasyon pou n te aple yon bon gason kom grefye pye a. Nan epòk sa a, li te gen pwoblèm pou l te vin legliz regilyèman. Men, nou te konnen ke l t ap fè yon bon travay si l ta aksepte apèl la.

Nou te prezante l apèl la, men li te di: “Non, m pa panse m ka fè l.”

Epi yon panse te vin nan lespri m. M te di: “Oke, m panse pye Glendale la pap ka gen grefye.”

Li te choke epi l te reponn: “Kisa w vle di? Ou oblije gen yon grefye pou pye a.”

M te reponn: “Èske ou vle nou aple yon lòt moun pou sèvi kòm grefye pye a pandan ke Senyè a enspire nou pou nou aple ou, ou menm?”

Li te di: “Oke, m ap fè l.”

Epi li te fè l. Gen non sèlman gason men anpil ti gason tou ki ap reponn yon apèl lè yo konnen se Senyè a ki ba yo apèl la epi Senyè a bezwen yo.

Apre sa, ou gen dwa fè prezidan kowòm dyak sa a konnen ke yonn nan bagay Senyè a ap tann nan men li se pote sekou bay moun ki pèdi a, ni inaktif ni sa k pa manm. Senyè a te deklare misyon santral li nan tèm sa yo: “Paske, Pitit Gason Lòm nan vini vini pou l sove moun ki pèdi yo” (Matthew 18:11). Si se priyorite pou Sovè a pou pote sekou bay sa ki pèdi yo, si se priyorite Prezidan Thomas S. Monson pou l fè sa, jan li demontre sa nan tout lavi li, èske sa pa dwe priyorite chak dirijan, chak prezidan kowòm dyak nan Legliz sa a pou yo fè menm jan tou? Nan fondasyon nou kòm dirijan, kòm pati santral nan ministè nou, ta dwe gen yon rezolisyon irevokab, kap pouse nou, ak chofe nou pou nou al chèche moun ki pèdi yo, pou nou mennen yo retounen.

Yon jènjan ke manm kowòm ni yo te vizite, te di: “Se te yon sipriz jodi a lè … trant moun te prezante lakay mwen. Sa fè m anvi al Legliz kounyeya.” Kouman yon jèn ta ka reziste devan yon manifestasyon amou ak atansyon konsa.

Mwen kontan anpil lè m tande pil istwa sou prezidan kowòm dyak ki kapte vizyon an e ki okazyonèlman anseye tout oubyen yon pati nan leson yo nan reyinyon kowòm yo. Sa gen kèk semèn, m te vizite yon klas kowòm dyak. Yon ti gason douzan te anseye yon leson 25 minit sou Ekspyasyon an. Pou l kòmanse, li te mande lòt dyak yo kisa yo panse Ekspyasyon an te ye. Apre sa, li te pataje kèk ekriti siyifikatif epi l te poze kèk kesyon byen panse, epi yo te reponn kesyon yo. Lè l te reyalize ke te gen plis tan ki te rete pase rès leson an, li te gen ase bon sans (petèt papa l te deja konseye li), pou l te mande dirijan ki te prezan yo ki kesyon moun te konn poze yo sou Ekspiyasyon an nan misyon yo ak ki repons yo te konn bay. Apre sa, li te fini avèk temwayaj li. Mwen te koute avèk admirasyon. M t ap panse nan tèt mwen: “M pa raple m ke m te janm anseye yon pati enpòtan nan yon leson lè m te yon jènjan nan Prètriz Arawon an.” Nou ka ogmante obligasyon nou fè jènjan sa yo ak vizyon nou genyen pou yo epi y ap reponn prezan.

Noumenm dirijan, nou edifye prezidan kowòm dyak sa yo pi byen lè nou kite yo dirije epi nou fè bak pou gade yo. Nou mayifye apèl nou pi byen non pa lè nou fè yon bèl leson, men, lè nou ede yo anseye yon bèl leson; non pa lè nou sove yon moun, men, lè nou ede yo sove yon moun.

Gen yon ansyen pwovèb ki di: Pa mouri san eksprime mizik ki andedan ou nan. Nan menm fason an, m vle di nou menm dirijan adilt yo, piga nou kite yo relve nou avèk talan dirijan nou rete andedan nou. Anseye jèn yo chak fwa nou gen opòtinite; anseye yo kijan pou yo prepare yon ajanda, kijan pou yo dirije yon reyinyon avèk diyite ak chalè, kijan pou yo pote sekou bay yon moun, kijan pou yo prepare epi anseye yon leson enspire, ak kijan pou yo resevwa revelasyon. Se sa ki pral mezire siksè ou---eritaj sou fason pou dirije ak espirityalite ou kite anrasinen nan kè ak nan lespri jènjan sa yo.

Si noumenm, prezidan kowòm dyak yo, nou mayifye apèl nou, n ap vin tounen zouti nan men Senyè a kounyeya menm, paske prètriz la nan yon tigason osi puisan ke prètriz la nan gason grandèt, lè nou egzèse l nan lajistis. Epi apre sa, lè nou fè alyans tanp epi nou vin misyonè ak fiti dirijan nan Legliz sa a, nap konnen kijan pou nou resevwa revelasyon, kijan pou nou pote moun sekou, ak kijan pou nou anseye doktrin wayòm nan avèk puisans ak otorite. Lè sa a, n ap vin tounen jènjan ki gen dwa nesans nòb. Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, ki se Sovè ak Redanmtè mond la, amèn.

Nòt

  1. Nan Henry B. Eyring, “Waiting upon the Lord,” in Brigham Young University 1990–91 Devotional and Fireside Speeches (1991), 17.